Peche Abiko

 

FOKIS GWOUP PECHÈ ABRIKO

Dat fokis gwoup la fèt: 30/1/18

Dat transkripsyon an kòmanse e fini: 10/2/18- 20/2/18

Jean baptiste marie therese

 

Lis patisipan

Saint louis ;  Joel ; GaSon’w ; 49 ane ; 7 ; Pechè, kiltivatè ; 20 ; 0 ; 4813 2532

Merassain ;  Louidene ; GaSon’w ; 35 ane ; 5 ; Pechè, kiltivatè ; 19 ; Reto ; 4823 4376

Genesti ;  Michelet ; GaSon’w ; 38 ane ; 3 ; Pechè, kiltivatè ; 5 ; 0 ; 4723 1080

Mauger ;  Sylma ; GaSon’w ; 32 ane ; 1; Pechè, kiltivatè ; 16 ; Segon’wd ; 4822 0740

Mauger ;  Christin ; GaSon’w ; 53 ane ; 7 ; Pechè, kiltivatè ; 15 ; 8èm segon’wdè ; 4734 3141

Emile;  Jean David ; GaSon’w ; 34 ane ; Pwofesè, elvaj kabrit ; 18; 3èm segon’wdè; 3164 8687

 

 

ENTWODIKSYON

Gana : “ Dans le future”[i] Nap gen  pou’n travay avèk  asosiyasyon oubyen nap gen pou’n travay avèk  pecheur[ii], lap pèmèt ke nou plu zou mwen o kouran de metye pèch lan kouman lye ?  E nap konnen tou kounya ki nesesite ki ka genyen nan pèch, ki pwoblèm yon moun ka rankontre, kouman yon fanmi pechè viv eksetera ?  Se jan de kesyon sa yo ke nou pral poze ok, [Bri chèz kap deplase] Se pa anyen de konplike ke yo ye m’panse tout moun nap alèz pou yo reponn. Se kòmsi Son’w deba nou pral fè antre nou, se enfòmasyon ke nap pran tou menmsi nou wè map note se pa gran choz se enfòmasyon kem be… Nou bezwen nap bezwen ke map note. Ou konprann? Se osi senp ke sa, donk mwen remèsye nou a lavans, mwen menm gen moun ki pa konn mon’m la, mwen menm mwen se Gana mwen Son’w’w anplwaye HEKS/EPER

Natacha: E mwen menm mwen di nou bonjou.

Piblik: Bonjou

Natacha: Mwen se Natacha, e map travay nan yon òganizasyon ki rele SOCIO-DIG ki afilye avèk Tim.

Tim: Wi, m’re

Natacha: Tim?

Tim: Wi m’rele Tim, epi lè li pale SOCIO-DIG kòmsi nou travay avèk ÈKS-EPERR pou fè sa menm kòmsi nap pran pawòl la epi nap fon’w rapò

#19: Yon kòdinasyon

Tim:  Yon kòdinasyan, nou se espesyalis nan chèche konnen men, sa a se sa sèlman nou fè.

#5: Ok

Gana: Ok, donk nap kòmanse rapidman.  Silans… Ou gen lis lan nan menw Tim?

Tim: Ee wi, wi primyeman  si…

Gana: Se li… Nou sèlman premye bagay…

Tim: Ou ka di…

Gana: Nou ta renmen konnen enfòmasyon sou pwason, pwason parce que[iii] antanke anpil de pecheur[iv] nou genyen anpil pwason ke nabitye pran ,pa vre ?

Piblik: Humm.

Gana: Nou ta renmen fè yon lis de pwason ke nou menm… Gen pwason ki pi komen ke nou konn kenbe.

#16: Ok, ok.

Gana: Sa e premye bagay nou ta renmen genyen .

Natacha: Pa bliye a chak fwa wap pale site nimewo ki nan menw lan ?

Tim: Jis ba nou yon pwason ke nou, ke nou kenbe isi?

#5: Eee, nimewo 5.

Tim: Nimewo 5?

Natacha: Humm.

#5: Pwason nou kenbe isi, nou kenbe balawou

Natacha, Tim: Balawou

Gana: Balawou

Tim: Kisa ankò?

#5: Nou kenbe doliv

Piblik: Ton, sa se ton.

#5: Ton,ton,ton

Tim: Gen menm non an ?

Piblik: Wi

Tim:  doliv la yo relel tou ton

#5: Wi, e menm non pwason a tou.

Tim: Menm pwason ?

Piblik: Wi

#16: Sa se non syansifik la menm, ton.

Gana: Doliv

Piblik: Ton, ton

Gana: Doliv sa se li menm nou rele ton an toujou?

Piblik: Wi

Gana: Non m’bezwen tout ton yo

Tim: Wi

Piblik: Wèè, ok, ok

#5: Nou kenbe bonit

Gana: Humm

#5: Dorad, taza eee lake [Gen yon moun ki touse] Kanma [ Gen yon moun ki grate gòj li] Karang

Gana: Karang ?

#5: Batalake

Gana: Premye fwa mwen tande non pwason sa, batalake.

#5: Bon, m’ka bay yon lòt pechè ajoute, gen plizyè lòt pwason.

Gana: Ou pa Son’wje ankò, pa ankò ?

#16: Lèl diw bata, batalake antanke nimewo 16.

Natacha: Gana, gana  kitel pale ?

Gana: Humm.

#16: Lèl dou’w batalake, li gendwa pa pale ee de pilòt kola.

#5: Pilòt kola oubyen ee kedrat.

#16: Oubyen batadi oubyen an bon sans pou di ( Kedrat )

Gana: Humm ok

#16: Ou konprann ? Kedrat

Natacha: Alò sal sot di a gen plizyè non ?

Piblik: Wè, vwala

Natacha:  kit ou di batalake, ou di…

Piblik: Ou di kelòt, kedrat..

#16: Kedrat

Natacha: Kelòt .

#16: Wi.

Natacha: Se toujou menm pwason an ?

#16: Wè vwala, ou kapab…

Tim: Kisa ankò ?

#16: Epi ou kapab jwenn karang

#5: Epa pilòt, kelòt

#16: Ou kapab jwenn karang ou jwenn eee ( befi ) eee gen bon… Ou jwenn eee diven, lèw di diven an ou di lòt non an ankò?

#18: Jelekse,

#19: Jelepse.

#16: Jilèt diven, ou jile

Natacha: Jile?

Piblik: Wi.

#16 : E apresa eee nan pèch, gen lòt pèch ankò nou jwenn ki rele pèch palan ki se… Ou jwenn eee ou jwenn…

Gana: Kouman pèch la rele ou di?

#16: Palan

Gana: Pèch palan ?

#16: Ya pèch palan ou  jwenn ni vivanno

Gana : Pèch palan se kouman m’pa two konprann pèch palan ?

#16: Eee, on ansanm de zen .

#19:  Ou fè anchènman .

#16: Ou fè anchènman .

Gana: An sa Son’w’w tip de pèch ki genyen ?

Piblik: Vwala

#16: Eee…

Natacha: Tankou bò isi nou fè tout pèch sa yo nèt ?

#16: Ya.

Natacha : Oubyen se pa sezon nou fè pèch sa yo ?

#16: Pa sezon.

Natacha: Pa sezon ?

#16: Pase’l gen lèl.

Natacha: Ok.

Tim: Kilè…

Natacha: chak pwason sa yo gen lè pa yo ?

#16: Wi

Tim: Chak fwa…

Natacha: Men ki pwason, ki pwason…

#16: Chak pwason pa gen lè’l, pafwa Savledi…

Natacha: Nou toujou jwenn nan lanmè a ?

#16: Pafwa lè’w pale de dcp, ou pale de balawou ou pale de… Tip de pèch Pafwa depi dcp a rantabilite ou jwenn balawou, ou jwenn taza, ou jwenn bonit, ou jwenn ton, ou jwenn dorad, ou jwenn tout kalite

Tim: Pifò pwason ou pale la se dcp ?

Yon moun kip ase ki di [ E bonjou mesye dam ]

#16: Wè dcp.

Piblik: Bonjou, bonjou

Tim: N’anfòm wi.

#16: Se dcp.

Gana: Dcp [ Medam ]

#16: Wi e pafwa nou menm, plis pèch nou fè isi, nou fè 3 kalite de pèch: Nou fè pèch ki se pèch palan, nou fè pèch premyeman, pèch ki rantabilite pou nou se pèch dcp se ladan ou kenbe balawou ee ton, dorad, taza, bonit e ou konn kenbe kelòt ladan tou men lèw fè, lèw rive on moman tou dcp a fon ti kanpe nou fè pèch palan.

Gana: Pèch pala ?

#16: Ya.

Piblik: Palan, palan.

Tim: palan ?

Gana: Palan ?

#16: Ou kenbe ee yon sòt plizyè tip de pwason sad.

#5: Doron.

#16: Doron.

Tim: Kisa palan ?

#16: On sòt, on sòt de alimentaire[v], lèw pale de alimantaire[vi] on sot de anchèn anchèneman eee pa pa yon santèn de zen.

5 minit

#16 : E ee walimante yo ee pa yon bwas de longeur[vii] epi ou fon’w chèn de aliman epi…

Tim : Aaa ok, ou gen lin avè senn sou li !

#16 : Vwala !

Tim : Ok, ou ka ale sou li ou kenbe sad, ou kenbe…?

#6: Wè, tout kalite.

Piblik: Wè, vivano

#16: Wè,tout kalite pwason.

Pilik: Tout kalite.

#16: Wè tout kalite.

Tim: Li sanble ke pwason nou di talè se gwo pwason ?

Piblik: Wi se gwo pwa…5

Tim: M’pa tande nou di fen

Piblik: Nap di yo, nap di yo tou, nap rive sou [ ri]

#19: Epi sa se de gwo pwason…

Tim: Kazino

#16: Epi pafwa ou menm ee lòt pèch ki enpòtan ankò ee li ta sipoze, nou menm nou manke materyèl ee li rele pèch batri.

Natacha: Pè,oubyen pèch ?

#16: Pèch batri.

Natacha: Pèch batri.

Piblik: pèch batri

#16: Ya, Savledi pèch lumiere[viii]

Tim: A wè, sa se pou plonje ?

#16: Pech batri se pou alimante lumiere sur le bateau[ix] epi pou pwason an vini epi wap kenbel ou kenbe tout kalite fen dora e eee kadino ee ou kenbe en tout kalite, tout sòt de …

#5: Lake tout kalite pwason.

#16: Tout kalite pwason .

#5: Pase depi wan ba dlo wa…

Tim: Ok, sa se palan ?

#16: Ya,e e lòt pèch ankò e pèch pèch nas

Gana: Tale poko sa fè, sa fè 4 pèch wi ou di nou la [Gen yon telefòn kap Son’we]

#16: Ya.

Gana: Pèch nòmal lan.

#16: Se pèch… Ya

Gana: Se pèch dcp an pèch palan, pèch batri [ alò]

#16: Ya.

Gana: Epi kounya la pèch ou sot di nou kounya la se kisa lye ?

#16 : Pèch a nas.

#16: Nas, nas ou kenbe ee balbaren ou kenbe fen, ou kenbe ou di [ On non reyinyon la map di misye sa ]  boutou oubyen parokèt.

Tim: Enhen.

Gana: Boutou oubyen parokèt .

#16 :  Ou konprann ? Parokèt tout kalite [ Nan lakou pwojè a ]  Tout sòt de pwason ou kenbe. Apresa nou [ Non, ak moun EPER yo ]  menm nou ilitilize lòt pèch, pafwa lè, lè,lè sezon an pa bon ditou nou itilize pèch filer[x] nan pèch filè a ou jwenn lòt tip de pwason ankò ou kenbe tik, karang, ou kenbe kwoko, ou kenbe yon sot de pwason ki rele pwèlkon, ou kenbe omar [ Yap vin dèyè rapo wa preparel ]

Natacha : Ok, tankou ane a, ane a gen 12 mwa, nan 12 mwa ki mwa ki pi bon pou nou ki pi rantrab, ki pi rantab pou nou lè nou…?

#16 : Sitou lè lè chale.

Natacha : Lè chalè ?

#16 : Wè !

Natacha : Sa kòmanse a pati de ki mwa?

#16 : De mwad mas.

Natacha: Lè sa’n peche bon pwa…

#16 : Pou rive jis oktòb .

Natacha : Ok, tout mwa sa yo nap peche bon pwason.

#16 : Ya, ou kenbe ou ou kapab itilizel men pafwa tou li gendwa bay chalè a …

Gana: Yo di…

#16:  Ou pa fè  anyen ditou

Gana: Yo di, yo di pafwa nan epòk sa yo konn gen kouran moun pa pa peche tou …

#16: Wi pase lè gen kouran ou pa peche ou vin gen pwoblèm gps, savledi fòw ta gen kontwòl pèch la pou ka gen gps pou peche pèch la pase sitou e or lè brè a anba kouran ou pa wèl ditou. Wale pou chans ou gendwa depanse lajan ou pa ou pa reyalize anyen .

#19: Sa se an palan de…

Gana: Ki numewo paw lan ?

#19: 19

Gana: Ok

#19: sa se an palan de la pèch dcp a tap di.

#16: ya.

#19:  Lè bre a desann pa le kouran maren.

#16: Ou mèt pran wi siw vle pale eskize.

#19: Ou konprann ? Lè pou’l al peche ou pa wè bre a, bre ki pèmèt ou we dcp a ou pa wèl Savledi lal anba lamè men sa pa anpeche ou peche paske ou konn kap ou te lage dcp a.

Tim:  Lè ou di bre ou pale, ou pale ou paka we dcp bagay ?

Piblik: Wi, anba kouran li  plonje.

#19: Savledi lal …

Tim: A.!lal anba lame!

#19: Anba lamè.

Tim: Paske kouran an ap rale’l koulya li desann ..

Piblik: Desann, desann .

Tim : Ok, ok gps pèmèt ou jwenn ni.

Piblik: Jwenn ni .

Tim: Aaa

#16: Ya

Tim:  A ! bon…

#19: Men si dcp a enskri sou dc ..sou gps la ou kapab met on dcp li pa enskri lè sa ou pap ka itilizel.

#16: Ou pap ka jwenn.

#19: Lè sa ou pap ka jwenn gps la

#16: Fòw enstalel sou gps la pou kajwenn ni

Tim: Ou  pa gen ou konn sa se fich faydè?

Piblik: Fich faydè?

Tim: Kòmsi lap moutrew pwason an anba lanmè a?

Piblik: Wè, nou pa genyenl.

Tim: Nou konn tande de sa ?

#16: Nan bon sans li yo rele sa eko Son’wdè.

Tim: Wi li rele yon eko Son’wdè men li moutrew pwason an menm?

Piblik: Wi li moutrew kote, a kilè pwason an ap rantre.

Tim: Kiyès ki gen gps, gen moun ki gen gps?

#16: Nou pa genyen.

Tim: Nou pa genyen,menm ? ditou ? enben nou paka sevi avèl nou pa genyen’l.

#16: Nou pran fòmasyon pou li men nou pa genyen’l.

Tim: Yon fòmasyon nan men kiyès?

#16: Nan men òganizasyon kap ede nou an.

Piblik: Moun FOOD FOR THE POOR.

Tim: FOOD FOR THE POOR, e yo menmn ki ba nou pano solè yo?

Piblik: Wi

Tim: Chaloup, yo menm mwe yon chaloup

#16: Wi

Tim: Chaloup la a ki blan ?

#16: Sa e e yon lòt òganizasyon.

Tim: So se kiyès sa ye?

#16: Eee Padi

Background

Tim: Padi ki bay sa

#16: Ya, nachtel ?

#19: Men se a jeremi .

Tim: Achte ou achetel

#16: Wi.

# 19: Yo konstwi sa .

#19: Wachte a kredi .

# 16: A kredi epi ou ranbouse chake mwa.

#19: Ranbouse chak mwa .

Gana: Men se pou asosyasyon lye oubyen se pa yon moun…

Piblik: Byen prive lye  byen prive, yon gwoup, yon gwoup b de pechè.

#19: 3, 4

Tim: Yap ba ou kredi hen.

Piblik: Wi

Gana: Ok, men ki pwason…

Tim: Konbyen yon yon chaloup konsa ka koute  ?

Piblik: Eben, vwala

#19: 135 mil goud

Piblik: Non, sal

#19: Men avè

#16: Benefisye dirèk la

#19: 135 mil goud

#16: Avèk en

#16: Benefisye dirèk

#19: Non

#20: Sibvansyon

#19: Avè sibvansyon

#16: Sibvansyon wi benefisye

#19: Sibvansyon padi a vle di yo sibvan yo sibvansyo…

Tim:  A yo ba ou yon ti kòb sou li, yo meton’w ti kòb sou li

#19: Wi pafèteman.

#16: Globalman  li ka koute 66, 67 mil dola.

#19: Savledi.

#16: Ayisyen.

#19: 135 mil goud la ou miltipliye’l pa 2, pase yo di se demi…

#16: Yo ba ou yo peye

Natacha: Ok

Tim: Sa fè sans

Gana: Enbyen ok, men nan ka sa a la ki pwason nou plis peche, pase nou bay non anpil pwason la?

10 minit

Gana: E daprè sam konprann, tankou chak tou sou tout tip de pèch yo mwè nou prèske kenbe menm kant menm kalite pwason yo. Se pa manti non se prèske menm non yo mwè nou bay la [Humm] Men ka sa a ki pwason nou plis peche ?

#15: M’nimewo 15

Gana: Nimewo 15 ok

#15: Mwè, Mwè jan moun yo ap pouse mesye yo ap pouse a.

Tim: Pale on ti jan pi fò?

#15: Mwè eee yo ale yon fon globalizasyon yap di peche sesi peche sela, pèch la genyen peryòd li konn varye dcp a la kounya la li an feblès pèch. Premye pèch yo pale balawou, ton, bagay sa yo yo kenbe pou moman kounya la, se lik kenbe plis isit.

Gana: Savledi ton avèk balawou wa ?

#15: Balawou, bonit se lik kenbe plis paske dcp ki an priyorite sou tout ee pwason gen isit bò isi a la, sou tout ee sistèm pèch epa epa pwason non, sou tout sistèm pèch se li ki an priyorite paske li bay plis lajan epi se li ki fè konsomasyon an gon’w ti pri pi ba tou. Pase lèl vini lè tout pechè sa yo vin la a, e pa sa yo non le tout pechè vini a pwason pwason pri a desann. Men err  lòt pèch tankou nou pale .. Nou pale de palan prensipalman e pèch mwen menm, palan li menm  lò lòl pral rive an fevriye, mas  palan li pral li pral kòmanse pèch la. Sa konn rive tou dcp konn pwodwi lè sa tou si dcp pwodwi, palan ap an feblès yap bal vag se nan dcp tout moun prale, pase lè sa e la ou ka fè plis kòb. Men dcp a ou gen plis chans pou fè kòb palan wap pèdi plis tan paske sitou palan e le swa ou pral pèdi nwit. Dcp a li menm e la jounen ou peche ou konprann sa map diw ?

Gana: Ok, ok

#15: Ou plis priyorize dcp a.

Tim: Men ou fè palan kenpòt kote ?

#15: Ou pa fèl, ou pa fèl  kenpòt kote.

Tim: Sou dcp ?

Piblik: Non.

#15: Eee ran yon gwoup o mwen noun pale de bras kòmsi mte ka di o mwen 300 pye o pli fon. Men se soti de 15 pye a 150 pye men men nou itilize 300 pye tou  paske’n konn al dèyè kadino nou konn al dèyè eee sak…

#16: Dowon

#15: Vi vivanno

Tim: Kounya ou mete lak sou sou zenn nan ?

Piblik: Wi, lak ou konn al dèyè bagay sa yo.

Tim: Kisa ou sèvi pou lak ?

Piblik: Sadin

Tim: Sadin

#16: Krapo lanmè

#16:  Epi pyèv

Gana: Krapo lanmè.

#16: Eee pyèv

Tim: Pyèv ?

#16: Wi

Tim:  Sa e pyè la?

Gana: Pyèv se pyèv, se bèt

#16: Krapo lanmè

Gana: Lanmè

#16: Chat wouj

Gana: Li gen anpil pye

#16: Chat wouj oubyen krapo lanmè

Gana: On bèt ki gen anpil pye ma moutre’w, ma gentan moutre’w li Tim

#16: Wi chèch, pyèv enhen

Tim: Kounye lèw lèw ti.. Ok, sa se pou palan ?

#15: Sa se palan

#5: Lanbi

Tim: Lèw peche

#15: Palan sa lèw kòmanse peche depi o mwa de mas jisko mwa de me, jen de jiyè ou kòmanse kite pèch sa

Gana: Donk, pèch palan gen epòk li

#15: Ou kòmanse kitel ou ka fèl, ou ka wè on pechè al peche palan konsa. Men kouran kòmanse ale plu[xi] fò. Kouran an  li menm kounya lè yo di, lè kouran, lè kouran dcp li pa bon. Men lè kouran pèch dcp a pou mwen menm mwen wèl mache pi byen lè kouran pi fò, men pwoblèm ki genyen e pwoblèm gps la kòmsi pou jwenn kap la sa fèw pèdi tan

Gana: Ok,ok

#15:  Pou jwenn kot dcp a plase a paske Son’w dispozitif li ye, pliske Son’w dispozitif li ye ou ka, li ka mouvmante

Gana: Wi, wi

#15: Nan mouvman yo sa konn fè, se la ou te jwenn ni Jodi an apre demen ou ka al la demen ou onprann ? Si gps la la li diw dirèkteman, e gen plizyè pèch nan zòn tout kotew pase yap toujou diw sa. Gen nas bagay sa toujou itilize  [ Gen zen] Gen filè, gen plizyè tip de pèch ki fèt isit

Tim: Kilè ou tann nas yo ?

#15: Bon nan moman sa yo, depi depiw kite nòde fini depi’w kite nòde a se nas yap tann

#16: Pafwa ou ka di…

#15: Kounya

#16: Nan moman karèm

#15: wap jwenn 2, 3 grenn nas, menl pa kantite men lòw rive a pati de me

#16: Mas, avri, me

#15: Lèw rive a pati de me, jen, jiyè, out jiska mwad

#16: Oktòb

#19: Bagay yo bèl lè sa

#15: Oktòb Yap tann nas

#19: Bagay yo bèl lè sa

#15: Kounya wap jwenn 2 grenn 3 grenn moun kap jete nas nan lanmè bò isi a. Paske nan zòn bò isi a nòde a kraze yo, nòde a li trè, trè danjre pou pou peche yo pou peche bò isi yo

Natacha: Men èske kòmsi lè nou ap peche van an…Èske èske nou konn gen enkovenyan sou lanmè a lè nap peche ?

#16: Toutan

#15: Egzakteman enkonvenyan nou se gwo lanmè

Natacha: Humm

#15:  Se yon bagay tou ta fè natirèl, fòk genyen’l ou paka pa genyen’l. Nou konn ap soti la dènyè la gon’w motè ki tonbe nan lanmè, lanme a te tèlman ajite lè chaloup la pran lanm lanmè a li vo li vol li lache motè a. Pechè a pa neglijans nan ale li pa gade si motè a lache nan nan chaloup la li tonbe nan dlo lal fè…

15 Minit

Natacha: Men èske avan nou al peche èske nou paka gade poun di a jan lanmè a ye la li pa bon pou nal peche?

#15: Wi, nòmalman machè e pa tout lanmè ou pata moute ou pat e kesyon sa a [ ri]

#19: Epa…

#15: Si on moun ta pral gade pou di lanmè sa ou pral moutel nenpòt lè, pa tap gen nou youn la non

Tim: [ri ]  Aaaa

#15: Lanmè gen fòs pase nou lanmè a [wi] Li gen fòs pase motè, motè a wap jwenn yon gwo bato ki fèt espesyalman pou sa. Men malgre sa gen moman pou’l pa vwayaje

Natacha: Ok, men andeyò de pechè nou pa fè lòt aktivite ?

#15: Non, gen kèlke, gen kèlken ki itilize pechè, fè e kultu[xii]

#19: Yo fè elvaj

#15: Yo fè elvaj

#16: Eee non plis tou epa sèl fè gwo lanmè tou

Gana: Ki numewo’w la?

#16: Nimewo 16

Gana: Ok

#16: E pasèl lè gwo lanmè pafwa tan an konn fume nwa, ee li konn bare’w sou lamè a ou pa ka ateri

#15: Mwen menm nimmewo 15, sou menm sa misye vin di mta pral fè apwòch la. Gps la ap byen itil si yon moun sin ta sin ta genyen’l, pwoblèm ki genyen a chak fwa nou fè entevansyon bò kote bayè de bò kote ba  epa bayè de fon non kòman’n konn di sa ? Bò kote donatè nou yo

#19: Donatè nou yo patenè nou yo

#15: Bon yo fè nou neglijans men nou menm nou enr fè yo. Mwen menm mwen entèvansyon pou’m mande pri gps yo nèg yo toujou di yo pa konn pri paske yo menm genlè…

Gana: Nou pa fè alex tyeke pou nou ?

#15: E donatè yo ki ba yol tou. Moun ki konn ap bann fòmasyon yo genlè e ba yo yo konn ba yol

#19: Nou pa wè Alex fasil

#15: Tou, men yo menm yo pa konn pril

Natacha: Men antanke kòm pechè ki èd nou jwenn nan men leta, leta ayisyen ?

Piblik: [ri] Aaa

#15: Nou pa gen  ankadre leta

#19: Bon sa…

#18: Bèl kesyon

#19: Si se pou sa a, pou sa tout pechè tap mouri

#18: Si se ta pou leta ou ta met mouri

#15: Pou mwen menm pa gen ankadreman leta ayisyen

Tim: Yo pa konn pase règ yo di ou pa ka fè sa, ou pa ka peche nan zòn sa ?

#19: An non yo pa dil

Tim: Nou pa gen yon zòn nou…

Gana: Nou pa gen…

Tim: Paka peche ?

Gana: Nou pa gen zòn nou gen entèdiksyon ?

Piblik: Non, nou pa gen entèdiksyon

#19: Yo pa entèdi nou ni yo pa ankadre nou

Piblik: Entè, entè nou, ou konn bezwen peche wozo wozo gen pèch  pou nou pa kapab al peche

#15: Non, non sa wap di a la se pa li menm ki kesyon ?

Gana: Se pa leta ?

Tim: Se lòt jan

#15: Sa e  konfli pechè antre pechè, gen sa ki rele konfli pechè e pechè avèk entèdiksyon leta sa fè 2 bagay diferan. Leta ka limete’w li diw ou pa gendwafranchi tèl zòn ou paka franchil. Siw franchil wap tonbe anba la lwa [Tim grate gòj li] Li avèk yon moun ki diw ou pap vin peche nan zòn lakay mwen sa se konfli se

#18: 2 bagay diferan]

#15:  sa sèlman

Tim: E moun wozo yo yo pa pèmèt ou al la ?

#15: Non

# 16: Eeee

#15: Yo pa pèmèt ou al peche nan dcp lakay ou, malgre se menm FOOD FOR THE POOR wa kap founi yo. Yo lò lè dcp yo an pwodiksyon si yon pechè sot bò isi a, lòl rive yo yo kouri dèyèl, yo kalonnen’l, yo lansel des propos des injures malsaine[xiii].

#19: Pou moun nan ka al lakay li.

#15:  Yo di bagay pou moun nan jis ka kite zòn nan men nou menm nou pa fè sa. lè yon moun sot nan zòn li vin bò isi a, nou bal kote pou’l domi nou bal manje nou pa menm kitel domi la a. Yon pechè pranl mennenl al domi lakay li paske nou tout konnen se pechè li ye. Se youn nan bagay mwen menm pwopoze devan FOOD FOR THE POOR [ Gen yon moun ki touse] a plizyè repriz pou yo fè sak rele yon federasyon nasyonal, on federasyon depatmantal, on federasyon nasyonal, e pouki pou fè pechè konnen ke se pechè yo ye, paske anpil pechè konnen se enmi yo ye. Gon’w pechè ki di yon pechè ki ki di tou prèn la ki bonbon, nou gon’w pechè ki sot la ki ta pral jere li tou pase sou dcp poul fè kòb sil jwenn pwason poul fè kòb tou pase e branch li. Pechè a pase kot yon ti pechè bwawon li di menm gon’w etranje la, bwawon an kòmanse di misye betiz vye pawòl, e tandiske yo vin peche lakay nou pa janm gen sa

#19: Chake jou

#15: Poukisa ? Son’w anbisyon, pechè a te dim yon bagay ki te trè zenteresem : Li di misye e pa e pa yon manchèt ki nan menm la, se pa on pikwa Son’w lign menm jan ak paw la ki nan menm. Se pa yon  e pa on kòman on manèt pou di map manevre ba bakolodè map manevre yon machin Son’w lign

#19: Se pa on bout krè ki nan men mwen

#15: Son’w bout lign m’genyen menm jan ak paw la, wal di nèg gon’w etranje li vin la dcpel la twouve, lap lap ou konn dcp Son’w bagay ki riske ki pa mem pran tan bato koupel. Epi a pa yo franchi la lè pechè a ap di e pa mwen’k te di sa e pa ouk te di sa? Enbyen’m Son’w avèg. Men malgre sa tout moun fon abondon yo meprizel men sa vin sa sa moutrew ke pechè a li menm li renmen vin, li renmen lakay ou pou ta genyen men lakay ou poul vini men lakay pal pigaw vini

Gana: Ok, men gon’w lòt bagay

Natacha: Men sa konn rive nou konn fè defisi nan pwason an ?

#15: Wi, ase souvan sa rive menm lakay ou la ou fè defisi

#16: Mwen se nimewo 16, gon’w bagay ou di la ki trè at atire atansyonm anpil antanke yon pechè

Natacha: Humm

#16: Ee ou pale de leta ayisyen

Natacha: Wi

Gana: Wi

#16: Sa fokis mwen anpil sitou nou menm nan depateman grandans e espesyalman nan komin pam nan,  si ete pou ee leta sè ke nou patap  janm ka di nou se pechè

Natacha: Ok

#16: Paske en premyeman nou pa gen ankadreman

Gana: Pa gen ankadreman

#16: E dezyèmman yo pa panse avè avè nou, apre tan matyou a si epa ONG  nou patap egziste ditou [ Tim grate gòj li] E espesyalman FOOD FOR THE POOR

20 Minit

#16: E sak fè nou toujou gwo kout chapo pou FOOD FOR THE POOR, ou konprann ?

#19: E san oubliye EPER tou

#16: EPER avè, EPER tou ki eden

#15: Ki ba nou dcp

#19: Ki ba nou dcp

#16: ki ba nou dcp ki ban ou on grenn motè e lò lò lò lò ap di e e nou menm nou te kapab viv antanke yon pye bwa. Nou gen vi san fèy poun ta pare frechè fò ta gen fèy [ Gen yon telefòn kap Son’we]

Gana: Telefòn map chèche a wi

#16: Ou konprann ? Ebyen lèw gade ou di leta [Telefòn ap Sone ] Pou mwen menm mvin soti pa ka reponn nan kesyon sa,  pase nan afè leta, pase nou pa gen ankadreman ditou si epa 2 ti ong sa yo epe ave FOOD FOR THE POOR, sè ke nou pat egziste an tanke pechè [ Telefòn ap Son’we]

Tim: Lèw bezwen ti fil pou pou senn nan kote’w jwenn ni ?

#15: Sa yo se pwopriyete prive

#16: Sa e pwopriyete prive

Tim: Men ki kote li jwenn fil

#16: Lachtel

#15: Non li vann enterè li

#16: lachtel li

#19: Lachtel nan magazen

Tim: Yo vann fil nan magazenn isit ?

#16: Wi, EPER isi a jeremi

#19: A pòwoprens

Tim: Sim bezwen yon nas poum plonje

Piblik: a jeremi, a pòwoprens

Tim: Siw bezwen senn?

Piblik: Tout se jeremi, pòwoprens

Tim: Ou pa genyen yon boutik isit ?

#16: Ditou, de mèm menm pi gwo pwoblèm nou genyen antanke pechè dcp, nou pa jwenn lign nan sak rele dayilòn nan nou pa jwenn ni poun peche ditou

Tim: On lign ki fò

#16: Wi, 150, 160, 180 an ou pa jwenn ni fasil se a sen domeng

Tim: Jis sen domeng ?

#16: Sen domeng

#19: Si se pa sen domeng avè jeremi

#16: Menm en pòtoprens pa genye’l

#19: Fò fò e miyami

#16: Miyami

Tim: Miyami

#16: Miyami

Tim: Epim mwè yon lòt kalite de filè ki fen ki fèt avèk lign

#16: Layilon

#19: Filè ble a

Tim: Humm

#16: Sa sa se pou la vi

Tim: Pou la vi, li dire la mouri kite

#16: Wi, wi li pou la vi, li ede nou anpil

Tim: Men ki kote nou jwenn ni ?

#16: Sen domeng

Piblik: Sen domeng

#16: Ou jwenn ni pafwa tou okay tou

Tim: E ee èske gen moun isi ki ale jis sen domeng pou yal achte ?

#19: Bon…

#16: Gen moun ki fè biznis lan

Tim: Wale vini

Piblik: Wi

Tim: Kounya yoka vini ou bay kòb

#16: Yo achte

Tim: Ou bay kòb avan yo ale oubyen lò yo vini?

#16: Non yal achtel li, al achtel kounya lèl vini nou menm nou achtel nan menl li. Menm li fon benefis

Tim: Ok, kounya

#19: Sin bezwenl nou menm nal achtel okay

#19: Okay

Tim: Ok

Natacha: Ok,tankou lè nou peche pwason an, tankou nou pechel nou vini avèk bak la pwason an la, nou gen machann ki vin pranl nan men nou oubyen se nou menm ankò kal potel nan mache al vann pwason an?

Piblik: Non, gen machann ki vin achtel bò rivaj la la

#16: Bon antanke nimewo 16.

Natacha: Humm

#16: Sa sa atire lesprim anpil ee nou gon’w pakèt machann la se tankou pa machann vre

Natacha: Ok

#16: Pouki rezon ee pafwa ou konn gen pwodwi a la se gaspiyaj. Ou menm kal bat solèy la li pa itil ou anyen sè ke ou pat bezwen kenbel, tankou pa egzanp jodia male nou kenbe yon estòk pwason nou potel la nou pa gon’w kote nou pral vann ni Savledi eee moun yo pat ase pou yo ta fin manje yo demen si Dye vle. Valè yon pakèt eskòt ankò li gaspiye, menm menm kabiran wi menm kabiran ou paka peye menm lekòl ou paka peye pou yon timoun

Tim: Paskew paka vann ?

#16: Paskew paka vann, ou pa gen kote pou vann ni

Tim: Gwo pwason

#16: Wi, tout kalite pwason tout kalite

#15: Lè fini li pa konsevab tou

#16: Ou ou pa gen kote pou konsevel

#15: Ou pa gen kote pou konsevel

Tim: Men en en fi yo ka gratel

#16: Menm le ou gratel

#15: salel

#16: Se gaspiye

#19: Se gaspiyaj

#16: E ò lèl seche li sale li desann ba nèt

Tim: Pri a

#16: Lèl lèl, wi pri a desann pi ba men si pa egzanp te gon’w kote ou tap konsevel ou te ka di en, ok nap transpòte pwason sa a pòtoprens

Tim: Men ou gen yon kote li jis pa sifi ?

Piblik: Nou pa gen chann fwad

Tim: Men ou gen yon frizè ?

#16: Frize a pa kapab

#19 : Frizè a pa sifi

Tim: Pa kenbe anpil

#16: E ò frizè a pap mache la li anpann

Tim: Li anpann?

#16: Wi

Tim: kounye ou tap di chanm fwad enpòtan pou ou?

#16: Enpotan, trè zenpòtan

Tim: Kounye ou pito ou pitto vann pwason fre?

#16: Wi li plis avantaj pechè a e ò pou machann nan tou

Tim: Kijan, ok lè ou genyen èske… Kiyès ki al vann ni ?

#16: Machann yo yo achtel kredi  al vann ni

Tim: Epi yo al pòwoprens ?

Piblik: Non yal vann nan mache lokal la

#15: Nan mache lokal la

Tim: Kounya moun sot jeremi bagay konsa ?

#16: Non, menm moun pa sot jeremi. Isi nan 4 kesyon an nan zòn nan nan lokalite a

Gana: Savledi tout pechè bò isit lan la lè nou fin peche nou sot nan lanmè a, pwason an se machann bò isit lan ki vann nou vann nou bay yo

Piblik: Wi

Gana: Kachte yo nan men nou pou vann

#16: Pafwa yo konn achte yo nan menn

Gana: Pagen moun ki sot lòt kote vin achte nan men nou

#16: Non, pafwa  nou konn vann yon machann yon pwason pou 5 mil goud pa epzanp, kounya vike pwason an vin anpire sou li li douw li fè 3 mil goud . Ou wè ki kalite defisi ou fè nan 3 mil goud la wap peye 2mil goud gaz e wap peye asosiyasyon an, wap peye dcp a. Sè ke ou menm kal peche a ki bat solèy ki bat lapli a ou ka pa jwenn 5 goud pou manje a madanm ou a pitit ou

#19: Lèl pale alò m’senimewo 19, Lèl pale peye dcp

25 Minit

#16: Gon’w kotizasyon

#19: Gen dcp pou asosiyasyon gen dcp prive ou konprann ? Prive a li menm lè wale pou peyel avan retire depans gaz

#16: Fòw peyel

#19: Aprè ou retire gaz ou konprann ?

Tim: Ou peye aprè ou kenbe pwason an ?

#19: Lòw fin kenbe pwason an

Tim: Humm

#19: Ou peye dcp a dabò selon

Tim: Yo pran on pousantaj

#19: Wi yo pran pousantaj, siw 5 mil goud ,750 goud pou peye dcp prive

Tim: Humm

#19: Kounya la sou w te achte 6 galon gaz, plis yon lwil, plis manje ou pral tou retirel kounya lè sa ou pral wè konbyen ou retire pou pataje ak rès ekipaj yo ou konprann ?

Gana: Saw rete kom benefis

#19: Se konsa lye

Tim: Chaloup yo yo pou asosiyasyon ?

Piblik: Yo pou asosiyasyon

Tim: Men gen moun ki gen chaloup prive ?

Piblik: Wi

Tim: Ok, imajine nou pral peche nan chaloup pam, chaloup genyen koulye nou kenbe pwason nou divize pwason yo

#16: Wi

Tim: Konbyen chaloup genyen [ Gen yon moun ki touse]

#16: Bon, lòw fin depans lan ou fin retire depans, mwen se ni mwen se nimewo 16 ou divizel an 3

Tim: En 3

#16: En 3 a di mèt motè ak chaloup la si pa epzanp esi e 3 mil goud ki rete ou balmil goud

Tim: Pou motè

#16: Pou motè ak chaloup la kounya lòt 2 mil goud ki rete a si e nou 4 chak moun jwenn 500 goud

Natacha: Kounya…

#16: 500 goud

Natacha: Kounya èske èske kòmsi pandan nou sou lan, pandan nou peche èske nou gon’w kote nou gon’w asirans anka si on bagay ta pase nou sou lanmè a on kote ka asire nou

#16: [ri] Jamè

#15: Non leta pa ankadrew

Gana: Pa gen bagay sa

#15: Kote yo pral asirew la?

#16: Jamè

Natacha: Non, tankou nan asosiyasyon ou ye a èske pa gen pa gen bagay sa ?

Piblik: Non, pa genyen

#15: Non asosiyasyon pa gen asirans

Natacha: Pa gen asirans

#16: Non pa gen asirans ditou

#19: Pa gen asirans men

#16: Yo ka fon entèvansyon

#19: Mwen se nimewo 19 tou senpleman siw anpann

#16: Yo fon entèvansyon

#19: Ou gon’w pwoblèm lè sa ou rele, se pou sèt rezon  yo mande fòw gon’w telefòn pou wal nan lanmè, an ka ou ta gon’w yon enkonvenyan. Lè sa wap rele asosiyasyon an menm ap fè entevansyon pal lap achte gaz bay yon bay yon kaptenn al dèyèw

Gana: Ok, mwen gon’w kesyon mwen menm, èske nou pa gon’w fason nou konn fon demach tankou al lavil pou al chèche kliyan pou vin lè nou pral nan pèch konsa, pou vin achte pwason nan men nou  nou konnen nap gen gran pèch

#19: Non nou pa konn…

Gana: Pa gen moun

Tim: Pa janm gen moun ki…

Gana: Ki fè demach sa yo?

Tim: Ki pran pwason al pòwoprens eseye vann nan restoran, makèt wal chèche kontak nan makèt?

Piblik: Non

#19: Non nou pa konn fè sa

Gana: Yo pa konn fè demach sa

Natacha: Ok

#15: Mwen se nimewo 20, prèske lè machann konn vann on ti pwason pòtoprens e lè pak semenn sent

#16: semenn sent

#15: Pral tonbe yo ka sale pwason yo chechel  kounya yal vann pòtoprens apre de sa e depi e pa lè  semenn sent..

Tim: Yo ka al jeremi

#16: Menm jeremi li konn twòp

Tim: Li twò, twò, twò lwen

#16: Mache lokal la li konn twòp pwason an konn twòp pwodwi a gaspiye

Tim: Gade lèw di machan wap pale an jeneral de madam ou non ?

Piblik: Wi tout kalite machann, li gendwase madanm mwen, madanm ou

Tim: Kòmsi ou avè kiyès ou vann pi fò pwason ?

#16: Madanm mwen

Tim: Madanm ou

#16: Ya madanm mwen, men lèm vann ni a madanm li detaye ak lòt machann ki pa gen marik pechè

Tim: Li ka fon ti woulman avèl

#16: Vwala

Tim: Men an jeneral li toujou se madam ou ki vann an primye?

Piblik: Wi

Tim: Oubyen ou ka gen yon ti fi, yon manmanw ou te ka bay manmanw

#16: Wi, on se tou pa egzanp manmanw kouzin ou

Gana: Ok, èske Savledi tout pechè ki la yo madanm yo vann pwason ?

#19: Majorite

#16: Majorite

Gana: Majorite nan nou men epa tout non men majorite madanm nou vann pwason  ok silans… M’gon’w kesyon ankò mgen pou nou chak kilè nou al lapèch. Èske gon’w peryòd ki byen spesifye oubyen ou gendwaleve on bon jou maten ou di ou pral lapèch oubyen’w apre midi a wal lapèch èskew gon’w tan byen spesifiknan nan jounen ou konne nan ou ka al lapèch

#19: Mwen se nimewo 19, ee pèch la li menm li fè 2 fason. Mwen menm mka swazi pou mal  peche lè maten sa quan’il s’agit de la peche[xiv] dcp mka chwazi male le maten, yon lòt pechè gendwachwazi ale apre midi

Gana: Sa e sou dcp

#19: Humm sa e sou dcp il en ait de meme[xv] lè pechè yo ap pale pèch palan an gen moun ki fèl solèy kouche gen moun ki fèl tou la jounen ou konprann ?

Gana: Savledi nenpòt moman nan jounen nou ka chwazi

#19: Ou ka chwazi ale

Gana:  Al lapèch pa gon’w moman byen spesifi ok

#16: Il sifi ke,il sifi ke depi pèch la rantabilite pou jou pou moman an

Gana: E 16 ok

Natacha: Ok, èske se jou tankou se jou ou pral peche kounya la, èske se jou sa pou jete pou jete sa pou annik kitel fon ti tan pou ralel epiw jwenn pwason

#16: Non

Natacha: Oubyen’w gon’w tan davans ou metel nan lamè a apresa pou wal ralel

#16: Non sa pa menm jan avèk tout pèch

#20: Sa rele senn

#16: Sa rele senn

#20: Wannik lagel

30 Minit

#16: Sa a se pandan pwason an ap batay ou veye pwason pandan lap batay, li janw wè lam nan kouri atè a li kimen wèl fè blanch ou wè pwason an ou konn we pwason an nan fon lanmè a. Li fè blanch li fè blanch lap batay lap manje sadin kounya ou menm wap veyel nan yon limit kote ke senn nan ka pranl ou barel sa e nan sans sa

#19: Ou fon koub

#16: Ou konprann ? Ou fon koub

#19: ou metel nan mitan

#16: Epiw fè ralel mèt atè, Savledi wanbouse pwason an mèt atè sa e nan stil sa li fèt li menm

Gana: Men pa gen

Tim: Kiyès ki mèt senn sa

#16: Bon mèt li se yon sitwayen

#20: E mesye ou tap pale devan

Tim: Konbyen senn ou genyen an total nan zòn nan ?

#16: 6 ou 7 [1,2,3,4]

Tim: Chak senn gen plas pa li ?

#16: Non

Tim: Ou ka sennen kote kote ou vle ?

#16: Non, li gon’w prensip eee li gon’w kesyon de eee avan lèw di avan moun kite la avan, plas la pou li il sifi ke li bare on lòt ka pran plas la

Tim:  Alò li yon lòt pwoblèm li paka ranje senn nan pèdi senn lòt moun

#16: Ka pran plas la menm lè tankou pa egzanp li kenbe pwason an, li sennen pwason an li rive atè mwen menm mgendwapouse pam nan mpran plas pal la.Savledi lap tann lèm kenbe tou lèm rale mèt a te poul ka pran plas la

Tim: Ok, ou ka gen 6, 7, senn nan zòn nan ?

#16: Wi, ou ka jwenn plizyè

Tim: Epi tout se konbyen mèt yo ka genyen, kòmsi misye la li gen on sèl senn ?

Piblik: Li gen, li gen

#16 : Li gen 2. Li gen yon senn pou gwo pwason  li gen youn pou

#20: Sadin

#16: Sadin

Tim: Epi pou fè lak avèk sadin  ou pou vann?

Piblik: pou vann, pou vann

#16: Li fè lak a pechè palan a pechè ki pral nan gran fon, lign gay

Tim: Men moun yo yo konn pran bò lamè sou sou plaj la

Piblik: Wi, wi

Tim: Nou pa gen pwoblèm avèk sa

#16: Non, yo pa gen pwoblèm ak sa non

Tim: Yo di yo konn pran tout piti yo

Piblik: [ri] Wi

#15: Ou konn, ou konn peyi da

Gana: Aprè

#20: Peyi dayiti se pa yon peyi ki òganize, ki gen lwa an prensip piti yo yo pata gendwakenbe yo, ou ta sipoze kenbe piti a apresa pou lagel

Gana: Humm

#20: Men peyi dayiti Son’w peyi gagòt yo oblije kenbe yo yo vann yo, yo jwenn okasyon. Men peyi ki òganize a sa pa gendwafèt

Tim: Etazouni yap flanke yo nan prizon siw kenbe ti woma

Gana: M’gen yon kesyon wi ankò?

Tim: E pwoblèm li ye

Gana: Yon bagay yon enfòmasyon mta renmen konnen tankou apre sa nou sot dim la tankou on règ ki etabli men se tankou antre nou

Piblik: Humm

Gana: Men èske gen lòt règ pou lapèch la ankò apre règ sa ? Tankou ou gen senn ni la men fòk se sak vin te vin poze senn ou konnen aprel retire pal ou ka mèt paw nan plas li.  Èske gon’w lòt règ ankò, èske gon’w règ sou dcp a sou pèch palan èske sou pèch batri a, èske gon’w lòt anko sou pèch la apresa sa?

#16: Sou pèch dcp a mwen se nimewo 16, pèch dcp a genyen ki gen règleman pase premyeman li gen 2 kategori. Gen pèch dcp gen pèch prive Savledi moun nan mèt dcp prive. Genyen ee asosiyasyon ki metel kelkeswa fason’l ye ou kenbe sou dcp prive a wap peye, ou kenbe sou pa asosiyasyon wap peye tou. Men ou konnen pechè eee pafwa ou konnen kèlkeswa fason’l ye gen, gen, gen niche dwèt. Moun nan konn kenbe pwason an li pa vle peye ou konprann? E tandi ke pitow te peye kew pa vle peye paske ee si dcp a ale ou pa ka toutan

Gana: Ou pedi nèt

#16: Ya ou pa ka toutan e ong a ki ap mete pou ou fòw konnen ou te konn bay on, on tankou moun yo konn di la yon wistoun poun di en en nou te konn peye fòn al egzije pou yal met dcp pou nou pou nal peche men se jis ou pa gen pechè konfans vre a 100 pou 100

Gana: Ok, dakò  m’konprann saw di an wi men konbyen kòb nou ka fè konsa pa semen nan pèch lan pa jou oubyen pa semen nan pèch la, semen  konbyen kòb nou ka fè konsa?

#19: Mwen se nimewo 19

Gana: 19 ok

#19: Eee sa depan de rantablite pèch la nan semen nan pase gen semen gen pechè ki konn fè 40 a 45 mil goud nan yon semen pase li ka kenbe yon yon  ton, yon malenn yo rele mè balawou a li konn vann ni on 25 mil goud…

Tim: Men, men ou kenbe balenn sa kisa ou pral fè avèl ou di ou pa ka vann pwason fasil epi yo gwo ?

#19: Wi nou vann yo ee avèk machann lokal la epi li detayel a lèt konsomatè

Tim: Pa gen yon moun ou ka rele ou ka dim gen yon malenn la men’n ?

#19: Kap konsome

Tim: Menn

Piblik: Non

#16: Pi gwo pwoblèm, pi gwo pwoblèm nou

#19: Ou konprann e konsa yo fè li?

Gana: Ok

#16: E poum fin plis…  Mmwen se nimewo 16, poum fin plis detaye sa misye di a lè pafwa ke ee e pa semen ou ka vini  25 oubyen 50 , 45 oubyen 50 mil goud pa semen men 25, 45 mil goud nan 45, 50 mil goud la ou depanse prèske

#19: Plis ke

35 Minit

#16: Twaka ladan

Gana: Ok

#16: Sa e di wap depanse kòb kabiran, gaz, manje e wap peye frè ankò men se egzajere. Ou menm kap peche a wap avè 4, 4 moun nou chak ka paka jwenn mil goud wi nan 50 mil goud la

Gana: Tèt chaje

Tim: Ee ou gen jaden?

#16: Bon mwen pa gen jaden mwen menm

Tim: Ou gen kabrit ?

#16: Mpa gen kabrit

Tim: Ou pa gen lòt mwayen ?

#16: Non mpa gen lòt mwayen

Tim: Sèlman lamè a?

Gana: Se sèlman lapèch la

Natacha: Sèlman la pèch la

Tim: Ou genyen ?

#20: Bon mgen jaden men mpa gen kabrit mgen kochon

Tim: Ou gen kochon

Tim: Ou genyen ?

#5: M’gen jaden mpa gen kochon mpa gen kabrit

Tim: Ou genyen?

Mgen jaden men m’pagen kabrit

Tim: Kiyès ankò?

#19: Nou te genyen yo men preske apre siklon matyou preske tout prèske

Tim: Ou poko remonte yo

#19: Ou poko remonte yo

#16: Pèch

Tim: Ou genyen [ri] Ou chaje kabrit mka wè [ri] Aaa nou konn lage kabrit nan raje bò isi, nou konn fè elvaj lib

#20: Non a la kanpay

#19: Ou mare yo

Tim: Ou mare yo ?

#20 : Ou mare yo a la kanpay

#19 : Pase si yo al nan jaden lòt moun

#16: yap koupe tèt yo

#19: Yap tiye yo

Gana: Men ki pwason ki bay plis kòb nan tout pèch nap fè a?

#19: Ki pwason?

Gana: Ki bay plis kòb

#16: Lèw pale

Gana: Ki pwason ou ka kenbe ki bay plis kòb?

#15: Nou reponn kesyon sa deja

#16: Nimewo 16

Gana: Non, paseke nimewo 16 la sot dim ke ou kapab kenbe yon malen epiw pa egzanp ou fè ou vann ni pou 25 mil goud men nou sa pa vle di nou pa kenbe dorad nou vann ni chè tou depandaman de janl ye an

Tim: Balenn gwo

Gana: Sa pa vle di nou pa gen bonit nou pa kenbe bonit nou vann ni chè mbezwen konnen an tout pwason sa

#15: Malen an vann pi chè

Gana: Yo kiyès ladan yo nap vann pi chè ? Malen an vann pi chè.

#16: Malen an Avè ton

Tim: Poutèt gwosè li

#19: E pa pi chè non sa depan

#16: De gwosè

#19: De gwosè ou kenbe a, sa ka rive mal nan lamè, mse nimewo 19  mal nan lamè mkenbe en 10 dorad li vann pi chè ke ee yon malen ou konprann ?

Tim: Paske yo pi pi plis

#19: Li pi plis

#16: Sa depan de gwosè

#19: Selon gwosè

Gana: Savledi pa gon’w pwason spesifikman ki bay plis kòb men tout pwason nan dlo a bay kòb men depandaman

Piblik: De kantite

Gana: de kantite gwosè a

Piblik :Wi

Tim: Yo pa distige yo pa di pwason sa chè li mèt piti men sa chè?

Piblik: Non

Tim: Se gwo se kantite

#19: Se kantite

Gana: Ok

Tim: Ok, nan tout sa nou tap pale la kabrit, elvaj, kochon, jaden sak pi enpòtan pou nou  lapèch ?

Gana: Ant lapèch la ak elvaj la kisa ki pi enpòtan pou nou ki plis rantab

#15: Mwen se nimewo 15. Tout gen enpòtans yo chak bagay yo gen wolyo nan plas yo [Gen yon bidon ki tonbe] Mpa konnen pou lòt mesye yo nan refleksyon pam tout gen enpòtans pa yo

Gana : Yo enpòtans men genyen ki gen plis kòb

#15: Eee

Gana: Ki bay plis kòb ki pi enpòtan kòmsi plis vale

#15: Si siw tapbay enpòtans ou tap bay lapèch la plis enpòtans paske li menm wal peche ou sanse si se pa on move moman ou pa ka ou pa dewobe tèt ou nan pèch lan, pou vann yon kabrit Savledi ke fòw ta gen yon lòt bagay pou ranplasel  en nen moman depiw vann kabrit sa ou gentan fini a kabrit sa konprann samap diw la ? Men siw vann yon pwason  Savledi ke pwason demen sdv ou gen espwa ou pral jwenn yon lòt pwason ankò, men siw vann yon bèf Son’w sèl vach bèf la out e genyen lekòl rive sou ou ou vann ni. Ou pral redi ankò pou achte yon lòt ankò sa ka pran 2 zan 3 zan, men siw vann yon pwason demen sdv ou ka ale ankò ou kenbe yon pwason ankò apre demen ou ka ale ankò ou kenbe yon lòt pwason pou semen nan ou kakenbe nenpòt 10, 12 pwason

Tim: E nan jaden kisa ki pi enpòtan bò isi kòmsi yanm ?

#16: Kòm

#15: Yanm, bannann

Tim: Yanm, bannann

#16: Mwen senimewo 16, nan sa wap nan saw di a fòw byen fòw fòw

Gana: Byen presize

#16: Fòw byen presize bagay yo byen, tankou lòw pale de lapèch avèk kiltivatè se tankou pla men avè do

Gana: Do men

#16: Men, men li gen li gen 2 kategorik ladann premyeman eee jaden an gen sezonl ou fè 1 an pou rekolte

Gana: Ok

#16: Men pèch la nou bal plis valè premyeman ou ka rekolte chak jou, li menm tou ou ka fon nenpòt on mwa tou ou paka fon goud

Gana: Ok

#16: Men lèw pale de pèch ou pale de jaden Savledi lem Son’w peche msipoze fè tou le de a la fwa

Gana: Ok

#16: Men se paske mwayen nou konn paka ede nou fèl

Gana: Ok

#16: Ou konprann ? Fòw byen konprann sa map diw la wi ?

Gana: Wi m’konprann saw di a.

#19: Pa rapò a tanw

#16 : Pa rapò a tanw  ou konn pa gen posiblite pou fè jaden an la paskew pa gen tan, men kòb ou fèl ? Savledi m’sot nan lanmè m’pa jwenn anyen, pandanm pa jwenn anyen m’fè vyann m’satisfè m’di non m’pral la ma fouye on bout yanm, map koupon bout bannann yon grenn bannann pou manje

Gana: Ok

#16: Men lòw lèw gade pou wè lòw nan sistèm pèch la ou itilize jaden an e 2 bagay diferan lye  lè pa egzanp ee tankou kamarad la sot di la ou gendwaralon vach bèf la ou vann ni. Men anvan pou gen va… bèf la ankò anpil di tan mwen menm menm jan tou m’gendwaal nan lanmè la m’fon semen m’fon semen e pwason map kenbe

Gana: Ok

#16: Ou konprann? Se preske m’mèt di e 2 menm bagay yo ye. Men yo chak gen sans yo

40 Minit

Gana: Men m’wè nou plusieur[xvi] materyèl poun kenbe pwason an  paske nou dim nou dim gen plusieur[xvii] tip de pèch ke nou fè materyèl pèch yo kote nou jwenn yo achte

Tim: O wi nou tap pale sou sa le ou te sou telefòn nan

#15: Mwen se nimewo 15

#16: Mwen se nimewo 16

#15: Materyèl pèch yo yo soti dirèkteman nan magazen

#19: Epa wadè menm ap domi

#15: Kay Denise

#19: Poukisa ou pran nimewo moun yo?

#15: Kay ybert lemère, kay plizyè lòt moun tou nachte yo yo ee nou jwenn sibvansyon tou sib de FOOD FOR THE POOR

Gana: Ok

#15: Yo fasilite nou de materyèl des enjents[xviii] ki ki trè zenteresan paske yo ban nou bato yo ba nou zen yo ba nou lign sa nou manke yo nou ranfose yo nou menm

Gana: Se nou menm ki al achte yo oubyen…

#15: Non, [ri] Nou gen moun fanmi nou gen zanmi lè moun nan pral achte pòtoprens oubyen li pòtoprens nou voye kòb la ba li li achtel voye pou ou

Tim: Èsk…

#15: Men sak gen moun tou yo vin vann yo isi tou moun ki vin vann nan wachte nan menl

Tim: Èske ou gen lòt pe lòt bagay ankò ou pran nan lamè zangi, woma

Piblik: Wi, [ri]  A bon, gen tout bagay sa yo nan lanmè

Tim: Men gen kiyès ki vin isi vin achte bagay sa yo?

#20: Ou mèt kanpe la wi?

#19: Wi

#16: Bon mwen nimewo 16, zangi a Son’w espès li ye, m’di Son’w espès Savledi li moman’l. nou menm apre tan matyou a nou sibi e sibi anpil sitou pechè abriko sitou abriko nan komin abriko a [Tim grate goj li] Nou pa jwenn anyen, anyen apre pèch la kòm poun ta di nou ta rale…

Gana: Kòm aktivite

#16 : On ti souf, pou’n ta di nou ta rale on ti souf wi m’pa bezwen diw kom aktivite paske  an premye lye apre tan matyou a nou gen kabrit nou gen bèt nou mouri jaden nou kraze kannòt nou kraze tout bagy nou kraze tout filè nou ale nou pa gen okin resous ditou.Lèn vin resi ralon ti souf se apre mwad oktòb sa ki sot pase la ki sot fè tan 1 an FOOD FOR THE POOR fèn favè 4 motè, se lè sa nou ralon ti souf men nou gentan mouri wi, nou mouri. Gen moun la menm lè yo voye pitit yo lekòl yo poko janm ka peye yon goud. Gen moun la mwen menm mwen pap baw manti e nan e nan fèm mwen ye mwen poko ka peye kay dèske nou poko nou poko ka rale souf Savledi dèske pa gen okenn solisyon ditou

Tim: Men èskew konn chèche zangi ?

Gana: Èske nou tout la konn peche zangi?

#16: Wi

Gana: Tout Peche ki la konn peche zangi ?

#16: Wi

#20: Epa tout m’pa konn peche

Tim: Men… jis kounye ou pa jwenn

#16: Nou pa jwenn pa genyenl

Tim: Siw ta jwenn kisa ou tap fè ?

#16: Zangi a lèw pechel yo peze li yo jwenn on lòt moun ki vin achtel nan menw ou gendwafon ti kòb tou piti

Tim: Kiyès kap achtel pezel

#16: Tankou ajans yo eee

Tim: Gen ajans zangi espesyal?

#16: Wi

#19: Banm bay on ti esplikasyon

Gana: Ok, ajans kisa?

Tim: 19

#19: M’se nimewo 19, an palan de zangi a se youn nan aktivite ee m’sanse ke ve msanse lontan nou te konn bay nou te palede dcp pou nou menm Savledi gen majorite moun ki fè pèch dcp a genyen ki pa al nan zangi a men pou mwen menm kounya pèch zangi a sim ta jwenn zangi poum kenbe m’pa ta pral sou dcp pa rapò a pri li vann kounya men kom se yon jed pasyans li ye, m’relel jed pasyans paske li difisil pou kenbe, lipa fasil ditou ditou li mandew fòw gen pasyans ou gendwaal nan dlo a pa konparezon ou gendwaleve pase Son’w pèch ki fèt  la nwi gen moun ki konn ale a 6è li sot nan dlo a a 10è li pa jwenn li pa kenbe anyen ditou li gendwaleve a 1è li pa kenbe anyen.[Gen yon moun ki touse] Men se konsa mwen menmmka leve a 2è di maten male fè 3,4, 5,6,10 gram, kounya sim 10 gram zangi map fè 700 dola pou swa men li pa fasil.

Gana: 700 dola ayisyen

#19: Wi, men si e pou kob kounya li gen kob ou konprann ?

Gana: Ok

#19: Zangi a kòman yo pechel ? Ee m’ka diw majorite jen kounya yo pratike pèch zangi moun kite a la kanpay ki pat konn afè lamè menm pa rapò a ran rantabilitel le yo kenbel kounya se youn nan pi gran  faktori ki genyen nan nan tout komin yo pase e nan tout komin yo yo konprann? Men sa ka rive gen moun ki pakab pa rapò a dlo a yo…Fredi

Tim:  Ou jwenn ni atè tou pre atè

#19: Tou pre atè genyen ki rantre anndan lanme a tou pase gen moun ki peche atè  gen moun ki peche…

Tim: Wap jwenn zangi jis nan fon ?

#19: Wi, paske se nan kannal li soti

#16: O mwen omwen a demi mèt de otè

Tim: Demi mèt

#16: Ya

Tim: Se la ou plis jwenn ni ?

#16 : Vwala

Tim : Gade, banm chanje koze yon ti kal, yo te, lem konn vizite lot kote yo toujou dim siw bezwen yon bwa fouye se abriko pou ale

#16 :Wi, men apre tan matyou a ou paka jwenn sa anko

Tim : [ ri] Ou pa ka jwenn ni ou pa gen bwa pou li

#16 : Detwi

#20 : Ou pa gen bwa pou li

Tim : Lontan nou nou nou fe sa anpil ?

#16 : Non plis bwa fouye anpil abriko tou

45 Minit

Tim: M’pa wè tou

#16: Ou ta gendwa vin la tou nou dou’w nou pral dèyè yon bèl abriko pou ou pou manje

#19: Nou pale de kilès ki achtel Savledi

Gana: kiyès ki achte zangi a ?

#19: Eee gen moun tankou mwen menm

#15: Lòt yo soti a powoprens

#19: Si se yon

#15: Yo bat antreprenè lokal la

#19: Yon antreprenè mwen ye mwen la m’rele… Gen plizyè ajans ki pou vin si le teren  pou yo vin achte

Tim: Depi gen yon kantite yap vini ?

#19: Yo la yo disponib [ Yon moun touse]

#20: Yo nan bodmè a la

#19: Yo disponib sou plaj la pechè a nan dlo a chak lè yo sot nan dlo a depi yo kenbe yo vin peze yo yo peye yo

#20: Yon 3, 4 gram yon gram tou…

Tim: Yo pa vle achte anyen sof zangi?

Gana: Moun sa yo se

Tim: Yo pa vle achte pwason ?

Piblik: Non, sof zangi a

Tim: Sof zangi sèlman pa gen moun ki achte woma menm jan  ?

#19: Bon

#20: Non

#19: Se rarman

Tim: Vin peze woma

#19: Ou kajwenn yon moun nan komin nan

#16: Lontan

#19: Men

#16: Lontan

#19: Ki vin achte woma

Gana: Men pa gen moun kif e pèch lanbi woma Sèlman bo isi lan?

#16: Wi, ann di klè

#20: Nap di 3 nap filè 3 nap

#16: Sitou ann di klè premye seksyon abriko

Gana: Ok, Savledi gen moun ki fè sa Sèlman ?

#16: Lanbi 3 yo fè pèch filè mnem, filè 3 nap yo kenbe woma

#20: Lanbi

#19: Pwason

#16: Karèt

Gana: Ok, men nou bò isit la nan abriko nou pa fèl nou pa fè pèch sa Sèlman ?

#19: Non nou pa fè

Natacha: Chak pwason gen filè pa yo ?

Piblik: Wi

Natacha: Konbyen tip filè nou genyen bò isi ?

#16: Nou gen plizyè men tan al avè yo

Natacha: kijan yo rele?

#16:Gen filè ble, gen senn, gen 3 nap, gen fòl, gen file pase.

#19: Gen file senp, file sen, 3 nap la li menm gen plizyè nap

#16: Li gen 3, 3,3 diferant kou..

Gamna: Plizyè kouch

#16: Ya

Natacha: Savledi zangi a gen ti filè pal pou kenbel

Piblik : Avèk moustikè, [ Gen yon moun ki touse] Li gen moustikè pou kenbel

Natacha: An avèk moustikè

#19: Wi, li gon’w filè a pase tou wi

#15: Li gon’w senn  zangi

#20: Li gon’w senn zangi

#19: Genyen ki tann genyen ki pase

Natacha: Ok

Tim : Kòm di li gwo li menm jan a senn

#19: Wi, pa tèlman

#16: Ti may li yo piti,piti piti

Tim: Konbyenl moun sa ka fèl

PibliK: 2, 2 moun

Gana: Ok, men èske zangi a gen yon enpak sou pèch pwason an bò isi a

#16: Bon, mwen se nimewo 16. Eee nou te gen yon dirèkte kite avè nou isi kite ee se mesye Bernard chevrett e misye te di nou konsa ee mwe nou ka peye sa pouki rezon se akoz de zangi a ki fè pwason yo ap sot anndan kanal la vin atè a eee li te di si tou tan nap kenbe zangi a gon’w moman ka rive nou peye sa. Men nou menm nou pa janm konn si

#19: Si se vre

#16: Si se vre ak si e manti

#19: Si se manti ou konprann ?

#19: Pase tou senpleman zangi a li menm li gen epòk li

Gana: Nimewo 19

#19: Wi, se yon kom ka m’ka di Son’w apa pou lòt pwason ou konprann ? Gen ti pwa yo manje zangi a tou tou kom lòt pwason manje sadin nan, gen gwo pwason manje bonit la yo fèl pa anchènman nou konprann ?

Gana: Ok, nan epòk

#19: Se pi gwo manje pi piti

Gana: Nan epòk zangi a nou toujou jwenn pwason oubyen nan epòk zangi nou jwenn mwens pwason

#19: Non rantablite a li varye nou gendwajwenn

Gana: Li toujou menm jan zangi a pa bay pwason an pwoblèm pwason an pabay zangi an pwoblèm

#16: Mwen se nimewo 16,[Tim grate gòj li]  Ou konn sak fèm di zangi a ka pa bay pwoblèm lèw gade sou jan enfliyans lontan te ye a kounya epa menm pouki rezon lontan m’te ka rete la m’di m’pral nan lanmè m’ka kenbe 3 pwason kounya m’paka dil paske apre depa zangi a m’vin wè pèch la fon ti bese pèch la fon ti bese

Gana: Savledi depi gen zangi [ Telefòn kap Son’we] pèch la bese

#16: Wi,mpa konn si se paske yo kenbel twop ki fe koz Sa li vin resanb a sa sitwayen an te di vre

Gana: Ok

#20: Mwen se nimewo 20 , mem nou menm o nivo dcp a nou konn ap peche [Tim grate gòj li] Lèn rive nou we bonit ap bat ap batay ap batay kom  Bernard chevett ki di sa. Gen delè e menm zangi sa yo ki konn ap bat sou dlo a se dcpa lap manje ou konprann ?

Tim: Zangi konn pase sou dcp

#20: Non,bonit lan

Tim: Wi

#20: Ki konn ap bat sou dcp a

#19: Savledi lap voltije

#20: Lak sa lap manje

#19: Lap voltije lap bat poul pran lot ti…

Gana: Ok, Savledi se kòmsi tank gen zangi nou jwenn plus bonit bet yo plus rale lòt pwason yo vini paske yo vini

#20: Wi

Gana: Manje yo, tank nap detui zangi an, la nou ka gen mwens pwason

#19: Wi

Tim: Wi se sa nou sipoze se pa vre ou pa konnen

Piblik: Non,yo pa konnen

Tim: Yo pa konnen ou mèt dil la yo pa konnen

#19: Ou pa konnen

Tim: Li remake ke li posib men yo pa konnen

#20 : Sak fèm ka dil tou menm o nivo dcp a gon’w bagay yo rele planton lè nou met dcp a tou o tan li poko gen pwason an planton an pap gen bonit paske se koz planton an bonit lan vin manje ou konprann Son’w lak li ye tou [Tim grate gòj li] Se sak fèm ka diw tou tout sal di a li ka pa manti tou

50 Minit

#20: Toutotan dcp a gen lak la li ka toujou vin frekantel poul bat li poul manjel

Tim: Gade nan laviw èskew santi gen mwens pwason kounye ke lèw te timoun ?

#19: [ri] Aaa

#20: Wi gen mwens, paske lèm ti timoun sam te konn

#19: Pa gen pwason nan lanmè

#20: Te fe nan lamè e tire mte konn tire anba lanmè

Tim: Ou te konn plonje?

#20: Wi m’konn al plonje anba lanme e triye mte konn ap triye ki pwason pou’m tiye

#16: Selon gwosè

#20: Map triye pi gwo

Tim: Chwazi sa ou vle

#20: Wi men kounya pa gen sa

Natacha: Men te toujou gen zangi lèw te lèw te jen

#16: Wi, yo pat konn kenbel

#20: E lè sa yo pat konn kenbel, yo pat konn achtel ou konn vin la lèw pral nan aran an kouran bouchi a

# 16: Kounya la…

Gana: E nimewo 20

#20: Wap ramase zangi tout atè

Tim: Èske ou konn al nan dlo dous tou ?

Piblik: Wi, yo konn moute nan dlo dous tou

Tim: Kounya nan tout koze nou pa janm di anyen de plonje yo yo pat menm nonmen yon estrateji de peche de la pèch

#19 : [ri] wèèè

Tim: Nou pa gen konpresè isi ?

#16: Non

#19: Non, nou pa genyen

Tim: Men ou ou pakonn plonje ?

#16: Wi bon…

#20: A lepòk mte konn fè sa e de li menm mte konn ede pitit mwen m’gen 7 pitit de sa mte konn ede pitit mwen mwen vin rive nan yon laj kounye a, paske dlo a lèm te konn fèl la e pat pou di on aparèy mte genyen e teknik tèt mwen ak fòs mwen mte konn plonje mete pat ou konprann mwen kounya lò ap rantre nan laj gen de bagay ou vin pa ka fè ? Mka plonje nan on ti dlo minim, men èske mte konn fè lontan yo kounya m’paka fè yo ankò

Tim: Men pa gen lòt jèn jèn isi ki fè yo?

Piblik: Wi gen lòt jen  chaje, chaje

#19: Gen plizyè men yo nan lòt lokalite

Tim: Men poukisa nou pa nonmen sa pa gen lòt moun isi ki fèl

Piblik: Wi, gen moun isi ki fèl, gen moun isi ki fèl wi

Tim: Li pa bay kòb ?

#16: Li bay kòb wi

#20: Bon li bay, li bay tout

#16: Aa o mwen a 20 pou san

Gana: Ok

Tim: 20 pou san

#16: Wi

Tim: De tout pwas de tout pèch

#16: Wi a 20 pou san o mwen gen de pafwa ou konn ale dlo a sal  ou paka fon goud

#20: Menm o nivo

Gana : Sa e nan plonje a

#16: Wi, nan plonje a

#20: Menm o nivo

#16: E pa sel nan plonje

#20: Menm o nivo woma ou konn al plonje

#16: Kèlkeswa pèch depi dlo a sal ou pap kenbe

#20: Ou wè ranje woma 4,5,6 woma youn dèyè lòt ap mache [Gen yon moun ki touse]

Tim: Kòm an lign [ri] M’tande sa

#20: Kounya ou pap jwenn sa ankò, peyi a fini twop mize twòp poblèm

Gana: Men pèch ant pèch zangi a ak lòt pèch pwason yo kap pi rantab, zangi a a pech pwason nabitye fè yo sak pi rantab

#16: Bon si e pou mwen menm zangi pa pat janm bezwen kenbe ditou si se pou mwen menm

Gana: Kisa ki pi rantab kisa nou wè ki pi rantab ?

#19: Zangi a plis rantab kounya

Gana: Zangi a ki pi rantab kounya la

#19: Humm li plis rantab kounya la

#20: Bon zangi a bay wi

Gana: Zangi a plis rantab

#18 : Pou moun kale ?

#20 : Wi

#19 : Pou moun kale, men sak fè gen plis moun ki peche zangi ke ke peche ki peche a lign

Sim tap peche zangi le konsa …

#20: Paske non sware lèw parèt la lè gen zangi  wap jwenn moun depi nan kwen pa on grenn non lèn sou lòt wi

Gana: M’fè esperyans lan deja

#20: Ou ka jwenn moun sot la rive …

Tim: Ou di anpil moun se moun andeyò

Piblik: Wi

#19: Gen plis moun a la kanpay ki pat konn sistèm nan

Gana: Gen moun nan 4èm seksyon vin peche

#19: Wi pi fò se yo menm wap jwenn

#16: Yo sot tout kote nèt

#19: Wi pi fò se yo menm wap jwenn 10 pou san  moun  nan santre vil la

#16: Menm 10 pou san tou

Tim: Rès moun lòt bò

#19:Tout lòt moun moun lòt bò

#16: Menm 10 pou san moun,  menm 10 pou san twòp isi

Tim: Gana nou pa gen gran choz ankò?

Gana: Non nou pa gen gran choz ankò non Tim

Tim: Lèw di 10 pou san kisa ?

#16: Moun ki soti nan santre vil la o mwen 2,2,3 pou san moun

Tim: Lè nou fè fokis gwoup yo nou pale a moun andeyò yo yo toujou plenyen yo di y opa jwenn travaye tout moun al nan zangi [ri]

#16: Non plis tou li pata yon pwoblèm men li deranje nou

Tim: Yo deranje nou ?

#16 : Wi, Pafwa tankou pa epzanp lè nap domi

Tim : Yo fè bri ?

#16 : Yo fè bri yo fè dezòd

#19: Yo mal edve

#16: Yo di betiz [Tim grate gòj li] yo batay antre yo menm

Gana: Rete

#16: Anpil bagay

#18: Mwen se nimewo 18, zangi a avè 2,2 ane moun a la kanpay yo vin kenbel se pa rapò a tan an pa rapò a tank te pase a ki fè moun a la kanpay yo vin nan zangi a

Tim: Yo vin cheche la vi

#18 : Yo vin pat gen anyen yo vin ap cheche la vi Savledi zangi a pis moun kite bò rivaj yo bo lamè yo ki te konn ap kenbel kite konn zangi a men apre matye fin pase pa gen anyen moun tande zangi ba ay li vin la o mwen swal ka fon 40 dola on on on 50 dola lap di sa se lajan farin nan, lal lakay li kounya li vin pran yo vin pranl nèt vin gen tout anple sa ladan pase le premye zangi yokonn ap kenbel gram nan e 5 goud e 5 goud ou te konn peye gram ou konn pa vlel  kounya li pase a a a 70 dola

Tim: Wayyy pou gram?

#18: Pou gram

Tim: Eee

Natacha : Men apa de peche tankou jan

Gana : 70 dola ayisyen ?

#19: Wi

Natacha : Jan nou konn peche a tankou èske gen youn nan nou ok se peche nou konnen men èske nou pat anvi fè yon lòt bagay apa de peche oubyen nou te vle yon lòt bagay a pa de peche ?

#15: Bon, mse…

Natacha: Men  men men se sitiyasyon…

#15: Mwen se nimewo 15

Natacha: Ki fè nou peche men se pa remen nou renmenl, nou jis fèl kòm yon pwofesyon ?

#15: Mwen se nimewo e map diw sa ou vini a yon tre bèl kesyon , an ayiti moun pa aprann selon vokasyon yo moun aprann

#19: Pou siyasyon

#15: Pou defann tèt yo

Natacha: Humm

#15: Gen anpil moun ou wè ki fè chapant  e pa chapant li te vle

55 Minit

#15: Li ta renmen enjenyè, doktè

#16: Se sitiyasyon

#15: Li ta renmen bagay, men se sa manmanl paka metel aprann lòt bagay papal pa ka fè lòt bagay  e li menm li pa ka fè pou pwòp tèt li li oblije rete la saw di ase sa anpil moun kap peche se pa vokasyon li. Gen anpil moun ki vin antre nan sistèm nan peche la piske li wè lap fè 2, 3 san dola li oblije genyenl li di sa e la m’fè fè2,3 san dola moblije …Men e pa pechel ye e pa peche lye tou [Wap domi] Gen anpil moun kap peche kip a konn kòman pou mare yon zen, li pa konn ki nimewo on zen.Se sèlmanl wè nèg la ale li mennnenl li fe fe fe jodia la mpral peche m mennen nèg la mfè 1000 goud mbal 200 goud. Demen si Dye ve li dim li prale ankò men sil pat gen anyen poul te fe èske e te vokasyonl  non enbyen li vin wè li ka fè 500 goud li pa 200 goud ankò li moute 1000 goud li kenbel se sa

Tim: Li vin on peche [ri]

#15: Wi

Tim: Li pa konn sa lap fè

#15: Li vin nome tèt li on peche men li pa pechè vre

Natacha: Men ou menm souw pat pechè kisaw tap ye ?

#15: Mwen menm ?

Natacha: Humm

Piblik: [ri]

#15: Nan laj mwen ye la kisam konnen’m tap ye?

Piblik: [ri] Aaaa

Gan: Men pa gen pa gen peche fi nan mitan nou?

#15: Sa on kesyon, sa on kesyon bon mwen menm ap di sa e a 20 an wi ma prann peche

Gana : Ok

#15: Lèm gen 20 an m’moute lanmè e lam leve la a apre kay kotew te kanpe a 2èm 3èm kay la e lam te leve de de zewo a mon age[xix] sof al potoprens al jeremi plis tan mwen fè deyò pou mwen menm plis tanm fè deyò pou mwen plis tanm fè deyò mpa vin la m’fè 5 an deyò apre 5 an va e vyen ale tounenn

Tim: Si pa gen lòt kesyon Natacha?

Gana: Ok pa gen fi m’gen yon lòt kesyon, pa gen fi m’ta renmen konnen si pa gen fi peche nan mitan nou?

#16:Non

#15: Non pa gen fi ki peche bò isi

Tim: Pa gen fi ki met kannòt?

#16: Non

#15: Pwopriyete kannòt non

Tim: Senn

#16: Mwen se nimewo16. Men gen yon gran bagay m’ka fè antake  yon remak pouki rezon ou di yon bagay la ki tre tre tre apresyem lèw pale lapèch ou pale de yon pakèt bagay e ou pale afè o nivo de edikasyon tou

Natacha: Humm

#16: Premyeman sak te pi primodyal pou nou nan lavi nou se pa fòt nou se pa fòt paran nou se nou menm ki pat bezwenl, jounen jodia la manmna nou a papa nou te mete nou tout lekòl

Natacha: Ok

#16 : Sa ka rive genyen kap repwoche manman yo papa yo di e papa yo ki pat mete yo lekòl tandike yo pat menm yo pa we si se yo menm ki pat bezwel. Mwen mnem [Tim grate gòj li] e kap vokasyonm poum te peche men se youn nan bagay mte renmen anpil depim piti pouki rezon mSon’wje on le mte lekòl kay se etanm sot lekòl kay se epim pran yon ti lign mal nan bouda wòch la la depi  1è pou 6è dan lapre midi manmanm ap papam ap dèyèm kounya le ap rele rele rele yo pa jwenn mwen pou yo menm yo konnen m’bagay anba dlo wa m’neye eee le yo resi vin bò bouchi a la yo relem mleve tèt mwen mdi woy papam pral kalem e depi le sa maprann peche mwen menm, depim piti mpran yon ti bout lign mal bò bouchi

Tim: wal kenbe bb balawou

#16: E se pat se pat vokasyon nou pase…

Tim : Kisa wap kenbe la ?

#16 : Ti teta

Piblik:[ri]

#20: Batakòl

Tim: Ti teta

#16: Batakòl on sòt de pwason men e pat vokasyon nou , sak te pi chè pou nou an manman nou a papa nou te fè nou se nou menm

Gana: Ki chwazi

#16: Wi, ya se akoz de mizè nou ou konprann se akoz de mizè nou e bon paske se sa ki pi rantabilite pou nou pafwa ou konn ap travay a on moun la, ou travay ou fin travay kotew travay la li ta dwe peyew li fòw pase 15 jou dèyè mizè ou depasyante e malgre sa li rele sou ou

#19: Li gendwamenm jourew menm

#16: Ou konprann li rele sou ou

#19: Ou menm ou vin fe sak pi fasil la

#16: Ou menm ou vin wè se lapèch la pa gen moun kap rele sou ou si Bondye  bòw li bòw sil pa bòw pa gen moun ou pral manke dega ou pa gen moun ou pral joure

#18: Ou travay a tèt ou

#16: Ou travay ak tèt ou, ebyen se sak fè nou itilize lapèch

Gana: Yon dènyè bagay si nou tap bezwen asistans nou tap mande asistans ant pèch la oubyen avèk nan fe jaden kisa nou tap chwazi ?

#16: Aa mwen menm mwen chwazi tou lede

Tim: [ri] Aaaa on sèl ou genyen

#19: Lapèch

Tim: [Tim grate gòj li] e ou menm lapèch oubyen jaden ou zanimo?

#15: Mwen menm sim ta gen yon asistans pou laj mwen

#16: Lapèch

#15:  E jaden mtap pran

Tim: Jaden

#15: Wè mwen menm kap pale avèk ou la, [ Jaden jan bagay sa grate a, ou gen plis chans] Mwen menmm’nimewo 15 wè la an kòmsi ta gon’w asistans m’patap bezwen on moun fèm kado non  alò lèw pale de gen moun ki panse se fè kado mwen menm m’ta bezwen  yon kote yo fè kredi agrikòl e jaden mta pral fè paskem laj mwen pa mandem pou al peche ankò

Tim: E ou menm?

#15: Laj mwen mandem pou mal fè yon lòt bagay

#20: Bon pou mwen menm pou sa lanmè fè poun mwen

#15: Refleksyonm tou pa mandem pou mal peche

#20: M’tèlman renmen lanmè m’menm mande Bondye lè map mouri  nan lanmè nan lanmè poum mouri [ri]

Tim: [ri]

#20:  M’pata renmen mouri atè

#15: Fòn ta kite sistèm sa paske bagay sa vin dekourajan

#20: Banm douw byen pase lè wal peche pa epzanp

Gana: Nimewow ki nimewow ?

#19: Nimewo 20

#20: Nimewo20, egzanp ou te ka al peche, egzanpou te ka fè, egzanp ou te ka fè 1500 goud

60 Minit

#20: Menm siw ta di lakay ou men 1000 goud ou dwa reste 100 dola nan pòch ou ou ka achte yon sori ou plante 2,3 pye bannann ou plante on 2,3, pye yanm nan 1an ou ka rekòltel men lanmè a

#16: Chak jou

#20: Ou paka fè 1 an pou pa moute lanmè a

#16: Chake jou ou moutel

#20: Son’w pye sous li ye, chak moun gen ide pa yo men pou mwen e nan lanmè manvi mouri

Tim: E oumenm ?

#20: Poum pa regrèt kò a

Tim: Nimewo 5 ou pito asistans nan jaden nan zanimo nan lamè

#5: Lanmè a Son’w bagay m’remen anpil anpil, jaden an m’renmenl tou wi men m’vin plis renmen lamè paske jaden an

Gana: Tout moun …

#5: Map bòw on egzanp sou tèt mwen la ye mal nan lanmè m’fè 300 dola gaz mal nan lanmè

#16: 1500 goud kabiran

#5: Mpa menmpran yon ti grenn bonit pou’m te menm fè 5 goud, pou mwen menm mwè sa pa pwoblèm menm maten m’tounen achte gaz ankò m’tounen nan lanmè ankò mpa pran anyen, bon demen si Dye ve map tounen nan lanme a pi rèd Savledi  lanmè e branch mwen e ladanm fè kòb. Menmle mtal lanme m’defisi 5000mil goud , 10000 mil  goud mpap dekouraje a lanme a m’konn yon jou

#19: On sèl jou wap rantrel

Natacha: Ou fè gen ou fè pèt tou

Piblik: Wi

#16: Epi ou gendwaale demen si Dye ve ou fè 50000 mil goud tou

#18: Nimewo

Tim: Ok nimewo 18

#17: Ok nimewo 17

Tim: 17

#17: Lanmè a si tèlman renmenl, m’renmenl tankou lèm kouche a madanm mwen map pase men sou li [ri] Pasem gen 7 timoun a rive jounen jodia e lanmè aki leve tout pou mwen. Pasem peche m’met pitit lekol m’peche m’met pitit lekòl ebyen menm lè pitit poko ka fè anyen pou mwen pou jounen jodia men mgen espwa demen si Bondye vle lem pa kapab map di gras a lanmè a ki fèm te leve pitit mwen yo

#18: Nimewo18

Tim: 18

#18: Lanmè yo pou peche yo Son’w manje ki kwit ki sou tab yo poko pase yo lòd pou yal manjel  pa rapò a jaden an jaden an wap gen anpil tan pou rekòltel lanmè a kounya la gen pwason nèg la la diw lachte on on on 3 san dola gaz lal peche lèl vini lap fe 25 mil goud on sèl pèch la lap fè 25 mil goud. Men sil al nan jaden li plante jodia o mwen fòl tann pi plis 6 mwa wi, 6 mwa pouw rekòlte jaden an ou wèl pa rantab pou li ditou men lanmè a ou gendwafè defisi jodia, defisi demen, defisi apre demen on sèl

#16: On sèl jou

#18: Kout lign lan tout sal te defisi yo lap rantrel, jaden an pa gen on sèl kout lign ladan jaden e pa sezon lapli pa tonbe jadenw pap byen pouse si solèy ap bat li li pap pouse epi lachte mèt nan te a li pèdi lajan sa [Gen yon moun ki touse] Sòw wè lachte li mèt nan lanmè a li poko rekolte jodia demen lap rekòltel kanmem. E sak fè lanmè a pi rantab pou tout pou tout pechè yo

Tim: Ok nap fini avèk 19

Natacha: Humm

#19: Wi, menm jan pechè yo di a mwen menm e sam ka di tou. Eee tout sa ke Bondye pèmèt mwen genyen se gras a lanmè Savledi sa ka rive gen yon lòt vokasyon, men lèm te lekòl pòwoprens apre madmi an reto apre mal ale tounen isi mpa fè anyen ankò mantre nan sistèm pèch. Epyi sa poum te ye mpa sa men mpa regrèt kem te peche pa rapò a sam genyen

#16: Mwen se nimewo 16, m’gen yon kesyon[Tim grate gòj li]  M’ta renmen poze nou antanke eee mta renmen nou eee m’paka fin di nou dim non pouki rezon nou gendwala jodia nou pala ankò

#19: Labitye avè nou wi

#16: Ya e ta renmen di eee nan tout nou degaje la nou tout nou la dim ta renmen nou pron doleyans epi pouke ki ta ba nou yon ti eskwa li mèt a 10 pou san ke nou ka benesye on bagay

#19: A lavni

#16: A lavni

Tim: Poutèt nou ?

#16: Wi

Tim: Li ka pale [ri] M’paka pale [Gen yon telefòn kap Son’we]

Gana: Banm reponn ou, depi avan, depi le depart[xx]…[ Gen yon telefòn kap Son’we ]

65 Minit

FEN

 

Not yo

[i] Nan jou ki gen pou vini yo

[ii] Pechè

[iii] Paske

[iv] pechè

[v] Manje

[vi] Manje

[vii] Longè

[viii] Limyè

[ix] Pou mete limyè sou bato a

[x] Filè

[xi] Pi

[xii] Kilti

[xiii] Di vye pawòl

[xiv] Kan se de pèh li ye

[xv] Se toujou men bagay

[xvi] Plizyè

[xvii] Plizyè

[xviii] Materyèl

[xix] Nan laj mwen ye la

[xx] Depi lè nou tap kòmanse