Milot (No)

Transkripsyon Fokis Fwoup Millot (Ti Bo)

 

Patisipan

  1. Mme Antoinette Joseph: Fi; 52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop
  2. Laguerre Daniel: Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop
  3. Thelus Edrice: Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop
  4. Clairsina Colas: Fi; 78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop
  5. Jean Enaud Samson: Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop
  6. Joseph Jasmin; Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop
  7. Jean Cherinxe Shomane: Fi; 48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop
  8. Duval Yvrose: Fi; 42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop
  9. Altagrace Laguerre: Fi; 43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop

 

_Bri plizye chez_   

Kouman nou ye ?

Plizye Patisipans : Anfom. Nou tre bye gras a Dye. Nou byen.

Nou kontan ansanm avek nou Ti Bo  jodia nan lide pou nou kapap fe yon ti pale konsenan yon etid ke nou genyen nap fe pou CRS sou kakao._ Bri machinn kap pase_Nan ansanm de koperativ ki genyen ki ap travay nan depatman  no, koperativ pa  nou seleksyone pou nou kapap fe etid la, sa vle di touto kou de etid nap gen poun pale ak anpil manb koperativ la, sa konsa tou, gen anpil nou pap pale paske nou pa ka pale ak tout moun ansanm.Se yon tiraj kap fet non moun ki soti se yo nap poze kesyon. Men pou kounye a la nap fe yon ti pale ansanm konsenan kakao .Nap gen poun poze yon ansanm de kesyon ke nou tout kila nap kapap bay opinyon nou a chak kesyon ki poze. Non pam se Pharel

Nahomie Jeannis : Nahomie

Renande Innocent : Innocent Renee Renande

Ok,Donk nou pral komanse, e method la se a chak fwa yon moun , nou poze yon kesyon, wap gen entevasyon pou ou fe wap jis  leve fey poun ka we nimero ki sou li epi pou kapap note nimero ki enteveni,epi pou chak kesyon yo  nou tout ap gen tan pou nou pale , men si yon moun bay yon repons ou santi repons sa  se pa li menm ki kadre kitel di sal panse oumen wa bay lot repons paw la , epi nou pap fe komante sou entevasyon moun fe, moun nan fe komante pal, li fe entevasyon pal selon janl konprann kesyon li reponn, ou menm wap reponn selon ou menm. Ok. Dako,

Plizye patisipan (G,F): Nou dako. Wi. Pa gen pwoblem. Dako.

Yon Patisipan(G) : Wi m ta renmen konnen, kel pozisyon, fonksyon  nou?

Mwen menm ? Non, Nou menm se yon group de cheche nou ye, nap fe rechech sou domenn kakao a, men se pou CRS nap fel ansanm ak Fecano.

Patisipan ki te poze kesyon an (G) : Aaahh, rechech? Dako.

Ok.Nap pati ?

Plizye patisipan (G,F): Wi, wi, wi

Pouki sa kakao bon ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Poukisa kakao bon ? Ii bon pou nou bwe chokola, epi pou nou vann pou nou fe kob, pou nou elve pititan nou.

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Kakao a li menm  eee dapre etid lot peyi yo fe, kakao a li menm  li bon, li prepare, li bon  pou medikaman,e li bon pou nou  femante pou  nou voye  vann sou mache entenasyonal pou nou fe plis kob.

Pa gen lot entevansyon ?

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao li menm nou te ka rele se yon bagay pou chanje lavi moun. Lew prodwi kakao a yap bawou yon tu monnen se bay ki baw ke kontan.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Bon, aktyelman kakao a konsidere kom yon m te ka reprezante l  kom bondye_Ri_ Paske kakao depim piti leve map viv nan kakao m we se pou yon avansman, ni pou edikasyon lekol,ni pou vim mwen.  Kakao gen anpil bagay li fe tou nan peyi, li fe bonbon, li fe siret,li fe ri…. _Machinn ap pase pa tande lot sa kakao fe_ li fe tout kalite jan de bagay ki kapap ede nou pep Ayisyen nan peyi Dayiti.Se sak fe m konsidere kakao kom yon umshumm m pa konn kouman.  M ta di paske sim di li reprezante bondye alo kakao se yon paket bagay li ye.

Patisipan pa idantifye(F) : Bondye tout pwisan ???

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Alo m pa konnen, petet si gen hummm, korijem !

Eske nou konn manje l, si nou manje kakao kouman nou manjel?

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Si nou manjel ? Kouman nou manjel ? Nou pile, nou griyel, nou pilel, nou fe chokola, nou fe tout kalite bagay ki genyen. Le nou bezwen we sil gen bon gou tou nou  pran  kek grenn nou sousel, nou krazel, nou we li gen bon gou .Nou we se yon bagay espesyal li ye

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Nou konn fe tablet.

 Nimewo 4 ou met pale ,ou met di sa wap di a.

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Wi, nou manje kakao an bonbon, an tablet, moun ki soti lot kote ki_ Entevenan koupe repondan_

Nou menm kife preparasyon sa yo obyen ?

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao:  Non, nou preparel lot kote vini pranl.

 Men nou menm Ki sa nou prepare ak kakao a pou nou manje li?

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Nou preparey an chokola, nou preparey le nap  femantey, telman santi bon nou konn pran grenn nan nou mete nan bouch nou.

Nou konn fe remed avel, kakao ?

Plizye repondan(F,G) : Wi, gres la

_ Plizye moun ap pale ansanm entevenan mande pou yo pale yon apre lot_

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop: Menm le nou fe chokola nou retire gres la, nou videl, epi nou fri nou tape nan lwil la, menm la ou  gen yon doule senti ou tape lwil kakao a  ou rale kow ansanm  avel. _ Bri machinn kap pase_

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Siw gen yon bagay ki du tankou  yon apse, yon venn foule  depi ou ralel ak  lwil, gres kakao a, le wa pral rale epi ou fel fonn nan dife  ou chofel ou vinn fe lwil la likid epi ou rale bay la li bon.

 

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Bon  kom yo di moun pafe swit nan sa moun di, men gen yon bagay ou ka korije. Gres kakao si wap pase nan kow ou pa inik peze yon kote non, se yon bagay ou kouri akey cho  cho, pou pa kitel  si wap rale misk li ka vinn donnen misk fok ou rale vit vit nan  kow poul pa bawou problem.

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Kakao a telman gen enpotans ladann , menm le nou vinn prepare kakao a andedan koperativ la nou ale a ke kakao a nan a depo , expedye kakao, yo voye l a letranje, yo menm  kote nou konn voye kakao  yo voye tablet chokola pou nou. Le nou men chita nan aztel nou  nap manje tablet sa, kakao men nan kakao pa nou an menm se avel yo fe tablet yo voye tablet ban ou nan koperativ nou manje, bon jan bagay.

Kiyes ki voyel pou nou?

Plizye patisipan(G.F): Etikap (Etikad)

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Etikap. Pase nou menm le nou chita nou konn pataje tablet yo.

Eske nou menm pa kon eseye transfomel, fe lot bagay avel?

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Yo  ka fe lot bagay avel men nou menm se tablet nou konn yo fe avel.

Eske nou pa konn eseye fe lot bagay avel apa chokola?

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Non, nou gen medanm Grandrivye yo, medanm Grandrivye yo, yo fe ronm yo fe lot bagay ansanm avel, medam Grandrivye yo. Paske gen yon ekip medam ki konn fe sa

Patisipan pa idantifye(G): Degaje nou medam Tibo.

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop: Si te gen moun yo ta fe sa avey.

Ki varyete kakao ki genyen nan zonn nan?

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Bon, nou gen Trinitaryo, nou gen Forastero, nou gen Kriyolo. Men tou le twa type kakao sa yo nou genyen yo nan yon sel jaden se yo sot de preparasyon pral fe, yon sel jaden. Yon sel teren tou le twa melanje .Men ou menm ki fome ou men ki konnen tip de kakao kouman yo ye ,depi ou paret nan jaden wap we kriyolo a kouman li ye, depi ou paret nan jaden wap fe forastero a direkteman kouman li ye.Apre fomasyon ke nou vinn pran nan Fecano, depi paret nan nenpot jaden nap ka identifye yo.

 

Nou tout kila kwe se twa varyete sa yo menm ki genyen ?

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Wi se yo menm se twa kalite sa yo nou gen isit, nou pa konnen si gen lot anko.

Eske nenpot prodikte nou ka ale nan nenpot chan nenpot prodikte si nou  mandel lap konnen sa ?

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Nou pa konnen pou se  teknisyen ta ka, system kriyolo a se_ entevenan : Se prodikte nou pa nan teknisyen.

Kisa prodikte yo menm konnen yo genyen kom varyete ?

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Bon nan prodikte yo genyen gen  70% nan yo ka bawou sa ,men genyen anpil nan yo ki komanse  antre nan laj ou ka paret ou mande yonn li pa konnen men sa ka rive li annik kase kakao  li pa konnen si se trinitario,ou kriyolo, men kanmenm nan neg ki pran fomasyon  nan jenn yo ou di kiyes ki kriyolo,lap montre ou rapid.

Nan ki mwa nou plis rekolte kakao ?

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Nan ki epok ?

Plizye patisipan(G): Misye di nan ki mwa?

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Nou rekolte gen yon ti sezon gen grand sezon.

Ti sezon ki mwa, grand sezon ki mwa?

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Grand sezon komanse de Septanb a Desanb.Grand seson a komanse  Mas a Jen. _plizye moun ap pale ansanm_Ti sezon an Septanb pou Desanb_ Yon patisipan: hummmm, Avril_

 Patisipan pa identifye(G): Gran sezon an se nan fevriye li tanmen wi.

Plizye patisipan ap diskite sou mwa yo G,): Avril. Ti sezon. Gran sezon.

 

Chak moun yon entevansyon, menm si se pa sal di wap leve menw, men wap kitel di sal panse a li menm. Ok? Nimero 2 ou te fini?

#2.Laguerre Daniel:  Gason; 42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Wi

 Kiyes ki vle inteveni anko?

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Bon aktyelman seke  kakao a nou rekolte pandan  2 fwa pa ane , premye ane a komanse, gran sezon komanse nan Fevrye, Mas , Avril ,Me, li ka fini jis nan Me.Ou konpran ? Ti sezon a komanse Septanb, Oktob, Novanm jiska Desanm._Gen yon bagay ka zipe_

Wi ou met kontinye wi.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :M fini

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: sezon an m ka di komanse de  Septanb a Desanb, grand sezon an komanse de Fevriye, Mas, Avril a Jen.

Nan peryod prodiksyon pandan ke nap plante kakao, koman nou ka explike jounen sa, kouman jounen an ye, nou imajine yon jou nou leve gen kakao nap rekolte kakao koman nou ka explike jounen sa ?

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop: Kom ta diw  jounen sa a soti se yon jounen nap rekolte, se yon rekolt li ye pou nou, se yon benefis li ye pou nou.

Men kisa nou fe pandan jounen an, kouman nou keyi kakao a, kisa nou fe, prosesis la?

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Kanmenm nou di eeee, kouman nou rekolte kakao a. Eeee  jounen sa a m ret kwe kanmenm nou manche gol nou. Nou gen des kouto yo te ofri nou, kounyea se son des kouto digo. Nou ale nan jaden,nou manche kouto nou byen prop nal keyi kakao. Le nou sot keyi kakao a nou gen tout kakao nomal, gen yon seri de kakao ke nou pa vann nan koperativ la, yon seri de kakao ke bet pike. Nou pa pran yo nan koparativ la ,nou anik triye yo eee nou anik chwazi kabos bon kalite yo eeee pase se kakao femante nou pran eeee nou pran kakao ki de bonn kalite nou kase yo, nou mete nan veso ki prop,eee tre apopriye jan koperativ la madey la eeee pou nou pote nan koperativ la kote yo banou. Le nap pote kakao se yon momam de jwa  pou nou. Poun pote kakao a nan koperativ la ,ou we fason m diw la ?

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Le nou vinn pote kakao nan koperativ la, yo banou kob, ti kob la le yo gen problem a elev lekol.

Kisa ki paret pi difisil pou nou nan prodiksyon kakao ? 

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Sak paret pi difisil pou nou se le danre a bon yo pa bay kob pou achtey kounya ou nan pral potey bay moun deyo e poutan ou gen koperativ ou te sipoze potey ladann. Kwak se  kredi ou tap bay li  ou te gen espwa demen yap baw ristoun. Le ristoun nan vini  se yon pi gwo kado anko, pahe kob ou finn vann yo peye w epi le yo baw ti ristoun nan bon. La lotrejou la yo banm yonn 5 goud la . Gen moun ki trouve grenn 50 goud, men 50 goud le ou pase la bo yonn machann sik ou achte yon gode sik li sove lavi oy, son espwe[1].  Se le yo bay kob  lan an reta li pa few byen menm, li pa  bon  menm. Paske le y fini se le sa yo vinn pote ti kob pou achte.

Kiyes ki konn pote kob sa yo?

Patisipan pa idantifye (G,F): Antet yo.

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Eee te gen AVSF kom yon patenanya  ki finanse an Fecano eee , fe yon mouvman epi li achte kakao , Frekano  li menm li distribiyel bay koperativ, men pafwa sou voye  li konn tonbe nan moman monta[2] epi gen koperativ  depi  danre a gentan pase li pat gentan kolekte kantite danre.

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Eeee, ou di konsa kisa ki konn difisil pou nou nan moman nap rekolte kakao yo. Eee le wap gade gen manb la koperativ la tre lwen pou yo ki konn soti lwen 7, 8 kmm a pye pou yo pote kakao la a pye. Kanmenm  nou we se yon traje ki di pou yo pou yo vinn potel, kote kanmen se volonte pa yo ki koz  pou yo rive la a avek  kakao.

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: kesyon Ulis poze se li m ta pral poze. Kisa ki paret pi difisil pou nou ? Se le kakao a al fe keyet kakao a,pou pote andedan koperativ la, distans lan si telman byen lwen ,sa  fe le pou moun yo desann pote kakao vini ,si ke te gen yon pos kite pli pre, nan sant kote  moun yo rete a ki te ka pran kakao a,  achte kakao a la, yon motosiklet ki te ka pran kakao a vinn transmet andedan koperativ la.  Le sa moun nan tap santil pli nan le byen. Se problem sa m we ki pi difisil pou manb koperativ yo. E sa.

 

#4.Clairsina Colas: Fi; 78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Wi se menm kesyon Eno a.  Le moun nan ale nan jaden an al rekolte kakao, se jounen an poul keyi kakao a, yel fini fe triyay la ,li kase kakao a poul pote l vini.  Gen de le lel vini jeran an gentan femen. Moun nan soufri yon lot soufrans poul retounenn ak chay la lakay li.

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Toujou gen yon ore ki ekri nan yon tablo,ee nou ouvri a 8te edmi di maten nou femen a  5 ke. Si ou gen ore a ekri nan tablo, si moun nan vinn ansanm avey apre 5 ke eeee fomasyon mwen pran le wap fe femantasyon an, kelken swa nenpot moun nan ki vini ak yon kakao  ou pa kap edel. Le pou pray edel met nan bak la, ou gate sa ou achte a. Le sa a ou kapab pedi pedi anpil kob. _Anpil bri machine_

Patisipan identifye(F): Monn nan pa dous non.

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Fo analize distans nan pote kakao a_anpil bri machinn paka tande_

Nimero 8 ou fini ?

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Wi kanmenm m dako ak sa jeran di an ak 100%, men nan moman nap pale ki difikilte manb yo. Sa ka rive nou gen de enkonvenyan, distans nan tro lwen. Diran poul mache,5 ke gentan rive wi.

Epi sa pa gen gran rapo ak fonsyonnman la, nou nan yon bagay general pa gen replik, li pa gen ezplikasyon, nou jis ap pale de problem ke ou  genyen. Okontre se sa nap cheche  e nou men misyon nou  se pran enfomasyon nan men ou ou men ou pa ka pote l bay CRS nou menm pou nap potel nan yon  rapo. Donk, le yo pale de difikilte ki genyen si ou gen yon difikilte ou menm parapo ak ou menm ki jeran an non, se pa sa yap pale, se yon bagay jeneral.ok 

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Wi

Kisa gason fe nan travay prodiksyon kakao, nou panse fi paka fe?

 

 

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: M rete kwe gason fe tay, m panse fi a ka fe late. Men an tem de monte pye kakao m rete kwe gen difikilte. _Silans_ Humm gason an,gen yon seri de pye kakao nou gen la ki tre jeyan m rete kwe kanmen yon gason ka plis keyi yo ke fi. Mwen  ret kwe nan tout mayen nou fasilite medam yo. An tem kase kakao,nou ka kase nou annik bayo potey , nou konnen fanm priyorite.

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Hummmmm? Fi keyi kakao, I kase I potel. Mwen map plante kakao.

Dapre pou ou menm pa gen anyen gason fe nan kakao ke fi pa ka fe?

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Sel tay nan pye kakao ki wo a.

OK.

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Men si se pou monte bwa m paka monte bwa, men pa gen anyen m pap fe ladanyi

Bon genyen ou pa fe si ou pa ka monte.

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Menm la, menm la  pa ka montey .Pase chak tan m vinn la m toujou du la gen pou fe yon moun malad pase m santim pa alez la. _Plizye lot moun ap ri_ La mande yon bay.

Kisa?

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Mwen menm  toujou ap fe de ti analiz ant fi e gason, gen de traje ke yon fi paka pran responsabilite direk direk.

 

 

Jis dim sa fi fe gason fe fi paka fe. 

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Direk direk,  bon si yon pye kakao an long de ote eske yon fi ka monte ? Non li pa kapap.

 Non li pa kapap. An ale.

 #6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Men en konsekans, si yon pye kakao tre ba se poul keyi kakao a.

 

 Jis di sa li pa ka fe .

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Non li pa ka monte pye kakao gen de kalite pye li pa ka monte. Bon m fini.

Men kisa nan kakao nou panse fi fe gason paka fe?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Gason ka fe tout. Jan gason konnen lajan kakaoo !?_plizye moun ap ri_ Pou  yo pa ta ka fey ?

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Sel pote a ki difisil.

Nap pale de sa fi fe gason paka fe.

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Adye !? Nou ka fe tout !_ ri_

Patisipan pa idantifye(G) : Fi a ka pot kivet nou menm nou paka fey

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Sejou’ m di m plate 35 pye kakao. Mwen menm ki fouye trou a, ki retirel nan sache a, ki plantel.

Koman, Kisa ou fe le ou  keyi kakao pou vann,  kisa ou fe, prosesis la, demach la ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :: Kisa ou fe le wal keyi kakao pou vann ? Kisa ou fe, wal nan jaden an, epi le ou rive ou keyi kakao a.  kakao ki pa bon yo ,sa bet pike yo ,ou retire yo ou mete yo apa. Epi nan yon veso ki prop le ou  vinn keyi ou mete tout yon sel kote epi ou kasey ou metey nan veso prop  la epi  ou potel nan koperativ la.

Kiyes moun anko ?

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop:: Le se  kakao femante a ou pa bezwen lavey. Men si se pa te kakao femante pou vann ou bezwen lavel pou metel cheche.

Kiyes ki plis vann kakao, fi oubyen gason?

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Tou de, tou le de vann.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Sa ka rive eee chak fi konn gen jaden, gason  gen jaden. Gason an konn di jodi a  m bezwen  yon wou, ka m pral  kase kakao se mwen kap vann kako poum achte wou  oubyen yon manchet.  Jodia li di jodia  fanm pa mele. I[3] vann. Men, li konn vini akey tou li bay fi a vann li,fi a menm konnen pouy pote kob poul achte sal bezwen. Ha[4] di tou le de moun patisipe nan vant kakao.

Men kiyes ki plis vann kakao a?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi; 48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Plis vann plis vann m ta di fi.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Plis vann se fi, se fi ki vann.

 

 

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Gen kosekans, si yon gason gen madanm, ou marye ou plase  sa ou fe a. Kelke swa sa ou ta ka posede  m kwa ke se revyen ni fi ni gason. Paske depi ou marye ou gen yon responsabilite. Ou  gen jaden kakao a jaden  madanm, jaden kakao a  jaden mari. Se di ke  m we tou le de moun sa patisipe nan jaden a. Pa gen  kinam.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Ou we moun kounye a ki granmoun, m gen jaden kakao a ki lwen se yon gason ki responsab li.  toutan yal rekolte m pale kijan pou yo proptey, paske li menm li pa elve  nan koperativ la se mwen ki koperativ.  M palel kouman pou li kondwi kakao a, netwaye pye yo, lel keyi kakao sak pa bon yo, pa mete nan kakao a kap vinnnan femantaj la. M pale tout bagay yo. Bon mwen m pa al nan jaden anko se we m we yap vinn vann kakao . Gen de le li vinn vann l dim konsa al kote jeran  an pou pran kob kakao a.Men  maten an la mleve m pa gen anyen se kakao li rekolte li vann eeee _yon patisipan : voltije ?_ voltije yo ,  m sanse kanpe la bo wout la  li di « vim  pale «  epi li lage yon 10 dola nan menm. Se pitit gason li ye , tout moun gen dwa.

Kom fanm kisa nou trouve ki pi difisil pou nou nan zafe kakao ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Plante ki paret pi difisil.

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Sak pi difisil pou nou, le nou konn plante kakao yo , gen de le nou gen plan kakao  se nan tach li sech. Gen lapli, lapli pa tonbe yo,se yon bagay ki difisil pou plante kakao. Men mwen, chans pou mwen, le te ke mwen plante kakao ti moun yo te la.  Dlo a te met lwen, m pa janm pedi yon pye kakao ! Yo tyen, yo chache dlo pou yo wouzel. Bon mwen gen yon jaden kakao m te fe lem rive nan jaden an_Plizye mou ap pale aba_ lem rive nan jaden m  trouve gen yon pye kakao ki te komansee grandi epi pye kakao a plonje, li plonje net , m di « Get,pye kakao sa, ma  pral pedi. » M di « Kisam ta fe la ?» Epi bondye banm yon entelijans male  m pran twa ti piket, m chache kod, epi m mete pye kakao a kanpe. Retounen m retounen men pye kakao djanm !

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : M we sa ki di pou fi nan kakao a , se le gen sechres le pou fouye trou a  li dur[5] , apre sa m pa we anyen ki di  nan kakao a pou fi pafe apre keyi a.

Kakao a se plante nou plis plante ou se pouse li pouse ?

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop: Nou plante

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Mwen we tout agronom di fok kakao a ta plante 3met pa 3 met. Men m rekate te pa bo isit,  kakao a pa menm. Le nou remake te pa bo isi, te nou gen isit yo, kakao a pa  ta dwe plante 3met pa 3met en presip, a letranje mwen pa konnen koman yo ye si yo plante kako 3met pa 3met. Men le ou plante kakao 3met pa 3met kakao a poko gen nenpot 1 nan, 2 zan li déjà  tout preske kole ansanm. Te a telaman vif ou pa ka plante kakao sa 3met pa 3 met o mwen se 4met pa 4 met pou kakao a te plante .Men majorite agronom sou le teren bo isit yo di se 3met pa 3 met ou kapad plante l. O jou le jou ou we tout kakao preske  fini ,pa gen van  ki pase anba kakao yo, yo preske vinn rankontre ansanm sak fe di bon pou mwen la m gen yon te la  m ta plante kakao  3met pa 3 met apre nenpot 1nan edmi  wap we tout kakao preske kole ansanm.

Kouman nou ka explike prosesis plante kakao, le pli souvan nan plantil la pou rive nan plante a ?

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Wi, avan sa ,avan le nou soti ak kakao a nan plantil la pou nal plante nan jaden an avan sa, nou fe bitaj,  . Nou gen yon dekamet nou kontrole si ta 3 met pa 3met, nou kontrole 3met pa 3met de distans . Nou, finn fe bitaj nan tout jaden an epi apre nou evalye kantite plan  kakao te a ka pran, epi nou finn konnen epi apre nou apre bitaj la,nou finn konnen kantite plan te a ka pran, epi yon jou  kounye a la nou leve  nou fouye tout tou   nan jaden an apre nou finn fouye tout trou, swa ke fi a oubyen ke mari a ap fouye trou fi  a menm ap pote plan kakao nan jaden  epi mari a menm ap plante. Se konsa ke nou fey isi a.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Se konsa li ye wi, depi te a finn prepare ,ou  netwaye, sekle ou pran yon jou ou fe bitaj, le ou finn mezire  la apre le ou finn fouye trou a

Patisipan pa identifye(F) : Selon kote platil la ye a, ou brotey ou al  metel nan te a, le ou finn metel gason ap fouye trou a epi wap simenl le ou finn simenl epi kounye a ou mete yon plantil nan chak trou kounye a  ou kouvri yo.lel merite sekle ou sekley, se vle di se  yon bagay ka pral pran tan pou donnen.ou pa ka evalye donnen an. Sil piti fol grandi.Tout tan la pral merite  antretyen ou fel ladann.Fok li grandi prop.

Men ki pi gwo problem nou konn genyen nan zafe pri kakao kom prodikte, kisa nou konsidere kom pigwo problem pou nou ?

Patisipan pa identifye(F) : Pri

 

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop : Eeeee, bon mwen menm si tout ee pwodikte kakao yo te konsantre yo ee nan koperativ la pou yo pote kakao a vini, jounen Jodi a, kakao a ap vann 30 goud, lite ka jis rive a 100 goud men ee dapre etid m’fe ee se pwodikte yo menm ki pemet ke kakao a pa ka gen pri. Lem gade ee konpetisyon ansanm ak…gen on voltije deyo a kap achte kakao,le sa Novela genyen yon gwoup voltije kap achte kakao a, men manb koperativ seche bay voltije egal nou siyen yon kontra a, epi’l pa ka onore kontra a. tout sa se yon, on pwoblem ki pemet ke pwodikte yo pa ka twouve on bon pri nan kakao a.men se yo menm ki koz nou pa ka gen bon pri.e si Novela siyen yon kontra epi’l pa ka onore kontra a le sa’y nan tet cho,le sa kakao a oblije gen pri. Se pwodikte yo menm ki mete yon an sitiyasyon dako pou mwen.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Setadi ke nou pa kapp finn kontrole toutafe ke pase le ou gade sitiyasyon tout moun ,problem a tout moun pa menm pase gen yon prodikte ki gen kakao  a. Jodi a sim gen lekol m pa gen mayen poum fe manje poum kite pouti moun lekol li ale  grangou men sil cheche   kakao le voltije ap pase le timoun nan al lekol men lap tounen kot manman  men li oblije bay kakao nan yon pri petet  kap valab tout a fe poul te ka sove manman  , pou le le ti moun na sot lekol, se sak fe konpetisyon an toujo deyo a konsenan novella avek koperativ  yo. Pase  novella lage espekilate deyo a e ki pa janm manke kob menm kakao fini kakao  ale toujou gen lajan nan men spekilate, voltije.Koperativ la toujou en reta li gen problem le le poul depoze kob poul le ouveti a fet poul jwen kob atan  pou yo kapap fe ouveti tro ta se sak fe toujou gen konpetisyon, se sak fe ke nou pa ka vinn rasanble prodikte yo yon to, tout a fe  se pa fot yo, se paske yo gen ka yo gen problem.mesi

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Gen yon bagay m ta renmen di ,le lontan yo konn bay bon ristoun kounye a mal pase  ou ka  vann pa janm gen ristoun sa fe moun  nan  vinn dekouraje.

Patisipan pa identifye(F) : nan moman koperativ la konn bay ee gwo ristoun,eee yo konn jis prepare kakao a,nou konn achte kakao _odine_ odine,nou jis prepare kakao an epui komes la djes li fe kou we on mache,li vann kakao a,li retounen kob la vini.kob sa kounya pa genyen fond edikasyon,pa gen fond prevwayans,pa genyen ee pa gen amotisman ki fet sou li. Le sa kob la li menm li retounen vin jwenn manb lan, manb lan twouve on, on ,on bon kantite kob nan Ristoun nan.men, men,men Jodi a Fecano li menm kontak li…on lot fason ki pemet ke tankou ou ka vini’w we genyen chez, genyen ban, genyen lot bagay, gen anpil aparey bagay ki antre nan kopertaiv la se e se nan kob sa yo y’arive pou ke  yo bay. Gen pafwa manb lan li menm y ka twouve yon Ristou epi pou li, y konnen ke y tad we twouve plis Ristoun.tankou’w we ansyen Jen’k sot pase a la,koperativ la bay yon Ristoun ee 6 goud rezilta ee kanpay la. Gen lot koperativ ki bay li 2 goud, 2 goud 3 goud.

 

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : ki problem ki koz sa plis, le kob la vini nan koperativ la nou achte  kob _anpil bri ap fet _si gen yon res ki rete li ta dwe di kote yo te prete nou an sa fe ke manm nou yo pap gen problem.Men depil rete , m prete  sa prete ap toujou gen problem nan ristoun  a manb yo.

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop:Poum fe swit ak sa dam nan di a _Entevenan koupe : Wap di afe paw._ #5  kontinye : Se poum finn byen explike sa  li di sa se yon kesyon de fon de roulman, gen yon kob nan frekano bay koperativ la yon kob, yon fon de roulman pou  achte kakao.  li menm le kob la la lap fe trasaksyon lap achte kakao, an presans mwen yo bay yon 2000 dola li achte kakao pou 1800 dola rete 200 dola, 200 dola  an reg de prensip fok yo ta retounen 200 dola bay fekano. Si yo kite 200 dola andedan  koperativ la kounye a la, swa telmanb di li prete tan swa ke jeran prete tan  oubyen prezidan an di li prete tan , kob sa pedi   e le kob sa vinn pedi res kob kounyea la la pral retounen baw la nan kom ristoun se la dann yap retire l , ladann yo pral pranl katite ou pa retounen an yo pral prann ladann le sa.le sa manb nan pap ka trouve yon  bon jan ristoun vre paske depi  andedan koperativ la pa gen fon ki soti.si andedan koperativ la pa gen fon ki soti kounye  a kounyea la ou achte kakao byen le ke yap fe preparasyon kakao  pou voye nan santral lafrekano  nou tout mete ansanm pou nou fe preparsyon byen  nou pa pran moun deyo pou nou peye moun deyo pou fe preparasyon se nou menm nan koperatv la ki kontribiye  tet nou ansanm nou fe , le sa ou pa finn tro pedi. Trop pedan pap fet. Men le tout bagay se moun nap pran poufey pou  nou e se nou kap peye moun nan anko lesa pral  tounen nan fon regleman anko le sa wap we koperativ la , le yap bay ristoun pral ge anpil problem.  si nou mete tet nou ansanm Si nou mete men nan pat la ansanm le sa nou fe tout bagay nan lod e disiplinn nou pap gen problem nan kesyon,nan zafe  ristoun, ni pou prit ou.pou kesyon pri a anko menm,  bon  se krekano ki  chache mache pou nou ki vann kakao nan mache entenasyonal pou nou, li menm lap cheche moyen poul fe peyi a mache meye mache,kote ki achte kakao a nan pri ki pi elve. Nan kad sa , nou ka di pou pri a se frekano ki  pyonye nan bagay sa .pou pri a pou nou menm paske se li kap cheche meye mache pou ta vann kakao a pou nou .Aktyelman nou gen yon achte ki mande  200 tonn kakao e kanmennm kof nou mete tet nou ansanm pou nou tou le 7  koperativ yo mete men nan pat lapou nou bay  achte a 200 tonn kakao sa.

 

 

Men ristoun nan koman yo kalkile l, kouman nou detemine   konbyen ristoun nap jwenn .ki vle di  eske le nou vann kakao  déjà nou gentan  met nan tet nou men konbyen nap jwenn kom ristoun ?   

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Non  nou pa konnen , sak fe nou pa konnen  se manadye a kal vann nan, lel fini  apre depans li repati res kob la poul we konbyen chak koperativ ap genyen ,kounyea koperativ la apati de liv  kakao li te voye vann li fe yon kalkil li we konbyen chak manb ap jwenn

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: : Bon menm ba’y ee …di la, le yo gen fon de woulman nan men an yo a,le yo fin fe tout traje yo,si yo rete 200 dola,pou yo t’ay retounen’y nan biwo a,200 dola a sa’ fe yo pa atrape[6] tout,nou tout pa gen menm konsyans. Nou ka vin vann kakao la a nan men Jeran an,jeran an, m’vann li kakao a pou 80 dola,jeran an pa gen monnen y banm 100 dola pou’m ale,pou’m pote 20 dola retounen.le’m rive lakay m’di aah! Ma gentan bay 20 dola sa.m’fe 2 jou m’pa janm pote’y vini e’y deja make’y, sa’y fe, nan fon de woulman si chak moun ta gen on 25 dola, on 30 dola konsa s’on defisi’y ye, ou pa ka twouve 200 dola pou’w pote,pou’w pote ale epi’w pa we 5 kob rete y deja kontwole’y.

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Gen de pafwa,souvan yo konn jis lage chay la anwo do’m pase le ou gen on…nan men,e ou gen 50 goud,fo’w bay tout detay la, koman detay la fet ebyen le’y rete 2 goud, 2 goud la y rete nan men on pwodukte e pafwa, pafwa menm pwodikte a y pa pote 2 goud la vini._ri_

 

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Wi nou tounen nan  pri kakao anko, kom ou konnen se nan yon peyi pov kanmen nap viv,  defwa yon pati achte pou 30 a 35 goud menm. Men lew gade yon kiltivate li gen  6 a 7 timoun lekol poul bayo manje. Voltije a ap pase voltije a lajan kach li peyew,  li pa bezwen konnen ou regle 20, 30, 40  liv kakao  li peye cash.Le ou vinn nan koperativ la li pa peye ou pa konnen si se 2, 3 semenn lap peye pa konnen bay konsa pyes. Men anka ou ta gen timoun kale lekol, bon m santim nwi ak pri a kanmenm.  E m tap touche 7 dola vreman wi men se kredi se kash m a ka kite  timoun yo mouri_ #6 : Se kle_ m oblije bay voltije a li, bay voltije a. Se yon ti akimyemye[7]. Banm kob mwen pou sove pitan m! M  pa konnen  kisaw yo ka fe pou mwen demen. M pa bezwen konnen. Se pri sa se bagay sa ki nwi nou anpil.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Aktyelman mwen men pou bo pam_Ri_  se prezidan pase ke m te ye.  Men jodia m pa prezidan anko men m toujou ap sevu pou la bonne marche de la coperative. Se ke mwen menm nan règne pam nan m tap dirije koperativ la m tap jere li, e ke le kakao femante a kote kob rantre ,se kakao Tinye nou tap pran kakao Santyes la nou tap pran .Mwen menm jeran kek lot grenn moun ansanm avek nou anko. Nou pa te konn pran anpil anploye , prezidan an pa te pran poz prezidan,  jeran pa te konn pran poz jeran ,…..ni  se nou twa ki tap jere koperativ la, e denye ristoun mwen menm m konnen m te finn bay telman nou te pran responsabilite mete men an nou nan pat  la  pou avans koperativ la. Denye ristoun nou fin bay la nou bay ristoun a 12goud 20 kob ,paske nou pa te kraze koprativ la. Men depi frekano vinn  rantre ak yon bann anploye nan  la plenndino,yon bann  anplaye patou kote  nou tande bagay ap rantre ,m tande lajan, depans ap depanse le pou ristoun nan vini fo yo retire tout bagay sa yo.Ebyen sa fe ristoun nan vinn mwens. Donk ,se sak fe ke mwen menm sim nan yon bagay, kom ansyen presidan pase  m vle poul mache pou yon avantaj Manb yo e avantaj koperativ la. Men le ou pran yon bann anploye ou flanke ladann presidan sa vini se sal vinn fe._Anpil bri_mwen se prezidan m ye se poum mete men nan pat la, bout pantalon sou mwen map cheche kakao,mete kakao deyo,vire kakao,tout lasenn jounen ap bal soley.Travay la  te konn mache vers lavan,  ou rantre kakao fermante a m we  se defisi kap fet.Ansyen prezidan an ki pale la 

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop : Poum fe swit a sa prezidan di a, anndan Fecano, li gen on estaf teknik ki plase. Yo menm nou la konmsi pou yo, pou yo,yo la pou yo ankadre pou ou, pou yo cheche meye mache pou ou pou kakao ‘w lavann. Anndan Fecano se pa ,se pa, se pa kakao’w la ki peye staff teknik lan. Anndan Frekano se pwoje _ONG_…ONG ki , ki peye staff la. Pa gen okun moun, pa gen okun moun ki sot, e kelke swa 7 koperativ la, pa gen okenn grenn kakao’w la ki vin monte 7 koperativ la ki peye okenn moun nan Fecano, Se ONG ki peye moun sa yo. Ti kakao’w la pa ka peye moun sa yo.Kakao a pa gen on goud ki soti pou moun sa yo, mwen se sekrete jeneral Fecano’m te ye.m’konnen tout bagay yo, pa g’on grenn moun, m’ka di’w tel moun men tel ONG ki peye’l, tel moun men tel ONG ki peye’l, tel moun men tel ONG ki peye’l. Pa gen kesyon de eee se grenn kakao’w la ki bay moun sa yo pase grenn kakao’w la pa ka itil moun sa yo, li pa ka bay moun say o. Moun sa yo, yo la pou ankadre pou ou, chache meye mache pou ou pou yo je, pou yo bay kakao a. Pase nou menm si nou fin fe kakao la, ki kote nou ka voye vann li? Ou pa gen bon jan,kijan’m te ka di sa, bon jan ee koman menm eee fe sot de preparasyon pou’w cheche bon konntene direkteman pou’w gen, pou’w gen enfliyans a letranje, bagay, ou g’on koperativ komsi m’ta di ki, ki fome pou bagay sa yo. Mon che ryen a di, moun sa yo la pou ankadre pou ou, pou y’al cheche meye mache pou ou menm yo pa la komsi pou, pou se kakao’w la k’ap ba yo, kakao’w la pa ka ba yo

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop ::  se ke, koman  fe depi frekano egzilte gen plizye ong petet ki kapap  finanse anploye ki andedan Fecano,  epi men hier ristoun pa menm ka konble pou manb yo andedan koperativ la.si se pa koperativ , se pa kakao kap peye anploye si se lot kote kap peye anploye epi tandiske nou pa ka  gen yo meye ristoun pou  moun yo .

Nou pap fe yon recheche konnen kisa ki nan frekano, nap chache sak gen nan kakao  donk, nou pale de ristounn nou di  se pa nou ki deside pri se pan ou ki al vann, men eske ristoun ke nou resevwa, nou jige  li koresponn ak sa nou vann ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Mwen sak ka fem di  li koresponn,  sim te bay 10 liv yo te finn peye m, ristoun nan vini se yon dola sengoud li vini,  yo peyem 10 dola, yon dola pa liv m we l bon. Siyi 3 goud yo banm twa goud.

Men Sou ki baz li vini yon dola, eske li jis, eske ou kwe se yon dola ou te dwe jwenn kom ristoun ? se sam bezwen konnen.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Ebyen tann mwen  m sot di sa wi ,ou sot di se  apre kalkil finn fet yo retire depans si ou pa retire depans_ Entevenan pa kitel fin pale_

Men  diferans ou fe .Sa kem konnen,  prodikte pa fe depans  prodikte se kakao ou vinn vann  ou pa nan depans ou pa konn bagay sa yo.  Le nap pale de depans se komsi  ou menm ou te fe depans  sou 100 liv kakao ou te vann nan, ou pa konn sa ou jis vann.  Se pa sa ?  Ou se prodikte ou vann, ou vann wap tann ristoun. Yo bawou yon ristoun, m vle konnen ristoun yo bawou a  eske ou jije se ristoun sa yo ta dwe bay ou, eske ou panse ou pa ta dwe gen pipiti  oubyen ou ta dwe gen plis ?

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop: sa map di, si ou te bay 50 liv kakao men yo te avwe ke ou konnen chak liv la se 1 dola le sa se 5 goud  benefis ou tap genyen. le sa si bay 50 liv  wap konnen ou gen 50 dola. Le sa ou jis gen  de konsyan ou konnen   se 50 dola vreman ki pou ou,si se yon dola  jeretyen an ye.

 

 

 

 

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Kanmen m tande kesyon ou di a tre byen, men le w konnen sim di ou bon mwen gen madan entel ki pral potoprens ma bali pote yon douzenn banann pou mwenn, menm konnen mwen bal kob poul pote douzenn banann lan pou mwen, poul lap potoprens, men kanmen le m pati le li vinn vann  banann lan a konbyen kob li vini. li vini kanmenm  ma pral retire kob pam, kob m te depanse yo. men si le  l li te manje yon pate li pa pral di li te manje yon pate non, m pap ka jistifye m pap ka jistifye   men sim voye Fecano  li vini li dim li te depanse pou konntene, li te depanse pou moun kap seche,  li te depanse men pri li te retire kanmenm, men fre transpo yo li banm papye kanmen le nou ale nan asenble general  yo banou tout fre yo nou di men fre yo,men fre yo, men fre yo,. Men kanmem si nou livre frekano kakao nou an,kanmen  se konfyans nou fel, sil vini li di men tan ristoun, kanmenm  li konparab.

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop :: Apre li vinn retire depans  si koperativ la dwe yon det anko li retirel anko wi avan yo vinn poteli,  

Tout repons nou yo ok, menm pou mwen nou melanje tout bagay, se komsi se ak koperativ mwen ye la. Nap pale de depans Tout moun kila se prodikte, m pap pale ak koperativ map pale ak prodikte. Nan lot rankont  ke nap fe nap pale ak  koperativ, men tout moun ki la se prodikte wap pale kom moun ki gen kakao ou pap pale kom koperativ. Pase moun ki vinn pote vinn vann la, pa konn yon prodikte ki sot lakay li al keyi kakao ki dim te  depanse sesi li te  depanse sela pou lal retire. Nou fe sa se ?

Plizye repondan (G,F) : Non , non.

 Prodikte nou ye nap pale kom prodikte. Se pa sa ?

Plizye repondan: Wi. Se sa.

Ok.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Fason kesyon an ye li ta dwe senp men li vinn gen enhennn, sa ou pa vle rantre ladann vinn rantre. Koman ? Mwen vinn vann kakao la m touche, male. Se ta di le yo vinn prann la pou yale Plenndino, si yo diw li te gen yon depans ou pa gen machinn fok ou asepte. Lew rive anko sak fe nou paka di nou pa satisfe ristoun nan yo ba nou , avan yo bay li , yo vinn fe yon rankont , yon assenble general .Yon montre w yo te vann liv la pou swa 8 dola ameriken yo fe konbyen 8 dola vin konveti an goud. Kounyea la se toujou menm bagay la se depans  ki soti ladann, kife yo vinn bawou 5 goud.  Siy te senp  pou 8 dola apre li  vinn konveti an ayisyen ou ta pral gen yon katite ristoun. Sa vle di  se pou satisfe menm ou pa janm satisfe   a dola . Men se li yo baw ou oblije prann.

Plizye patisipan(F,G) : Ou pran y.

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Epi eee kom nou t’ap pale de rezilta Ristonn nan, ee avan’y louvri kanpay la toujou genyen kad ki vini yo fe yon pwovizyon ee ansanm ak manb yo. Se konbyen liv kakao k’ap lote pou sezon an. Le sa a, yo retire depans, ee moun k’ap seche kakao,,ee lot depans yo, yo retire tout. Se le sa, kounya yo gen dwa kalkile Ristonn nan ladan.Si yo kolekte 10.000 liv,yo deja kalikile Ristonn nan ladan, sa vle di tout depans, tout sa deja retire depi davans.

Donk ki kote kakao sa yo vann?

Patisipan pa identifye(G,) : Yo vann an Nerop an Noland

A letranje?

Patisipan pa identifye(G) : Wi

Donk le nou vann komsi koman nou vann, pa liv ?

Patisipan pa identifye (F) : Pa liv

Patisipan pa identifye(F) : Yon sel moun kap pale essize wi. Yon sel moun, non moun yo di. Essize wi, non m di kite yon sel moun pale, bay explikasyon an _Anpil moun ap pale a la fwa_

 Koman nou vann  li?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Koman nou vann li, le nou vinn vann la ?

Mwen vle konn  ki mezi. Eske se liv, oubyen se sak ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Se yon ti bol

An liv?

Patisipan pa identifye (F) : Wi an liv

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Wi nou vann pa liv, le nou finn vann pa liv, apre sechaj  bagay ou konnen li diminye, non ou konnen se yon liv ou bay_

Entevenan koupe repondan : Sa nou pa konn bagay sa, se prodikte nou ye, depi ou  vann ou pa bezwen konn sil diminye ou pa.  Patisipan #7 : Non ou konnen se yon liv ou bay­_ Entevenan koupe repondan : Si w prodikte ou vann yo te met te jete apre yo finn achte , depim finn vann m  touche .

Ok nou vann pa liv, konbyen liv kakao a vann a letranje?

Patisipan pa identifye (F):56 goud, 56 goud

A letranje wi m diw? Non m mande w konbyen li vann a letranje, pa gen goud a letranje?

Patisipan pa identifye(F):1dola 20, 1 dola 30 konsa ,pri ton kakao a letranje .

Eske nou konen oubyen nou pa konnen ?

Patisipan pa identifye(F) : Nou ka di nou pa konnen

Nou pa konnen ?

Patisipan pa identifye(F) : Avan ke’y antre nan tranzaksyon li toujou di nou y g’on achte ki mande’y tan tonn li di nou konsa ke men a ki pri. _plizye moun ki ap pale_, _klaksonn moto_.

Pa gen anyen nap di sou ristoun nan ?

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Mwen mtap di yon  kichoy ,kom nou menm yo di pep ayisyen se yon pep ki sot nou ye, koperativ yo vini pou chanje lavi pep ayisyen an m  te ka di  sa se yon komes,e  nou nou potel vininou pa konn kote poun fe komes la.

Nan peryod nap rekolte, koman jounen pa nou ye kom prodikte kakao eske se menm bagay ak gramoun yo nan tan pase oubyen gen yon diferans ?

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop :: Sa nou menm ka di pa gen diferan le granmoun yo al anba kafe a  yo pa fe anyen nou men le nal anba kakao yo nou pafe anyen le nal  keyi kakao nou pa fe anyen entevenan koupe poul di : le ou di nou pafe anyen sa sa vle di ?.sa ve di yo pa fe manje anba kakao a yo pa fe manje nan raje a .

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Eben diferans ki geyen ee gen lontan kantite sa granmoun yo konn rekolte a jounen jodia yo rekolte plis.

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Rekolte plis mwens lontan  li te  pi plis avantaj pou yo pase nou menm ki yo rekolte plis kounye a lontan le te rekolte l yo achte te avel, yo achte bef kounye a ou pap ka menm achte yon sandal avel non .

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop Bon m’kwe ke oumenm nan moman sa tou depi’w,depi’w g’an,depi’w g’anpil kakao ou ka rekolte pou’w achte te e tou wi pase m’ap,m’ap,m’ap swiv le Prezidan an te prezidan,te g’on manb koperativ nan lajan Ristonn a’y l’acht’on moso te. Pavre prezidan ? #6 reponn : O wi #5 kotinye : Nan lajan ristoun nan li te achte yon moso  pase li te gen anpil kakao. Kou yo bal ristoun la ke li achte yon moso te.

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Te pa te che !

Eske nou renmen travay kom prodikte kakao, nou santi nou alez, nou fiere?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Pouki sa nou santi nou fiere pase le nou gen danre a nou pa grangou, pase ke depi moun nan we ou gen danre a li ka vann ou kredi  pou jounen an menm si ou te vle bay 50 moun manje lap vann ou kredi, kounye a nou pa genyen si wal achte kredi nan men yonn moun li pap bawou mem le gen kakao a gen yon respe . ou ka ale nan direksyon lekol la ou di mase ou met tann mwen wi m gen yon moun nan semenn la gen yon moun m pral vann yon kakao map pote kob la baw_Anpil bri_se li ki bef an nou an ayiti_ anpil bri_se li ki bef an nou _anpil bri_

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Wi bon kakao  m santim fye paske map kiltive kakao, m jenn m rantre nan kiltive kakao, yonn nan bagay ki fem byen lem paret nan Fecano  ki meye kalite ….m santi kanmen se yon bagay pou ayiti. …se yon one pou frekano tou pase le ou voye yon kakao a letranje yo di se paw la ki  meye se pa ti koze sa ye.

Kisa timoun yo fe nan zafe prodiksyon kakao, ki travay ti moun yo fe?

#2.Laguerre Daniel:  Gason;  42 ane;  3 Timoun;  Reto;  kiltivate;  10 ane nan kop: Ti moun yo konn al tire sepatye nan pye kakao  yo. Ti moun yo konn al tire sepatye kap gate kakao

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop: Tankou mwen menm ,m konn we devan pot la la, le rekolt la la timoun yo kase yo souse yo bwe ji a yon kase li dous

Wi eske ti moun yo travay?

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Wi,timoun yo travay,tankou moun kap plate kakao la ki gen nenpot 7 a 8 timoun yo vinn ave yo, ou mem wap retire sache yo, yo plate .

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Yo konn fe gwo kob nan kakao a wi,  yo fe gwo lajan.

Le ou di yo fe lajan eske sa vle di timoun yo konn vann kakao tou ?

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Wi. _Silans_Men nan tan lontan pase, kakao pa te gen on pri jis sou li, li pa te gen okipasyon. Pou le moman aktyelman, m’we kakao a g’on enpotans, li vin gen vale’l. Paske’m we pitit pa’m yo, m’ka di se kakao ki fe edikasyon yo, ki elve yo pase m’konn gen kakao, m’konn fe pepinye kakao,yo leve le maten,yo pran dlo, yo wouze yo pepinye yo depi se kote yo we’k gen ti raje annadan pepinye yo, yo sekle yo. Epitou le kakao ap plante yo charye yo plant al mete sou rebo tou a, nou menm n’ap pran mete nan tou. Donk m’we’y gen enpotans epi yo vin we vale kakao a si yo grangou, yo ka di papa nou bezwen kakao Jodi a, m’di a’y degaje nou, a’y keyi kakao a’y vann. Bon poutet sa m’we s’on glwa paseke nou travay pou nou voye yo al rekolte pou tet a yo. Ke yo te fe 100 dola,ke yo te fe 800 dola oubyen 5 goud menm, m’te travay pou sa, Mesi.

Eske kakao se yon prodiksyon ki enpotan anpil pou nou Nan tout san fe kiyes ki pi enpotan?

Prodiksyon kakao a li enpotan pou nou

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Prodiksyon kakao a li enpotan pou nou. An Ayiti kounyea kakao  kap mennen, li enpotan pase tout bagay.

Patisipan pa identifye(F) : Se li kap mennen.

 Patisipan pa identifye (F): Mwen m telman we lap menenn kotel gen ki manke map pase pye ladan yo.

Apre kakao, ki lot bagay nou pwodwi anko?

Patisipan pa identifye (F): Banan, mayi, pwa, malanga, pwa kongo. Tout kalite danre pou nou viv zoranj, chadek, lam veritab.

Ann pale de koperativ, kisa nou jige ki bon nan koperativ la , koman koparetiv la ede nou nan prodiksyon ?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Gen kek fwa yo fe pepinye yo banou plan, nou plante yo se pa achte nou achtel. Se koperativ la ki ba nou tout sa ,se yon fyete paske ou te ka al achte yon plantil li te ka nan 15 goud 10 goud kounyea nou trouvel gratis ti cheri. E lefini koperativ la ouvri zye anpil moun. Yap vinn fe fomasyon avew yap fe sek detid, semine, kom ki vle di koperativ la ede moun anpil.

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Lontan koperativ la ede nou, lontan m konn we ansyen plante yo pat chwazi kote pou yo plante kakao men kounye a  pou fomasyon vire tounen neg yo ap banou de gwo fomasyon kounyea wap we manb koperativ la yo fe bitaj, yo plante kakao a a distans, kom se koperativ la kife yo konsa. Si pat gen koperativ li tap toujou menm jan ak granmoun lontan.

Patisipan pa identifye (G): Hummmmm!?

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao M te ka di koperativ la, sim te ka rele manman m te rele papa.Paske nan epok m tap viv m te gen marim map fe timoun m te gramoun se timoun m te ye. Paske  rezon kife se timoun mwen t ye, si mesye a soti  li kitem, m al lakay yon machenn  m achte 5 goud pen lel li vini  fom rakontel poum dil m dwe kome entel  5 goud  pen. Men depim vinn nan koperativ la m santim granmoun[8] tankou mouche gason.

Ki lot sevis koperativ la banou, apre nan prodiksyon nan plante?

Patisipan pa identifye (G): Sevis li bay, la manb nan poze nan prepare kakao, Frekano ki achte li revann sou le mache_ Bri machinn kap pase_

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Mwen menm pou kont pa mwen m ka di koperativ la ran mwen anpil sevis.Gen moun  kite maron ki pa te konn frote avek nou ,aled de koperativ la  nou vin la ansanm reyinyon,  semine, fomasyon ap fet yonn ap frote a ke lot. Vle di nou vinn gen yon baz ki pemet ke nou kapab evolye nan sans moun konnen. Mesi.

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Kesyon an , aled de koperativ la, wap gade kounyea tout manb koperativ gen badge, tout manb koperativ gen badge.  Ou gendwa paret la kounye a wale Pomago epi moun Pomago lefet ke badge ou devan ou kounye la ou paret Pomago oubyen, depi moun Pomogo gade li we se manb koperativ ou ye. Lefet ke bagde ou devan  manb koperativ ou ye entel soti nan  Sokad, nan tel zon. Bon ou menm ou se frem ou ye. Epi li ta we le a indign, le fet yo we se manb koperativ ou ye yap mennen ou nan koperativ Pomago  oubyen Oboy la. Nan kad sa kounyea prezidan li  men dwe pran responsabilite w nomalman,baw manje, li baw swen nomalman . Demen maten pou vinn lakay ou. Se gras a koperativ. Anpil bel bagay koperativ fe pou nou.

 

 

Men kisa nou panse koperativ la ta sipoze fe epi nou konstate li pa fe?    

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Lap cheche moun pou montre nou kek ti bagay. Chak ane yo vini sou baz sa yo 2,3 ti bagay, tan yo pa janm retounen.

2, 3 ti bagay sa yo kisa yo ye?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Tankou yo tap voye moutre kouman pou prepare kakao a yon lot jan. Pou fe ti kob transfome epi gen kek , gen yon le yo te di yap montre nou kouman pou nou fe promad menm le danre a poko bon nou tap fe ti kob yon lot kote. Tout tan yap ofri nou sa men yo pa janm banou. Epi tou yo gen yon ti kob pou yo vinn prete nou, yo panse a prete nou ti kob men gen yon pati kite bay problem sa nou pa ka plenyen.

Kredi?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Wi pou yo fe nou kredi, Pase yo te prete nou li se yon pati ki te remet  bay problem, sa nou pa ka plenyen.

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Sa manb nan di di kitem fe yon ti eklesisman sou li. Si kanmen koperativ la te prete medam ki nan koperativ la  de pre pou yo distre yo, li tap bon pou tout moun. Plis kakao e pandan moun nan gen ti komes lap fe li pa tap gade kredi koperativ la genyen an. Pase li gen mouvman lap fe nan menm. Li tap pote kakao ale le yo peye yo peye men pa gen chale.

Eske nenpot moun ka rantre nan koperativ?

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop:: Non.

Ki kondisyon pou yo moun rantre nan koperativ?

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Pou yon moun rantre nan koperativ la manb  sa ta dwe peye ni dwa sosyal ni dwa dantre, e moun sa ta gen 3 mwa pou swiv seten semine poul tande tout reglman yo. Poul mache sou lod koperativ la. Depi limenm li swiv linn e li adapte ak regleman sa yo lap kapap manb koperativ. Apre seten etid ,swa ke agronom ki responsab kontrol de kalite gen yon ti egzamen pou ta vinn pase moun sa pou konnen si moun sa swiv regleman yo vre.

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Yon moun nan lokalite ki konn vole , ki konn fe violans sou moun , move tit sa yo pa ladann.

Eske gen anpil fanm nan koperativ la?

Plizye patisipan (G,F):  Wi, anpil, wi

Poukisa gen anpil fanm nan koperativ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Lontan te gen problem fon de roulman pou achte kakao a kounyea m we problem nan rezoud. Nou pa gen problem sa anko. Kakao ap achte res kob ap rete, pa gen problem.

#4.Clairsina Colas: Fi;  78 ane;  7 Timoun;  2em AF;   Kiltivate;  29 ane nan kop: Kakao Sak fe gason yo neglije rantre nan koperativ la ,yo pa ka pedi tan. Chak fwa pou yap rele yo nan reyinyon[9] Si bet yo kase kod …_Bri ap fet pa ka tande res.

Eske gen yon diferans ant fi ak gason nan koperativ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Duferans m ta di, se paske gen pre pou medam yo yo pa prete gason. Se fi yo prete. M ta di se diferans nan sa. Epi ki sa nou fe komite a, depim we se gason ki fonksyonel, ki bay kakao jistan danre a fini ; mwen menm se te fi, se kakao a ki pou fe moun nan entegre. Mwen pa gen pwoblem.

Eske nou panse gason avek fi jwi menm privlej adedan koperativ la ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :: Diferans ki ta gen anko ehummm, si ta gen fomasyon pou fet ake fi._ Plizye medam ap ri.

Patisipan pa identifye(G) : Ou tande !?_Ri.

Patisipan pa identifye(G) : Nan koperativ m pa kwe genyen paske tout moun gen menm dwa.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Se nan kredi diferans nan ye.Yon fi ale li rale pot la BOOW li femen, Gito di “Ha, gade sa a fi a fe.” _ Plizye patisipan ap ri_ ‘’Bon gade sa fi a fem, pase li pa konn moun’’. Gazolin pa ret apre dife._Yon patisipan fi_ Mwen konnen. Li gen yon bon machandiz_ Ri

 

 

Eske gen yon diferans ant fi ki nan vil ak fi ki andeyo?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Pa gen diferans non. Pou fi nan bouk nan vil yo panse yo gen yon diplis[10], e poutan fanm andeyo bourike pase yo. Se ou ki fanm andeyo ki pote manje nan tet ou bay yo.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Diferans ki genyen nan fi e gason,non. Ant fi andeyo ak fi nan bouk, pase lew gade yon fi ki rete lavil avek yon fi ki rete andeyo. Eske fi sa pral pran yon kinn kakao poul soti desan avel poul vinn bay li nan koperativ la ? Li pap fel ditou. Men fi ala kanpay la,li déjà konnen nouvman travay la  lap pote li kamenm. Alo gen yon diferans antre fi lavil ak fi andeyo. Fanm andeyo se lavi lap chache.Gen yon difrans kanmenm .

Eske manb yo nou juge gen transparans nan koperativ la?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : M pa we sa, tout moun gen menm vale.

Lem di transparans lan tankou se menm si se pa yon manb rete byen loin, eske li gen akse ak  tout enfomasyon.

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Gen   transparans. Paske eeee nou gen ASM, tankou si moun nan rete anwo Tikos li pa bezwen vini la pou l pran fomasyon.Eeee mwen rete kwe kanmaenm chak dimanch neg yo gen yon ti tan pou chak kote. Animate yo, nou de animate se program sa dimanch a 2ze ou vini yo baw fomasyon. Gen transparans.

#5.Jean Enaud Samson:  Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Mwayen de kominikasyon pa telefonn, ou konnen tout bagay net pase pa sms. Yo gen yon dat de tel rankont kap fet swa reyinyon. Yo menm jwenn kalandriye.

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Mwen sam ka di  de sa kap fet la se pa komite koperativ la yo bay responsab pou fel.Sel sa dam nan di gen yon bagay ka  fet, rele yo rele prezidan yo di gen yon  bagay kap fet. Le prezidan di kouman m fe pa okouran  e li di li pa bezwen okouran .Selman si wap voye yon bagay pou yo fey byen pase pouy depanse kob la pou yo baw yon bon bagay.

 

 

San ou menm pwiske ou pa konnen ?

#7.Jean Cherinxe Shomane: Fi;  48 ane;  2 Timoun;  7em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Jeran ki konn pre la le bagay yo ap fet, prezidan toujou ap fe diskisyon sou sa. Tankou ou we rankont sa, li pran telefonn li relem li dim a 10 ze .Vinn bone wi pa vinn an reta. Men kounyea si ou pa te di sa ?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Bay yo, paske le yap fe ou kado,  gen yon proveb ki di si se kado yap few kado ou oblije .E poutan kado a se nan menm ou mnem li soti. Men le yap fe bagay sa yo wale Laplenndino ou fe revendikasyon yo diw yo te prese. E poutan se pou ou yo vinn fel, ou te sipoze la menm si se yo ki voyaj. Yo pa ankadrew ladann.

Eske dapre nou menm lefet ke gen reyinyon, le fet ke genyen ke envitasyon sa vle di se transparans ?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Transparans se le nou tout ap brase ansanm. Depim dil, ou we ki vle di le nap brase ansann li pa gen transparans. Men le se yonn moun, le sa plis otonom se l ki anwo tet aw sa se ak transparans yo fe bagay sa yo wi.

Nou konnen o debi nou te pale de 3 objektif etid sa. Si CRS kounyea la diw ki 3 bagay nou ta vle ki antre ladann, kisa yo tap ye ?

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop:: Nou ta renmen yon kredi.

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Mwen m ta renmen yo ankadre nou. Se pa pran selman vinn banou bel pawol apre yo vire yale , yo toujou di yap cheche pou nou  apre danre pou nou gon[11] bagay m ta renemn yo fe nou kado sa.  Epi, demen si dyevle nap kitey pou pitit ptit an nou.

Patisipan pa identifye(F) : M ta renmen konn pri liv kakao. 

Ou ta renmen konn pri liv kakao  a isit ou a letranje ?

Patisipan pa identifye(F) : A letranje.

#9.Altagrace Laguerre: Fi;  43 ane;  10 Timoun;  9em AF;  Komesan; 5 ane nan kop: M ta renemn poun ka  toujou gen kob menm le sezon kakao fini . Pou tout gen kob poun pa nan retni.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Le se fason, le anket sa yo fin fet, le yo fin mennen anket sa sou pwodkite yo, sou kakao yo ,  alo nou pa renemn chita sou silans. Le neg yo fin anket sa yo, yo ale. Pa gen rezilta anket sa yo pou nou  menm plante, peyizan nou ta renmen gen rezilta. Eske nou ka  voye  de rezilta sou anket ki te fet tel le, tel dat, tel jou ? Pou yo voye bay antet koperativ la pou nou konnen ankete  yo te vinn menmen si lap avanse wi ou non.

Men sak soti nan rapo se sap wap pale ?

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Mwen sa ke m’ta renemen,n’ta renemn pa rapo a ee pa repo a anket sa,m’ta renemn pou’l t ava, ansanm avek Fecano cheche yon kondisyon, amelyore kondisyon vi plante yo anndan koperativ yo, anndan koperativ yo. _vwa ti moun ki ap jwe_

Kisa nou swete pou pitit nou , san ta renmen pitit nou ye ?

#1.Mme Antoinette Joseph: Fi;  52 ane;  7 Timoun;   5em AF;  Komesan;   20 ane nan kop : Menm si nou pa viv li men pitit an nou a we reyisit li.

Men kisa nou te swete l ye.

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Mwen menm, m’ta swete pou pitit mwen demen,kom se kiltivate m’ye, nan kakao, m’ta swete pou pitit mwen devni yon gran agwonom._klaksonn machin_bon kan menm pou’l ta gen plis ankadreman,pou’l kontinye kiltive kakao toujou pase s’on bon bagay.

_machin ki ap pase kouvri vwa patisipant ki ap pale a_

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Petet mwen menm m ka gen panse yon sijet pou li , petet li men li ka gen panse pa li sou sam ta renmen poul taye a .

Ou menm sa ou ta vlel ye ?

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Sa ta ye gen tout vale tout enpotans gen Pe,Me, Agronon ,Engenye,Technisyen, Kontremet  tout kalite bay sa yo .Yonn nan yo la chwazi

Eske nou gen menm swe pou pitit fi yo avek piti gason yo, eske nou swete menm bagay pou yo ?

Patisipan pa identifye(F) : Wi menm bagay, ti fi’m nan pati y renmen an, se dokte y renmen.Chak moun pa ka fe menm bagay, chak moun pran yon branch, pou yo ka ay fe pepinye deyo.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Lontan gen yon bagay kite konn ap fet sitou nan peyi Dayiti nou pa konn , sa kite konn ap fet nan peyi , fanm rete a leka , men kounye a aktyelman pouvwa preske 100% fi e gason.

#5.Jean Enaud Samson: Gason;  43 ane;  5 Timoun;  Segond ;  6 ane nan kop: Mwen timoun pa’m yo, sa ke mwen panse pou yo,m’gen tonton’m ki mouri, Francois Magloire, kom avoka, misye se premye avoka pou No a, kan mem bay youn plas mwen,m’ap fe’y on gran neg….._Ri_pase se kouzen nou,m’ap reziyen’m kounya,youn nan nou kan menm fe nou voye youn nan neg sa yo a la plas neg sa yo pase kan mem nan kad mwe mesye sa yo yo komanse_ap etidye bagay sa yo

#3.Thelus Edrice:  Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Nou menm isi se kakao nou kiltive,bon mwen an premye m’ta swete yon neg ki anndan koperativ la la, g’on pitit ou ki minister de lagrikilti.Pase kakao a nou renmen’y anpil. Pase le sa le nou minister de lagrikilti se nou kap dirije, nap konn san a fe._na ba’y plis enpotans_

Patisipan pa identifye(F) : Kom nou te bay reg jwet avan nou te komanse m pa konn kile na fini, avan nou komanse pa gen reg jwet ?

Kom ou mande poun fini nou fini .

Patisipan pa identifye (F) Non m’pa di sa non m’pa mandew pou nou fini non, m’diw kile. Si’y g’on le y komanse fo g’on le pou’y fini._ri_

Men eske gen lot moun la ki te swete pitit nou vinn de prodikte kakao ?

Plizye Patisipan (F,G) : Wi.Nou tout.Nou tout. Si nou mouri y’a pran la relev

Patisipan pa idantifye(G): Paske an gwo nou menm direksyon nou vle pran an, se rive avek kakao kler, bon si gen pitit nou ki ta dirije kakao toujou se misyon an k’ap akonpli. _plizye patisiapn ap pale ansanm_

Ebyen ok nou remesye nou tout ki te patisipe nan seyans lan avek nou. Men si gen yon moun ki anvi di yon bagay ki gen rapo ak kakao ke nou pa’t di la a, li kapab ajoute’l.

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop : Men jan de pesonel, 3 pesonel sa yo ki vin la, eske se branch a yo direkteman ki koz ke yo chita la direkteman ansanm avek nou, eske branch sa ap kontinye travay avek 3 pesonel sa yo tout tan?

 

Ki 3 pesonel ?

#6.Joseph Jasmin;  Gason;  70 ane;  7 Timoun;  2em AF;  Kiltivate;  29 ane nan kop :Ki chita sou tab la.

Nou men se rechech nap fe, nou gen CRS depi nou fini nou bay rapo misyon nou fini. Depi nou vinn remet rapo, misyon pa nou fini, si yo banou yon lot kontra anko nap gen opotinite.

#3.Thelus Edrice:   Gason;  27 ane;  0 timoun;  Reto;  Bos mason, Kiltivate;  3 ane nan kop: Wi nou ta swete pou  oganis sa, se pa akonpanye,pou’l t avin akonpanye anndan Fecano, anndan koperativ yo,nou ta swete li vini de pesonn paske dapre fomasyon neg yo te vini la,yo te ba nou,yo te di neg yo ap travay bo deye a m’pa sonje_Oboy_ non e pa oboy m’pa sonje, bo deye a, bo grandans yo ,sim pa tronpe.

Wi, nou ap travay nan Grandans, menm sa ou we nap fe la nap fel an Grandans tou. Gen yon lot group ankete kap poze prodikte yo kesyon, aktyelman la gen nan yo ki Chanbelan, gen nan yo ki Lezirwa, gen nan yo ki Ansdeno. Donk sito ke nou fini nan Grandans nap retounen nan No nap gen pou retounen nan koperativ la.

Patisipan pa identidye(G) : Nou ta swete tankou Leziwa, tankou kote ou di a la, e pa an patenarya yo vini, yo vini nomal e yo menm selman yo ka ankadre nou.

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop: M’ta renmen le moun yo di ankadreman, le pou nou gen transpo pou Mennen kakao yon an _Frekano_…nan Fecano,m’ta renmen nou ede Fecano pou nou ta ba’y y met s’on moto siklet menm.

 Pou ede Frekano oubyen pou ede koperativ la ?

#8.Duval Yvrose: Fi;  42 ane;  7 Timoun;  7em AF;  Komesan;  4 ane nan kop : Pou ede koperativ la, nou gen mwayen de transpo pou nou transmet kakao a nan Fecano.

Si yo ta gen yon ed yo ta vle bay koperativ la, yo ta vle bay, sak tap pi bon, pou yo bay Socab kob la oubyen Fecano la ?

Plizye patisipan(F,G) : Non

Patisipan pa identifye : Pa Fecano, l’ap pase pa fecano, Fecano li men map fe distribisyon pase gen kodonate k’ap travay au sen koperativ la avek Fecano.

Ebyen ok mesi bokou. Nou remesye nou.

 

Not yo

[1] Espwa

[2] Ta

[3] Li

[4] Sa

[5] Di

[6] Pran,kenbe

[7] Soulajman

[8]  Mo a di ak anpil fos

[9] reyinyon

[10]  Pi enpotan

[11] gen