Kan 9 Anplwaye OIM

TRANSKRIPSYON FOKIS GROUP KAN #9 STAFF 1

Dat transkripsyon: Jeudi 18- Mardi 23 Fevriye 2016

 

PATISIPAN

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3  ap travay ak OIM

 

Entwodiskyon ak Prezantasyon Manb SOSYODIK ak Staff IOM yo

Tim : Bonjou. Eskize nou si nou komanse yon tijan ta. Nou t’ap tann moun Kwa Youj. Yo sanble pap vini.  Nou konnen ke nou genyen yon kontra direk ak Concern. Men se pou etidye strateji pou retire moun nan kan. Kijan yo rele sa anko? Pou bay moun lajan kay. Strateji yo te itilze retire moun nan kan yo, pou femen kan yo. Yo mande nou fe sa.  Men te gentan gen kek etid ki fet sou sa. Men kounya yo vle nou konpare strateji, jis bay kob pou peye kay, gen  moun  ki bay fomasyon.

Gen oganizasyon ki mele bagay la. Nou fek vini fe fokis gwoup ak kek benefisye. Nou te gen 2 semen avek benefisye. Nou te fe strateji nou chache moun ki gen kay ki kraze, ki fisire.. Nou fe echanj. Gen moun ki jwen fomasyon nou nan komes. Kounya n’ap gade tout sa pou nou fe. Nou t’ap vle fe yon anket 1400 benefisye pou ka konpare yo. Nou jis pale ak benefisye yo, nou li ako yo. Nou jis envite yo isit pou nou ka ba yo kek esplikasyon.

 Men nou menm nou se OIM, pa vre ? Nou fe yon fokis gwoup ak OIM deja. Mwen pral kite nou prezante te nou. Men avan banm prezante tet mwen mwen pat fel nan komansman.

Mwen rele Tim. Mwen se yon Sosyolog. Mwen gen 25 kan nan peyi a. Mwen se yon Antropolog. Mwen  te ekri tez mwen sou Ayiti. Mwen vini mwen pa janm ale anko. Mwen te al Sen Domeng epi mwen pa jan tounen nan peyim. Almathe travay avek mwen depi lontan. Nou fome yon gwoup ki rele Sosyodig. Mwen gen 30 moun ki travay avek mwen. Mwen gen 2 etranje tou se yon Franse ak yon lot Ameriken ki konn vini travay ak mwen. Se mwen ki baze nan peyi a… Gen Almate ki prinsipal epi gen lot enkete ki  travay ak nou .  Steph ki travay ak nou. Steph di yon ti bonjou!

Stephanie : Mwen panse Tim gentan di tout. Mwen se youn nan manb staf Sosyodik.  Donk, mwen pase se yon plezi pou nou genyen nou la maten an  ki pral pataje kek enfomasyon  ki ap tre enpotan pou swivi  ke nou bezwen fe pou anket la nou pral fe yo. Mwen swete nou byenvin. Mwen swete nou byen patisipe ak nou.

Almathe : Bonjou. Mwen kontan nou vini tou. Non pa’m se Almathe. Tim ak Stephanie gentan pale, mwen fe pati de ekip la tou. Nou gentan chita nou pale ak anpil benefisye. Nou we pyenvi benefisye yo. Mwen panse nou menm ki se ajan ki te sou teren an ki t.ap travay ak benefisye yo, nou gen anpil enfomasyon n’ap ban ou ,pou nou pataje pou nou ka konprann sistem nan, kijan bagay yo te mache.

 #2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Mwen menm se Dieujust Jamesley.  Mwen se yon ajan OIM. M’ap travay  nan leve moun nan kan, nan yon pwoje de retou ke yo rele «  Ann Tounen Lakay  »  Mwen travay ak plisye oganisasyon deja, tankou USAID, Kwa Wouj Fransez, Misyon kont la Fen. Mwen travay nan yon pwoje AGR deja  nan yon oganizasyon ,Aksyon kont la Fen avek Kwa Wouj Fransez nan Ti Gwav , zon Gonaiv mwen te responsab  sou kesyon  AGR avek moun ki te vilnerab. Sa fe 3 zan depi map travay OIM kom ajan de mobilizasyon.

OIM gen pwoje AGR nan ?

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Mwen te travay avek lot oganizasyon sou kesyon AGR. Men avek OIM mwen travay plis sou afe le moun nan kan, deplase yo, fe yo tounen lakay yo. Bon se yon pwogwam ki ase laj, ki la depi  lontan  ki gen anpil paramet ladann. Petet nan diskisyon nan fe a n’ap antre plis an pwofonde sou kesyon sa.

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Mwen menm mwen  Dudley. Mwen ap travay pou OIM depi 3 zan. Mwen nan Inite Pwoteksyon. Avan sa mwen te  nan Medsen san Fontye. Apre sa mwen te vin fe 2 zan  avek Endikape Entenatyonal. Mwen te travay nan yon pwoje AGR tou se te prensipalman pou fanmi moun ki  gen defisyans.  Se ta di ke seswa moun ki aveg oubyen moun ki anpite se te pou fanmi  vilnerab sa  yo nou te travay nan yon pwoje AGR . Se te plis ede  moun yo redemare yon aktivite ke yo te gen déjà yo pedi. Oubyen tou bay moun yo yon fomasyon  pou yo demare  yon aktivite  ki ka ede res fanmi an ,loske chef fanmi an pa an mezi pou’l kontinye soutni   fanmi an. Nou te fe  2 pwoje sa yo  sou 20 mwa anviwon.

 Jisteman pou kesyon w te poze a Tim,  konsenan AGR , OIM  andan Inite Pwoteksyon nou te genyen yon konpozant  nan pwoje a ki te konsene aktivite  generatris de revni. Men se te plis baze sou aktivite pwofesyonel. Moun yo te kapab aprann pandan 6  mwa yon aktivite pwofesyonel tankou : kouti, komestodoloji, mekanik, plonbri, masonri, kwizin,bagay ke  apre fomosyon an yon kapab gen yon diplom ke INFP rekonet.

 Kiyes ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : INFP, Enstiti Natyonal  de Fomasyon Pwofesyonel. Diplom sa te pemet moun yo jwenn yo dyob nan yon otel  pa ezanp. Pou yo travay nan yon kwizin, oubye pou yo travay kom seve,  oubye tou fasilite yo  jwenn yo dyob  nan yon entrepriz kote mekanisyen ap travay eksetera de choz konsa.  Se konpozant sa yo te genyen nan pwoje retou, retou mobilite pwoteksyon li menm te gere avek patene lokal.

 Ki patene lokal, w’ap pale de  lekol le’w di patne lokal ? 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Eeeee se tadi  sant de fomasyon  yo.

Wi

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Epi te genyen Sant Daksyon se Kapak , mwen pa sonje egzakteman .

 Ou sevi ak lekol  teknik ki gentan la oubyen se nou ki kreye’l ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Se pa nou ki kreye yo. Lekol teknik la ye deja la. OIM finanse fomasyon an pou benefisye ki nan fanmi ki vilnerab yo , nou te apiye yo.

Sou ki krite nou te difini fanmi ki pi vilnerab yo ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Eee nan Inite de Pwoteksyon krite yo deja etabli an fonksyon deee si fanmi an  gen yon moun ladann ki endikape, oubyen eske fanmi an pedi youn chef, papa w manman ; fanmi monoparantal .Si fanmi an tou genyen pa egzanp yon mine ki chef de fanmi, oubyen si fanmi an te gen yon fi ki sibi kadejak, vyole, bat.   Tout kategori de vilnerabilite sa yo te teni an kont nan seleksyone fanmi pou nou pwopeze fomasyon sa yo.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Gen yon kesyon de fanmi ki gen plis ke 7 manb.

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Egzateman nou te gen fanmi nonbrez[1] tou.  Fanmi  gen 7 manb e plis. Ede yo pou yo gen yon lot sous de revni. Paske le  fanmi  an nonbre chay la pi lou.

Ou di konsa nou finanse lekol pwofesyonel sa yo ? Nou finanse yo, nou peye yo pou moun yo ale ? Eske se yon bagay a long tem nou finanse lekol pwofesyonel sa yo ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Nou peye yo. Nou voye lis bay pou moun yo ale. Gen yon ajan ki konn fe swivi ansanm avek yo. Maleresman li an konje matenite pou le moman. (humhum) Yo ba yo de visit pou yo we kijan sa ak fonksyone. Yo peye pou kantite elev ki ap  swiv fomasyon an. Apre sa le yo pral gradye yo ba yo yon kit pwofesyonel pou yo demare.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: An fet yo finanse moun ki vilnerab. Yo finanse fomasyon moun ki vilnerab yo, men yo pa finance lekol pwofesyonel. Wwala se selman benefisye a yo peye pou li.

OK, eske yo bay yon ti fre pou transpo?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Fre de deplasman mwen pa si yo te bay tout. Men  te gen sa tou pou ede moun yo  peye  transpo yo.  Mwen paka garanti’w ke te genyen’l nan tout. Paske se a plizye repriz nou te voye yon kantite etidyan nan fomasyon an . Mwen kwe li te la, nan pwoje a gen etidyan ki te resevwa fre de transpo a.

Men poukisa tout pat jwenn ? Alo si nou te gentan sible, nou konnen egzakteman ki kantite de benefisye, kantite fanmi nou sible . Donk nou panse li t’ap favorab pou nou kontinye avek li.  Paske sa li menm tou te ka yon mak ki fe  moun nan paka kontinye swiv fomasyon an peye pou li a.

 Peye pou li se youn, si nou te gentan garantil fre de deplasman epi li rive nan yon moman li pa jwenn li. Donk, pou ki rezon sa pa kontinye e poukisa tout pat jwenn tout ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Bon m’ap pran anpil prekosyon pou’m pale de sa paske eeee ( Gen yon moun ki netwaye goj li) , paskeeee. Moun ki  te ka bay plis esplikasyon an li pa disponis pou le moman. Mwen pap foseman di ke  gen yon kantite de moun ki pat jwenn paske’m pa gen chif.

Eske yo swiv yo ? Si gen yon moun ki al lekol eske gen yon moun ki fe sa ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Egzateman te gen yon moun ki te fe sa ki fe monitorin nan. Ki rele moun nan eseye al we ki pwoblem moun nan genyen ki fel pa kontinye. Si moun nan pou yon rezon ou yon lot  li di bon eeee li gen lot priyorite, li lese tombe. Nou kapb kontakte dot [2] fanmin ki gen nesesite pou nou  (Ranplase’l) ranplase’l vwala. E wi se te sa ,  epwi lot asistans nou bay moun nan apa de materyel (Yon machine klaksyone) de fomasyon yo. Te gen pwovisyon tou pou moun ki al nan kou yo te kap jwenn materyel pou yo fonksyone. Pa egzanp moun ki al aprann elektrisite, kontremet, pyes koupan, eksetera. Tout materyel yo te bezwen pou fomasyon an yo te aranje pou chak moun jwenn yon kit.

Eske te gen swivi le yo lage lekol la ? Sa vle di le yo fini  le yo  fin swiv fomasyon an ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Eske se ta di, sa vle di swiv cheminman yo ?

Wi. Si yo gen travay.  Eske nou ede yo ? Si nou trase kek chemen pou yo, kote  pou yo ta ale pou yo jwenn travay sou sa yo ?

 #1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Gen kelke dapre sa dam nan te rapote nou,  madam  Antoine, ki te jwenn travay. Men  etan done ke debouche yo pa anpil. E eee se pat an kantite  nan moun ki te resewa fomasyon an ki te vreman jwenn travay. Gen moun ki jwenn travay nan Eneko. Eneko a se kote yo anplwaye koutirye. Gen moun ki jwenn travay otel. Gen moun ki jwenn travay nan pastistri, men sa pat vreman yon kantite konpare ak moun ki te resevwa fomasyon.

Moun sa yo ki te jwenn travay sa nou di, eske se yo ki jwenn li pou kont yo  oubyen se nou ki ede yo jwenn travay la ?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Koman ?

Eske yo te jwenn li pou kont yo ?  Oubyen w te mete yo nan kontak ak anplaye yo?  Oubyen w gen moun ki gen konpayi e komsi w di ke moun sa yo yo byen fome? Ou kontakte anplwaye yo  di men  CV  moun sa yo?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Kontakte de anplwaye. Mwen pa sur[3] ke nou te kontakte anpwaye  direkteman pou yo .Mwen pap avanse’m sou sa vreman  men m panse keeee.

E w konnen an jeneral nou tout de gen anpil esperyans nan AGR , ou t’ap di ou travay avek Endikap , Medsin san Fontye ? 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Medsin san Fontye wi.

Ou travay ak AGR , ou travay avek yo?

 #1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Non pa avek Medisin sa Fontye. Mwen te travay ak AGR, epi Misyon kont la Fen.

E ou menm ?

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Mwen te travay ak  Aksyon kont la Fen, Kwa Wouj Fransez.

 Nou gen kontra avek Consern men se OIM ki finanse travay la. Yo toujou nan komite a. Yo vreman enterese ak travay la. Kounya ou  te ka ba nou kek ide de kijan sa mache an general. Se pa evalye nou ap evakye travay ou fe. N’ap evalye sistem nan pou nou we sak pi bon epi sak ka amelyore. Ak tout benefisye nou pale  yo renmen fomasyon yo jwen. Se yon bagay ki kle.

Piblik: Riiiiiiiii. Mwen konprann.

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Wi eee mwen panse sa . Bon le mwen konpare fason  ke AGR te konn fet nan Andipape Entenatyonal le mwen menm mwen te patisipe. Avek apwoch pa OIM nan diferan. Eeeee pa OIM baze plis sou fomasyon. Eeee pet mwens sou anplwa. Paske jwenn kontak avek anplwaye se pa anpil debouche. Se pa foseman kondisyon travay optimal.

 Men pou Endikape Entenasyonal li te plis baze sou aktivite otonom. Tankou jere ti bisnis, ti aktivite. Kote moun nan kapab apwovisyone tet li. Si moun nan te gen esperyans deja nan yon  aktivite, nou kapab ba li yon ti fomasyon, e li menm li kapab ban’m yon plan, li di nou li men kijan li kapab . Nou ka ba li yon kit pwofesyonel kote li menm li kapab ban’m yon plan. Li di non  men jan de atik li ta renmen ekoule.

 E nou men nou gen ajan ki al pran, ki al fe pwofoma egsetera,  pou komande yon kit pou moun nan demare. Nou fe ti fomasyon pou moun nan yon ti mikwo jesyon. Kijan pou’l  fe yon ti maketin, jere kliyantel li .Une[4] fwa ke tout bagay pre nou ba’l yon kit. Se tankou se pat yon lajan kach, men se te pito yon kit de demaraj. O fi  a mezi moun nan ap ekoule pwodwi yo li kapab apwovisyone pou kont li. Nou ba’l li de kontak de founise li kapab frete ale ak machin li ale. Sa se te apwoch endikape entenasyonal.

Men sa ou panse, li pi bon ke OIM ? OIM pa fe sa?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : OIM pat fel konsa.  OIM li menm bay fomasyon pito. Eee m’ panse se de ki apwoch konplemante, men chak gen febles pa yo.

Yo bay fomasyon tou?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Wi, yo bay fomasyon tou, men li menm se plis yon brifing. Se yon ajan adan biro ki kapab reyini 4ak 5 benefisye ba yo; montre yo kijan pou yo jere trezoreri yo; kijan pou jere. Souvan se de pwodwi perisab. kKjan pou ye fe renouvelman stok ki petet ka dire yon joune, 2  joune, 3 joune. Sa ki diferan de OIM li menm ki kap bay yon  fomasyon an kapab dire 6 mwa.  Epi kote moun nan kapab jwenn yon diplom ke enstiti nasyonal pwofesyonel rekonet. Sa li diferan.

Piblik : Hummmmmm, rekonet.

Sa se yon PDM tout bon.

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Vwala, sa son mitim. Donk, mwen panse yo konplemante. Men febles ki kapab genyen le’w bay moun nan yon kit pou’l fe yon aktivite ki otonom nan se ke moun nan gen tandans se yon asistans w bali yon kado. M’ panse lot oganizasyon, ke malerezman ke’m pa travay ak yo, ki fe sa yo rele mikwo kredi.  Ki bay moun nan , kel te yon kit pwofwsyonel, oubyen aktivite finansye men’l ba li kondisyonelman. Sa vle yo se yon angajman.

 E moun nan konnen ke y’ap vin ba’l de yon ti visit. E li konnen li sipoze byen jere’l.  Son fason si’l pa reyis’il gen lot ti avantaj  apre li pap jwenn. Se yon fason pou motive moun nan byen jere’l. Men nan ka ke w bay mou nan yon kit pwofsyonel w di se pou li, li pa gen anyen an retou pou li bay li men .Li gen tandans pran’l kom yon kado li kapab ekoule’l. Pa epzanp si se  de pwodwi alimante ke moun te chwazi fe, li gen  chwazi itilize  lakay li. Vann li ak kredi, bay moun, paske  li konnen eeeeli pouli, vwala. O fil a mezi  nan 6 mwa, nan 9 mwa, nan 1 an w kabap we  aktivitel la  diminye  paske kijanm te ka di sa li pa gen yon sot deeee…..

Piblik : Presyon

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Vwala, presyon ki pou motive li , poul kenbe aktivite a . M’ panse le moun we se yon kado li pa fe  sifizaman efo poul reyisi ladann.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Esperyans pa’m nan AGR  se ACF, men nou te travay ak jen fi. Je fi mere [5]setadi ti moun ki antre 17 ak 21 an men ki gentan gen yon timoun an chaj epi ki rejete pa fanmi li, pou yon rezon w an lot.  Kote mesye a pa okipe’l, ki abandone pou ko’l. E ke nou men nou te kreye yon sant de fomasyon. Kote li menm li te ka vini  pran fomasyon. Li te ka akonpanye ak timoun nan pliske  li pa gen kote poul kite’l.Te gen yon aspe sikososyal ladan, kote timoun nan kapab rekreyel. Gon lot ajan k’ap fe fomasyon avek yo.

  Fomasyon AGR  se te plis yon fomasyon teknik, kijan pou jere bisnis lan. Sa pral depann ki pwote k’ap fet. Prezante  tout diferant  fom de pwoje, avek fos, febles,  e posibilite ke komes la genyen sou teren an eksetera. Kom pa ekzanp  si moun nan vle fe  pwodwi alimante, komes vetman [6]. Ki peryod nan ane a vetman plis vann yon lot peryod li pa vann. Nou  fe yon ansanm de fich teknik  ke nou bay moun ka travay avek ACF ke yo rele fomate AGR. Ki ap fe fomasyon  pou manman andan sant lan. Yo pran fomasyon pandan 3 mwa sou aspe sa nan sant lan. Kote yo te fe fomasyon pou mere yo pandan y’ap jere timoun nan ak bisnis lan. Kijan pou’l fe’l pou youn pa peze sou lot ok. Moun nan li men se li ki deside chwazi ki AGR l’ap fe. Se pa fomate ki di’l men sa pou’l fe.

 

  Men se li menm ki o fil de  tan nan fomasyon l’ap pran li chwazi sa l’ap pran. Pa epzanp gen moun se pwodwi gazez,se pwodwi alimante. Gen moun se pwodwi kosmetik. Sa pral depann le nou fin prezante tout kalite komes oubyen tout aktivite moun nan ka fe. Nou te pezante vreman aspe fomasyon OIM te mete a men pat gen moun ki te antere a pran fomasyon. Gen moun yo pat konn ni li, ni ekri. Sa te pi fasil la se al fe yon ti bisnis nan mache.

 

 E ke nou menm nou met de ajan la ki al gade kote pwodwi a vann pi bon mache . Li al sou mache a mande ki pri pwodwi a vann, ki benefis li ka fe. Idantifye de founise kote’l ka achte endepandamman de nou, men apre ke nou fin bal ed AGR. Men nou pa ba’l kob nan men , menm jan ak OIM. Nou pa bay moun kob nan men, se moun ki achte. Pa epzanp nou prezante yon sot de bidje li menm pesonelman avek yon ako avek fomate AGR na, l’ap di pliske li pa konn li ak ekri. .Nou teni kont de tout sa’l di yo, nou kategorize yo pou’l. Nou di’l l’ap bezwen tel kantite nan tel machandiz. Nou detaye yo pou li, nou menm akopanye’l.

 

 Nou akonpanye’l al nan mache a. AGR ap asiste’l k’ap ezekite plan li te gentan genyen. Ok, nou ale ave’l nan mache a. Nou dyos kanpe la epi li menm l’ap achte, li apwovisyone. E ke nou menm n’al etablil kote li vle al fe bisnis la . E ke andan kob pou’l te achte machandiz la gen kob materyel tou . Pa epzanp si la vann pwodwi alimante nou plis baze sou sa l’ap bezwen tankou kivet ; l’ap bezwen tab la. Men se nou men ki tou konstwi  si l’ap bezwen tab  pou’l metw  nan kit AGR nou gen tou sa a.

 

  Sa se OIM ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Non se se ACF. Nan  pati  OIM pan nan, mwen pa travay ak AGR. Mwen plis  stab  nan leve moun sou kan.

Ok. Nou fe sa nou pat sevi ak kob OIM ? Se yon ekip moun ACF te fome pou sa ? Epi kounyea nou bay fomasyon epi akonpanye yo? Koman sa te ye ? Ou dim ou menm se nan kan nan leve moun ou ye ? Koman esperyans lan te ye ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi, setadi gen de pati. Setadi nou te gentan komanse depi  le  siklonn  Gonayiv  la ke nou te komanse aktivite sa. Nou lyel a Potoprens apre 12 Janvye 2010.

Pwoje dire 2 zan ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi pwoje dire 2 zan.

Konbyen tan li te dire menm ? Sou teren an, pwoje a ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Pwoje a se te yon 20 ten jen fil mere. Setadi dire 2 zan nou te pran.

Pwoje dire 2 zan?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi, pwoje dire 2 zan.

 Epi fomasyon?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Non, non, pa ranch de jen fi a pran yon fomasyon ki dire 3 mwa. Apre 3 mwa li soti epi nou fe swivi. Pandan n’ap fel gen yon lot gwoup kap fe swivi.Epi lot gwoup la komanse.

Kisaw panse, ou panse li bon ? Ou panse’l reyisi ? Ou panse se bon fason po yo depanse kob ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Eeeee li gen febles li. Li gen anpil febles,  paske mank desperyans jen fi yo se yon kesyon de komes. Se timoun ki ap okipe timoun. Wwala w met lajan an a la disponibilite. Mank de matirite fe peyi a pa reyisi. Paske pou mwen men yo te seleksyone move pati moun yo ke yo te fe fomasyon an. Yo te beswen seleksyone yon manman ki mature[7].

Sa se system isit timoun ap fe timoun.

 

Piblik : Riiiiii 

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Vwala , se pa yon pwoje ki te reyisi . Paske le’l fin pran komes la imedyateman li te fe yon lot  kado’l.Gen moun ki vann kit la . Ou jwenn ka de jen fi ki bay kit la.  Li di’w li pral komanse li vann yo ak vwazin li  vann tout apre sa w pa jwenn li.

Men ou panse yon pwoje konsa ka bon pou yon fi ki pi gran , ki gen laj ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi, vwala ki gentan maje. Ki konn lavi. Ki gentan gen esperyans. Ki konprann lavi a.

Men ki tarif kob nou te ba yo ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM : Kit la te gen 600 dola ladann.     

Wawwwww! 600 dola ameriken! 600 dola ameriken chak kit, pou chak fi mere?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM : Kit Wi.  Chak fi mere gen dwa a 600 dola ameriken.Li gen tout bagay materyel.

Men sa son gwo bagay yo ba yo. Yon kantite pwovisyon alimante.

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi. Tout materyel yo t’ap achte yo antre landann. Sa pral depann ki tip de tab li bezwen. Materyel la pa pran anpil kob nan bagay la men li gen ase de machandiz nan men’l poul degaje’l.

600 dola ameriken.

 

 #2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Pou mwen menm, yo te ka ale nan tranch daj ase mye. Li te ka pi reyisi avek li, e ke se de moun ki antre nan fanmi ki pedi fanmi. Vo mye li t’ap viv lakay yon ma tante, yon tonton, yon kouzen y’ap bay yo move jan.  Vwala li vin jwenn yon kantite kob , li vi gen nouvo  mennaj, oubyen papa timoun yo , li gaspiye nan timoun yo.  Se sak fe’m di tranch daj la li pat bon. Men jiska prezan w ka jwenn kelke jen fi ki ap fonksyone ak AGR. Men se yon kesyon de matirite.  Sa pral depann de  pwojeksyon  timoun nan , kisa’l vle a lavni.

Ou konnen m’ t’ap di sa avan pou lem tande fomasyon,an jeneral se pa fomasyon pwofesyonel m’ panse pa gen anpil respe. Pifo eksperyans mwen pa nan ONG. Mwen pa janm travay nan ONG. M’ toujou fe rechech,epi viv ak moun. Fe 2, 3 zan rete yon ti kote travay avek moun. M’ap gade kijan yo viv. Epi lem tande fomasyon, m’ we yo vini an jeneral m’we yo pa gen plis respe pou nou. Epi le nou fe fokis gwoup yo, epi tou m’ renmen yon aktivite yon bagay ki konkret. Menmsi se yon kit mekanik, yon mekanisyen ki gen yon pens l’ap travay ak li. Ou ba yon kit zouti se yon bagay paske pifo bos k’ap ranje machin se ak ti bout fe ak yon mato. Ba yo kek douy se yon bon bagay. Nan fokis gwoup nou fe yo, yo di yo pa jwenn fomasyon nan men OIM.

 

Piblik: Wi,yo jwenn.

 

OIM pat fe anpil fomasyon e moun yo renmen fomasyon lavi ak komes.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : OIM pa fe fomasyon direkteman. OIM sevi ak sant pwofesyonel li fe moun yo deplase.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Bon, map fe yon ti eta de lye de esperyans mwen fe le map leve moun anba kan. Eeeeee pwoje a li gen ladann yon kantite de kob ki disponib pou chak fami. Chak moun posede yon tant sou  yon chak kan, yon afe de 25 mil goud. Se vle di moun nan gen masimom 20000 goud poul peye yon pyes  kay. Men sa se yon pri masimom. Si moun nan vini li di nou li jwenn yon kay pou 10000 mil goud n’ap ba li res 10000 goud ki rete a, n’ap ba li’l.

Li met fe sa vle ave’l ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: met fe sa’l vle ak kob la. 20000 goud pou lwe kay, li gen 1000 goud pou’l peye transpo pou’l al nan kay la. OIM apre 6 semen al visite poul we si moun nan kay la. Apre’l fin verifye si moun nan toujou rete nan kay la, li 5000 mil goud la li ba li’l. Men nan pwosesis pou’n kenbe moun nan kan nou bay li yon fomasyon. Se pa fomasyon men se jis yon enfomasyon. Kijan pou’l konpotel’ tou sa.

 Tankou moun ki nan kan w di yo kijan pou fe sa , si yo pa rete nan kay la men sa y’ap pedi. Le moun nan ap soti nan tant lan met tant konn mande touche. Li vle pou moun nan ba’l nan kob la. Gen moun ki ap viv nan tant lan se se lwe li lwe’l. Se poutet sa le nou ale nou ale nan nwit.  Nou bay k’ap pou moun nan gen dwa ak kob la.

Nou ale 3h di maten, moun nou jwenn nan tant lan se li nou rekonet. Paske se li ki nan nesesite pou kay.  Se pou li menm nou lwe kay la.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : OIM pa rekonet pwopriyete.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Li pa rekonet pwopriyete. Men nou konn rive ke pwopriyete a vini li di se li ki met tant lan, se lwe li lwe’l. Se bay li te bay moun nan rete ladann. Men li menm li gen kay. Nou pa antre nan moun ki gen plisye tant. Gen ki gen plisye tant ki lwe’l pou yon 500 dola pou chak 6 mwa , 1 an.  Nou pa antre nan sa. Nou kite yo degaje yo a sitiyasyon yo. Le yo fin degaje yo nou men na vinn jwenn li.

 Se yo ki jere sa. Paske yo vwolan, yo menasan. Ok une fwa ke moun nan fin  touche, nou pa mache ak kob la bay moun nan, men moun nan li touche a trave yon mezon de transfe. Nan yon Initransfe,se Initrasfe nou peye pou moun nan al de kob la ak pyes li. Nou arejistre yo sou yon baz de done sou telefon sa. Nou gen kod. Pa epzan nou gen sa. Kod sa nou antre non moun nan, nimero telefon li, adres li vle ale ya. Foto moun nan. Si nou ta rive nan yon lot kan nou ta we moun nan lot kan.

 

Li andan sa ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi, l’ap rete sou rezo OIM.  Le kwazel nan yon lot kan nan  wap jis we li te la deja.

(Tout moun ap pale ansanm sou afe done ki sou telefon nan ke patisipan ap montre.)

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Se yon ka de frod li ye. Nou travay de konse avek lameri. Nou travay de konse, si se Delma ak meri de Delma. Si se Tomasen de konse ak meri Tomasen. Apre le nou fin jije nou retire moun nan ka de frod. Generalman, depi’w komanse leve moun nan kan, vin gen yon sitiyasyon ensekite, li pap rete. Nou remet met te a te li. Ke yo klotire’l.

Eske nou peye met te a le nou fin retire moun yo nan kan?

                

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Non. Met te a li pa gen anyen, okontre se yon benefis li ye pou li. Paske moun yo pa t’ap vle ale konsa. Met te a pa gen dwa ak kob.

Pa gen met te ki konn bay kob pou retire moun nan kan yo ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi. Gen met te ki deside bay yon kob pou fe moun yo ale. Konsa tou gen met te ki peye moun pou met dife nan kan yo pou fe moun yo ale.

Wi, mwen konn tande sa anpil kote. Se anpil presyon.

                            

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Pou mwen men pi fo nan yo pa moun Potoprens. Pou mwen se lot moun ki soti nan lot lokalite yo ki vini Potoprens. Tout moun sa yo pou mwen menm pat moun Potoprens avan 12 Janvye.  Moun ki soti Gonaiv, lot kote ki vin pran woulib. Men pi fo pa moun Potoprens. Majorite se moun ki kite peyi yo apre tranbleman de te, yo we gen yon espas yo ka pwofite. Pou mwen menm an 2012 moun ki nan kan yo pat gen  kay vre nan Potorens, pou mwen menm.

Yo pat jan rete vreman potoprens.

                       

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : De tout fason mwen ka mete yon ti bemol ak sa Dieujust di an?

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Pa gen pwoblem.

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Kom li di yon bagay ki pesonel, m’ pa kwe a ma konesan gen majorite moun yo ki pat moun Potopprens. Ou paka kouri jis di majorite moun, paske pa gen yon etid ki fet sou sa. Sa ka rive nan yon kan sou yon etid gen 15 % moun ki pa moun vin pran woulib. Sa vle di ki abite nan zon nan, li konnen kan sa gen pou’l leve, li vin enstale’l poul ka benefisye. Ou konprann sa’m vle di a ? (Y’ap pran woulib.)  Sa ka rive nan esperyan pa’w we sa. San yon etid w paka kouri di’l. Men de la pou kouri di’l mwen panse w antijan.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Non, petet selon esperyans pa mwen. Moun yo manifeste dezi pou yo menmen’w andeyo. An 2014, 2015, kounya nou an 2016 moun yo vle pou yo al fe kay yo an pwovens. Paske lakay yo pou yo se an pwovens. Si moun nan manifeste desi pou’l al an pwovens, paske OIM pa peye 2 zan kay, se paske li pat gen kay Potoprens. Se yon reflesyon pesonel.

 Ok.  Nou jwenn kek esplikasyon, gen moun ki denonse tet yo.Yo di’l an mwen youn ki di li soti andeyo. Ye nou te fe yon ti fokis gwoup ak 3 moun, tou le twa di yo ap viv nan yon kay pou kont li. An ayiti mwen pa janm we sa. Pou gen twa moun ki vini nan yon fokis gwoup tout viv sel nan yon kay. Se yon bagay ki dwol.

 

Mwen pap komante sa’w di a, non. Yo viv nan kay pou kont yo se paske mesye ki te la di’l pa gen madanm li pa gen pitit, li ka nomal. Demwazel li te kay yon matan li. Li t’ap travay kay moun.

 

Ou gade dapre etid nou konn fe nou ka jwenn 6% men yo nan lakou. Andeyo ou ka jwenn yon moun fou men li telman ra.

 

M’ap poze’w kesyon sou sa Tim di a. Ou di sou chak tant yo dispoze 25000 goud, pa vre? Men e lew rive nan yon kan ki plisye fanmi oubyen ou jwenn yon fanmi ki gen 10 moun. Epi se yon sel chanm kay pou tout.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Wi. Ok, le sa rive nou menm nou refere ak  ajan pwoteksyon nou defini, nan tant sa nou gen fanmi ki ase nonbrez .Se pwoteksyon ki jere kase sa.

Si se 7 moun ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: 7 moun, nan ka ke yo signale nou gen de famil nonbrez , famil ki gen 7 moun e plis. Ajan pwoteksyon yo menm, yo gen ajan pou sa ki al fe yon anket. Anket la se dabo gade vilnerablite moun sa tankou si gen fanm ansent, malad, endikape.  Yo verifye si gen vi ak 7 moun sa  yo  gen yon vi anndan kan  vre. Al verifye koman moun sa yo  menm ap viv. Eske yo gen rad, si yo gen soulye, sandal, bwos a dan si yo gen kote pou yo domi  tou sa. Sa ka rive gen yon tan kin gen 10 moun gen 4 ladan yo se pase y’ap pase. Yo ka ap travay an  pwovens se pase yo pase nan tant lan.

Si nou remake se de moun ki oblije viv la, paske yo pa gen lot kote, nou fe yo double kach la. Sa vle di pou de pyes kay. Konsa tou nou konn jwenn yon tant ki gen 10 moun  nou pa bal 2 pyes kay la paske ladann yo se 4 ki pa gen kote pou’l rete. Paske pa gen vreman gen posibile nan pwoje a pou bay tou moun. Se yon rezon pou’l pa di ti kouzen, ti kouzin vin konble kont lan.  Se sak fe nou fe anket.

 

Men e si se yon sel moun ki nan tant lan ? Oubyen li pran 10 moun sa yo li mete yo nan 10 tant.

 

(Riiiiiiiiiiiii)

 

 Sa toujou rive. M’ te fe yon etid an 2010 pou USAID. M’ vizite 5mil kay se te kay ki kraze ak kay ki nan tou. Nou jis pran yo pa aza. Nou pran 200 pwent. Nou vizite premye 50 kay ki pre pwent la. Nou fe Bonrepo, Kafou, lavil, Nazon,Boudon rive Petyonvil. Si kay kraze nou mande vwazin si gen moun ki mouri nan kay la epi kot moun yo ye. Nou estime yon kantite moun ki sot nan kan ki nan kay yo. Estimasyon an te bon. Nou mande moun yo ki kote moun yo ale apre tanbleman de te. OIM te konte moun yo, e te gen lot etid yo te fe ak done Digicel yon inivesite Kolonbi te fe a sinyal. Yo ka konte konbyen moun ki al andeyo ak konbyen moun ki tounen, e nou tonbe ekzateman ant estimasyon OIM ak estimasyon done digicel yo. M’ te kritike Rolan Doy. M’apre nou te pale. Mwen estime 20% moun nan kan kay ki kraze, ki lokate, ak ki se met kay. Sa fe anpil moun fache. Pou mwen, anpil moun konprann say o di se blof. Y’ap pran woulib. Y’ap pwofite. Men moun ki rete nan kan an tout bon k’ap domi nan kan an tout bon vre se moun vilnerab menmsi se pa tranbleman de te ki vin frape yo. Men sa’m konnen 2012,2013 menm si moun soti andeyo se moun ki nan bezwen. Kiyes ki ta rete pase mize tann ti kob sa a ? Sam ka di nan sans sa yo pa viktim tranbleman de te a men yo ka viktim yon lot sans viktim, ekonomik. Li te bon pou anpil moun anwo jwenn plis travay. Se pou moun anba yo li pat bon ditou. Yo pedi kay menmsi yo pa pedi fanmi yo pedi moun ki te konn ede yo. Nou te gen moun k’ap verifye pou we si gen anpil moun ki pa nan kan yo. Paske si ou bay kob la pou 10 moun, men sa pa vle di nan yon kot sans se pa moun ki pa nan nesesite, men gen moun ki konn fache. Yo te gentan fe anket la yo we 20% kan vid apre sa. Se blofe an general. Yo peye yon moun nan kan an ou domi pou li. Nan sans sa a te gen yon kob pou sak pi vilnerab yo.

Eske nou rive elimine vreman moun kap pran woulib yo?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Non. Pou mwen se pa a 100%.  Pou la sen bon rezon ke, tant lan ouve ak tout sot de moun. Pa ezanp de jen ki nan libetinaj ki vle mennen yon fi, se kay matant li rete li pa vle  mennen’l lakay li. Li gen yon tant li a nou kapab tonbe sou. Moun nan ka tou benefisye  otomatikman.Gen moun k’ap viv nan kan se sekirite. Li viv nan tant lan men li se sekirite.

Ajan de sekirite ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Non. Gen lot kalite moun ladann ki jwenn kat la. Pa epzanp la, mwen paka di a 100% ke vreman moun nou jwenn nan kan se met tant la. Gen lot  paramet ki ka montre ke moun ou jwenn nan tant lan tant lan se pa pou li. Tankou mwen menn m’ gen dwa pase nwit lan avek li. Gen yon espas mwen jwenn yon fi mwen mal fe yon bagay epi mwen pwofite. Gen moun tout se bandi lot moun.

(Riiiiiiiiiiiiii)

 

 Gen anpil jen gason nan kan yo?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Wi, te gen anpil jen fi ak jen gason.

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Sa ka rive gen anpil jen fi , jen gason ,ki an  rebelyon ak paran yo,ki pa vle rete anba zod parann yo anko.  Yo chwazi al nan kan .Yo asimile tant lan kom kay yo tou. Kan vin yon vwa de libete. Yo vin adilt.  Kan yon ba yo non tou , donk se te yon vil.

(Yon ti vilaj)

Yo vin gen yon otonomi. Men yo fe de klas kareman, eke yo gen non. Yo nimewote zonn yo nan kan. Nan Potoprens yo di’w sa se Site Soley, sa se Matisan. Yo fe blok kareman. Men nou mem nou pa konnen sa. Ou gen dwa vini w tande blok 1,2,3,4. Le’w mande kot kot blok 1 ye la , yo di an Matisan la, ah Bele se la.

 

Eske gen anpil moun nan kan ki kwe ke yo se met  te a ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: A se nivo kotem ye a, wi.  Pa epzanp nan kan mwen ye a, ki se Tabar, Karade. Moun sa yo pat vle ale ditou. Paske pou yo menm prezidan te pase pwomet yo kay. Pou yo menn yo vle pou leta vin fe kay ba yo nan ti espas piti yo genyen, nan kal kote yo met tant la.

Gen anpil moun ki panse yo ap jwenn kay lot kote tou ? Gen anpil resistans?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Non. Wi, anpil resistans. Le nou ale yo pleyen yo paka lwe kay, li two che. Men maleresman moun ki te konn jwenn 2000 dola kounya w’ap bay moun nan 4000 dola.

Menm si w pa balil nan men. (Tout moun ap pale ansanm)  Pou mwen lem ede yon moun sot nan li fe aranjman ak met kay lal lwe kay la. Li fe aranjman ak met kay pou remet li kob la.  Mwen metel ak20%

Men li wo?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Wi li ka yon 5% la . Yon 15% yon lot kote. Mwen pase li ka varye.

 Ok. Le nou fe fokis group se rele nou rele moun nan telefon. Nou ka jwen anviron 20% moun ki nan lis yo epi res yo nou paka jwenn. An general moun fokis gwoup yo se de moun ki pa gen kay, ki pa ka peye kay apre tranbleman te.

 

Men tou nou jwenn 3 fi ki soti nan menm lakou. Lakou a te gen 3 kay. Yo rele lakou pa yo yon kan. Yo tout se te fanmi. Epi yo benesye ed. Yo di yo te komanse ak 3 kay kounya yo gen 5 kay nan lakou a. Se pa yon pa bati yo. Te gen kay ki fisire yo rajel pou yo. Men se te yon sel fanmi.

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: OIM pa selman leve moun nan kan, mwen kwe li gen yon pwoje. OIM gen yon pati moun li konstwi kay , nan Delmas 18 ki gan kafou sa rele ,kafou Peya.  OIM konstwi kay nan te yon lot moun. Li leve yon moun nan yon kan li mete’l pou 2 zan.

Te gen yon moman mwen gen yon te mwen paka fe kay, OIM konstwi kay la pou mwen, ak kondisyon mwen bay ak yon moun kite anba tant rete ladann pou 2 zan. Men fok mwen bay yon moun fe 2 zan ladann apre sa kay ou pou’w. Siw vle ou ka renouvle ak moun nan siw vle .  Men OIM konn idantifye pou rezon pou yon lot moun ki asepte.

 

 Men kijan nou fe sa? Komsi ke mwen gen kay la mwen paka ranje’l men mwen gen kay, men OIM vini li ranje’l. Epi mete yon moun ki nan kan vini pou benefisyel?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM:, se pa yon kay fisire non. Fok kay la te kraze net. Fok te a se pou w. OIM vini li konstwi kay la pou ou menm ki met te a. Ou pa konn we  foto kay sa yo ?


(
Yo tout ap pale ansanm.)

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Yon kay ki ak twale konfom ladann, …..Fo Natyonal, a goch nan kafou Peyan.  Ou pa konn we kay sa yo?

 Fo Nasyonal ! Kiyes ou panse ki plis benefisye de kay la ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Met kay la.

 Eske met kay sa yo, se moun ki te nan kan, ki te anba tant ? Kijan yo chwazi moun sa yo ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Mwen paka bo w plis enfomasyon sou aspe sa .

Ok, an ale fe yon ti avanse. Ou di nan kan gen moun ki sot andeyo; gen moun ki vreman nan nesesite. Gen jen gason ak jen fi ki jis benefisye. Gen moun k’ap soti k’ap pwofite. Men nou konnen tou gen moun ki vilnerab tou. Pi gwo pwoblem pou moun sa yo se anfeme kay.

 Si nou fe bak yo metew chef OIM, si yo mete’w chef OIM ak esperyan ou genyen deja,  kisa w t’ap fe siw ta chef  OIM?

 

 #2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Mwen panse ak kob mwen ta gen nan men nan, mwen t’ap plis travay de konse  ak leta. Mwen t’ap idantifye de zom ki se ajan de devlopman. Mwen t’ap fe kay pou moun yo. Se pa ti kay vilnerab, men se yon gwo vilaj . Mwen pap di vilaj , paske li gen yon aspe vilnerab. Mwen t’ap bati de gran kay tou bagay , dlo , espas rekreyativ. Yon gwo zon kote moun ka jwenn kouran. Mwen fe yo peye tax. Eke moun sa yo t’ap gen fason pou peye tax.

 Menm si ofil de zane moun nan ta  peye kay la.  Men pa anpil kob men yon ti kob li ap fe nan aktivite l’ap fe poul peye leta. Men mwen pa pale de vilaj, de tem yo ap itilize yo, tem nan mwen t’ap itilise’l de fason desammen. Men se chef OIM, mwen t’ap pemet timoun yo al lekol,pou yo viv tankou tout moun.

 

Kijan ou t’ap idantifye moun sa yo ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Pou’’m idantifiasyon moun sa yo, mwen t’ap mete de ankete pou abrase, e mwen konnen gen kay ki kay ki kraze, mwen konnen gen moun ki mouri, mwen konnen gen anpil fanmi ki t’ap viv nan kay. Vwala leta petet te kapab gen yon fason pou’l remonte se kom si remonte, pale ak moun nan , mande’l ki kote’l te rete avan ak kiyes li t’ap viv. Ki kote’w a t’ap viv avan? Al montre’m. N’al idantifye ekzateman kote moun nan te rete. Eske lakay li kraze tout bon ? Oubyen moun nan vin nan kan li gen kote pou’l rete.

Mwen pap kouri pran sa moun nan dim nan, m’ap fe anket pou’m konpare sa moun nan dim nan ak sam jwenn nan. Sa t’ap pemet mwen idantifye vreman moun ki gen kay kraze yo. Mwen t’ap itilize espas kraze a pou fe yon gran reamenajman teritoryal. Pa epzanp si gen de katye ki pat gen enfraktiti mwen t’ap leve yo. Mwen t’ap di  mwen  t’ap refe zonn nan.  Mwen t’ap rekonstwi menm lokalite sa anko.

 

Men si moun nan pat viktim?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Si moun nan pa viktim,  men kay li la, kay li pa gen anyen, nou t’ap voye de moun al evalye kay la. Pou dim si kay la pa gen anyen, l’ap tounen lakay li. Apre li te ka al lakay li. Men apre te ka gen kek fomasyon li ka benefisye.

E moun ki soti an pwovens, kote yo pa gen kay.  Moun yo te gen yon moun nan Potoprens ki tap  ede’l moun sa mouri nan 12 janvye Potoprens.

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Men pa bliye tou gen anpil ONG ki ap fe menm bagay la.  Mwen menm mwen responsab OIM, yo preske fe men bagay. Kom si yo dyos fokalize sou leve moun nan kan. Kom w sot di tale a, se paske li nan bezwen pou yon rezon pou yon lot, w sipoze ede moun nan.

 Ok. kou paw.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Ok. Mwen menm, m’pral eseye we pwoblem nan de fason diferan ke koleg mwen Jamesley. Eeee mwen sonje mwen t’ap li yon liv , si w ta bezwen fe kay andan zon metropolitan nan, pou ki vin abite, vi kantite moun k’ap antre Potoprens pa jou w ta sipoze kontwi 25 kay pa jou.  Pou’m loje tout moun k’ap sot an pwovens pou antre nan metwopolite nan.

 Mwen panse ke se pa yon bagay ki fasil pou kostwi kay pou tout moun sa yo.Etan done ke misyon OIM se jesyon global de migrasyon. Mwen panse ke sou fakte datraksyon an ke OIM ta sipoze apiye. Pa epzanp kesyon laj moun nan, il sifi ke moun nan  gen posiblite kote l’ap viv la, kote li alez la kise pwovens lan pou la majorite. Ou bay moun nan tout mwayen ki ka pemet li al viv nan pwovens. Ou ta bal posibilite pou’l jwenn sevis li bezwen yo nan pwovens yo. Konsa li pa t’ap oblije vin Potoprens. Se model koz ki fe kan yo toujou gen moun k’ap alimante yo. Si ta eseye fe yon anket n’ap we majorite moun ki nan kan yo se dorijin pwovens yo, se pa feseman moun ki iben.

 

Mwen panse si nou ap fe devloman iben,  se nan pwovens yo plis bezwen pwoje de devlopman. Aktivite generatris de reveni. Nan pwovens kote yo ap viv la yo rete la , yo pa oblije deplase. Se posib Potoprens ap toujou enpotan pou yo. Y’ap toujou depase men yo pap oblije rete. Kom Ayiti se yon peyi mobil, moun yon ap toujou deplase. Mwen kwe ke li pap janm posib paske materyo vin che, sa se ide pam. Moun sou moun, kay sou kay, se tankou ti bwat alimet yo fe.

 

Nap viv nan yon peyi tropikal kay la pa eryere. Sou pase nan zon Site Soley w’ap we twati kay mezire 1 m, w’ap pase w’ap menyen twati kay la. Poutan li kouvri an dal beton ki fe tre cho le swa. A la kanpay li chaje espas.  An pwovens chaje espas. Te yo abandone. Si yon moun oblije ap kite zon sa yo pou yo ale Potoprens se paske se la yo jwenn sa yo bezwen.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Pa bliye kesyon an se te : Siw  menm ou te rive femen kan yo nan ki fason ou t’ap fel.  Chef kan yo kisaw t’ap fe ?  Siw te gentan gen kob  ki sa ki te depanse depi 2010 a no jou nan kesyon moun k’ap viv nan kan. Eskew  t’ap fe’l. Ou se responsab OIM’ kounya ki janw diw t’ap fel la ?

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Mwen menm mwen t’ap apiye sou plis konpozant AGR la.

Ou ta aji sou sa ?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM: Anpil, AGR an fomasyon.  Asirew ke moun nan gen yon bon pretes pou’l tounen nan zonn orijin li. Sa vle di envesti yon bon pati nan lajan  pou lokalisayon. Ou pa bezwen enkyetey pou bati kay pou moun yo, paske pou ki rezon, la maje pati moun ou we kay la se deja yon aktive de revni li ye pou moun nan.

Moun nan pa gen pwoblem pou’l fe vil nan lwaye, oubyen pou’l rete nan yon ti kounouk, di moman ke moun gen garanti pitit li al lekol. Moun nan pret pou’l sakrifye vil pou yon lwaye. Moun depi se la li ka degaje’l, li met anba bwa, tant, li ka rete. Vi ke  se la li fe kob. Se li fe ti manje’l.  Pitit li al lekol.  L’ap rete ladann. Se sak fe gen moun ki pat vle kite kan an, paske kan vin yon aktivite de revni poul li paske se la li fe kob li.

 

Ou pral mete’l yon  kote ye li pa konn pesonn, li pedi  kliyanl, li ta prefere leve timoun li la. Viv an pwovens, w byen li tounen nan yon lot kan. Paske lew pran 20000 mil goud w bay pou’l al peye yon kay poutan li poko we sa pitit li pral manje, ou panse moun nan pray peye kay vreman.  Mwen panse se enpontan.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Pa bliye tou kesyon se te, nou poko konn reyalite sa n’ap viv kounya la. Pou mwen men  reyalite w’ap  dekri la, nou vin konnen’l apre. Afe si moun nan gen ti bisnis, pou mwen menm tranbleman de te a te ouve yon posibile. Paske reyalite AGR se apre nou vin konn bagay sa yo.

 Nou pat toujou konnen yon moun ki chef de kan li fe reset chak semen. Li touche chak semen. Yon chef de kan li touche chak semem, yo peye. Moun yo diw chak semenn yo peye chef kan.

 

Se chef li ye, se kob li l’ap antre. Antanke chef  kan kisa’l fe pou yo ?

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Li pa fe  anyen. Li diw se li ki bay sekirite nan kan an.  Ok, li di konsa l’ap travay, l’ap alimante yon ansanm. Men se yon paste ki gen yon legliz li la. Moun yo mandew si yo te ka kreye yon vilaj pou moun yo rete. Nan vilaj moun nan ap viv li te ka fe aktivite de revni

Si yo te striktire zone nan, kite wout pou machin pase, pou moun pase. (Pawol la pa soti kle.)  Petet si yo te kite yon espas pou moun nan pase, gen anpil bagay ki ap pase isit nou pa konnen yo  avan sa.

 

Pou ou menm w panse li te pedi ?

 

 #1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Wi. Pou mwen li pedi’l.  Paske l’ap vin pi grav de jou an jou. An pran epzanp, an nou gade Kanaran. Se tranbleman de te a ki bay Kanaran. Avek anpil  konstriksyon anachik k’ap fet chak jou nan zon Kwadebouke a kom si lew ap sot Potoprens.

 Men nou te bezwen yon lot fason de viv, se paske pou yo menm se yo fason de vi. Petet peyi a kraze yo al ret Kanaran. Yon paket kay k’ap fet mal Kanaran se trableman de a ki bay nesans ak sa.  Eske w konprann mwen ?

 

Ou panse se yon pwoblem li ye?

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3  ap travay ak OIM : Wi, se yon pwoblem li ye, konstriksyon anachik la kontinye. Paske le’w bay moun nan yon ti kob pou al nan peyi’l li monte Kanaran la’l fe yon konstriksyon anachik. Konstwi mal; pa gen wout; pa gen anyen; epi yo pa striktire. Pou mwen menm mwen te konn ap di, sa Desalines avanse li menm an de ensfraktiti, Kristof Kolon, Henry Kristof lontan  nan istwa d’Ayiti, pat fe konstriksyon sa yo. Li fe Sitadel.

Piblik: Sa se bagay pase.

 

Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Pa gen timoun; Travaye Sosya/ Kontab; IOM: Wi Desalines pa gen machine. Li pat gen. Petet ke lavi che, gen anpil fakte ki an koz.

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Mwen konprann jan w pale a Jamesly.  Men konstwi enfrakstriti nan yon peyi se yon bagay ki  estrememan loud. Se vre le 12 Janvye te pase a te gen anpil ed, se vre se te yon moman desisiv pou te itilize  kantite riches ki t’ap sikile yo. Pou nou te manyen  ensfraktiti yo. Eee men m’ap poze tet mwen kesyon, eske vreman se te  vreman misyon OIM sa ? Konstriksyon enfrakstriti avek lojman.

 Gen pwogram Nasyon Zini pou devlopman, m’ panse tou yo menm yo te gen kot pa yo nan kesyon abita ede moum nan enfrakstriti. OIM nan kesyon de jere imigradsyon moun, se dabo ede moun ki nan difikilte. Eee se ede moun yo gen yon plan B li men misyon pa’l. Yo te ka gen yon plan B, men yo pa oublij al Site Soley konstwi yon kounouk, yon kote ki deja ankonbre. Si yo vreman gen yon kote pou yo ale.

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3  ap travay ak OIM : Eske’w di nou konsa ke OIM  pa gen misyon pou konstwi kay pou mou?

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Mwen pa si ke OIM gen misyon  enfrakstriti an.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3  ap travay ak OIM : OIM gen kapasite poul, repon ak ijans, sitiyasyon dimigrasyon, tankou ge la siri a. Ok mwen dako  ak misyon OIM nan. Men arive yon moman fok  nou di kisa. Satisfaksyon se kisa satisfaksyon’m se le m’ap travay. Mwen travay mwen jwenn yon rezilta mwen ka fye de sam fe a.

Si tout fwa m’ap travay  epi  apre 2, 3 zan, mwen ale ? Si m’ap travay nan AGR mwen fe fomasyon pou moun yo epi apre de jou li pa eziste anko ?  Mwen pafe anyen. Mwen ale. Mwen pedi tan’m.

 

 Nou fe gwo pyen. Nou tout te fe gwo pwen. Epi ou te gen yon lot bagay pou di ankor ? (Non sa va.) Nou atikile byen. Mwen paka  mande plis ke sa. Mwen paka kenbe nou pou lontan. Mwen konnen nou tout gen bagay pou nou fe.

 

 Men m’ di mesi anpil nou byen esplike bagay la. (Bri chen ki ap jape.) Mwen kontan. Mwen menm mwen dako ak nou  toude epi  nou menm pa dako antre nou.

 

Piblik : Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

 

Nou tou de fe gwo, gwo pwen. Men tou blan yo te  sou sa yo te baze. Kanalize se sa yo te dwe  bay moun yo pediem. Kob sa yo ta dwe enstwi moun.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Yon di yo pa gen kob men gen anpil kob ki pase….

36.000 mil dola pou bay chak moun nan kan.

 

Piblik:  Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : E sesi tout fe menm bagay.

Piblik:  Oganizasyon yo!

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Se lod gouveneman, minis planifikasyon an pou te di vwala men sa nou ap fe. Sa pa yon misyon. Misyon se ou ki definil.

Piblik:  Ezateman!


 Lem te ale an 2010, mwen t’ap travay nan yon anket, se te Belriv ki tap dirije.  Apre Belriv te gen 3 ayisyen nan chanm nan tout nan reyinyon tout res yo se te blan.  Tout moun ap planifye pou Ayiti. Apre te gen yon neg ki tap travay Delma 60, li vini ak foto. Lap montre bel kay li genyen nan plan an. (Riiiiiiiiii) Epi sa pat janm realize. Men l’ap jis vann plan an epi li chache kob li.

 

 M’ap poze kesyon an, eske se leta Ayisyen ki di OIM kijan poul depanse kob sa yo? Oswa se tout oganizasyon yo ki deside depanse lajan yo? Kiyes ki te pran desizyon sa yo?

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Nou ki te deside.  Mwen se OIM ki te deside fe sa. Pa epzanp nan moman kounya, admeton ke mwen pat gen kote pou’m ale, pyes kay kounya pa koute 20000mil goud. Li koute bokou plis kounya. Sitiyasyon w t’ap bay yon moun yon kay an 2010 ak kounya se pa menm bagay la.

Chete lavi a pi re. Le moun nan di kob la paka lwe kay mwen dako avek yo. Men moun nan paka fe anyen paske pa gen yon evaliyasyon.Tout kob sa yo se te pou fe kisa ? Se pou benefisye a. An reyalite ke seswa an tem  dekri pwoje a pou te kisa, li mal evalye. Mwen pap fel.

 

Ou panse sitiyasyon kounya pi mal ke 2010 ?

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Wi! Li vin pi mal ke an 2010.

E an 2009 ?

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : En 2009, m’  panse an tem de stabilite li te mye. Gen plisye aspe ki te fe sa.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3  ap travay ak OIM : Gen yon lot bagay pou nou we, le nou konsantre ed yo nan Potoprens , pou lokalizasyon,  eeee li gen yon lot efe sou moun nan vil de pwovens yo.  Gen de moun ki panse si yo pa la  yo pa we yo. Sa ki lakoz anpil moun ka kite vil de pwovens yo, ateri Potoprens. Paske sa la w’ap we yo pou yo lokalize yo. Lefet tout senpleman ke ed la li konsantre jewografikman.

 Li vin yon fakte datraksyon pou lot zon ki pa sible yo. Sa vle di si w te gen yon ed difi ki kapab ede tout moun, moun nan pa ta we l’ap jwenn yon avantaj  ke li oblije leve la poul al chache kote ki gen ed la paske se la ki gen plis ed. Si entevansyon depi 2010 te sible tout peyi a  mouvman migratwa la li t’ap mwens.  Moun nan t’ap we li k’ap rete nan milye pal la. Li pa oblije kite kan pal la pou al nan kan Potoprens.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Ou nan reyalite a, kesyon de kan kounya kan pa selman sou moun tranbleman de te. N’ap travay Ans Apit la, kan Ans Apit la  gen 600 fanmi. Oou moun kap soti Sen Domeng. Yo bokou pli grav.

Sa nou fe pou sa yo, eske se men bagay nou fe pou moun ki nan kan  yo ?

 

 #1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Men se sa n’ap atake la. Se pa kob, se preske menm kantite  kob la, de moun ki kite tout riches li Sen Domeng, poul te viv, li pat gen anyen Ayiti. Li vin nan yon espas ki tou piti. Mwen menm m’ pa men rele sa kay, se kom si yo pi mal.

Eske yo wont le yo vini, pou yo viv nan ti kan w di a ?

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Wont, bon  mwen pa kwe sa. Paske yo di se preske menm jan yo t’ap viv Sen Domeng.

 Eskew panse se pa yon bon moman pou oganizasyon yo fe yon bagay ki pi serye ke sa yo te fe pou moun ki pase nan kan yo?

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Li bokou pli difisil, pou mwen menm li difisil. Se de moun ki gen 10 ak 15 depi yo kite Ayiti. Yo bliye reyalite Ayiti a, ak yon moun ki t’ap viv ak yiti  ki k’ap degaje’l.Siw vle fe yon resesyon pou yo kibo w pral fel an serye. Se de moun ki an transit, y’ap tounen anko (Yon machin klaksone) yo diw sa.  Y’ap fe yon ti tan la, paske Ayiti pa gen plas pou yo. Espas kote yo ye a pa gen enfraktiti. Pousye 100%. Hummmm……

Nan Sen Domeng yo gen te. Kote yo bati kay pou moun lontan yo rele yo kolon. Y’ap gen madanm Dominiken, men mwen pa konn kounya si sa chanje, yo voye fanmi yo nan vil epi yo rete andeyo. Yo pran yon fanm Ayisyen pou rete ak yo.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Yo pouse moun sa yo soti.

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM : Bon, mwen poko janm travay sou li. Gen anpil ajan ki ale yo di’m moun yo nan sitiyasyon enfraimen, estreman vilnerab. Pou yo pa ta tounen fok aksyon k’ap atire yo a te gen posiblite pou moun yo eee komanse apwopriye yo de milye Ayisyen yo. Yo kapab fome tet yo te. Jwenn yon meye enstalasyon isit pou yo pa tounen al pran brimad nan Sendomeng.

Mwen panse posiblite a toujou la. Si nou eseye we nan orijin kote yo soti, nou kreye de lyen pou yo kapab kreye lavi kote y’ap viv la.

 

#1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Nou pa pre pou sa.

Eske yo gen anpil timoun?

 

 #1 Dudley Saint Jean; Gason; 30 ane; Travaye Sosyal; 3 ane ap travay ak OIM : Anpil.  Gen fanmi ki gen anpil timoun, 7, 8.  Ote sa!  Pran eskalye a monte anle.

( Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii)

 

Gade si yo te ba yo fomasyon, si te gen metod, tout moun pov ki pa gen edikasyon, yo t’ap mennen yo apran yon bagay . Li t’ap ede yo. Yo t’ap neve peyi a si yo vini san yo pa gen anyen nan men yo. Yo t’ap vin chita fe tripotay; vin kase bagay moun. Li t’ap yon moman panik…. Mesi anko.

 

#2 Jamesley Dieujust; Gason; 31 ane; Travaye Sosya/ Kontab; 3 ap travay ak OIM : Pa gen pwoblem.  Mesi ak nou menm tou.

MESI!

FEN

 

Not yo

[1] Sa vle di anpil an kreyol

[2] Sa vle di lot

[3] An kreyo yo di: si

[4] En kreyol yo di :youn

[5] Sa vle di an kreyol : manmanm

[6] An kreyol yo di: rad

[7] Sa vle di an kreyol : ki gen laj ak esperyans