Kan 7 Benefisye GOAL

TRANSKRIPSYON FOKIS GROUP KAN #7

Dat transkripsyon: Mekredi  24 – Lendi 29 Fevriye 2016

 

Patisipan yo:

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal

 

Entwodiksyon.

Bonswa, koman nou ye? Nou envite nou la jodi a nan kad yon travay anket nou ap a fe pou Concern ki se youn nan oganizasyon ki t’ap ede moun soti nan kan apre 12 Janvye a. Nou ap fe anket sa avek nou kom benefisye pou nou ka rapote bay responsab yo pou yo ka we nan ki nivo sa yo te fe a te bon ak ki kote yo te fe ere pou yo ka ameliyore sa. Nou konnen deja ke pwogram nan fini, donk nou pa la pou nou bay ed. Men nou la pou nou tande tout sa ou gen pou’w di konsenan pwogram sa ke ou te fe pati an. (Wi) Nou konnen ke gen anpil kob ki te disponib pou pwogram nan te ale pi lwen men ki fe fon. Helas! Nou pa ka tounen nan pase pou nou korije sa men nou ka ede yo pou sa pa rive anko. Non pa mwen se Tim mwen se yon Antropolog ameriken ki gen pase 20 an nan peyi a. Mwen gen avek mwen Almathe avek Egain ki se manb ekip mwen ki avan lontan. Tout sa nou pra’l di la enpotan e yo tout bon donk pa ezite pale. Tout sa k’ap di yo anrejistre men pa gen moun ki ap konnen kiyes ki di yo.

 

Piblik: Wi. Dako. Mesi.

 

 

 

 

Konbyen moun isit kite rekonet lot e kite nan menm kan?

Piblik:  Non.Nou pat nan menm kan.

Nou tou le twa?

Piblik: Non

Nan ki kan nou te ye?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Kan anfas Debisi zonn Tijo.

Yon lot bagay m’ap di nou anko, mete nou alez pa gen kesyon trik. Mete nou alez. Map ban nou youn chif l si n’ap pale n’ap repon kesyon, si se nimewo 1,n’ap di nimewo 1,nimewo 2,nimewo 2 k’ap pale. Mete nou alez pa gen kesyon trik. Se etidye n’ap etidye sitiyasyon an si ta gen yon lot bagay ki pase yon lot evenman kisa moun yo ka fe pi byen ke sa yo fe a. Dako? Ebyen nou ka komanse. Tout moun isit yo peye kay pou nou?

Piblik:  Wi. Wi.Wi.

Kisa nou te fe nan kan an?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mwen menm m’te souk an ri Janbatis Kanapeve. Le mwen te sou kan an Gol te vini pou’l te leve moun sou kan an. Yo te bay moun yo 4 mil dola pou yo enfeme kay. Men mwen men m’ te di ke mwen te gen yon anplasman mwen te gen kay mwen kite kraze men mwen t’ap travay le sa a. Epi mwen te gentan fe sol em te pare anplasman an. Men m’ te vin pedi travay mwen mari’m te malad, mwen pat gen posibilite pou’m te fin kontinye monte kay la. Epi gen yon reyinyon ki t’ap fet pi mwen te di sa. Moun yo te pran done a epi yo te pote l bay Gol. Epi yo vin sou le lye pou gade koman travay la ye. Yo vin evalye’ l.Yo pap ka fe tout travay la ban mwen.Yo te fe chanm  pou mwen. Mwen gen twalet konfo moden. Mwen gen kwizin epi mwen soti nan kan an. Epi mwen byen alez. Paske yo banm materyo yo e yo peye bos pou mwen.

Konnye a ou sou te paw?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi. M’ sou te a. Mwen nan kay la a.

Konbyen ane ou te fe nan kan an?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mwen te fe 4 tran nan kan an. Epi apre yo vin leve nou.

Kay la te kraze net?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Te kraze net.Tout sa mwen te gen nan kay la mwen te pedi tout,tout bagay.

E ki travay ou t’ap fe le tranbleman de te a te pase?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Bon, le tranbleman de te a mwen t’ap travay ak yon Afriken.

Ou t’ap travay kay Afriken an?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.

Fe manje ?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.

Lave rad, fe tout bagay?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi, fe tout bagay.

Ou pedi djob la? Afriken an ale konnye a?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi. M’ pedi djob la, Afriken an ale. M’ la a m’pa jwenn travay epi m’ rete la. Epi apre le yo te fin ban mwen chanm lan apre yo te vin fe yon bagay la pou nou. Apre yo te vin ban nou mil dola epi mwen fe yon ti biznis ak li annatandan ke’m chita mwen p’ap regle anyen.

Yo bay kob sa 5 kan apre tranbleman de te?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.

Kounyea nan 5 kan an ou te nan kan sa’w te fe pou jwen kob?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Le sa a m’ t’ap travay.

Pandan ou te nan kan an ou t’ap travay?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.Le sa a m t’ap travay moun yo potko ale.

Le tranbleman de te pase w t’ap travay pou aAriken?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.

Yon fi ou byen yon gason?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Gason.

Li te rete isit?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.

Li te rete pou tout 5 kan an?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: De fwa yo okay,  yo jeremi.

Kile yo ale?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Bon, yo ale an 2014, an 2013

Sa vle di, sa ou te konn fe avan tranbleman de te ou kontinye fe’l pandan  ou nan kan an?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.Se pedi yo vin ale m’toujou rete konsa. M’pa jwenn anyen.

Yo te konnen ou te nan kan an?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.Yo te konnen mwen te nan kan an. Yo te konn vin lakay mwen. Le 12 Janvye kay mwen kraze yo vinn vizite’m. Yo pat fe anyen pou mwen. Yo pa regle anyen pou mwen. Se Gol kite vin fe yon chanm kay pou mwen epi mwen travese mwen al lakay mwen.

Men kom ou te toujou ap travay, kisa kite anpeche soti nan kan an al anfeme kay paw pou rete? Ou t’ap travay, se pa vre?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi.Se paske kan an tou pre kote mwen gen kay mwen epi mwen travese al sou kan an. Pandan m’ sou kan an mwen kontinye al travay. Se ti kob travay mwen kite banm posibilite mwen fe sol. Le moun yo vin ale konya mwen pa gen kob nan men mwen pou’m kontinye fe travay la. Konnye a le’m vin we 4 mil dola a y’ap bay pou al enfeme kay la, pou mwen m’ wel pap ka fe anyen pou mwen. Le’m fin pran 4 mil dola a m’al enfeme yon chanm kay apre a kisa m’ pral peye’ l?  Ke yo ede’m fe yon chanm ke mwen abite ladan’l ki pi bon pou mwen.

Sa vle di avek kob ou t’ap travay la ou te vle fe kay?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi, pou m te fel. M’ vin pap travay anko.

Kom kay la te kraze eske ou te peye pou retire dekonb sou li?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi. Wi ,avan m’ te fe sa se dekonb lan m’te fe debleye pou mwen. Ki te koute’m 12 mil dola.

12 mil dola?

 #5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi. Yo fe sa preske fin debleye pre 1 mwa.

Pa gen moun ki vle poze kesyon avek li avan mwen kontinye?

PiblikRiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Nimewo 2.

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Bon mwen te nan yon kay bo CIM lan ak matant mwen ak tonton mwen. Apre 12 Janvye kay la kraze. Men nou te konn mete ansanm nou pey’e l chak ane 12 mil dola.

Anvan?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi anvan.  Men m’ vin fe tant lan, chak moun vin gaye chache yon kote yo met ko yo. Mwen menm m’  rete tant lan ansanm ak yon kouzen’m. Nou toujou degaje nou sa nou jwenn nan la ri a. Nou degaje nou,nou aprann ti metye nou pou nou viv.

Avan ou di ou te ak tonton ou ?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Ak tonton mwen.

Li pat nan kan an anko?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non li pa nan kan an.

Nou pa menm kan?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non. Nou pa nan menm kan.

Ki kote li t’ale?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Bon, li te vinn gen kay la’l enfeme. Li te kon toujou di, ‘Bon,tout moun granmoun fok yo al lakay yo’.  Tout moun vin pran responsabilite yo.

Ou pa gen madam?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non. M’pa gen madanm.

Ou pa gen timoun?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non. M’pa gen timoun.

Le sa ou te lekol?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi, m’ te lekol.

Le tranbleman de te frape?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi.

Ou lekol toujou?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non, m’ pa lekol konnyea. M ‘ nan bagay pwofesyonel.

Konnyea?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi.Pou konnye a m’ap degajem. Yo vin leve’m nan tant lan m’toujou ap fonksyone sou li.  Tou piti m’ap viv la a.

Konnye a ou gen metye?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi.

Ki metye ou gen?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Masonnri, kontriksyon batiman.

Ok mason?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Epi’m fe ebenis lan tou.

Epi ou fe tou 2?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Tou 2.

Ki sak fe yon bos? Kisa ki distenge yon bos mason ak yon apranti?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: W’al aprann yon kote ou gen papye ou nan men w.

Ou gen papye?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: M’poko gen papye leta men m’gen papye lekol la nan men mwen.

Ok. Le tranbleman te frape ki laj ou gen konnye a?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: M’ pral gen 30 tan la a. Mwa Me a pral fe’m 30 la a.

Le tranbleman de te a te frape w te gen24 tan?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: 2010, m’te gen 24 tran.

Ou potko bos?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non. M’ potko bos.

Ou te nan lekol le sa a?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi,m’ te lekol.

Lekol klasik?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non.

Lekol pwofesyonel?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi, lekol pwofesyonel.

Ou te konn travay kom apranti?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi.

Apre tranbleman de te ou te tounen lekol rapid?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Apre tranbleman de te m’tounen nan pwofesyonel la.Se deyo m’te pran’l. M’di banm pran’l nan yon pwofesyonel pou’m ka jwenn papye a, poum ka fonksyone korekteman.

Eske le sa ou jwenn travay toujou?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: M’ jwenn ti travay men pou le moman an la a m’pa jwenn anyen.

Moman, le sa a?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi, pou le moman m’pa jwenn anyen.

Apre tranbleman de te a kile ou jwenn plis travay?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Apre tranbleman de te a m’te jwenn travay.

Ou te jwenn travay, ki tip de travay? Mason?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi. M’ te jwenn mason. Lem pa jwenn mason an, m’ toujou al nan ti ebenis mwen. Kreye ti meb m’ mete pou vann.

Epi nou 2 nan kan an ansanm?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi.

Ansanm ak kouzen ou?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi, mwen ak yon kouzen mwen.

Yon lot gason?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi.

Pou sam tande a, pandan ou te nan kan an ou te toujou ap fe ti travay se pa vre?Men kisa ki te enpeche ou sot nan kan,si w’ap fe ti travay?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Nou pat gen posibilite mwayen pou n’al enfeme kay. Kon yo vin di y’ap leve nou,nou bagay nou.

Kot manman’m ou?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Manma’m mouri lontan.Manmanm mouri depi 99.

E papaw?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Papa’m  pa isit. Li andeyo.

Ou te fet andeyo?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi, andeyo.

Moun ki kote ou ye?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Moun Jeremi.

Ou pat tounen apre tranbleman de te?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non, m’pat tounen.Paske’m te gen yon pwoblem ak belme li te fem yon bagay m’ te di m’ patap rete bo kote l anko. Depi le manman’m fin mouri li fem yon bagay m’ di kom ou gen pitit ak li rete ak li. Pou jiskensi m’ poko janm wel.

Kisa Gol fe pou ou ekzateman?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Gol fe pou mwen. Li retirem nan tant lan.

Li retire ou nan tant lan men?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Li retire’m nan tant lan, li banm enfomasyon sou biznis.

Li baw fomasyon biznis?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Aktyelman m’ka fonksyone konnyea ak sal montre’m lan. Li ouvri yon chemen pou’m ka itl tet mwen.

Yo pat ba w plis fomasyon nan mason?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non, sou biznis yo te bay.

Konbyen  jou, konbyen tan?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Pou biznis lan 3 mwa.

Apre le fini yo te ba ou kob?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi.Yo te bay kob.

Saw fe ak kob sa a, ou menm?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Kob la m’al achete bwa avel m’fe  meb mete la pou vann. Epi’m jwenn m’ peye lekol pwofesyonel la, m’al fin pran masoneri a.

Nan ki kan ou te ye?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Nan Sis la bo Natcom lan.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Menm mwen m’ te nan kan an m’ pat konn non’l.

Nou te nan menm kan?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi. M’pat konnen’l non. Ou konnen te gen anpil non.

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: M’pat konn antre nan pil bay, rete chita pale ak moun.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Mwen menm tou m’ te wont. Ou konnen mwen te tou pre la ri a, m’ fe tout jounen an andedan an se le swa m’ sot deyo.  Moun yo te rele’m wazo noktum. Pase bann machin ap pase mwen pa vle  pou yo di ‘ Gad kot Maklere ye.’ M’ pat janm sot deyo.Tout timoun tout rete andedan.Sel le m’pral nan twlet m’ sot deyo.

#5: Gen de kote ‘ap viv ou wont, wi.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Paske’m te two pre lari.

Ou wont pou moun ki konnen ou pa we ou?

Piblik : Wi. Wi.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Gen lontan yo pa we’m pou yo we se la mwen ye? Le swa mwen soti.

(Gen de kote ou ye moun lan pa konn si se yon siskonstans non.)

Ou gen te  gen kay paw?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non.

Kay ou te anfeme?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Kay m’ te anfeme avan tranbleman de te a.

Ki nimewo ou genyen cheri?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Nimewo 6. Mwen menm apre 12 Janvye kay mwen te fisire nou pat ka rete  viv anndan’l. Men toujou nan menm lakou a nou te fe tant nou rete. Paske le se te yon kay beton li te fann an de. Nou rete deyo kay la . Apre Gol vini li verifye kay la pou nou. Li verifye’l li di nou pa bezwen kraze kay la a. Kay la ka repare, li ede nou repare l pou nou te ka soti.

Gol?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi, Gol.

Kay pa nou?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi. Kay pa nou, te pa nou.

Men kile yo te vin ede ou avek kay la?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: 2012 Gol te vizite nou. Paske yo te toujou nan zon lan yo pat janm vin bo kote nou.

Nan ki ane kay la fini menm, yo fin repare’l?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Me 2013.Yo fe yon gwo travay pou nou 2013.  Non, 2014.

Ane pase?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Non, 2014.

Men yo ba baw fomasyon tou?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi’sou ti biznis. Apre le yo fin fe reparasyon an pou nou yo ban nou fomasyon 3 mwa. Apre yo ban nou 5 mil goud pou nou ka ouvri yon ti biznis pou nou demare.

Ki biznis?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Bwason gazez.

M’gen yon kesyon pou nou twa, m’sispek se menm fanmi nou ye. Yo soti menm kote. Eske nou chak te jwenn ed la endividyel oubyen yo te bay ed la ak tout fanmi an?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Non separeman,nou chak gen kay nou.

Sa vle di yo prepare kay paw la apa.?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Yo prepare kay pa’m la apa.

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Pam lan sete reparasyon. Pa yo a te kraze.

Ok, n’ap rive sou ou.

Men ki laj ou?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: 27 tan.

Ou nan kay ak fanmi ou, papa w?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi.

Le sa a ou te lekol?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Non,apre sam vin al lekol.

Apre tranbleman de te a?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: M’ te gentan fin lekol, fin lekol klasik.

Ou fin fe filo?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi. An 2009.

Jis avan tranbleman de te?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi.

Kisa ou t’ap fe le sa a?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Le sa a m te jis komanse, paske enfomatik te apenn enplante an ayiti. M’ te jis komanse al pran yon ti kou enfomatik. Le sa a, apre 12 Janvye,an Novanm 2010 m’ antre nan lekol pwofesyonel. M’al aprann jesyon de zafe. M’fin aprann li 12 Oktob 2012.

konnye a manman’w ak papa’w te gen metye?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Papa’m te fe klimatizasyon,refigerasyon,li ranje yo,li repare yo,epi li fe chanm fwad tou. Li pap travay ak moun se ak tet li l’ap travay. Li gendwa jwenn yon kontra pou’l fe yon chanm fwad li fe’l. Li pa jwenn, li pa jwenn. Le tout afe nou regle lel pa jwenn nou rete konsa. Paske nou pagen okenn fanmi a letrange ki ka ban nou ed. Se selman papa’m nou genyen nou gen nan lakou a.

Ou gen plizye kay nan menm lakou a?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi.

Konbyen kay?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: 5 kay, men se 7 kay paske se 7 pitit gran pe mwen genyen.

Yon gwo lakou?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi.

Manman ou pa travay ?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Non.

Li fe komes?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Wi.

Kisa li vann?

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: Toujou bwason an. Li vann sigaret komilfo tou.Tout sal jwenn ki ka rapotel.

E konnyea kisa ou fe ? W’ap vann bwason?

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.

#6 Marie Davilmar; Fi; 27 ane; Pa genyen; Gestion; Invesite; Goal: M’ sot fe 2 zan m’ap travay. M’ fin aprann metye a 12 Oktob 2012. 19 Desanm 2013 m’ jwenn yon travay kom sekrete. M’ fe 2 zan m’ap travay ladanl. Depi Oktob ki sot pase la a m’pa  nan travay anko.

Nimewo 1?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Mwen men m’ te gen yon kay,kay la te fisire,gol te reparel pou mwen lem te nan kan an.Apre sa li fin repare kay la konye a,m’rantre nan kay la a.

Mimewo 1, jis avan tranbleman de te a kisa ou te konn ap fe menm? Ki aktivite ou?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: M’pat gen okenn aktivite.

Men ou rete ak mari ou?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Letil?

Nou konbyen ki nan kay la? Ou gen timoun ak ou?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi, m’gen timoun wi men se nou 8 ki nan kay la.

Mari ou nan kay la avek ou?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi.

Mari ou travay?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Pandan konnye a li jwenn ti bagay la le pandan semen sa yo men li pat jwenn anyen. Li pagen yon travay estab paske se elektrisyen li fe.

Le tranbleman te te pase ,12 janvye li t’ap travay?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Li t’ap travay.

Apre?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Li te vin revoke nan travay la.

Li te gen yon travay fiks?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Li t’ap travay Aseri.

Apre 12 janvye yo revokel?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi,yo revokel.

Eske yo revoke anpil moun oubyen li sel?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Te vin gen yon bes, travay la te vin an bes yo revoke anpil moun.

Epi li pa jann jwenn djob anko?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Non.

Konbyen tan li te gen avek Aseri?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Pre de 17 tan.

Ki dedomajman yo te ba li?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Yo te bali yon ti kob.

Le ou di ti kob?

Piblik :  Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Ti kob la te piti.

Anviron konbyen konsa yo te ba li?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Yon 20 mil dola yo.

Pandan nou nan kan an?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Non,apre kob revokasyon l.

20 mil dola peyi?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: 2 mil dola ameriken.

Gen moun ki t’ap jis revoke ou yo pa ba ou yon goud. Sa pa grav.

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Li pa evalye avek nonb de tan an,vreman.

Li pa jis men pou peyi a ,17 tan se pa jis men ou konnen. Ou pa fe komes?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Bon,se pandan Gol te vinn ban’m mil dola konnye a m’ap fe yon ti manba m’ap vann a pen.

E konbyen timoun ou gen?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Yo 5.

Gen nan yo ki leko?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi.

Le 12 Janvye  te frape kombyen ki  lekol?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: 3

E lot 2 yo ?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Yo te gentan fin lekol.

Yo te gentan fin lekol?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi.

Yo p’ap travay?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Non.

Komsi nan lakou kote nou te rete a nou tou fe kan an ladan l?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi.

Nou tout nan menm lakou?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi.Wi .Wi nan menm lakou.

Sa vle di nou tout se fanmi?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Madanm tonton nou, matant nou pa alyans. Apre sa nou 2 a se kouzin.

Se grangran pitit ki nan lakou a?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Twazyem jenersyon nou ye.

Ou se pitit met lakou a?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal:  Wi.wi,wi.

Avan tranbleman de te a ou pa t’ap travay se mari ou ki t’ap travay. Le tranbleman de te a kay ou fisire. Plizye lot kay nan lakou a kraze. Nou fe kan nan lakou a menm, se fanmi an. Pat gen lot moun deyo kite vin jwenn nou,ou byen sel fanmi an kite fe tant pa yo?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: O komansman nou te akeyi moun deyo. Yo pat gen kot pou yo t’ale. Apre sa yo cheche kote pou yo ale.

Yon sel fanmi ki te rete nan lakou?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi.

Sa vle di nou fe yon kan la fanmi nan lakou a?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi,antre fanmi. Travo piblik te di nou pa rete andedan kay yo.

Ou pat gen lot fanmi ki vin?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Non, nou menm selman.

Tout kay nan lakou a kraze? Konbyen kay ki te gen nan lakou a le 12 Janvye?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: 3 kay kite gen. Se apre sa lot yo fe.

Konnye a vin gen 7?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Gen 5. Ap gen 7 de poko bati.

Apre tranbleman de te 3 timoun ou yo kontinye lekol?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Yo toujou lekol wi.

Eske yo pedi ane akoz de 12 janvye?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Bon, yon sel ti fi m’ te gen kite pedi yon ane.

Yon sel ki pedi yon ane? Poukisa?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Paske’m pat gen kob pou’l te ale. Li pedi ane lekol la.

Eske nou pat pedi moun nan lakou a?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal:  Wi.Yon sel ti moun.

Youn timoun?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Se pa nan lakou a li te ye.

Li te deyo?

#1 Guerrier Marie Ahie; Fi; 53 ane; 5 timoun; Anyen; 6eme ane; Goal: Wi. Li li te deyo. Li t’al nan dlo. Dlo a pat pre nou.

N’ap fe menm bagay ak ou.

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Mwen menm, pou jan medam yo di a, Gol te vini nan yon premye tan li te  ofri nou 4 mil dola a pou yo al anfeme kay pou nou. Men se popriiyete nou. Men apre sa nou fe anviwon kat mwa nou pat janm we yo. Apre sa yo vini yo vin repare kay la pou nou. Yo ban nou fomasyon, fomasyon biznis. Yo ba nou 5 mil goud,mwen menm m’toujou avan sa  m’te konn ap fe ti komes ak ti biznis. Ak 5 mil goud yo a chak epok m’ fe yon bagay. Epok lekol m’ fe yon komes. Desanm m’lan la m sot fe kremas. Konnyea pou pak la a m’ pral achete.

E avan tranbleman de te ki jan ou te konn viv, sa ou te konn fe?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal:  Se ti biznis lan m’te konn fe, m’pat lekol. M’te fini lekol m’ pat aprann anyen se apre 12 Janvye m’vin…

Ki laj ou?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: M’gen 30 tan.

Konnyea ou gen 30 tan, ou gen ti moun?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Non.M’ pat gen mwayen.

Jis le gol te baw kob?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi. M’kreye biznis ave’l. Le yo te ban mwen’l m’achte bagay m’ plase e apre le lekol  m’ achete bay lekol.  Se menm kob sa a pou Desanm lan m’ sot fe kremas ak li.

Gol, yo vini premyeman 2012 se pa sa?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: 2012 Gol resi antre nan lakou lakay mwen. Yo konn ap pase nou toujou we machin.

Yo pat bay anyen jis, yo vin pale avek nou?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi.

Men se an 2014 yo komanse fe?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi

Yo vin pran non nou?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi. Yo vin pran enfomasyon de nou.

Fe foto tou?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi. Yo vin gade kay la. Yo fe foto l.

Apa de Gol,nan kan la fanmi, pat gen lot oganizasyon kite vin ban nou anyen?

3 fanmi yo: Non.

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Nou konn we moun ki kon gen kenpot 5 kat ki pral pran manje ,nou menm nou pat janm konn benefisye anyen.

Pat gen ogonizasyon, ou byen Gol pat peye lekol pou timoun yo?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Non.

Pat gen sa?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Non.Nou pat jwenn sa. Sa’m te benefisye le 12 janvye m’ka di yo te vin ban nou dlo.  Sel dlo nou te konn benefisye.

Chak jou?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Non,chak 2 jou.

Dlo pou bwe?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi. Swaf dlo te konn ap touye nou.Nou pat konn jwenn dlo pou nou achte.

Men nou gen sitenn nan lakou a?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi, nou gen siten nan lakou a.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Mwen komite kote m te ye a si yo bay ti savon pou bay yo pran yo.Yo konn bay savon,bay pou yo bay, yo pran afe yo.Yo pa janm bay moun.

Kisa yo fe?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Le yo bay pou bay, yo pran afe yo. Komite ki nan tet kan an, le yo bay pou yo bay, yo pran afe yo.Yo pran yo.

Afe yo, afe tout moun yo!

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii. Ou konn kreyol se konsa l ye ou di afe yo. Sak te pou ou yo pran’l yo bay fanmi yo.

Pat konn gen diskisyon nan kan an pou sa?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Anpil. Chak jou, chak jou te konn gen lapli k’ap mouye nou yo te konn bay pase yo te konn bay pwela. Yo pran yo. Yo vann yo.Si pou yo baw youn se achete pou achetel nan men yo. Le sa a yo te konn ap vann yo 60 dola,50 dola.

Kiyes kite nan komite a?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Moun nan zonn yo ki nan kan an.

Moun zonn lan yo ye?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi, se menm moun ki nan zonn lan.

Konbyen moun kite gen nan komite a?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Komite a te gen 6 ou 5 moun m’kwe.

Yo domine tout kan an?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi.

Yo te konn vinn ak manje?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi. Nou konn we menm machin lan pote bagay la, yo pran yo al femen lakay yo.Y o konn bay farin,diri,pwa,ak sik. Yo pa ban nou.

Ou pat jwenn?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non.

Pa gen moun ki jwenn?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non.Non.Tankou si gen yon moun ki a la tet,ou konn sa l fe si l gen yon moun ki an pwovens? Li pito voye cheche fanmi an.

Voye cheche vini?

Piblik. Wi,wi,wi.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Vin pran manje sa a. Ou menn ki nan kan ou pa jwenn li.

Pat gen oken fason pou nou te pote plent ak oganizasyon sa yo ki te konn bay manje sa yo?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non. Men gen moun ki ka pote plent, gen ki ka pale,gen ki paka pale. Mwen menm m’konn pala m’konn al travay se lem vini y’ap dim. Men sim te la m’ t’ap di le yo bay bagay yo pa gen pesonn ki jwenn se antre fanmi yo yo pran yo bay.

Ou di yo pran bagay sa yo y’al metew lakay yo, sa vle di moun kite nan komite yo,chef komite yo, se komsi moun ki nan kan men yo gen kay yo tou pre?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Yon kote pesonel yo.

Nan kan an yo te mete yo?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi.

Eske te gen anpil moun nan kan an ki gen kay tou?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Te gen anpil moun ki te nan kan an ki gen kay tou. Genyen ki gen kay ki fisire, genyen ki kraze.

Gen moun ki gen kay ki bon?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Gen moun ki gen kay, kay yo pa kraze, pa fisire. Pou l benefisye li oblije vin nan kan an.Tandike kay li pa gen anyen.

Eske ou santi moun sa yo ki vin nan kan an san kay yo pa gen anyen an.Eske yo jwenn plis avantaj pase ou?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi. Li jwenn plis avantaj. Paske moun lan li menm li gen dwa gen 4 moun an pwovens li mete non 4 moun sa yo. Jou ap gen yon reyinyon ou byen sa k’ap fet la li rele fanmi li.Ou konprann sanm diw la a?

Eske gen nan moun sa yo ki benefisye de Gol pou peye kay?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi,wi. Gen moun ki resevwa 4 mil dola ke kay li pa gen anyen, e li pa nan kan an vre non. Men yo mete non’l.

Men koman Gol chwazi moun pou yo ede ki metod yo te itilize? Eske yo pa’t ka evite sa a?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Bon, m’ pa konnen.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Yo te met vini a 1ne di maten yon kout fil gentan fe, yo gentan vin ouve pot la.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Tankou espas sa a vid,moun lan li gen fanmi l andeyo li rele l. Li monte li barel. Barel la sa vle di se yon chanm pou yon moun. Li gen dwa gen 4 moun k’ap viv ladanl 5 moun k’ap viv ladanl. Tandiske moun lan an pwovens. Le gen yon bagay k’ap fet yo gentan rele moun lan,fok moun lan domi nan kay la.

Men koman moun sa yo fe konnen le le Gol ap vini?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Men yo gen moun ki pou rele yo.Gol voye mesaj. Komite a konn bagay yo byen tout sa k’ap fet.Yo konn pa rele. Menmsi yo pa rele te met a 1ne di maten gen yon kout fil k’ap gentan fet pou yo mete yon zanmi. Vreman moun kite anrejistre a se pa li y’ap jwenn non, men li pa konnen. Le yo mande non an, non an nan bouch li. Li bay li. Le yo konparel se li menm men yo pa konn figi a.Yon moun ka nan menm zonn lan le yo mandel koman tant lan fe vid li di se yon bagay li t’al fe la a.

M’gen dwa nan kan an ou lakay ou mwen menm kote pam lan vid ,m’fe yon espas pou ou. Epi jou yo ap pran non moun, non w tou afiche. Konnyea tout sa k’ap fe menm si ou lakay ou w’ap patisipe nan tout. Ayisyen yo di w pitit!

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Moun sa yo p’ap pedi?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non, yo p’ap pedi pou ou.Ayisyen yo di w!

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Nan jounal, Minista yo anwo Kanapeve yo t’ap bay diri sa. Fi a pote 25 sak diri. Se sou 25 sak la li endispoze. Minista pran’l yo we’l endispoze yo mennen’l lakay li. Yo panse se paske li granmoun ki fel endispoze. Le yo rive lakay li yo we se 25 sak diri, konnye a minista bal yon sel grenn, sal te endispoze a, yo pran 24 la. Yo ale ave yo.

Paske l granmoun li konnen li gen priyorite. Li fin fe vwajaj sa a li ale. Li fe vwajaj sa a li antre anndan lakay li ,li metel la epi li tounen al yon lot kote. Yo te bay li nan tout jounal wi. Le minsta byen chagren yo pote l lkay li.( Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii).Sil te ka pale li ta di pa mennenl lakay li. Epi konnye a gen moun ki pagen menm yon mamit non. (Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii) Bagay sa a te fe gwo eko. Li pran pou tout fanmi l. Li pote pou tout fanmi l. Pou we koman Ayisyen pa bon.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Mwen yon jou Dimanche y’ap bay manje nan komisarya a m’ fe de 7 te, 2 ze lapremidi mwen nan yon lin soley (M’te la wi.M’te la wi.) M’pa janm ka rantre. Lem we m’ap dekonpoze lel nan 4 tre, se vire mwen vire m’al lakay mwen wi. E jou Dimanch ou konn grangou Dimanch se yon bagay ki di.

Sak te fe ou paka rantre ?Yo pat baw kat?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi,ou gen kat nan men ou, moun lan sil gen moun pa’l li fe moun pal la rantre.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Men yon lot bagay ki pase.Si ou gen jen fi, pa ekzanp madam sa a ta gen ti jenn fi sa a la a, sil imoral komite a ap bali kenpot 5 kat pou tet jenn fi sa a. Ou konnprann? Depi l pa asepte li gen moralite l’ap mouri grangou ak tout pitit li a. Manman ki liberal ki gen jenn fi li  yo tonbe bal kat .Ou menm ki pa lage ou pa nan kat. Ou konprann? Ou  p’ap manje se konsa bagay yo ye. Manm komite yo pa ala wote vreman.Oganizasyon an paret li pa konnen annik pran moun mete yo konsa. Wi, m’ka fe,m’ka fe, se konsa.

Ahhh, se pou nou menm ki nan kan an ki chwazi komite?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non. Se le ogonizasyon an vini moun ki plis a la pote a, li di l chwazi 10 moun pou fome bagay. Sa vle di yo monte yo. Yo di yo ka se sit, yo ka se la. Anpil bagay. Mal chans pou ou moun kite reprezante a pa bon li koulew. Kach fo wok[1] la mwen bay non mwen, m’ bay fotokopi kat idantitem.O poko gen anyen ki tonbe non,anyen poko tonbe.Gen lot moun ki gentan al nan travay la.  Yo di non w ap nonmen tout tan lot bo a wi.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Konnyea a yon lot moun kap travay sou non l.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: M’ gen jenn fi m’ pa sedel, paske depi ou pa sede jenn fi ou paka nan travay. Se sel sa ki te vini ki te bay yon ti djob bale m’te fe 22 jou. Ou konprann. Apre sa depi se moun sa a ki nan tet bagay la,zonbi chek ,zonbi chek rekomanse,rekomanse.Tout tan yo te di non moun pa monte. Lem di ou zonbi a sa vle di non moun lan ap nonmen men li pala. Non moun lan repete konbyen fwa sou bagay la. Yo di ou depi ou travay mwa sa a ou p’ap ka travay lot mwa non. Poutan manti gen moun ki travay menm 5 fwa.Yo gen trik yo pou yo fe sa.

Ou gen kay?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non. M’pa gen kay, nan fem mwen ye.

Men ou gen lontan nan zonn lan?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi, m’gen lontan nan zon Kriswa a se la m te anfeme kay. se la tranbleman de te a pran’m.

Ou pa konn lot moun yo?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Pitit sa a di li te nan menm kan ak mwen, ‘men mwen pat konnenl non.

Nan ki kan ou te ye?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Mwen se nan kan Avik mwen te ye bo Natcom lan.

Kriswa pi ba?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Kriswa lwen.

Ou kite Kriswa?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi,m’ kite Kriswa paske le tranbleman an pat gen dlo pou moun bwe,pat gen manje,pat gen anyen.Ou bezwen fe twalet ou ,ou pa jwenn dlo. Sa vle di depi zonn lakay ou pa aksesib ou oblije mache yon kote ki pi lwen. Konnye se sak fe’m rive la.

 

 

Madanm ou te dim sa fe de kan ou pase?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Sa vle di lem soti Kriswa premye kan m’ale se Senlwi Wadfrans,preske lejeman anfas Avik la. Se la mwen te ye avan. M’ rantre 20 janvye nan legliz la.

Poukisa ou te kite kan sa a pou te ale nan yon lot kan ?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: M’ te kite kan sa a se paske tant mwen te ye a se pa pou moun li te ye. Moun lan pat la. Le yo vini epi te gen yon pwoblem le y’ap anrejistre, pat gen espas anko. Nou te konn domi anba legliz la. Konyea legliz vinn rekomanse, m oblije  peye. E m’vin mande nan kan Avik la, yo mande pou’m peye pou m ka jwenn yon ti pati pou bagay.

Yo mande ou pou peye kisa?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Sa vle di yo fe yon ti pati sa ke vledi pati a konn vid. Moun lan, jan ou we y’ap di ou a, moun lan konn gen kay li fe ti pati a sa. Li di pou peye. M’pral eksplike ou yon istwa se yon aksyone mwen fe. Mwen asepte yo dim mil goud pou m peye chak mwa pou ti pati pa’m lan, m’asepte. Lem fin rive ladanl,m’di m’p’ap peye. Konnyea le yo vin we yo paka fe bri ave’m pou peye a yo asepte yo fe aranjaman le 4 mil dola a pou negosye ak moun ki te banm plas la. Yo te panse se kob kach ki t’ap vini. Le yo vin we, konnyea le Gol vini se mwen ki nan kay la 1 ne di maten enspekte vini, vin jwenn mwen konyea se non mwen ki rantre sou tout bagay. Konnyea ou konnen se ou ki pou al chache kay pou Gol al gade si kay la bon se pa sou ravin.Tout sa yo se mwen ki anrejistre moun lan paka paret paske se zonbi li ye. Kob kay la se chek se sou non mwen li fet. Se met kay la k’ap resevwal se pa mwen. Savle di m’ soti byen bel.Jiskaprezan m’gen enmi avek bagay sa a.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Tankou pou’m t’al pale ak met kay la poum te dil poul banm yon 2 mil. Vreman mwen menm ki gen pwoblem lan poum  t’ap sibi moun lan menm t’ap bagay. Vreman chef komite a depi nan tet li te gentan aranje ak moun poul te annik banm yon 500 dola pou l te fini. Pou l pran kob la depi anle. Malerezman bagay yo pa pase janl te vle a.

Men ou t’ap peye pou plizye ane?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi. Sa vle di sim fe 4 tran, 2 zan la m’ t’ap peye mil goud chak ane..

Konbyen tan  ou te fe nan  nan denye kan an?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Nan denye kan an, m’ fe 1 nan.

Li panse ou dwel pou un an?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi, m’ dwe pou 1 nan anko. Non selman kob yo pral bay la  pou’m bali l.Sa vle di se li ki pou ban mwen sal vle.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Epi se li ki pou ta ba ou sa ou merite a?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi.

Pandan ou soti nan sa a?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Tout fomasyon se mwen ki swiv li epi li paka paret.Se mwen ki anrejistre nan sa,swiv fomasyon tout bagay.Ou konprann mil dola a m’ fe komes ak li.

Men pou kay la,yo vin peye’l pou ou?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi,yo vin peye kay  la pou mwen,chek la se sou non met kay la li ye,se met kay la.

Eske se pou konbyen,4 mil dola?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi,4 mil dola.

Se pou tout 4 mil dola a li te ye?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi, se sa moun yo fe menm si kay la pat vo 4 mil dola. Men ou konnen oganizasyon Gol deplase ak machin pou yo vin gade kay la, depi yo we machin vin gade kay la yo di madam kay la pa vo kob la. Paske yo gentan konn se tarif la y’ap leve moun nan kan an.

Tout moun t’ap tann sa?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi,selman gen pwopriyete ki pa menm moun. Li ka gen ke sansib se moun parey li, li ka pa fel. Men pifo pwopriyete se sa yo te fe.Ou konprann ? Kay la pa vo 4 mil dola a li di ou  se 4 mil dola.

Konbyen tan ou fe nan kay?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: M’ fe 1 nan nan kay la a. Apre sa mwen soti m’al abite yon lot kote.

Poukisa ou soti?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Bon kesyon lekol pitit mwen e avek  travay.

Ou gen travay ki pa nan zon lan?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi, travay mwen pa nan zon lan pou’m pa peye machin.

Yon pi bon lekol pou pitit ou tou?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non, yon lekol pou’m pa peye machin  pou pitit mwen pa fatige.

Konbyen timoun ou gen?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: 3 timoun.

Yo tout lekol?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non. M’gen gwo timoun e m’gentan gen pitit ,pitit.

Piblik : Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Denye piti mwen an ki lekol toujou,li gen 18 tan.

Avan tranbleman de te a ki aktivite ou te konn fe pou viv?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Lekol m’ te konn fe.

Ou se pwofese?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi. Pwofese kindegaden m’ te konn fe.

 Ou pa fe sa anko?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non.

Apre tanbleman ou te toujou ap fe sa?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non.

Poukisa?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Lekol m’te ye a te kraze nan tranbleman de. Direktis la pat rantre. Se lem te nan kan Senlwi a m’ te gen travay benevola mwen te konn fe. M’ okipe ti moun yo, ou konnen ti moun yo te vin  leson lakay mwen. Konnyea m’ vin soti la a m’ pap travay. Ou konnen travay mwen sete deja edikasyon, m’ vin rete nan menm kad edikasyon se timoun ofelina mwen responsab.

Kile?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: konnyea.

Men lew te nan kan an ou konn bay leson pou kob?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi. Le sa se elev mwayen 2, selon lekol li ye ,se sou sa m’ gade pou moun lan peye’m. Si lekol li che sou sa m’ gade pou’m takse paran an. Epi m’gade palmares li sil pa entelijan.

Koman se sa ki metye paw?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi. Se sou sa mwen viv.

Nou pa gen moun la a ki lot bo menm?

3 patisipan ki fanmi:   Non. Nou pa gen moun lot bo.

Nan tout lakou sa a?

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: M’paka di m’gen moun lot bo.Ou konn kile ou gen moun lot ?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mwen menm m’ gen yon fre lot bo tranbleman de te pase, m’gen yon fre depi 83 pati.  Li tande tranbleman de te pase kay mwen kraze, twazyem pitit manman’m, manman’m fe 10 pitit twazyem li ye, jiska prezan li pa janm voye yon goud.

Ou pat janm pale ak li tou?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Pandan papa’m  mouri li rantre. Rantre li rantre se nan anteman li vini menm kote m’ abite a li pa konnenl.

Li pat ka jwenn ou?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Li jwenn mwen. Li selman rele’m li mandem sim pa gen moun mouri selman.

Kisa’l ye pou ou?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Fre mwen.

Epi li pa janm voye anyen pou ou?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Anyen ditou, depi 83 li pati. Non m’paka pale dim gen moun lot bo. M’pagen ditou,ditou.

Kisa ou di nimewo  4?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: M’di non, pou moun ap pale de moun lot bo se le moun lan ap tekew ou. Menm si l pa peye kay pou ou men li di li gen yon nyes li gen yon neve m’ap voye yon 50 dola pou li. Konbyen lekol la ye eske ka peye leson an pou li ? Ou byen eske ka peye transpo lekol la pou li ; oubyen si ti moun lan fini eske ka peye kou a pou li.Ou konprann ? Depi  moun lan pa konn bagay sa yo ou paka ap pale de moun lot bo.Ou konprann ?Mwen se etranje ki fe pou mwen men se pa fanmi mwen.

Gen moun ki nan kan an tout bon vre ki viv nan kan an  men apre gen yon bon pati se pase yo pase pou yo vin kenbe plas ?

Piblik: Wi, wi ,wi

Pou moun ki nan kan an tout bon, eske ou ka di gen moun tout bon ki pa gen moun lot bo?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Moun lan ka ap regle afel ou pa konnen. Sitou ou konnen kan an pa gen sekirite. Pou ta konnen fok ou ta we atesko ap vini pagen atesko anko se nimewo transfe. Epi moun lan pat ap kite kagezon vin nan kan pou moun pa konn afel. Sa vle di ou p’ap ka konnen.

Li ankete poze kesyon eske ou konn resevwa transfe nan kan,eske ou panse moun lan ap di la verite?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Non. Yo p’ap janm di la verite. Paske si moun lan konnen yo pral fe yon bagay pou li. Mwen menm de tou ke m’pa genyenl.

Mete tet ou nan plas pa’m, djob pan ou se pou nou eksplike kisa ki fe yon moun rete nan kan, Eske se mize  ki fe moun sa nan kan?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Mize !mize !

Ou panse yo pa genyen ki fe yo rete? Men poukisa yo pa genyen ? Pa gen moun sot isit non.

Patisipan fi:  Moun lan gen le pa kreye mwayen poul viv.

Ou di yo pa kreye komsi se fot pa yo yo pa kreye? Yo pa jwenn?

Piblik:  Gen moun ki pa jwenn.  Gen moun ki manyen ti kob.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Si se yon bannan ou ka achte, si se yon rejim bannan ou ka achte, paske mwen menm lem te nan tranbleman de te m’pat vreman gen yon anplwa. Ou konprann? Sa vle di m’te ka jwenn yon ti djob menm jann madam lan lan t’ap travay ak yon afriken an. M’ t’ap travay ak yon Dominiken. Li t’ap travay nan Ga. Se yon moun mwen ki relem ki fe’m konfyans al fe chanm li pou. Li dim sa pa yon anplwa se yon djob. Konnyea yo vinn deside kite peyi a, m’ pedi ti anplwa sa a. Nan sans sa a, Gol vini li bay yon ti 22 jou pou bale, m bay yon ti moun mwayen 2 leson pou 300 dola epi sa a se yon ti djob. Sa a pat yon anplwa. Epi la sa vle di la tout bagay se sou do’m. Savle di la m’ dan le bezwen. M’pa gen yon moun k’ap kouvri manje pou mwen, k’ap kouvri. Paske oganizasyon konn bay manje, m’ ka gen  pwoblem chabon pou’m fe manje a.

Ou pa avek mari ou?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non. Sa vle di mwen menm ak pitit mwen. Sa vle di nan sans sa a moun sa a dan le bezwen. Tankou sete konnyea m’ap travay m’ t’ap fe ekonomi,sitiyasyon m’ap viv anba tant m’ pa t’ap kapab. M’ tande moun gen bel kay li pou’l vin anba tant mwen pa t’ap ka fel. ( E kob la yo tande a ?).Chak moun pa menm mwen pa t’ap ka fel. Mwen sa’m konnen m’ pase anba tant. Ou konprann ?

Dominiken sa a se avan tranbleman de te?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non, apre tranbleman de te.

Apre sa li vin ale?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi, li vin ale.

M’ remake yon yon bagay anpil moun, vreman yo vin kole nan kan an pou yo ka pwofite?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wi.pwofite.

Yo pa bezwen peye. Yo sere kob. Ou te fe sa? Ou pat nan pati moun ki mal yo paske ou te genyen te?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Li menm li te gen yon objektif l’ap travay poul te ka achete sol pou l te bagay. Li menm bu pal la bon, avek moun lan kay li nomal san anyen epi li vin vi sa a. Paske pou mwen, m’we sa a se vi chyen li te ye nan trableman an. pou l asepte viv vi sa a. paske mwen menm nan kan Adik la le mal lakay yo bel seramik, pou we madanm lan koubel la a pou l bagay. Pou we tout pitit li asepte l vinn rete la a.

Pou’l ka vin pran kob?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Pou ‘l ka vin pran 4 mil dola. Ou konprann ?

Pa ekzanp, travay n’ap fe ,djob nou fok nou konnen pou kisa yon moun rete nan kan an. Kom madam lan di . Li bay plizye senaryo men koman yon moun ki rete nan kan an ye. koman ou distenge moun sa a ak yon moun ke bagay yo yon ti jan bon pou li? Nou konprann sa’m vle di a?

Piblik:  Wi.Wi.Wi.

Kisa ki fe yon moun menm rete nan kan an ,kisa?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Wal rete sou kan an se paske ou pa gen yon kote pou al rete. Jis ou jwenn yon espas yon kote pou domi pou yon ti jan,men apre pou mize le moun sou kan an w’ap pase.

Men gen yon bagay tou, eske  kan an gen yon avantaj ? Nou poze kesyon sa a plizye fwa, tout moun di non pa gen avantaj?

Piblik : Ou pat poze kesyon sa a.

Eske kan an gen avantaj?  Nou poze’l plizye fwa.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: M’pat tande. Kan an te gen avantaj. Poukisa li gen avantaj? Mwen menm pesonelman li te gen avantaj pou mwen. Poukisa? Mwen menm m’ te, se chanm pam lan ki kraze avan tout moun. M’vin gen pwoblem pa gen manje pa gen anyen. M’te gen manje , pwovizyon anndan kay la anba dekonb. Ou konprann ? Sa vle di met kay la ou konnen mwen te fenk peye’l kay, li se moun zon Petyonvil zon Malik, li deplase a pye sot Kriswa pou n’al Malik. Li fe 5 jou ak mwen kay fanmi l. Li menm li gen 5 pitit. M’di m’ paka rete la fok n’al gade sak gen Potoprens. Se le sa a yo vole tout bagay nou. La nou ta vle di se yon avantaj. Nou tounen nou bwote tout bagay. Ebyen konnyea  li vini , se de mem pou li. Mwen menm m’mache pou pi lwen. M’ vini nan Senlwi Wadfrans. M’pat jwenn tant se moun malad ki te jwenn tant . Nan le sa a an plen ne m’ap domi. Ou konprann ? Sa vle di, m’ nan le bezwen. M’ di ou se mwen ki vole ak pwop zel mwen. M’ pa gen moun.Kay mwen di ou mwen te anfeme a ,sa vle di se nan travay mwen m’ te anfeme l. Bon, bann ba ou yon lot bagay. Se yon sè, moun sè charite yo, se li ki konn edem nan le sa a. M’al mande l li dim  tout moun anba tant li pa nan peye kay pou moun.Sa vle di, moun kite kon’n ba ou ed la li diw tout moun anba tant li pa nan peye kay pou moun.Tout sè yo,se gwoupe yo te gwoupe yo ak moun kite malad. Sa vle di mwen menm kote’m ye a m’koube la. Oganizasyon agoch,adwat poum jwenn yon ale mye. Pou mwen menm m’te we lavi a fini net, janm te we peyi a ye a. M’mache bak mwen yon jan pou’m ka jwenn sa m’ap jwenn lan. Le yo vini yo bay yon mamit diri li edem paske’m p’ap jwenn yon moun pou m’al mande. M’pa gen yon matant pou m’al mande.M’pagen yon andeyo pou m’al chita pou m’al mande.Pou al andeyo fok ou te konn abitye ale.Si se le yo we ou gen pwoblem w’ap vin chita lakay yo, w’ap tou mouri nan le sa a.Sa vle di li te gen avantaj kan menm. M’paka di li te gen gran ,gran avantaj, li te gen avantaj selon mwen menm.Gen yon lot moun ki deja t’ap viv yon gran jan. Li te ka pat gen avantaj .Pou mwen li te gen avantaj. Mwen li te avantaj pou mwen nan yon sans. M’konnen bann oganizasyon sa yo m’te nan bagay komite m’ konnen ka gen yon ale mye k’ap vini.Sitou kay pè a. Ou konnen yo toujou fe pè konfyans .Depi bagay la tonbe li pa sere l nan depo’l . Li mache bay skout li menm si’m pala m’vini m’jwenn tant mwen an yo lage yon bagay ladanl. Ou  konprann ? Li moun Podepe le l soti Podepe moun yo bal  kasav,pwa kongo,lel vini li bay li. Sa a vle di se yon avantaj ke sim te rete kotem te rete a. Epi se yon kay mwen te anfeme,li te gentan ban’m yon ti resous pandan 5 jou. Konnyea m’ retounen m’paka rete sou kont. Li fe wout pal, m’ fe yon lot wout. Paske pat gen mwayen nan zonn lan pou  bwe dlo epi pou fe twalet ou. Ou bezwen benyen ou paka benyen.

 

 

Konnyea ou pat double nan kay kote ou te ye a ? Li te pi bon pri? Kay ou ye konnye a li pi bon pri ke premye kay?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: O nivo pou dlo, zonn Laplenn lan gen anpil dlo. Ou konprann ? Paske Kriswa bokit dlo 5 goud m’ap achte.

E pri kay la?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Pri kay la semenm pri paske. Laplenn kay te pi ba konnyea paske yo vinn fe wout la moun yo vin konn vale kay yo. Men pa gen diferans se sel dlo a ki genyen an abondans.

Imajine si se ou ki t’ap pran desizyon ak kob k’ap vini pou ede moun sot nan kan an,ou konnen gen anpil bagay moun ka fe pou ede moun pandan yo nan kan an,ki sa w t’ap fe avek kob la? Ki jan ou t’ap divize kob la?Si ou te sout tet minista,ou prezidan peyi a,ou te Care oswa prezidan Gol?

Piblik. Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Ou se chef Gol?Se ou ki pou deside ou paka bay fanmi ou non!

Piblik. Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Non,m’t’ap bay fanmi mwen si fanmi an pa genyen. M’oblije bali,m’oblije bali. M’ pa t’ap ka kenbe tout pou kont mwen. Fom ta separe avel.

Men koman ou t’ap dirije pwoje a?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Koman m’ t’ap dirije pwoje a?

Pwoje ou t’ap genyen an?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Pwoje a bon. Si li menm li pa gen kay li nan nesesite m’ap ka edel. Si gen yon moun ki nan nesite m ‘pat konnen.

Ki jan ou t’ap edel?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Kijan mwen t’ap edel?

Saw t’ap fe pou li?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Sa’m fe pou mwen se li m’t’ap fe pou li tou.

Sa ou t’ap fe pou ou?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Si’m pa gen kay m’ap fe kay pou’m rete.Li menm tou sil pa gen kay pou l rete m’ap fe kay pou li tou poul rete.Sil gen pitit li ki paka al lekol mwen tou m’ gen pitit mwen ki paka al lekol, pitit pa’m lan al lekol fok pitit pa’l la al lekol tou. Paske’m pata renmen pitit pa’m lan al lekol epi pitit pa’l la pa al lekol tou.

Kisa ou panse a ki pi gwo pwoblem ke Gol te fe?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mwen menm pi gwo pwoblem lem te sou kan an,Gol fe pou mwen m we li vin ap leve moun sou kan an. Li ba yo 4 mil dola.Li banm yon kote.Li pran responsabilite li fe yon chanm kay li ban mwen. M’ we jou kay sa a fini m’al domi ladanl se pi gwo bagay m’ wel te ka fe pou mwen.

Ou kontan sa ,ou satisfe?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: M’kontan ak sa anpil ! M’ satisfe anpil ! Paske se nan mize m’ teye anba tant lan. Paske gen le lapli ap tonbe mwen mete 8 blok epi’m mmm yon bagay ki konn fe tablo yo. Se li kite kabann mwen.

E ou nimewo 2, eske ou satisfe ak sa ou jwenn?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Mwen menm, pou mwen si yo te fe yon lot fason tankou, m’ we le w’ap gade peyi a peyi a vid. Gen kote w’ap mache ou we teren. Peyi a vid net. Pwoje sa yo si yo te pran lajan sa yo yo te fe kek kay.Si ou pa konn sa w’ap fe ak tet ou w’ap pi mal.

Konbyen ou ka achte yon anplasman pou fe yon kay?

Piblik. Selon kote a ,30 mil ,40 mil,100 mil dola. Gen de kote se an nameriken.

Konbyen 30 mil dola peyi?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Wi,men se selon zonn lan.

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Gen moun li vann li pa santyem.

Eske chak kote yo gen pri pa yo?

Piblik:  Wi,wi,wi.

Bo isit yo ka mande 4 mil dola pa santyem?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mwen menm lakay pam peyi pam Kenscof se pa santyem.

Konbyen l ye?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Non. M’ pa konnen. M’ pa konn konbyen yo mande pou santyem lan men se ameriken.

Ou gen  papye tou?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mwen menm sim m’ap achte te ? Manman’m mouri. Papa’m mouri.Se fre’m ak se’m ki pi gran pase’m ki pou di’m men posyon pam. Sil pa ban mwen m’ paka pran. M’gen dwa diw aktyelman m’ pa genyen si’m te genyen tout le tranbleman de te pase se Kenscof m’ t’ap moute. Se paske m’ pa gen yon kote pou’m’al rete. Se isi mwen genyen.

Men siw rive konsa ou paka bati sou li?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Non. Kounya si yo ban mwen (De lanmo ou prale),si konnyea mwen rive yo di’m men posyon pa’m. Yo dim sa a se pam.

Si ke paran, manma’m ak papa’m ,te mouri yo kite te. Moun ki pi gran pasem komanse pran te poul bati sou li, mwen menm ki pi piti sim pat la m’ paka ale pou di m’ap pran sa a. Se yo ki pou ofrim. M’ paka di m’ap pran sa a. Ou paka rive pou di sa a se te manman’m ak papa’m li ye, m’ap pran sa a?

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: W’ap mouri.

Y’ap touye ou?

Piblik : Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Epi se pa ak zam y’ap touye ou, non. Avek maji.

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Bo kote fanmi pa’m depi se kay w’ap fe, fanmi an bezwen fe kay yo dil fe kay ou la.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Moun ki kote ou ye?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Moun Jeremi.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Non, li ka soti nan yon bon fanmi.

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal Ni bo manman’m,ni bo papa’m m’ ka annik desann m’ di m’ap fe kay yo dim fe kay la. Pa gen moun k’ap fe kay la.Y’ap dim non degaje’m.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Ebyen al legliz chak jou al priye ou soti nan yon bon fanmi cheri.

Epi ou pa vle retounen jeremi?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non.

Poukisa?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non. M’a pavle.

Poukisa, pa gen vi?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Gen vi, men akoz de aktivite’m isit.  Men m’ ka ale wi. Men si’m desann konyea m’ mande banm kote’m travay y’ap tou ban mwen’l.

Siw di ba ou yon moso te pou fe kay y’ap ba ou li?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Ou we belme ou,ou se yon eleman jenan l’ap ye pou!

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Non konnyea m’ vin gran m’konn sa pou’m fe ak sa pou pa fe. M’ konn jan sil kanpe ave’m m’ konn kijan pou’m kanpe ave’l.

E ou se youn nan pitit yo?

#2 Emile Bergeau; Gason; 30 ane; Pa genyen;  Ebenis/mason; 9eme ane; Goal: Wi,se mwen ki dezyem piti papa’m. Ou paka vin bloke’m pou’m pa vin fe kay.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Mwen menm pi gwo pwoblem m’genyen se nan kad lokate m’ bezwen soti pou’m rantre nan kad pwopriete. Em sibi anpil nan nivo lokate. Paske le fem kay la rive sou ou,ou pa gen lajan moun lan ap mande ou kay l’ap fe ou wont. Konnyea pou moun lan pa fe ou wont mete ou deyo a timoun ou oblije soti. M’konn soti mal mete bagay mwen nan yon depo. Bagay mwen yon kote mwen yon kote ak yon timoun. Sa vle di bagay sa adi le ou pa gen kay ou pa gen te nan Potoprens. Ou konprann ?

Nou pa gen anyen pou ajoute anko?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Tout moun fini.

Si se nan ou kob sa a te ye pou dirije saw t’ap fe?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: M’ poko reponn kesyon sa a non.

Ki nimewo ou gen?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Nimewo twa. Si se nan menm kob la te ye m’ta pral kreye de pwoje. M’ ta pral kreye pwoje pran moun komsi si se kay n’ap fe, si se leve n’ap leve yo. Kom etandone gen moun ki pa gen nesesite m’ap cheche enfomasyon pou’m konnen moun ki dan le bezwen. M’ p’ap kouri al envesti kob la konsa non. M’ap cheche konnen.

Koman w’ap fe konnen?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: M’ap mete ajan ap pran enfomasyon san moun lan pa janm okouran.

Ajan sekre?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi. Ajan yo ap chache enfomasyon konen ki moun li ye; ap mennen envestigasyon san moun lan pa konnen. Eske’l nan nesesite ou eske’l pa nan nesesite vre.

Epi ou t’ap pran yon ekip moun pou travay?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Wi.

Ki travay ou t’ap fe anko ,tout travay?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Tout travay depi se travay li ye. Travay ki vinn pou fet la depi se travay rantre, Kelkseswa.

M’ santi yon bagay ki fe’m mal apre tranbleman de te. Yo t’ap bay tout konpayi blan kob pou vini isit travay, epi gwo kob.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Kob yo gaspipye (Kob yo vole yo.) gen fwa menm jistifye yo paka jistifye yo. M’pa gen pwoblem non, se pa blan an non de fwa se moun ki reprezante’m isi a. Se moun sa a. Ou konprann ? Defwa menm onivo 4 mil dola a, se moun ki reprezante nou isit ki di me kob pou yo ban nou. Ou konprann ? E gen moun lan ki gen menm 13 moun pou dil poul al anfeme yon kay 4 mil dola. Ou knprann ? Depi ou paret moun lan tande se nonb de moun ou genyen li di ou pa vin plen twalet li pou li non. Li pap anfeme ou kay. Li p’ap asepte.  Sa vle di se yon pwoblem.Se pou moun ki reprezante nou an.  Nou pa gen bon moun ki repranzante nou an Ayiti. Se pa ONG yo non se moun ki reprezante nou an Ayiti. Le moun lan vin sou le teren li pa konn anyen, se moun ki reprezante nou an. Paske’m te nan komite tout. M’ we bann Afriken,bann plizye moun,le ou we moun yo ap pale ou pa konn sa y’ap di. Y’ap fe foto. Y’ap se sit, y’ap se lot bo. Men konn gen entepret, toujou konn gen entepret. Le yo vini ou we yo gen pou yo ta fe yon bagay serye, kon yo fin ale apre de twa jou, bon ou tande bon yo pran yon lot pawol nan komite a.

Nimewo 3 ou t’ap di yon bagay wi?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Apre 12 janvye yo fem siyen yon pwoje ak UNICEF, yon kontra. M’ siyen yon kontra pou 6 mwa. Lem li kob yo di y’ap bay pou kontra a yo pa janm bay kob la vre.Yo di chak ajan ap jwenn 4 san dola ameriken. De fwa, pandan 2 mwa yo bay kob. Premye mwa a yo te bay 3 mil dola ayisyen. Dezyem fwa a yo ban nou 3 mil 3 san dola. Yo pa janm ban nou anko.

Le wal kot blan an koman yo jistifye kob la?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Kontra a pa fini yo pa janm rele nou. Yo pa janm di nou anyen. Sa apa soti nan kot blan an. Ou konprann ?

Blan an gen pwoblem lakay li tou.

Piblik:  Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Nou panse se ayisyen ki fe plis fwod an Ayiti?

#3 Marie Pascal Louis; Fi; 36 ane; Pa genyen; Telekomikasyon; Filo; Goal: Se pa fot nou. Nou konn tanperaman yo. Yo konn detounen moun. Si yo menm yo nan yon liks yo pa vle pou yon lot moun nan menm liks la. Yo pa renmen sa. Sa fe plizye fwa moun lan ap travay yo di 30 dola ameriken, blan an di poul peyel moun lan menm. Moun lan ki pou vinn peyel la li chanjel li vin bal li an nayisyen. Son jou moun lan pete koken li batay ak moun lan se sak fe sa vin soti.Yo di an se sa ou fe moun yo w’ap pran kouraj yo pou fe bagay paw. Konnye a yo vinn mete ate. Ou koprann?Sa vle di se lom an jeneral ki gen pwoblem. Sa pavle di tout blan serye,men mwen toujou di nou gen move reprezantan. Lom an general kapab pa bon men nou gen move reprezantan.

Li sanble grav isit vre. An nou bay kat pale tou.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Si se mwen menm ki ta yon chef direkte ?

Yon chef, se ou ki t’ap siyen chek yo?

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: M’ tap siyen chek yo komsi jan ou te di a.Sa’m t’ap fe ak fanmi’m? M’ toujou panche sou moun ki pi mal m’tap cheche fanmi’m ki pi mal. Yon fanmi’m ki deja gen yon vi tre eze m’pa t’ap al ankadrel. M’ pa di gen yon akse m’ pa t’ap bali non, men m’ pa t’ap al anrichi moun ki deja gen kob. Ou konprann ? Sa vle di fanmi ki pi mal la m’ap fel pase. Men m’ pa t’ap annik pran lajan moun yo pou’m lonje bali non. M’ap fel pase nan yon mwayen nomalman. M’bal yon djob poul anrejistre pou l touche si se nan yon abri poul  genyen, pou’m bal yon kob kay nomalmanm’ap ba lil. Nomalman l pase nan vwa legal, m’ konnen se fanmi’m li ye m’konnen li te gen yon pwoblem m’ retirel. Mwen menm m’ t’ap cheche mete ajan sekre pou’m konnen moun ki gen kay pou pa ba yo akse sa a. Moun ou  we ki vin nan tranbleman an se pa tranbleman an. Paske mwen men m’ viv sa. Se pa tranbleman an ki fem gen pwoblem kay. M’ te toujou gen pwoblem. Depi fem kay mwen pral fini sim te fe tansyon avek sik li t’ap touye’m. Paske depi fem kay mwen fin se yon pwoblem li ye pou mwen. Sa vle di gen moun ki anba tant lan se pa tranbleman ki fel gen pwoblem kay, li te toujou gen pwoblem kay.Se tankou yon souf li pran l’ap priye bondye pandan 4 tran an la a. Mwen menm m’ t’ap cheche moun sa yo ki gen pwoblem sa yo pou yo pa gen pwoblem kay anko. Paske 4 mil dola a nan yon bat je li pase. Paske gen yon bann te k’ap gaspiye nan peyi a. M’t’ap chache pa moun pou’m pase pou’m konnen te sa yo pou kiyes yo ye, pou’m jwenn met yo. M’ pa pral monte sou yo pou’m pran yo nan men met yo.Si yo pa bezwen yo,si se anfeme m’ap anfeme yo pou fe yon sot de vila. Gen pwoblem yo sa vle di pou yo gen kay yo,nonb de fami yo. Pou’m ba yo yon kote desan pou yo rete. Janm konnen m’ paka viv nan salibrite a se konsa m’ t’ap fel pou yo. Ou konprann.Konnyea yon le si se peye,fok m’ ba yo yon anplwa, si se peye m’p fe yo peye yon mil goud pa mwa konsa nan yon nonb de tan,nan 10 zan,nan 5 kan l’ap vin pou yo. Ou konprann ?  Se sam t’ap fe.

M’ka di ou yo eseye ak komansman an. M’rete nan yon kay ak moun usaid  yo .Yo rele’m pou’m fe yon anket. Yo gen yon ekip  espesyalis  nan afe kay. Yo eseye . Yo konnen yo gen yon teren chak fwa yo rive. Yo panse komsi yo gen yon teren ki bon yo pral bati kay.  Premye fwa se 2 mil kay, m’an kontak ak mesye kounyea paske’m vle rantre sa nan rapo m’ap fe a. Premye fwa yo di ekzateman sa nou di a y’ap fe yo bay yon ti kob.Yo gen tout plan yo pral fe yo panse yo gen bon papye. Men gen yon Ameriken ki vini, Ayisyen ki lot bo ki nan jandam, ki vini ak bon papye.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Lame Amerikenn?

Wi, lame Ameriken. Li.vini ak papye pa’l epi yo kraze pwoje a.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Yo tou krazel.

Chak fwa yo diminye kantite kay la. Soti 2 mil apre sa yo di 500. Epi yo te gen 100 kay yo pral bati, sa vle di yon model yon ekzanp pou tout lot ONG yo swiv. Yon gason kite gen te poutan yo pa’t gen papye ditou, se yon blof. Se le sa a yo al Okap, yo bati tout kay sa yo nan Karakol. Tout sa yo se lajan Ameriken kite sipoze pou Potopres. Mesye sa yo se gwo rakete,engenye entenasyonal. Menm kay yo bati la  yo bezwen detwi yo paske yo mal bati yo. Epi premye kou a kay yo se 12 mil dola US pa kay. M’ pa konn si ou we yo ti kay yo. Le fini yo kote 38 mil dola US  pa kay.  Konnyea yo bezwen detwi yo paske yo pa bon.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Pou yo detwi yo!

Ou we kay yo bo Lafito ,agoch, 68 mil US pa kay. Se pa te non pou bati kay.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mezanmi!

Sa a se blan. Blan an fe tout bagay legal. Yo peye 20 fwa plis sa nou te ka fe.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Si yo baw kob sa a, w’ap fe 20 kay.

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Ou achte yon teren.

Ti chelte koute 6 mil dola us. Se sal koute nou. Sa vle moun lot bo bay kob pou ede nou, yon ti chelte ki pa sipoze viv, ki fet an bwa. Menm USAID nou sot pale la a yo mete kay la ate le yo fini. Yo di fok kay la dire 2 zan. Yo peye 6 mil dola pou sa. Y’ap boule lajan, men m’pavle rantre nan fon sa a.

#5 Fleurist  Philomen; Fi; 52 ane; 2 timoun; Kwozin; 9eme ane; Goal: Mezanmi!

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal: Apwoch sa a ou fe a m’konnen sa an Nayiti, m’ pa di m’pat pran non. M’pa t’ap pran fasil nan afe te. Paske zonn Laplen, kote’m rete a, ou pa ka vin achete yon te konsa Laplenn.  Paske vreman moun ki sou li a ka gen menm 13 ane lotbo li pa janm rantre an Nayiti. Se yon lot moun,yon lot fanmi vin pran li vann li.

Premye ide li enpotan pou nou tout gen yon te pou nou pagen chaj sa a sou nou. Li enpotan pou bay Ayisyen fe afel. Si ou fe yon vye dil yo paka vin mete ou deyo. Men si se blan li fe yon gwo bagay. Y’ap monte pwoje y’ap rele nan tribinal y’ap chache gwo kob y’ap kraze pwoje a wi. Men si yo te yon ekoni nasyonal, yo di men pou bati kay pa ou. Yo te ka fe pwoje a. Se jan yo planifyel. Men moun yo te ka fe sa . Si ou di yo men sam ba ou pou bati kay paw. Ou te met swiv yo tou,w’ap fe swivi men ou pa paret. Paske pwoblem ki genyen depi yo we se ONG a ki paret,ou sot ap di sa, Gen moun kay la te met pa vo 3 mil dola depi se ONG ki paret yo moute kob la.Si se ou ki te vini ou te bay 3 mil dola yo t’ap ba ou kay la.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#4 Erns Maire Claire; Fi; 43 ane; 3 timoun; Pwofese; Filo; Goal:  Tankou bann timoun ofelina laj yo depase yo pa vle lage yo nan lari. Moun ki responsab yo, si yo paret y’ap mande yo yon voum lajan. Sa vle di se gwo biwo yo pral fe. Epi se mwen yo voye al anfeme kay. M’al anfeme kay la pou kont mwen. Mwen ki fe pri nomalman. Sa vle di mwen fini, menm chek la pa fe sou non met kay la. Sa vle di mwen ki al labank lan, mwen ki anfeme kay la nan men w. Konnyea ou paka mande anpil lajan. See mwen ki vin devan ou.Men depi yo we moun lan y’ap di ,sa a se ti moun mè, y’ap mete 20 mil dola kay la. E yo pa konnen sitiyasyon timoun yo se timoun kite nan lari. Ou konprann?

Ebyen, nou fini mesi anpil.

FEN

 

Not yo

[1] Cash for work