Kan 3 Benefisye HelpAge

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP KAN #3

Dat transkripsyon: Mekredi 17- Lendi 22 Fevriye 2016

 

Patisipan

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern.

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern.

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite

 

Entwodiksyon.

Tim: Mwen rele Tim, moun ki pa konnen mwen. Mwen preske gen 20 ane nan peyi a. Mwen fe anpil ale vini nan peyi a . Depi avan tranbleman de te a mwen abite nan peyi. Pharell w met prezante’w.

 Pharell: Mwen se Pharell. Nou travay ansanm depi plis ke 15 zan. Nou abitye pale avek anpil lot moun. Petet se premye fwa nap gen pou’n pale avek nou jodia la nan kad pw[1]ogram sa. Mwen espere n’ap bay kontribisyon  ou. Pa ezite pale ak nou. Pa gen non.  Se pa yon egzamen, se yon echanj n’ap fe. Pa pe pale nou met di bagay la jan’l ye, n’ap fe echanj.

 Almathe : Bonjou tout moun. Mwen panse nou tande vwa sa plizye fwa deja . Mwen menm mwen se Almathe Jean .Se mwen ki te responsab  pou’m te rele nou. Mwen fe pati de ekip la .Mwen vreman kontan we nou la. Nou pral fe yon bon ti pale ansanm. N’ap aprann anpil de nou menm. Mwen di nou  mesi deske nou la maten an.

Egain : Bonjou mwen se  Egain. N’ap travay ansanm sa fe lontan. Nou travay sou plisye domen. Kounyea se yon lot esperyans n’ap fe  avek nou. E ou menm tou ou pral fe ak nou. M’ panse ke ou ap ede nou. E nou menm tou ap apren anpil de ou. Mesi anpil.

Piblik : Mesi anpil. Nou menm tou. Mesi.

Eske tout moun isit te jwenn lajan pou enfeme kay?

Piblik: Wi.Wi.Wi.Tout moun isit te jwenn lajan pou enfeme kay.

Nan ki kan nou te ye?

Piblik: Nan kan Fontamara. Lape. Matisan.

Eske gen moun isit ki konnen lot moun?

Piblik: Non.Non. Non. La a nou rekonet.

Pat gen younn nan nou la a kite nan menm kan?

Piblik: Non. Nou te nan men katye, men nou pat nan men kan,

Nou de a te nan menm kan?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Non. Nou pat Nan menm Kan nou te menn katye.

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: M te nan kan bo mache savann pistach Matisan 2a.

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern : M’ te nan lakou Lape Matisan 2a.

 #1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: M’ te Fontamara.

 #4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : M’ te nan Lakou Lape ri bisantne

Apre eske tout moun te jwenn fomasyon? Eske gen moun ki pat jwenn?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Wi. Nou jwenn fomasyon men nou pat jwenn fomasyon pwofesyonel.

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : M’ te jwenn fomasyon nan Kay Pam nan Fontamara.

Nan kisa?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: M’ te jwenn fomasyon nan Kay Pam men se pa bay pwofesyonel. Yo groupe nou ansanm sa vle di yo ban nou ti konsey pou di nou koman pou nou fonksyone. Wi, se sam di wi.

Komsi yo pa ba w fomasyon, komsi nan konstrisyon?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Se li ki pwofesyon an wi.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Wi. Yo konn mandem sam vle aprann wi.( Chwazi)

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Chak moun te gen chwa pa yo. Genyen ki tale pou t’ale aprann metye gen nan yo se kob la yo te pran pou yo tale fe bisnis.

E ou menm kisa w te vle?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Bisnis

Nan pistach,se pa sa’w di?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Non se la m’te rete. M’te vann te tenis.

Ou te vann tenis?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Wi.

Ou chwazi lajan.  Sa vle di yo te bay fomasyon pou fe komes.

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Uhummmm.Wi,wi. Se sa mwen te chwazi.

Eske ou te chwazi sa tou?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age:  Wi. Mwen te chwazi sa tou.

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern:  Kob komes la vin pase nan men mwen.

Poukisa ou pa chwazi metye? Eske gen moun la kite chwazi metye ?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Anpil nan yo te chazwi metye.

( Partisipan ap diskite antre yo sou afe metye.)

.

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Sak fe’m pat ale nan lekol pwofesyonel se paske m’te retounen lekol la.

Ou te retounen?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : M’ te retounen al lekol anko apre yo fin leve’m sou kan an. M’ te retounen al lekol anko.

E ou lekol jiska kounye a?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Wi!

Yon lot bagay map di nou. Ou we chif ki nan men nou an le n’ap pale di’l pou nou ka idantifye moun kap pale a, se enpotan.  Le n’ap pase kaset la pou nou ka we ki moun ki t’ap pale.

Ou te chwazi komes tou?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Wi. Mwen gen pwofesyon deja mwen menm. Men se travay ki difisil m’paka jwenn kon we a. M’ fe mason, m’ chapant, m’feraye se jwenn m paka jwenn travay. M’ te chwazi fe bisnis ak ti kob pam lan. Li fin kraze paske manman mouri denyeman la a kob la pase nan men mwen.

Madanm ou ?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Non. Manman mwen.

Ou paka jwenn travay nan mason?

Piblik: Non. Li pa fasil.

Se boss ou ye oubyen travaye ?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Boss mason!

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Eskize’m gen bos mason e gen kontremet?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Se yon bos mason tou wi.

 

Ou se bos mason tou ?   

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Kile ou te etidye? Ou etidye pou sa?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Mwen pran fomasyon pou sa. Lekol sa se ADEM, se yon ONG.

ONG?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Wi.

Pandan ou te nan kan an oubyen apre?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Pandan mwen te nan kan an m’ te pran’l.

Kiyes kite baw lajan pou te soti nan kan an? Concern?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Konsren.

 Kiyes ki ba ou fomasyon?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Pandan m’ te nan kan an yo bann fomasyon sou mason an.Se pa Konsern non se ALTEL.Se yon feye yo t’ap bay, m’ te pran feye a m t’ale patisipe ladan’ l. M’ te enskri korekteman. Yo pat pran kob nan men mwen. Paske yo te di se yon oganizasyon ki finanse yo.

 Eske ou jwenn djob nan sa?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Non m’ poko.

Ou poko jwenn djob? Ou cheche?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : M’ cheche m’ poko jwenn. Se lekol la kite dim l’ap chache pou mwen. Byen ke m’ te tounen al pran fomasyon an anko nan KPT sou mason an toujou.

Eske ou ka di se bos w ye?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Wi! (Riii) Se bos mwen ye. M’ paka di sa. M’diplome yo poko remet mwen diplom lan men m’ ak 2 setifika nan men mwen.

Kisa sa sa ye yon bos mason? Ki jan w defini yon bos kom bos? Paske gen moun ki travay kom apranti 5 ane yo pap janm bos?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Vreman bos mason an ka responsab santye byen.

Sak fe yo idantifyew kom yon bos? Kijan yon moun ka konnen se bos ou ye tout bon?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Mwen aprann li, m’ pedi tan poum aprann li.

Komsi ou sot di yon bagay m’ pat tande byen. Komsi ou di yon bos mason gen bagay li ka fe yon lot paka fel?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Tankou finich sa a, yon apranti paka fel. Krepisaj sa a yon apranti paka mare fisel pou jwenn li. Lin poto sa a yon apranti paka fel. Krepil pou’l dwat yon apranti paka fel.

Eske gen yon mezi blok ou bezwen mete chak jou pou di se bos w ye?

Piblik : Wi,wi.

Konbyen blok ou sipoze mete chak jou pou yon vreman bos?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Pa jou m’ ka poze 150 blok, 200 blok. Gen santye mwen rive se pa grenn m poze blok le mal vann jounen. Men si male pa grenn m’ toujou fe yon efo pou’m gen plis kob m ka fe. Men si gen moun kom travaye ki rete prem pou ban mwen motye ak blok m’ ka preske poze 200 blok.

Men pifo moun isit soti nan kan an 2014, se pavre? Nou fe 4 ane nan kan an, eskew  pat renmen kan an? Pat gen yon moman ou sonje kan an?

Piblik: M’ pat renmen li. M’te fe alegi. Pitit nou pat alez nou pat alez. M’ paka domi. Domi konn nan je nou nou paka domi.

Eske te gen avantaj nan kan an?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Pat gen avantaj paske’m patat viv byen.

Men nou pat peye kay?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : M’ pat peye kay men kote m’te fe tant lan pat gen sekirite vreman.

Men sa a se yon avantaj?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: M’ fe 4 ane gen yon avantaj kanmenm. Sim te fe 4 an m’ t’ap peye kay a 3mil dola, 3 fwa 3 mil dola w we konbyen t’ap ye. Nou pat byen men nou te soulaje.

Eske li te gen lot avantaj?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Wi, te gen avantaj.

Ki lot avantaj kite gen nan kan anko?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age:  Nou te resevwa ti matla, pwela. Yo te retire nan move ode a. Le pwela yo abime yo ban’m lot.

An nou pran yo youn pa younn. Wi minewo 1, ou met pale.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Wi nou te pale de avantatj, m’ pale.  Wi, se yon avantaj li ye. Wi, nou t’ap fe 4 tran ap peye kay.Nou t’ap peye kay a 4 mil dola pa an. Preske 12 mil dola teka depanse. Pandan nou nan kan an nou soulaje de kob sa a malgre mensi t’ap mal viv. Men li te yon avantaj.

Nou t’ap pale de ti matla?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Wi, sa a se ti don yo te ban nou. Premyeman yo te ban nou ti matla pou nou domi epi apre yo ban nou ti dlo. Apre yo ban nou pwela pou refe tant yo. Le yo abime yo ban nou pou nou refe yo. Li pat yon vre avantaj ki vini devni yon avantaj pa fason nou t’ap viv.

Wi, nimewo 2 ou tap di yon bagay?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Mwen avantaj m’ jwenn te jwenn anba a se Konsern. Kotem te ye a m’ pat ka ekspire. M’ paka jwen manje.

Riiiiiiiiii. Avantaj ou jwenn se pou te soti?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Wi.

Ou pa jwen anyen anko ?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Non ! Sa vle di retire’m mete’m nan kay. M’ap domi byen menm le met kay la ap bann’m chale.

Eskew pa jwenn lot avantaj ? Menm youn nan nan an, apa de sa lot mesye a di ke nou pa peye kay la?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Mwen te jwenn avantaj. Premye jes yo te ban’m pwela m’ te fe tant lan. Yo tounen yo te ban’m galon  pwela tou. Yo te ban’m yon filte tou pou’m te trete dlo tou.

Eske te gen lot kan kite gen plis? Ou pa janm fe jalou pou sa lot kan kon jwen?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Yo pa pre pou nou. Yo pa’t pre nou, nou pa’t konnen chak moun te jwenn pa yo.

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Nou pat konn jwenn manje bagay sa yo. Nou pat konn jwen yo.

Men eskew konn lot kan ki konn jwenn?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Non. M’pa konnen. M’ pa konn mache nan lot kan yo.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Yo ka jwenn yon ti kit.

 Ou pat jwenn yon chif? Pran nimewo 7. Kisa ou te konn jwen ?

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite: Bon, pandan mwen te nan kan an m pa’t gen yon bon vi se vre.Men ,eee manmanm gen nou kat manmanm trouve nou anba tant men ki pat telman bon pou nou.Men kite amelyore yon lot kote paske te gen yon gwo ravinn se sou ravinn lan nou te ye. Le lapli tonbe dlo marengwen. Men pandan se tan sim t’ap peye pandan 4 tran. Men pandan m’ anba tant lan m sonje m gen ti frem ki pat gen ak de nesans, te gen ennnn koman moun sa yo te rele ? Yon lot aganizasyon kite pase,yo te fe akdenesans lan pou nou.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Yo bay anpil moun batiste.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite :  Wi. Apre sa, nou te gen yon ti bebe kite malad li te jwenn swen m, pa raple moun sa yo toujou, se moun ki t’ap pase nan zone lan. Epi te gen Oxfam kite pase ban nou bokit,savon,ti klorox pou nou sevi. Umhummm. Men kanmenm nou te reziye nou te reziye nou. Sin te gen posibilite nou patap rete se yon avantal li ye kanmenm.

 

 

Ou gen bagay ou  tap ajoute nimewo 4?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Wi. Apre le’m te vin fe imajinasyon, m’di se nan peyim  m’ prale. Paske m’ p’ap ka viv nan kondisyon sa. Men sim pran 5 pitit m’ pati al nan peyim se machin m’ap peye mil goud, m’pat gen lajan pou m’ale. Apre gen moun ki ale a pye ,m pa santim ka mache apye.Mwen apiye’m la tout. Dra m’ te genyen pase nan fe kay, chire. Sa yo vole,yo vole m rete la.M rete la.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : M’sonje premye ti tant nou fe se ak yon papye dlo Alaska nou fe’l. Wi. (Riiii)

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Sache dlo Alaska yo te vin jete.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite :  Nou bare yon kay ak li yon gwo chato nou koud papye Alaska a pou nou mete anba.

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Men yo domi men sak vin depafini ak mwen m’ pa domi pou m’ap siveye paske se fi yo ye.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Ou se yon manman responsab.

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : M’ pat gen papa ansanm ak yo pou edem siveye. M’ retem siveye lanwit m’ pa domi, lajounen m bay ti kabicha kout tet. M’ konn ap mare yon ti sak chabon la a m’ domi sou li m sot tonbe si telman mwen pa domi. M ‘rete chak kon m’ap di, timoun n‘ap pran wout apye kanmenm nou pral andeyo. Y’ap di manman koman n’ap fe mache? Nou pap ka mache e Bene lwen. Nou rete la.Nou rete la. Men yo vin pase bay pwela, bann moso pwela. M’ al achte bwa m’ fe kay. Mwen ki  fe bos kay la? M’ fe kay m rete ak timoun yo. Nou rete la. Nou rete la. M’ fe yon gwo kabann woch. M’ jwenn banm woch bo ravinn lan,m layite sou yon gwo kaban woch.( Yon po frijide ki fe matla). Le tout moun vini yo di:Ase w gen yon bel kabann?(Riiiiiiiiii) M’gen yon bel kabann m’ap domi. Men m’ toujou viv ak kouraj. Gen moun k’ap kriye pafwa m’ konn bezwen kriye m ‘pa gen dlo pou’m kriye. Pou’m we nan ki eta sitiyasyon m’ ye, m’ap pran fos kanmenm. Ebyen yon le m’ we yo pase make tant paske OIM  ap vin ban nou kat,vin fe kat pou tout moun epi tout moun ranpli.

Men kisa kat sa a te fe pou nou?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Bon, m’ pat konnen, m fel, tout moun fel. Men san kel pat regle. Men tout moun rete tout moun ap bay le pa yo. Chak moun bay pawol. Ou konnen depiw dan le bezwen pawol la vini souvan.Tout moun bay pay pawol, bay pawol. Men  timoun, bon se yon denye le pou n’ale. Gen yon frem ki dim vin lakay li. Madanm li di ki kote l’ap pranm ak 5 pitit kote l’ap mete yo.

Ki kote? Bene?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern. Non.Lakay pa’l.

Potoprens?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern. Wi Potoprens. Li pa dako e frem nan pa an mezi poul te peye kay pou nou. Nou rete. Tribilasyon nou a te a, mare ti chabon m. Pafwa m’ we yo dekouraje m fe ti  chelbe danse pou yo. M’ tou malad map ba yo plezi.

Pou ba yo plezi?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern.: Wi. M’ mete cho pou yo. (Anti stres) Nou rete la, nou rete la, nou rete la.Jis le yo vinn pase.

Yo te vin leve nou?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Epi gwo chef vin pase,vin mande nou kat OIM nou bay li apre sa yo ban nou lot kat. Yo di y’ap vin leve nou. Moun yo di: ‘’Tout  se cho y’ap vin bay la a yo p’ap vin leve nou.’’ M’ di yo m’ rete kwe menm yo pap vin leve tout moun m’ap rete konsa yo ap vin leve’m. Paske te gen yon jounalis pandan mwen t’ap mare chabon ki te vin fe enterview ave’m. M’ pale pale. Ohoh ! Tout nan zon lan di bon yo vin leve Ase ak 4 pitit li yo. (Riiiiiii) M’ di wi. M’ prale,m prale m’ap voye vin cheche nou tout. Nou rete. Nou rete. Nou priye. Bondye fe yo vin leve nou. M’ leve 2 men mwen anle m’ di Bondye mesi. Ni Bondye an premye ni oganizasyon an ki vin leve nou an an dezyem, ki fe yon paket bagay pou nou ki vini retire nou nan sa nou te ye a .Nou domi lakay nou konye a. Bon, gen yon le mwen rive menm chodye m pat gen pou’m  fe mange.Se yon ti kivet estenles yo m’ mete sou dife pou’m fe manje.

Le ou te fek rantre nan kan?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Wi. Lem fek rantre nan kan an.

Dako n’ap tounen sou sa. Men eske ou we te gen avantaj nan kan?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Sel avantaj m te jwenn kan, sel sa te jwen kom nimewo 1 sot di sa se te fe 4 tran m pat peye kay.Sel avantaj sa a mwen te jwenn. M’ pat jwenn anyen anko. Jis m’ rete la a m’ t’ap mal domi, m t’ap mal manje. Kounyea m’ ka di gras a Konsern apre sa m pat jwenn anyen.

An general ou pat renmem kan. Ou fe 4 tran nan kan. Avan ou te rete nan kan eske pa gen moun la kite gen kay yo?

Piblik: Non.Non.Non

Tout moun te nan fem?

Piblik: Wi. Wi.Wi.

Poukisa nou fe 4 tran nan kan an epi nou pat fe jan pou nou soti ladan’l?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern :  Nou pat gen posibilite. Nou pat gen nan men pou nou enfeme kay. Nou bouche nen nou pou nou bwe dlo santi.

Ou se bos, avan ou te nan kan ou t’ap travay?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern :  Se nan kay pam m’ te ye. Se tranbleman ki kraze’l. Kay pam menm li te ye.

Poukisaw pat al travay ? Ou se bos.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern :  M’ pat jwenn travay.

Sa vle di pandan tout 4 tran sa a ou pa jwenn travay?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : M’ gen 4 pitit. M’ ka sove yon jounen travay. M’ ka fe 8,15 jou anko m’ paka jwenn yon lot jounen. Timoun yo paka soufri grangou.

Se kay pa w li te ye?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Wi.

Kote te a?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern Te a la ak tout bagay dekonb yo sou li.

Ou paka netwaye li?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Non.Pwoblem posibilte.

 

Ou bezwen kob pou konstwi li?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Wi.

Yo pat baw chwa?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern Non.

 E ou menm minewo 1, poukisa ou pa’t retire tet ou nan kan an?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Kan an vreman, kom m’ te di tale a li te soulaje yon fason. Pat gen mwayen poutan enfeme kay ak pwop bagay nou paske pat gen fason.

 Chak moun ap esplike kis yo te kon fe avan tranbleman de te a. An komanse ak nimewo 1. Kisa ou te genyen kom metye ?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Se taye mwen fe : Se kouti mwen fe. Nan tranbleman de te manman mwen vini mouri nan tranbleman de te. Sik mwen vin monte. Sik la vin gate zye’m. M’paka koud anko. M’ pa we pou’m koud anko. M’ te konn fe chofe. Se kondwi mwen kondwi.

Ou paka kondwi?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : M’ kondwi. M’ kondwi byen. Men ti bagay piti. Sik la kraze zye a.

Men eske ou jwenn djob nan chofe a?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age Wi. M’ travay. M travay pou tet pam. M pa travay pou oganizasyon. M’ fe taptap. M ‘fe bus.

Pandan ou te nan kan an eske ou te toujou ap travay kom chofe?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age :  M’pat jwenn machine fasil, paske machine yo te kraze nan tranbleman de te a. Pafwa pat gen machion nan la ri.

Se pa machine pa ou?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Se pa pam li te ye.

Ou pat ka jwenn djob ak ONG?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: M’depoze cv m pa’t jwenn. M’ depoze cv plizye kote.Yo pa’t rele ‘m. Depoze cv a pa anyen paske moun lan gen zanmi pa l’ pou’l pran san traka. Se te pou cv m pa t’ap jwenn djob. Paskem depoze a plizye repriz m pat jwenn.

Konnye a kisa ou fe?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Ag M’ toujou chofe a.

Taptap?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Wi, taptap,bus, M’ konn fe pwovens tout bagay.

Konbyen timoun ou genyen?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: 3

Nimewo 2, kisa ou te fe avan tranbleman de te a? Koman vi ou te ye?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern : Le sam nou te konn fe ti woulman. Avan de sa eee se ak bos sa a mwen te konn travay. Depi ou we al travay male avel. Depi wel pa al travay, m’ pa al travay. Gen de le m’ te konn fe lot ti bras, ti komes mwen. Kob yo pase. M te gen pitit mwen kite konn malad, tout ti kob m’ fe tout pase. Se pa rete m’ ta rete anba anba tant lan non.

Avan sa kote ou te rete?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern.M’ te rete lakay yon se mwen.

Se pou ki te konn peye kay?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Non

Ou te lakay sew ak ansanm tout fanmi ou, madan ou, pitit ou?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Non, m’ pat younn nan moun kite fe fi bone.

Konbyen pitit ou genyen?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern. 2

Kote timoun yo te ye avan tranbleman de te, pwovens?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern. Wi.

Se ou a abite nan kan an tou?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern. Non. Kay yo a pa kraze .

Yo te rete lakay la epi ou menm ou ale nan kan?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Wi. Ou konnen m te vin pran poz gran neg mwen. M’ pa rete lakay moun anko.

Piblik:  Riiiiiiiiiiiiiiiiiiii

Bon ou fe 4 tran nan kan an, pousye ak move lavi. Avan tranbleman de te pase ou te lakay sew. Ou pat peye kay. Ou  tap yon tijan byen viv.Poukisaw fe 4 tran ale rete nan kan?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Akoz de fi a wi. M vin gen madanm pitit. Ou konpran ? Mpa vle kitel pou’m ale.

Eske yo patap asepte pou ale ak yo? Timoun yo vin rete ak ou nan kan an ?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern. Timoun yo vinn jwenn mwen nan kan an.

Timoun yo soti andeyo vin jwenn ou?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern:  Wi. Yo vin jwenn mwen nan kan an.

Nan sans sa a, gen yon rapo mwen tap ekri, gen anpil jen gason ki ale rete nan. Se paske kounya yo ka  vin gen kay pa yo.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiii

 Nan sans sa a se yon avantaj?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Wi,wi. Se yon avantaj gen moun ki kite kay yo, ki vin nan tant.

Sa a se yon gwo kesyon. Yon ti chanm se 1 mil, 2 mil, 3 mil dola.

Piblik: Ane isit bagay yo pi red. Se nan mas la li konsa wi. Se tet chaje gen kote se menm lajan ameriken.

(Anpil pale sou afe kob kay.)

E ou menm nimewo 6, kisaw t’ap avan tranbleman te a?  Ki kote  ou te ye? Sa’w t’ap fe pou peye kay?

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern : M’ te gen yon moun kite konn ede’m. Pandan map vini la, met kay la rele’m. M’ dil m’ te gen yon monen map kite’l pou ki li, li vle se se tout kob la pou ba li. Li di’m pou’m peye tout kob la. Pandan map vini la wi, met kay la.

Ou di avan tranbleman te gen yon moun kite kon edew peye ka la ?

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern : Wi. Li di li pa kapab anko. Depi Septanm tet mwen cho.

(Repondan ap pale tre ba ak yo lot ki chita pre li sou afe kob kay la. Pawole pa soti byen. Patisipan panse se kob lap jwen paske li vin an.)

E ou menm nimewo 5 ?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern: Avan tranbleman de te se frem ki te konn edem peye kay la. Li vin mouri.

Frew te mouri avan tranbleman de te a?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Wi li te mouri avan sa.

Konbyen tan li te mouri avan tranbleman de te a?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Kay la te vin kraze. M’ t’ap fe komes anba lavil. M’ te gen kaban mwen m’ vann li m t’al nan kan an.

Kisa ou t’ap fe pou jwen kob pandan tranbleman de te a?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: M t’ap fe komes likidasyon anba lavil la. Se ave’l m peye lekol ti moun yo.Tout tranbleman de te pase m’ nan machin m’ap soti Bene. M’ te pase pa Jakmel. Tou depoze valiz kite nan men mwen an tranbleman de te pase.Selman ti gason mwen di manman: “Men yo mete dife nan kay la”. M mande kotew we sa? Timoun sa yo lekol sou Lali.Yo fenk sot lekol inifom poko retire menm sou yo pou yo dezabiye yo. M’ap rale yo soti nan yon kay ki gentan kraze.Gen yon kay devan mwen an ki kraze tout blok yo gentan a te. M’ap rale yo soti deyo. Y’ap rele’m rantre. Konnyea m’ap mande sak pase. Konyea men premye pitit mwen an ki t’ap travay, lot twa yo m sove yo. M pedi younn paske anpil moun gentan mouri. M’ pedi younn nan timoun yo, epi m’ap tranble, m’ap tranble.

Ou te pedi youn nan ti moun yo?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Non. M’ap di mwen pedi youn paske’m pa we li. M’ap panse epi nan menm moman an gen younn ki di, “Manman men entel” ap vini .Li pa blese. M’ leve vip m mete’l sou do mwen. M pran pitit la komsi yon kote m’ vle ale. Komsi yon moun kita vle pedi tet li. M’ poko janm konn sak pase a. M’ we tout moun kite nan kay tout retire ko yo mwen menm m’ kouri pran timoun yo.Tout moun mete ko yo bo ravin lan. Le nou chita la dlo ap pase lanme a ap monte vin jwenn nou. Gen moun ki al Chanmas. Gen ki al andeyo. Epi gen Pe Laguer ki voye Kiro vin cheche nou. Li di nou, “Domi la”. Mwen menm m te rive an reta m te chita nan mitan 2 moun mouri. De timoun manman yo ak papa yo mouri. Kon li ve 3 ze di maten, yo di se yon bagay ki kenbe te sa a depi’l kase lanme monte anvayi nou tout moun moun mouri. Mwen menm m vin vle pedi tet mwen. M’ap rele “Therese, Mirlande, Betina, Binbin”. Koman, m ta vle pou’m kenbe yo fok tout ta tache nan yon eping sou mwen pou’m ta nan mitan yo, pou’m konsa ak yo. Pou’m ta santi mwen alez. Epi’m gen yon granmoun ki aveg m’ souplas la ak li. Li granmoun m paka kouri kite li. Epi m’ouve yon dra ate a m di tout moun rete la m’al chache dra pou yo kouvri. Papa yo konnen tout bagay sa li yo pa pase. M’ rete la bo kote moun. E men machin ki te vin jete fatra a pote yon gwo kay m rete ladan’l. Chak kon pou’m ta ale m pa gen aktivite pou’m peye lekol. M rete la ak timoun. Yo pedi yon ane lekol. Se sak fe’m te rete nan kan an. Men se pa renmen m te renmen kan an non. Paske’m pa t’ap byen viv nan kan an.Chak rat ki pou pase sou ou. Asyet w fin manje w metel la, yo pase ladanl w’ap gade. W’ap asiste tout bagay sa yo.Ou pa mouri!

 E ou men minwo 3, kisa ou te kon fe avan?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern Sam te konn fe avan? M’te konn fe recho. M’ te gen bisnis m’te konn ap vann devan Notredam. Le’m jwenn yon ti degaje m’te gen yon ti fre mwen ki vann pou mwen m’ al bwase. Le’m fe yon semen m’pa al travay m’ap jere bisnis mwen.Tranbleman de te pase li mete’m nan cho. E mwen te gen bisnis chabon lakay mwen.

Moun ki kote ou ye? Ou fet potopres:

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Non. Grandans.

Poukisa Ou pat retounen Grandans apre tranbleman de te? Ou gen fanmi la?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Wi. M’ te ale m’ te fe anviwon 2 mwa.

 

Andeyo?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Wi. Andeyo. Le sa m’tal repose, apre sa pou m’te repliye mwen. Paske mwen gen kat pitit andeyo mwen pa travay te.

Bon poukisa ou pat tounen Bene?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Bon, mwen siw voye’m konyea mwem prale.

Plibik: Riiiiiiiiiiiiiiiiii

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: M’ vle ale.

Poukisa ou pat tou ale?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Mwen diw, apre tranbleman de te m’ pat gen anyen nan menm. Lew pran 5 pitit, manman mwen se yon moun ki enfim ate. Papa’m mouri depi 2001.

Manman’w Bene?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Wi.Manman’m Bene.Apre sa m pa genyen fre kap kanpe ave’m pou ban mwen ni se pou ban mwen. Epi le’m pral chita pou’m plante ko’m konsa,la a se baton m’ t’ap vini la a si’m te retounen anko.Wi m t’ap gentan tranble nan 51ane m nan. Se tranble m’tap tranble wi. Malgre tout efo ou we’m kanpe byen djanm m t’ap gentan kokobe. Paske mize ta pral touye mwen. Men si’m jwenn yon moun di’m, ou we apre midi a m’ap voyew al abite Bene wi. Ak yon kondisyon tet fret.(Riiiiiiiiiiiii) Wi m’prale wi.Paske se peyi’m li ye. Lakay se lakay.

E ou men, ou se moun Tigwav ou te ye ? Poukisaw pat tounen?

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern: Ebyen, ou konnen ti moun yo lekol isit. M’ paka ale se isit m fe timoun yo.

Ou paka al andeyo ak yo ?

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern: Non.

E ou menm nimewo 5, ou se moun andeyo?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern: Wi. M’ se moun Ansavo.

E poukisa w pat tounen andeyo?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern: M’ pat tounen apre tranbleman de te a, timoun yo yo tale ave yo.

Yo te vi vin pran yo apre tranbleman te?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern: Timoun fre mwen nan kite mouri a.

Frew mouri an 2009, timoun sa yo te nan men w?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern: Wi, avem.

Le tranbleman pase yo te nan men w?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern: Wi.

Apre tranbleman te yo vin cheche yo?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern: Wi.

E ou menm ou pa santi w te kal andeyo?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde;Concern: Al andeyo m’ pa we sa’m te kite pou’m al jwenn.

Ou se moun andeyo tou?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern. Wi. M se moun Grandans.

(Repondan ap rakonte yon istwa men li pale ba anpil. Pawol li pa soti kle.)

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiii

Sa vle di, ou te andeyo avan? Kilew te kite andeyo?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Bon m’ pa sonje.M pa raple dat la.

Apre tranbleman de te ou pat tounen? Pou tout move eksperyans ou  te fe yo?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern: Non.Se yon move bagay kite fem kite anba a. M’ te isi, m’ te desann m’ tal nan vakans. Epi pou’m ta tounen anba a m’ vin gen pitit fok m’ ta gen yon bagay anba deja lem rive pou’m bali. (Unhunnn)Ou byen pou’m ta kite yo isit poum al degajem anba a.

Nimewo 1, e ou menm ?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: M’ gen o mwen 40 tan Potoprens. M’ vin potoprens a 22 zan, paske’m a laj de 62 zan. Manman’m papa’m te isit, si yo te nan pwovens m’ t’a pral jwenn yo, men yo te isit. Kwake m’ mwen rete nan deze a men m’ pa gen lot kote poum ale. Papa’m mouri, manman’m mouri. M’ oblije isit m pou te balanse pou’m rete.

Pandan nou te nan kan an kisa nou te konn fe pou nou viv? Pa ezanp pou nou jwenn manje pou nou bay timoun yo? Nap fe menm jan nou sot fe a, youn apre lot. Nimewo 5.

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : M’ te vann kabann mwen. M’ te konn achte pen pou m te vann. E ave’l m te arive menm lekol m te konn peye.

E ou menm nimwo 1?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age Mwen se chofe mwen ye. Le’m fe yon jounen travay m’fe yon 20 dola mwen m kitel pou semen nan. M’ degaje’m ave’l. Pat gen gwo mwayen.

E ou menm nimwo 3 ?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Pou mwen menm, m’ pat konn jwenn anyen nan kan. Chak jou m’ leve m pran lari a. M te toujou jwenn yon zanmi banm yon 100 goud, banm yon 50 goud paske’m pat gen anyen nan men mwen. Se zanmi ki t’ap tcheke’m.

E ou menm nimewo 4?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Mwen menm m’ te konn mare chabon. M’ konn fe lot ti aktivite mare sik 5 goud mwen vann. M’ te konn achte gallon lwil mezire vann. M’ manje ladan’l m’ vann ladan’l.

Nap vire koze kounyea. An pale de sa ONG fe pou moun ki te nan kan an. Nou di nou te gen pwoblem depi avan tranbleman de te. Pifo moun nan kan an te abitye enfeme kay, se pa vre?

Piblik: Wi.

 

Ou te toujou oblije peye kay.

Piblik: Wi.

Se konsa li toujou ye. Moun ki gen kob se yo ki jwenn bagay pi fasil. Moun ki pa genyen bagay yo pi difisil pou you. (Wi!)  Se konsi bagay la se yon enjistis li ye. (Wi!) . Ou menm ki isit vle di ke ou te vreman gen problem. Ou pran kob ou enfeme kay. Gen moun nan kan ki gen kay epi yo t’ap chache kob. Sean Penn rele’m yon le pou etidye kan pa yo a, paske yon fi la ki t’ap joure, joure. Le lot moun vini yi di fi a  se yon moun ki gen yon kay 3 etaj. (Riiii. Ou jwen sa anpil. Gen anpil moun ki fe sa.) L’ap bay presyon pou’l jwen kob pa’l. Te gen sa anpil.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Anpil moun te gen kay. Men m’pap fe’l.

Eske te gen anpil moun kite jwenn kob, ki pa vreman bezwen li? Se pa konsi y’ap chache moun ki fe sa non. Yo konnen deja gen moun ki fe sa. M’ jis bezwen konnen sa ou panse sou sa?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern: Mwen menm nan kan pa’m lan nan lakou Lape tout moun te cheche kay.Tout moun jwenn kob yo.Tout moun cheche kay.

Pat gen anpil blofe?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Komsi  moun ki di yo pa genyen pou tan yo genyen ?

Wi?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Non. Pat genyen.

 

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Avantaj Konsern te bay, avan li mete ou sou dosye kay, li di al cheche kay la.S e li ki al peye kay la.

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Wi ! Se li k’al peye kay la.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Si kay la pa an bon eta li pap peye’l. Li konsilte douch dabo. Depi kay la bo ravin, depi kay la gen gwo pye bwa pou le van tanpet li pa kitew ladan. Avan li peye kay la pou ou dabo li verifye li avan.

Gen moun ki mete tou ak met kay la pou yo ka pran kay la?

Piblik:  Wi. Sa fet.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern Wi. M’ we sa deja. Nan kan kote te ye a m’we sa. Moun lan jwenn kay la li pase kondisyon ak met kay la li fe kob la. Men tou aktyelman gen anpil moun ki preske gen men pwoblem lan.Gen ki peye kay 4 mil, 3mil dola ki paka peye kay konyea.Yo preske tounen nan menm cho a .Nan yon sans anko, depi Septam, O ktob kay la bout.

Kounya pwoblem tounen pwoblem pi red. Kounya ou pa gen mwayen.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern Se yon vi pwoblem li ye. Vi a chaje pwoblem.

Nan  sans sa a, si ou pat jwenn fomasyon pou fe komes nou retounen nan menm pwoblem lan.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Konsern te, nan reyinyon li te konn ap fe ak moun yo li te konn pale ak moun yo. Li te ba yo yon ti kob li te voye yo al fe komes. Le kay la bout ou menm pou degajew. Siw paka peye youn 3 mil, si w ka peye younn mil peye younn mil. Men si kob la kraze nan men yo, li pat bay garanti li t’ap kontinye peye kay. Pou n’al degaje nou ak sal te ban nou an pou nou kontinye peye kay la. Mwen ak sa’l te ban mwen an si se pat manman’m kite vin mouri la a, li t’ap voye’m byen wo. Pou janm t’ap jere’l. Se mwen ki premye pitit li mouri nan men mwen. Avan yon lot paret se mwen pou yo rele. Se sak fe’l vini pase. Li te bay twop garanti.

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Mwen avel m’ap lite toujou. Epi’m peye lekol pa’m. M’ peye lekol pitit mwen.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Bravo!

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Li pa je anko, li te pi gwo. Paske le w’ap retire ladan’l men m’ gen  tras li toujou.

M’ pa konprann sa w’ap di de garanti? Eske se garanti yo diw y’ap baw anko?

Piblik: Non. Non.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Apre yo enfeme kay yo, yo te bay moun yo yon kob.

Sa a se garanti w’ap di a? Yo ba yo kob pou woulman?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Wi.

Sa a se garanti?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Wi, depiw pat genyen yo baw se garanti li ye.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Garanti,garanti,garanti, paske nou victim de tranbleman de te nou pa viktim de Konsern.

Men yon lot bagay anko, konyea se twazyem fokis gwoup nou fe. Sam toujou tande moun di, m poko tande moun ki di yo te pedi moun nan tranbleman de te.Se pa tranbleman te men se pwoblem kob. Nou tonbe nan kan li pat bon. Nou konnen te gen pwoblem ekonomik.  Anpil ed vin tonbe epi mache a kraze.Nou tout te gen pwoblem. Ou te gen pwoblem je.Ou te gen pwoblem manman mouri. Se sam tande. Anpil moun se viktim lavi,viktim enjistis ak pwoblem. Eske se konsa nou we’l? Apre tranbeman de te nou fe anket nou we pifo moun ki nan kan se pa moun kite gen kay. Se moun kite enfeme kay. Yo konn di moun sa yo sou blof, men non moun sa yo te deja gen pwoblem. Men Concern poul edew fok yo di ou se viktim tranbleman de te.Nan yon sans m’ pa konn sa pou’m fe avak sa. Nou ekri yon rapo, moun sa yo se viktim lavi. Yo se viktim lot enjistis. Pa gen kob. Pa gen travay.Peyi a gen pwoblem depi 30 tan. Yo kraze mache a. Yo kraze anpil bagay, pa gen woulman. Nou ka di nou se viktim sa bagay sa yo men pou isit m’ paka di se viktim tranbleman de te. Ou met korije’m. M’ diw sa paske’m vle we saw gen pou di sou sa.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: M’ gen moun ki mouri.

Ou gen moun ki mouri?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Manman’m mouri. M’ gen fre mwen ki mouri. M’ gen se mwen ki mouri. M’ gen yon bo fre’m ki mouri.

Epiw  pedi kay?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern: Epim pedi kay la. E m gen kenpot 6 moun m pedi nan tranbleman de te a ki nan sen[2] pam.

 

Eske nou ka di nou se victim tranbleman de te a?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Nou ka di nou se viktim tranbleman de te.

Se pa tout moun. Ou se premye ka m’ tande nan gwoup sa a ki pedi fanmi e ki gen kay ki kraze. Gen anpil moun ki tounen yo ranje kay yo.Yo pa jwenn anyen nan men ONG men yo te gen lot mwayen.Yo te gen kay yo. Yo te gen bye. Yo te gen djob obyen yo jwenn yon djob nan men yon ONG. Epi saw t’ap di a? Anpil nan nou se bisnis nou te konn ap fe. Nou kon ap vann lavil  e si nou viktim tranbleman de te a nou viktim paske nou pedi komes nou?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Wi. M’ pedi komes mwen anba lavil.Depo kote’m te mete’l la kraze konnye a m’ pedi’l.

Eske se viktim tranbleman de te ou ye?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : M’ pa viktim tranbleman de te. Paske’m pa’t gen moun ki mouri. Paske nan tout saw sot di yo m’ pagen moun ki mouri.Mwen viktim tranbleman de te lavi a paske’ m te gentan ap maltrete ladan’l deja. E te gentan pat gen yon sipo pou’m te ka ede ni tet mwen,ni pitit mwen ni yon lot moun. M’ deja pat bon deja avan tranbleman de te a.Tranbleman de te a se yon sekous li ye ki vini kraze tout moun,tout bagay .Nou paka byen viv. M ‘pat gen moun mouri. Yon sel moun m’ te gen gen ki mouri nan fami m,se te yon fanmi jis byen lwen kite mouri nan lekol. Koman lekol la te rele menm,nan lekol enfimye bo lopital general li te mouri la. Se pat preke pwoch mwen. (M’gon nevem ak yon nyes mwen ki mouri.) Pou bo kote pam m’ pat gen pitit mouri. M’ pat gen fre mouri. Papa’m te mouri se pat nan tranbleman de te a. M te frape pa li kanmenm.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : Kote’m te afeme a te kraze men nou vin pa gen mwayen pou nou peye kay nou oblije anba tant. Epi sam te genyen an se li m’ manje. Manman m achte ti lwil la li vann ladan’l nou te rete la.

Ou fini lekol?

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite :  Wi. M’  rive an filo men m’ pa fe lwen kesa.

Eske ou santiw se viktim tranbleman de te?

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern: Wi.M’ te gen ti gason m lan,m te viktim m’te bo ravinn lan m te gen yon ti blok ki tonbe sou li.

Piblik: Riiii.Ti blok ?Ti blok ? Gen afe ti blok ?

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern: M’ te gen yon manje sou dife m panse se kouran. Blok tonbe se bondye ki sove ti moun sa a.

 Sou afe kouran, mwen pa  konpran saw vle di?

#6 Joseph Carole; Fi; 54 ane; 4 timoun; Komes; Prime; Concern: Non, mwen panse se kouran. (Ahhh, ok) Le’m we kay la ap balance ak mwen, kom kay la te bout m’ te enfeme’l 5 mil dola. Konnya m’ te vin soti ladan’l. M kraze woch m kouche jou a. Fredi bat nou men nou di mesi Bondye nou sove. Hummmm, apresa….

Eske w panse se viktim tranbleman de te ou ye, nimwo 2?

# 2 Sifra Eugene;Gason;49 ane; 2 timoun; Mason; Okenn;Concern : M’ pat gen moun kite mouri men m te viktim kanmenm. M’ viktim, m’tal vann m pedi komes mwen.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : M’ te viktim nan tranbleman de te a. Mwen pedi manman’m.Tout moun viktim an general nan tranbleman de te a. Men genyen ki pi grav, genyen ki pi mal. Tout moun viktim.

Gen moun ki benefisye de tranbleman de te a?

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Bon nou pat atann de sa. Tout moun viktim. Se yon sipriz li ban nou. Tout moun viktim.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : Nan tranbleman de te nan tant, m’ tonbe. Men a nojou la m’ gen yon zo la ki pi gwo. Pou fason m tonbe a sa vle di sa a pi gwo sa a pi pipiti.

Li kase?

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : Li pa kase non. Men chak kon m’ paka leve yon bagay ki lou depi ‘m leve’l li repran mwen lam.Sa a soti pi gwo, sa a soti pi pi piti. Se pou’m antre nan tant lan gen lapli epi pyem glise m’ tonbe. Se pa pandan bagay yo pase m’ tonbe a non se apre.

Mwen gen yon sel kesyon anko. Nan tout lajan ki vini pou tranbleman de te a, gen moun ki manje kob la kite sipoze pou moun kite viktm yo. Pifo kob sa yo nou konnen yo al kay moun ki rich. Yo konstwi bel otel, achte bel machin.Gen anpil moun ki al lotbo sou kob sa yo. Sak ki te rive nan men vreman moun ki viktim  yo se yon ti pay. Nou pap rantre nan sa. Imagine si kob sa se nan menw li te tonbe pou ede moun ki nan kan yo, kijan ou t’ap distribye kob sa? Ou gen chwa pou bay moun kay, enfeme kay oswe ede nan biznis. Kisa ou panse ki t’ap pi bon?  Kisa ou t’ap fe? Koman ou t’ap envite lot moun manje kob sa? Mesye Jean ou met pale.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : M’ap chwazi menm jan Konsern te fe m’ap peye kay pou yo.Apre peye kay sak vle fe biznis y’ap fe biznis.E si gen moun ki reponn pou yo aprann yon bagay pou demen pou ya ka ede tet yo, madanm, ak pitit yo map fe yo aprenn yo bagay.

W’ap fe menm bagay Concern te fe a?

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Wi.

Pa gen lot moun?  Eskew  t’ap fe menm bagay Concern fe a?

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite:  Wi. Se pi meye fason jan’l fel la. Li te ka nan menm pou’m disrtribye mwen di se mache m’pral mache pandan se tan le’m jwenn ak sa a, sa a banm yon pawol, sa a banm yon pawol. Konya men si gen yon biwo ki estab pou sa, pa egzanp Konsern janl reyini nou fe yon fomasyon. Li distribyel jan l te fe okomansman l’ap pi bon. Tout moun soti jwenn yon bagay kan menm.

Pou mwen menm m t’ap bay moun te pou konstwi. Sa se yon bagay ki dirab. Paske ou pap oblije peye anko paske gen te ki ba pri. Pou mwen yo manke ke opotinite la. ( Wi)  ONG yo te ka rive nan Koray epi byen divize te a. Bay chak moun dlo. Yo te ka fe sa. Pou mwen menm sa t’ap bi bon pou nou. Wi.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite:  Tankou moun ki gen te yo li teka ba yo chelte, moun ki gen te ki pa gen kay yo.

Men fok nou sonje yon bagay tou men gen anpil lajan kob la anpil. Se pa ti kay la selman yo teka enfeme pou nou. Kob la anpil sil te nan men nou ki sa nou t’ap fe ak li?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Sam t’ap fe si se ta mwen menm ki ta nan pozisyon sa a, m’ t’ap fe yon resansman. M patap al we plis enfeme kay, sim enfeme kay la le’l bout fok mwen ta jwenn yon lot kob anko pou’m ta ba yo pou yo enfeme kay. M’ t’ap achte te m bati yon kay ba yo. La m’ konnen kay la ap rete la. M’ pa t’ap peye kay la anko. Sim ta gen kob nan men mwen m’ ta gen yon lot poum ajoute, m’ t’ap ajoute’l. Afe dosye kay la sa pa t’ap nan tet mwen anko.

Dako. Wi, nimewo 1.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age :  Li enpotan pou mwen menm si se mwen ki nan tet bagay . M pa t’ap ka bati yon kay endividyel bay chak moun. M t’ap achte yon te m t’ap bati yon ral (Ok) a letaj. Petet m’ te k a kay ba yo ak yon pri. Rive yon le li t’ap pou yo menm jan gouvennman an fe a. M t’ap leve anpil moun nan chak kan, m’ ta pral chak kote ki gen kan m’ ta pral leve yo mete yo nan kay pa yo.

Ok. Pa gen moun ki ta vle ajoute anyen anko?

(Piblik la pale ansanm.)

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Eksize’m yo di si kob la anpil. Si kob la anpil yo pata bezwen, koman yo di bagay la anko,  antotye[3] moun yo.  Fe yon ral pou’m mete moun yo, paske chak moun gen yon konpotman.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Men gen apatman. Se pi gwo pwoblem nan Potoprens se pwoblem kay.Pi gwo pwoblem nan Potoprens se pwoblem kay.Ou ka degagew pou jwenn yon bagay pou manje men se domi an ki pi difisil.

Piblik : Fok w domi!  Fok w domi. Se pou kay w’ap travay. Depiw gen kay ou soulaje. Se nan sa m’ vle retire tet mwen. Met kay la rele’m la a m’gen 4 mil dola pou’m bali m’ gen 2 mil dola la a pou’m bal kenbe. Se kay ki manje komes moun. Fok toujou retire yon bagay pou kay la. Se pou kay la w’ap travay. Wi, ou t’ap soulaje.

 Nou tou la se pa moun Concern nou ye, gen moun se moun Help age. Le yo te vin nan kan an yo vini ak metod pou yo chwazi pou yo ede nou. Sa yo ban nou an eske se sa nou t’ap atann  oswa  nou t’ap atann yon bagay ki pi plis?

#4 Asselie Beauvil; Fi; 51 ane; 4 timoun; komes; Okenn;Concern : Nou pat genyen sa yo ban nou pran. Nou pat konnen ki kantite yo te genyen. E  nou pat an espwa tou yon bagay yo t’ap voye ban nou. Nou byen kontan sa yo ban nou a.  Se renk nou rete yo di nou men sa  yo voye pou nou nou pat konn pwoje a.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Nou te byen kontan paske nou konnen peyi d’Ayiti.Yon sel vizyon nou te genyen nou te kwe y’ap peye kay pou nou. Se sel vizyon sa a nou te genyen nou pa t’ap tan anyen anko. Apre sa yo te di nou y’ap fe nou kado telefon. Y’ap ban nou fomasyon.Men se apre yo vin rele nou pou fomasyon.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite:  Gen moun ki pat menm kwe paske yo di OIM te pase la,li pa janm tounen vin leve nou.Le Konsern pase te gen moun ki pat gen espwa.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Kelkeswa kondisyon Konsern leve nou, nou pa viktim de Konsern . M’ prefere Konsern ke gouvernantal. Le ed la pase nan menm goveman an nou pa benefisye. Menm si Konsern pa regle bagay la san pou san. Men omwen nou te pi asire nan Konsern.

Eskew santi ou satisfe?

Piblik: Wi.Wi.Wi.

E ou menm, eske ou santi ou satisfe?

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern :  Bon, m‘paka di mwen paka dim pa satisfe. M’ paka dim satisfe. Paske sa yo fe a se yon byen. M’ pat konn kisa yo te ye. Se selman sa yo ban mwen an.Paske yon bagay ou pat konnen, lem te pase tout tan sa a m’ pat panse yo t’ap leve’m. Moman yo te vin leve’m lan sete yon moman,vreman yon moman pou nou. Nan menm mwa yo vin leve nou an gen yon mesye ki vin bo tant mwen k’ap vide yon pil fatra mwen di, ‘Cheri jete fatra a pi ba non’. ‘W’ap vin dim sa sou tet w m ta vide’l’. Li te gen yon pel nan men li se gade m gade m’ we l’ap frape pel la sou mwen. Se lot moun ki nan kan yo ki vinn prann’l. M’ di’l, ‘M’ pa gen pwoblem avek w . Ou ka fe saw vle paske se sityasyon ki fe sa paske te ka pat ka menm kote avew.’ Nan moman sam paka di li te yon mal. Men le yo te pran kob,an sipozisyon ,menm si yo te pran plis nan moman sa a li te fe’m byen.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age : Gen de fwa yon moun nan kan an, nou paka jwenn menm  20  goud pou pase jounen an.Sa Konsern fe pou nou an se yon paket bagay. Petet  ou ka we’l fe nou mal poutan li fe nou byen.

Repete anko?                                                            

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age :  Mwen di gen pafwa yon moun te konn bezwen 20 goud nan kan an nou pat ka jwenn li. Li paka jwenn li pou’l manje. Alo sa Konsern fe  pou nou an nou we li byen.  Si Konsern  gen konsyens li we li fe nou mal men nou menm nou we li fe nou byen. Nou menm nan klas ba a li fe nou byen.

Pa rapo ak tout pawol ki t’ap pale nan moman nou nan kan an.Pawol k’ap pale konsenan de kay yo pral bay, swa gen moun yo pral bay kay. Pat gen nan nou kite gen espwa nou n’ap jwenn swa oganis oubyen gouvenman pran nou fe nou kado yon kay?

Piblik: Wi.Wi. Paske nou tande y’ap bay gouvenan an kay an. E plen moun anba tant tout moun te mete espwa kan menm yon jou y’ap bay moun yon kay pou yo rete .Se yon problem ki byen di le yon moun pa gen kote pou’l domi.  Pito ou grabgou siw pase kay yon moun li bay ti moso manje, e domi an ? Kote ou pral domi ? Riiii. Nan otel.

 

 

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : Le ke manman mwen soti nan fomasyon an.Li di men sa yo di nan fomasyon an fason li eksplike nou, nou pataje sa yo te di’l. Epi an apre le’l vin tounen anko, yo vin rele’l yo di , ‘Madam ou gen reyinyon anko wi nan Kay Pam pou ale a 9h’. Epi manman’ m ale. Manman’m di konsa, ‘Ahhh yon ban’m yon lis wi.Yo poze’m kesyon eske’m vle aprann metye? Eske komes m’ vle fe?’  Kounya nou te di manman’m pou li ale nan patisri, nan bagay pat. (Wi)  Epi manman’ m di, ‘Al ladan se youn. Men, eske nou we biznis lan pa t’ap pi bon ? Paske depi mwen jen fi se li m konnen’. M’ di manman e byen fe biznis. Le kob sa antre nan men nou nan kay sa a se te yon sove.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Riiiiii.Ou we sa m’ t’ap di a?

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : Paske nou pa gen papa. Nou 4 pitit sel manman mwen. Pa gen youn nan nou ki rantre nan fakilte. Pa gen nou younn ki komsi komanse aprann yon metye ki pa fini. M’ met  di se sel manman mwen ak Bondye.Sa vle di le kob sa a antre se yon pil bagay li te ye.

#3 Cadio Jean;Gason;43 ane; 4 timoun; Mason/komes/feraye; Rheto; Concern : Gras a Konsern .

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite :  Wi, gras a Konsern. Paske menm si m pat konn manje chak jou me kan menm nou jwen yon ti bagay.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Nou viv kan menm.Riiiiiii.

Malgre nou pa nan menm kay la anko kounyea?

Piblik: Non.Non. Nou pa nan menm kay anko. Kote Konsern te enfeme a kay la te bout se nou ki peye kay nou konnyea.

Eske pa gen yon kesyon nou vle poze oubyen nou vle ajoute ke nou pat poze? Kom mwen diw se vwa pa nou nou pral pote. Se sa nou pral mete nan rapo yo.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : Mwen,an patikilye m’ ta renmen konnen, eske Konsern gen yon plan pou moun sa yo ? Sa vle di eske gen yon avni pou moun sa yo?

Nou pa nan Concern. Nou travay pou Concern. Sa nap fe la se pou lavni. Si zanka ta gen yon bagay ki pase anko.  M’ kwe Konsern fini nan sans sa a. M’ pa kwe y’ap fe anyen pou nou.

#7 Marie-Therese Jean-Baptiste; Fi; 30 ane; Pa gen timoun; Anyen; Filo; Envite : Yo fini, yo pap fe anyen anko. Yo te di nou yo fini net.

Wi.

#5 Saintlia Ydrache; Fi; 36 ane; 1 timoun; Komes/mason; 3e segonde; Concern : Nou menm ki rele nou la a nou ta renmen konnen ki vizyon ou gen pou nou?

Kom nou te di nou sa, nou menm n’ap fe anket pou Concern. Kom nou sot di n’ap fe resansman pou Concern pou nou gade sa yo te bay la koman li te pase. Koman travay la te fet. Epi nou menm n’ap pote rapo ba yo. Sa n’ap bay se yon bagay pou patisipasyon paw.  Nou pa nan Concern.

#1 Andre Michel; Gason; 62 ane; 3 timoun; Chofe/taye; 9eme ane; Help Age: Nou pat konnen si n’ap reyini la  jodia a. Se ye mwen jwenn appel la.  M’ sot jis Fontamara. M’ espere yon lot le n’ap reyini anko.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.

Nou pa janm konnen. (Riiiiiii). Nou ka bezwen poze ou plis kesyon. N’ap rele pou sa.

Piblik : Riiiiiiii. Nou ta vle rive pi lwen. Nou pa voye’m ale Bene. M’ pa janm panse nap la jodia.

W’ap jwen yon ti bagay pou peye transpo.

Piblik:  L’ap bon kanmenm. Se teyon plezi

(Patisipan ap kite sal la.)

FEN 

 

 Not yo

[2] fanmi

[3]  Mete nan sitiyasyon difisil.