Kan 2  Benefisye  Concern

Transkripsyon Fokis Gwoup 2

Dat: 1-29-2016

Patisipan

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern.

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern.

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern.

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern.

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite

 

 

Entwodiksyon

Tim: Mwen rele Tim, mwen konn fe anket.  Mwen gen 20 tan depi m’ap travay nan peyi a. Almathe ou te met pale.

Almathe: Mwen se Almathe, mwen gen lontan depi n’ap travay ansanm. Nou se yon ekip.  Gen moun la ke mwen te pale ak yo deja. Se mwen ki te rele nou sou telefon. Nou gen anpil tan depi n’ap fe travay sa a. Se kom si n’ap fe yon ti chita pale la ansanm. Nou tout nou te resevwa yon bagay epi pou nou we koman bagay yo ye. Yon lot bagay m’ap di nou anko, se ke mwen bay chak moun yon chif. Paske nou pral fe yon ti  pale. Le w’ap pale, yo poze’w yon kesyon epi ou  gen yon bagay ou ta vle di li t’ap bon pou nou tou we ki nimewo ki ap pale. Ou ka idantifye nimewo1 kap pale, nimewo 2, yon bagay konsa.

 

Len konnen lot? Ou kon lot moun nan?

Patisipan Fi:  Non.

 Ki  kote lot moun nan soti? Nan ki kan ou te ye?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern : Mwen te nan Kan boulanger Sen Mak, Matisan.

Matisan?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern :Wi.

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern: Mwen menm tout, mwen te nan kan Venis Monseye Giyou pwolonje.

Ok. E ou menm?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Nan Daman.

Nan kan ou te  ye?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern Nan Daman.

Ki nimewo ou ye?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Nimewo 4.

Ok, nimewo 4

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Zon Laman?       

Ki kote sa ye? Matisan?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Nan Kontako.

Ok.

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern : Mwen te nan kan bo mache.

E pa nan  kan Konkom?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern :  Se te 2 lot se te kan Venise e kan bo Mache.

Ok, dako.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern :  Nan kan bo Lafime Fontamara 27.

Men gen anpil moun? Anpil moun?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Yon denye fwa, Fontamara 35, nan Fouwo.

Ok, ki nimewo ki nan kat la?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Nimewo 7

 Epi tout moun te jwen kay pou yo sot nan kan an?

Piblik: Wi, wi.

Epi tout moun jwenn fomasyon tout?

 Piblik: Wi.

Epi kounye a nan kek kay la eske ou santi li fe bon? Oubyen ou santi ou ka fe lot bagay? Ou menm?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Wi, li te bon pou nou wi. Paske yo te di n’ap vin’n la li te nan movez eta. Paske depi lapli tonbe nou gen timoun. Depi lapli a fe nwit ap tonbe mwen paka domi.Yo ede nou yo fe yon bel bagay pou nou.

 Ni ou menm tou?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern : Nou te nan kan Venis. Le lapli t’ap tonbe m t’ap mouye Konsern rann mwen yon gwo sevis nan lavi’m. Paske li te retire nou nan kan an.

Ok.

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern :  Program nan.

Ki nimewo ou ye?

.# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern :   Nimewo 4. Pwogram nan se te yon bel pwogram. Nan kondisyon nou t’ap viv nan kan Laman li pat vreman yon kondisyon poun  te viv. Nou fe yon etap entevyou yo te pase nou pou yo leve nou. E mwen rete kwe ke nou tout satisfe de travay la.

Ou satisfe, ou pa pat fe anyen diferan ? Si se wou ki te nan plas la, si se ou ki t’ap dirije ou te gen tout kob sa a nan menw, eske fason yo chwazi moun pou benefisye ou t’ap fel yon lot fason diferan? Sa’w t’ap fe nan ka paw?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Bon, mwen kwe ke gen yon lot bagay pou’m ta veye bo kote’m. Fok mwen ta konn pwogwam nan dabo kijan pwogwam lan ye.

Ok, ebyen n’ap tounen sou sa. Dako.

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern : Tout gras sa se te  pou mwen (riiiiiiiiiiiiiiiiii). Nan pwen moun t’ap viv nan kan bo mache a.Yo konn di y’ap vin’n pase trakte. Anfen y’ap  vinn met dife sou nou. Tout moun kap pale la, yo pa di anyen pou nou paske tout benefisye.

Kiyes ki  te konn di sa?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern : Nou pa konnen. Yo konn pase bay slogan. Yon paket slogan (Bri telefon). Mwen konn vreman gen pwoblem. Mwen te vreman gen pwoblem nan kan an.

E ou menm?

Patisipan fi: Nou vreman gen pwoblem. Nou gen pwoblem twalet. Nou gen pwoblem dlo.

(Bri epi moun kap pale.)

Konbyen tan ou te fe nan kan ?

Patisipan fi: 3 zan.

E ou menm?

Yon lot  patisipan fi:  Mwen mwen te gen anpil pwoblem tou. Le lapli tonbe, w’ap domi ou gen dwa paka domi vre. Dlo ap anvayi’ w. Le dlo ap anvayi’w, ale we le dlo a ap anvayi’w.

Yon lot patisipan Fi: Nan genou’w.

(Anpil bri ap fet nan piblik la.)

Men anvan tranbleman de te, sa nou te konn fe?

Piblik : Nou te nan kay. Nou te enfemye kay.

 

Nou tout net? Nou te nan kay? Nou te enfemye kay?

Piblik : Wi tout moun.

 Eske tout moun te enfeme kay avan tranbleman de te?

Piblik: Wi.

Men pa gen moun kite gen te?

Patisipan fi: Non.

Kounye a ou te peye yon kay?

 Piblik: Wi.

Konbyen  ou te konn peye’l?

Patisipan fi: Mwen te konn peye’l 1400 dola.

1400 dola? Avan tranbleman de te?

 Patisipan fi: 2800 dola.

Avan trableman de te?

Patisipan fi: 2800 dola pou 1 an.

Pou 1 an? Epi  konbyen ou peye’l kounye a?

Patisipan fi: Kounye a m’ peye 3000 dola pou 1 an.

Ou peye plis?

Patisipan fi: Wi.

E ou menm?

Yon lot patisipan fi: Mwen te konn peye yon kay 3000, 4000 dola pou mwen rete. Aktyalman, mwen peye yon kay 4000 dola.

( Bri moto).

Nou tout peye plis kounyea?

 Patisipan fi: Wi.

Ke sa nou te peye avan?

Patisipan fi: Wi, bagay yo vinn pi che.Vi a vinn pi du.[1]

Nou poko peye ?

( Bri moto, machin).

Ane pase, Konsern te peye’l? Se Konsern ki te peye’l  ane pase?

Patisipan fi: Wi. Ane sa tout bout la wi.  Nou bloke.

Tout bout la? Koman?

Patisipan fi: Tout bout. Wi tout bout nan mwa sa.

Net li fini?

Patisipan fi: Wi, li fini.

Kounyea ou abitye peye kay menm? Se pa vre?

Patisipan fi: Hmm, hmm. N’ap peye’l.  N’ap goumen.

Hein?

Patisipan fi: N’ap goumen.

N’ap goumen pou peye’l ?

Piblik : Wi.Wi.

 Donk nou t’ap viv nan kan nou fe 4 tran, 5 kan nan kan?

Patisipan fi: Wi.

Nou fe 4 tran, 5 kan nan kan. Ok, banm esplike nou, nou konnen ke anpil nan nou la nou te aprann nou t’ap viv nan kan an. Men li pat bon, men pou kisa nou menm nou pat soti?

Piblik: Hmm ?

Patisipan fi: Nou pat gen mwayen.

Yon lot patisipan fi: Nou pat gen posibilite pou nou te vanse.

Yon lot patisipan fi: Nou pat gen mwayen tou.

Patisipan fi:  Mwen te gen kay, kay kote’m te ye a te vinn kraze.

Kisa ou te fe?

Yon lot patisipan fi: Nou pat gen mwayen.

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern: Ou paka lwe yo tou pa gen kob.

Patisipan Fi: Non,non.

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern: Yo vinn che.

Kay yo vinn che?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern: Wi.

Ki nimewo ou ye?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern :  Nimewo 5.

Kisa ou te fe anvan tranbleman de te ?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Nou te anfemen kay.

Koman aktivite te yo te ye avan tranbleman de te?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Lavil mwen  te konn ap vann.

Kisa ou te konn ap vann?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Komestik.

Kounyea apre tranbleman de te ou pat vann?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Bon bagay yo te vinn pedi. M ‘gen dwa di’w, m gen timoun.Ou pa genyen w’ap vann ou pa gen kob, ou pa vreman gen kob. Si’w se yon sache pen w’ap pran nan men’ w pou fe komes. Kounye a vi a vinn du[2]. Ou vinn pa kapab.

Ou pat gen kob nan men’w?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Non, yon ti komes m te genyen li pedi.

Li pedi?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Wi, ti komes mwen te genyen an.

Tout bagay te pedi?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Wi ti komes.

Epi ou pat kap prete kob pou remonte?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Mwen prete kob wi. Men lari kraze ou pa konn koman sa ap ye. Pa gen moun ki pral livre’w kob vre.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.

Ou pat  jwenn pre, ou pat achte?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern :  Non, gen pre men ou vinn pa gen anyen anko.Tout moun gen pwoblem pa yo. M’ pa jwenn moun direkteman pou ki pou ta eskonte’w.

Ok.

Nou konnen apre tranbleman de te a te pase tout bagay kraze. Poukisa menm w’al rete nan kan an? Nou konprann sa’m di a? Kisa ki pouse nou menm pou n’al rete nan kan an?

Kounyea menm, fe menm bagay nou te fe a. Kisa ou t’ap fe pou kob pou te peye kay? Koman ou te peye kay?

 Kisa ki lakoz ki fe ou vinn ale nan kan, numewo 2?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern : Wi, sak fem vinn ale nan kan yon kay mwen te anfanme kay la vinn kraze. Kounye a mwen gen poum soti fen Out la. Mwen te gen fanmi’ m ki nan kan Matisan. Se yot [3] banm kote  pou’m fe tant.

Men kisa ou t’ap fe pou kob?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern :  Kounyea mwen Nazon, lot semen mwen Aken, lot semen mwen ka Hench. Nou oblije nou rete.

Sa vle di avan tranbleman de te a, se konsa ou te konn viv? Koman ou te konn fe viv?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern : Wi, pou kont li.

Apre tranbleman de te, li pat jwenn ti travay?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern : Wi, li te konn jwenn ti travay wi.

Li te konn jwenn ti travay?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern : Wi.

Poutan nou paka jwenn yon kote pou nou rete?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern :  Mwen pa konnen.

Ou pa konnen? Se 4 tran ou gen la.

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern : Gen kote pou moun anfanman men si ou moun pa gen bezwen.

Men pou kisa ou di mari’w ap travay olye ke wale ret nan kan ou pal anfanme yon ti kay pou rete?

# 2 Roselie Cebe; Fi; 33 ane; 3 timoun; komes; okenn; Concern :  Li te mouri nan tranbleman de te a. Te vinn pa gen travay. Kounyea ou konn lavil la tout bagay kraze.Ou gen dwa gen yon mil goud nan men’w ou depanse’l lavil la. Ou gen dwa jwenn yon bagay y’ achte’l nan men’w. Ou pa konprann?

  1. Nimewo 1.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern : Apre tranbleman de te a, mwen se yon komesan. Mwen pa chwazi komes, mwen fe tout komes net. Tout sa’ m jwenn mwen pran. Mwen te anfanme yon kay pou 3000 dola. Kay la vinn kraze, mwen te rete Kafou Fey.  M’ vinn nan kan, mwen te fe yon tant, tout moun t’ap domi nan laru.[4] Apre sa nou te fe yon tant nou rete. Apre tant lan, apre sa Konsern vinn  peye yon kay  pou nou pou nou rete pou 4000 dola.

E kounyea sa’w fe pou kounyea?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern : Mwen toujou nan komes.

Ou gentan redouble kay la?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :  Non, mwen poko peye’l.

Ok, ou t’ap viv nan kan ? Avek ki moun ou rete? Ou te fe komes anko pandan ou te nan kan an?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :  Depi avan mwen te nan komes.

Wi.

 # 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :  Pandan’m nan lari tout komes mwen pedi. Nou vinn fe lontan nou chita nou pap fe anyen. Apre sa, sa nou vinn pa gen  anyen nan menm nou. Nou poko pran lari pou nou ka peye moun yo.

 Konyea konbyen ou peye’l ? Kisa ou t’ap vann le tranbleman de te pase?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :  Mwen menm, mwen pa gen yon komes fis. Mwen gen dwa pran pepe, mwen pran kasav la, mwen pran konparet, mwen pran chokola.

Se bagay sa yo ou vann?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern : Wi, se bagay sa yo mwen te konn ap vann.

Kisa?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern : Se konparet mwen te kann ap vann, konparet, chokola.

 Ou pedi kob la ?

 # 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :  Wi.

Ou pat ka prete’l?

 # 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :  Nou pat gen mwayen paske tout komes pedi. Pa gen moun ou ta pral mande prete ni tou li pap prete’ w.

Eske si’w ou ta gen kob nan men ou eske ou pre pou te ka vann?

 # 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern : Wi.

Ou te ka vann ?

 # 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :  Wi.

Ok, ou menm?

  # 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern : Reginald!

 # 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Mwen se moun Okap. Tout bagay sa yo te pase a  paske manman’m se pwopryete, papa’m fe chapant.

Ki laj ou?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : 26 zan.

26 zan. Ou te gen 20 tan? Ou te lekol?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern :  Wi.

Ou lekol jiska kounyea?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern :Wi

Le sa ki klas ou tap fe?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Mwen te nan reto.

Ou te nan reto? Kounyea , ou lekol pandan w’ap fe komes?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Wi,  tranbleman de te pase, mwen vinn pedi travay mwen pandan yon bon bout tan.

Ok, e kounyea ou gen 26 zan konsa ?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Men non, mwen te komanse jwenn travay.

Epi manman’w komanse fe bisnis anko? Li komanse fe komes anko pandan nou nan kan?

 # 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern : Wi.

Ou di’m ou pat janm rive satisfe nan kan an?

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern  : Non.

Ok, li menm?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Mwen menm se  ti tablet mwen te kann vann. Mwen te kann peye ti sabotay, mwen te nan sol. Ou konnen fo’w peye kay.

M ‘gen yon kesyon gen yon ti gwoup ki t’ap pale la. Nou toujou ap pale de sol. Mwen konprann le dam  di lap fe sol. Komsi lap mete kob nan yon biro. Apre sa tout te ka mete sol kounyea, ki se sol te. Gen sol te tou ?

Piblik: Wi.

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Bagay sol sa se pandan  nou te nan kan an wi. Se pat sol non, pandann te nan kan an.Yo te vinn ap bay diri. Nou travay nan kan an bay yon kek vwayaj nan kan tou. Kounyea mwen te vinn we jan bagay yo ye. Le’m fe ti kob la, mwen te monte anle kote y’ap bay kob la. Pandan Konsern vinn leve moun li te peye kay la pou mwen. Kounyea  pandan Konsen vini, li vinn peye kay la pou mwen. Kounyea pou’m ta fe kek reparasyon pou’m ta fe kay sou li pou’m abite.

 Epi kounyea li pou ou?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Wi, li pou mwen. Menm le mwen poko bati’l se ladann mwen abite.

Ou pi byen kounyea ke avan tranbleman de te ?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Wi. Menm le mwen pap viv yon kote ki vreman pwop, men fason le’m te ye nan kan an jan’m te konn ap boulvese nan kan an mwen pa boulvese konsa nan kan an menm le m’ap mal viv ladann.

Men avan tranbleman an ou te konn peye kay?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Wi, mwen te kann peye kay.

Si’m konprann byen pandan w’ap viv nan kan an w’ap travay epi ou achte yon teran ou anfeme.

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: M’ anfeme’l, m’ anfeman’l.

Sa vle di ki fem ou te gen nan.( Bri telefon).

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: M’ vinn anfeman ti te a.

Ok.

Nimewo 5?

# 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Ti komes mwen te konn fe ou pa ka fe’l anko paske vi a vinn pi di. Tout kob ou gen nan men’ w yo pase. E nou vinn viv nan kay poun degaje’n poun peye’l men nou pakap.

Sa fe lontan ke nou rete?

 # 5 Imene Massena ; Fi; 54 ane; 3 timoun; komes; 6e  ane; Concern : Apre tranbleman de te, apre tranbleman de te.

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Avan tranbleman de te ou te konn jwenn komes pou fe. Le sa te gen kob pou vann. Ou te konn vann, tout moun te genyen te kap achte. Apre sa, men apre tranbleman de te tout moun vinn anbes.

Kounyea ou paka vann?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Nou paka vann, nou pa gen kob. Ou konprann?

Kounyea, ou santi’w pi byen ke anvan oubyen ou pi mal kounyea?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Men w’ap we sa’w ka fe paske ou paka rete konsa.

Men ou pa peye kay la?

Piblik:  Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii. Mhm. N’ap degaje’n poun peye kay la. Adye! Mhm!.

Ok. Numewo 3?

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Men menm lontan le’w te konn ap fe komes. Ou fe benefis ou, w’al nan lari ou vann ou peye sol ou. Kounyea, le’w nan lari pa gen benefis pa gen komes. Kounyea la ou gen dwa al nan lari ou kouri monte lakay ou. Lari a vinn difisil. Lot jou mal nan lari, ou gen dwa achte yon bwat pepe apre sa ou fe benefis. Apre sa ou peye sol, tout timoun yo manje. Kounyea, pa gen pou timoun manje.

Pa gen lavant. E mwen peye lekol tout bagay.

Ok. Men koman ou te ye avan tranbleman de te a? Koman vi pa’w te ye? Avan tranbleman de te sa’w te kann fe?

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern:  Avan tranbleman de te mwen te konn fe komes. Mwen te konn al vann Topolino. Mwen te kann al vann rad. Kounyea, pandan tranbleman de te a pase a tout bagay sa yo pedi. Kay mwen te ye a kraze. Kounyea mwen vinn rete mwen vinn ap viv seul.[5] M’ap viv nan kan, mwen pap viv vre paske lespri’m pa anpe. Gen de pafwa, y’ap met dife, gen de pafwa vakabon ap tire woch, vakabon ap fe tenten. Menm le ou ta vle kite timoun yo, e timoun yo piti. Koz ou pa gen yon moun kap veye yo pou ou vinn paka soti.  Se nan yon teren ou ye ou oblije paka kite timoun nan vre. Paske se sou yon teren ou ye, le konsa ou pa viv an pe vre.

 

Ou di w’ap tire woch?

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern :Wi.

Yon lot patisipan fi:  Wi, yo konn tire woch.

Kiyes?

Piblik: Vakabon yo.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Vakabon nan lari yo. Ou gen dwa we se woch k’ap tire. Apre sa a, se rete ou rete ou we woch, boutey.

(Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.)

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern : Nou pa an pe menm.

Le nou di ou peye sol ou peye te?

Piblik: Non. Kob sol.

Ok.

Piblik: Kob sol. Sabotay.

Ok.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern : Gen sol ki peye pa jou, gen sol ki peye chak semen.

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Si se 200 dola w’ap bay chak Samdi ou bay li. Si se chak jou w’ap peye’l tou ou tou peye’l. Kounyea pa gen afe sol anko. Le’w w’al nan lari ou paka vann anyen ou rete chita.

(Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii.)

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern : Le w’al nan lari ou paka vann anyen, ou oblije chita.

Gen le tout moun ki konn fe sol?

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern  Tout machann.

Eske tout machann nan sol?

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern  Tout machann ebyen si’w pa antre nan sol ou pap peye kay. Ou pap ka peye lekol timoun yo non.

Piblik: W’ap peye kay, se li pou ede’w.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern : Ou pase yon paket mize avan pou’l ba’w. Mwen fe sakrifis pou’m peye’l. M’ fe sakrifis lajan, mwen te kann ap peye sol la 50 dola pa semen. Kob sa pedi net. Wi li pedi, e pa yon kob ou ka antre.

Mwen pa konprann kijan li peye?

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern  Yon kob ki antre paske ou gen dwa pedi’l. Ou gen dwa nan sol ak moun nan, moun nan gen dwa sove ou pa jwenn li. Men si’w jwenn bon moun pou’w fe’l. Ou peye pa 50 goud epi le’w touche ou touche an kantite.

E ou menm?

   # 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern:  M’ se nimewo 7, avan 12 Janvye, mwen te ap viv an famiy. Se vre ke’m te granmoun men mwen pat ko gen posibilite poun te peye kay. Le 12 Janvye vinn pase. Te gen yon teren ki te pi pre nou. Tout moun te oblije al abite sou teren an. Plasman kay kote m‘ t’ap viv la pat debleye pou’m te fe yon abri. Tout moun te oblije fe yon abri sou teren kote’m nan. Nou te gen de tant ki t’ap bay anpil pwoblem. Men apre mwen te jwen Konsern ki te peye kay pou nou 4 poun te rete.

Men kote’w te ye a li pat pou ou?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern:  Li pat pou mwen. Mwen te ret an famiy, an famiy.

An famiy?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Wi.

Epi ou paka tounen? Ou pat retounen nan te a ?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern:  Kay la te kraze.

 Kay la te kraze?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern:  Kay la te kraze, m’ potko ka debleye’l. Lot moun mete ranble sou li vinn fe yon gwo pil ranble. Ou pa gen mwayen pou debleye’l pou retire ranble sou li. Fok ou retire’l, li anndan’l, li nan fon. Fok ou retire’l pou al mete’l sou lari. Pou al mete’l sou lari. Pou kamyon vinn pran’l e ou pa gen mwayen. E m’ te gen kob pou’m te kite kan an. Paske non selman met kan an t’ap ban nou pwoblem fok nou te kite kan an.

(Mhmmm!)

Ok

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern:  Le Konsern finn peye kay ban nou, nou vinn separe ave’l.

(Silans)

Ok, epi yo bay nou fomasyon? Tout moun jwenn fomasyon? Yo bay nou yon ti kob poun sot nan kan an ? Nou peye kay, eske se met kay la yo te bay kob la ?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Met kay la.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Met kay la. Yo anfeman kay la pou nou.

Epi gen moun ki jwenn anko ke yo vini yo bay kob anko?

 # 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Apre, apre.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Apre, fomasyon an te finn bay.

Apre sa, yo bay fomasyon?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Se yon fomasyon apre yo te ba’w kob pou konnen koman pou jere sa’w yo pral bay ou a. Koman pou jere yo.

 Men eske’w renmen fomasyon an?  Ki fomasyon ou te pran?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Men men’m fomasyon an te tre bon pou mwen.

Pou kisa?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Paske li montre’m komen pou’m apran jere. Koman pou’m jere pou nou neglije depans nou. Gen de depans ki initil pou nou ka konnen.

(Silans.)

An ok. Ki kote fomasyon an fet?  Eske li te vreman enpotan pou tout moun ?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Li enpotan anpil koman pou nou manje.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Koman pou nou manje. Des fwa[6], nou te konn fe manje, des fwa m’ te kann fe manje.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Konbyen gwoup kap manje ki genyen. Nan fomasyon an, yo montre’n koman pou nou manje. Koman pou nou jere tet nou.

 Si se ou ki t’ap deside kijan pou retire moun sou  kan  yo, koman ou t’ap fel ? Ou t’ap fe menm bagay yo te fe oubyen ou t’ap chanje yon bagay?

 # 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Bon mwen menm, kom mwen kapab di sa m’ panse. M’ panse ke peye kay la pou moun nan li te vreman enpotan. Men pou mwen menm, mwen panse si moun nan te gen yon kote ONG a  te fe yon de chanm kay li te pi enpotan. Paske kounye a, preske tout kay bout.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Preske tout kay bout, tout kay bout wi.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Paske tout kay bout. Gen moun ki gen dwa pa ka repeye kay la anko. Sa depan de jan moun nan te jere sa yo te ba li a. Ti sa yo bay li a minim pou moun nan peye lekol ladann. Vi a che pou moun nan bay timoun manje nan sa yo ba li a. Pa gen benefis vreman nan komes. Ti sa yo bay moun nan piti. Moun nan gen anpil timoun l’ap peye lekol, lap peye kay. Epi pou’w fe ekonomi pou peye kay ou. Ou preske fe yon ane pou moun nan fe ekonomi. Paske sol pou peye det poul peye. Bras nan men lan gen dwa fini pou l’ap fe efo, pou lap bagay. Paske mwen menm mwen te we’l pi enpotan ke pou mwen menm ke si moun nan gen yon kote li stab. Yon kote ke li te konn fe yon bagay.

Ou di ou pa konnen ki pwoblem yo genyen. Ou gentan konnen yo gen pwoblem pa yo. An imajine ou ka fe pwogram nan. Kijan ou t’ap fe? Ki bagay diferan ou t’ap fe? Si’w yo ba’w dirije proje ?

 # 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern:  Mwen se yon moun kap viv nan kan an. Jan madam la sot di a, si moun nan te gen yon kote, yon espas ou te konnen w’ap jwenn oubyen yon chanm kay yo te kapab ba li rete. Li t’ap pi bon pa rapo ke w’ap viv nan gran apatman. Chanm kay yo bout.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Wi.

 # 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern:  Fok mwen gentan we kob pou’m peye kay mwen. E tout rad mwen nan lari. Menm le nou paka manje men nou ta gen yon ti lape.

 Mwen dako. Pa gen moun ki gen lot bagay pou’w fe? Si yo ba’w chef pwogram yo diw men kob la pou deside. Sa’w t’ap fe?

 # 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Sa enpotan pou nou, paske kounye a pwoblem sa a li pa nan tet nou anko. Ape pre li pi gwo pwoblem paske ou fe tout jounen’w w’ap mache. Men le ou rive pou domi an li enpotan anpil.

 Piblik: Epi fo’w domi. Wi, li enpotan anpil.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : Apre Bondye se li ki pi enpotan. Paske ou gen dwa ap mache lajounen  men la nwit fok ou jwenn yon kote pou w’al domi, repoze’w.

 Nou pa telman konnen ki pwogram ki pi bon. Men nou gen sa yo rele siblaj. Kijan yo chwazi moun ki pou benefisye de pwogram nan. Kounyea nan ka pa nou, mwen kwe gen diferans tout lot moun nan kan kote nou ye paske tout moun jwenn. Men nou konnen tou gen lot moun ki pa vreman rete nan kan an gen moun  se domi  yo vinn nan kan an.

Piblik: Non, nou tout te nan kan an. Gen moun ki fe’l. Wi,  gen moun ki fe’l. Wi,  yo vinn soti apre sa yo retounen. Gen moun ki fe’l.  Gen moun ki fe’l bo kote’m te ye a.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Leu [7]Konsern vini a minwi ou we yo kouri vini nan kan an. Ou pa konn kiyes ka’ l di yo. Ou we yo kouri vini nan kan an.

Piblik: Wi, wi, jis deye a yo vini.  Bon, ou konn soti ou vini ou we yo kanpe nan kan an sou ou. Ou jwenn tout kanpe sou ou. Wi.

Ok. Men kijan m’ ta vle poze kesyon an. Fason yo chwazi moun pou benefisye, fason yo chwazi moun pou yo ede, eske fason yo chwazi moun pou yo ede yo si se ou menm ki te nan plas la ou t’ap fe menm bagay oswa ou t’ap fel yon lot fason?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern : Diferan pou yo ta fe’l  pou nou…

Ki nimewo ou ye?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern :   Nimewo 1. Fason pou yo ta fe’l pou nou, nou deja gen timoun, n’ap peye lekol , pou nou bay manje men sike yo te di nou cheche yon kote yon te epi yo te bati yon de chanm kay pou nou te rete. Kounye a nou t’ap travay, fe edikasyon timoun yo, ak pou timoun yo ka manje.

(Silans)

 Hmm. Ou met kontinye.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern:  Mwen pa konnen, mwen menm si se te mwen se konsa’m t’ap fe’l. Paske depi moun nan gen kay pou’l domi ki rele’l che met, che metrès. L’ ap panse avek yon lot bagay, li gen yon lot vizyon. Li plis ap travay kounyea poul avanse timoun yo devan.

Hmm !

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Si timoun yo te nan yon lekol, si m’ te gen mwayen, mwen t’ap met pitit mwen nan tel lekol. Paske timoun yo kounyea nan tan ke n’ap viv kounyea plis timoun nan frekante pi gwo lekol yo gen pi gwo zanmi. Paske le koleg li jwenn li la, manze se kondisip mwen li ye wi, m’ap mete’l ave’m. Men le ke nan nivo kote’l soti a ou pat kondisip  li ou pase mize plis.

Ok.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Si se kay pa’l li t’ap plu zou mwen.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: M’ pa di travay la li te byen fet ni li te mal fet. Sof ke mwen we, kapab gen moun vreman ki nan kay yo epi ki toujou gen tant. Li selman ap pwofite yon avantaj.

Hmm.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern:  Men mwen menm mwen panse ke jan’l te fet la, pou mwen menm, li pat twop mal fet pou kan kote’m te ye a. Paske vreman yo te touche tout moun. Kapab gen moun ki fe yon tant ki pa ret ladan’l. Men vreman kote mwen te ye a, travay yo byen fet. Yo touche tout moun. Menm moun ki te gen pwoblem nan dosye yo.  W’ap we anpil nan yo vinn pran moun sa yo. Moun kite gen pwoblem nan dosye yo, yo pat jwenn non yo. Lot moun ap fe magouy nan tant yo nan bagay. Apre yon nonb de tan yo te vinn pran tout moun sa yo.

 Nou konnen nan lot fokis gwoup la, yon moun t’ap di’m ke gen yon gwoup moun kap vini domine kan an epi yo te benefisye lajan Konsern.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Travay Konsern lan pat mache.

 Li vini, koman yo te kondwi’l?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Men koman kan an te konn mache. Mizapa  de Kwa Wouj ki konn vinn ba nou kek ed avek ACF ki konn vini premye vwayaj li. Men nan monan Konsern te vinn nan kan an pe tet ke ONG sa yo te gentan ale. Yo pat two rete nan kan an.

Si yo pat mete pye yo nan kan an kisa ou t’ap fe?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Sa mwen t’ap fe ?

Kisa ou t’ap fe? Si yo pat retire’w nan kan an?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern : A no jou m’ t’ap nan kan an. Evidamman! A no jou nou t’ap nan kan an.

 Evidamman si yo femen kan an ou gen 21 a 1e pou yo mete’w deyo?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Nou t’ap pran lari.

Yon lot patisipan Fi: Nou ta pral nan lari a.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Mwen t’ap ret nan lari  tou paske mwen pa gen okenn kote pou’m ale.

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde; Envite : Li t’ap vinn pi mal pou nou ke jan nou t’ap viv la.

(Silans)

 Komam yo rele w?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Maxi Adeline.

 Maxi Adeline ? Nan ki kan ou te ye?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite :La Boukanye,

Wi, nou te gen anpil moun maten an ki sot nan kan sa a. Nou t’ap poze kesyon sou sityasyon moun ou te ka di nou sou sityasyon pa’w. Kijan ou te antre kob anvan tranbleman de te ? Si’w te ka degaje’w, bisnis tonbe, li kraze, poukisa ou te rete nan kan an?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite:  Apre tranbleman de te, kay mwen te ye a te kraze. Nou te nan lari, le’m vinn gade. Tout moun vinn ap fe tant, nou te antre, nou te fe tant pa’n tou.

 

Koman vi ou te ye avan? Koman ou te konn ap boule?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite : Oparavan, mwen te konn monte……

( Bri ap fet pa ka tande pawol patisipan an di.)

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite:  Mwen te Matisan 23.

 Ok. Nan mon anle la a ?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Wi, nan Mon St Judes.

 An ok.

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite : Apre sa, lem vinn sanse gen kob nan men’ m. Mwen vinn santi mwen ka monte mon nan. Mwen  te vinn di fo mal fe yon ti komes pwonmennen. Men apre tranbleman an, li vinn kraze plat.

 Apre tranbleman de te ou pat gen woulman anko.

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Non.

Epi ou te viv ak mari w?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Wi.

 Epi kisa  li te fe pou li travay?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite:  Bon des fwa, le’l jwenn moun ba’l fe ti mason. Li fe ti bout jounen an epi apre sa, li vin chita.

Apre tranbleman de te li pa gen travay?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite:  Toujou,menm jan an.

 Menm jan an?

Madanm, m’ap poze’w yon kesyon. Nou te poze lot moun yo kesyon sa a tale a. Men ou a pen vini, n’ap poze’w li. An nou di konsa ke nou we pwogram Konsern nan kijan li ede moun soti nan tant lan. Si se ou menm yo di konsa ke ou konnen jodia, m’ap ba’w lajan sa a. Se ou menm k’ap direkte pwogram nan se ou menm kap dirije’l. Kisa ou t’ap fe? Koman ou t’ap dirije’l? Koman ou t’ap fe’l pou moun jwenn ed yo?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Koman  mwen t’ap chwazi moun pou jwenn ed yo ?

Wi.

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Bon, mwen panse, moun ki miserab yo, moun ki pa kapab yo se yo menm pou nou ta pran.

Koman ou t’ap fe konnen?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Fok ou ta fe yon anket, pou ta fe yo di’w.

 Kijan wap fe ‘l?

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite : Ou paka gade yo nan je konsa pou di entel pa genyen, entel pa genyen. Fok ou ka mache sou moun nan ou pale avel. Apre anket ou mennen an ou pral we bezwen moun nan.

 Ou konnen nou kann fe anpil anket. Nou konn travay pou anpil oganizasyon. Nou travay pou CNSA epi k’ap bay manje epi pou Pam. Epi yon gwo koze kijan nou fe konnen moun ki nan pi bezwen ke lot yo. Spesyalman nou konen gen moun k’ap bay manti. Gen moun nan kan an ki jwenn 3 chelte epi yo jwenn lajan pou al anfenme kay. Epi lot moun pa jwenn menm yon ti chelte. 

Koman w’ap fe konnen  moun ki nan bezwen?

Piblik: Gen moun depi menm le li paret la, ou gentan we li dan le bezwen. Depi li dan le bezwen ou gentan we’l.

 Sa depan. Koman w’ap fe we’l?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Koman w’ap fe we’l? W’ap we enkapasite moun nan. Fason sou visaj li ou gentan we se yon moun ki nan nesesite.

# 8 Maxi Adeline; Fi; 30 ane; 3 timoun; kosmetoloji, seconde;Envite: Paske gen de nan kan ou antre. Ou we e kote pou bet ta domi ou we e moun kap domi la. Ou pa konprann? Ou we se moun ki nan nesesite.

 Men ou di sa  w’ap ka we ?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Non, mwen menm mwen di gen moun depi w’ap paret, depi sou visaj moun nan, jan dam lan di a, kote moun nan ap domi w’ap we se yon moun ki dan le bezwen ( Bri, klaxon machin). Gen moun ki ka paret moun nan ka mete’w nan pozisyon pou’l ba’w manti. Men gen moun w’ap we ki vreman dan le bezwen. Kote moun nan ap viv la w’ap we’l vreman dan le bezwen.

 Ou konnen li telman difisil pou etranje. Yo telman pa konprann bagay la. Fok nou chita, bwe, fete ave yo. Yo panse ke nou ka di gen 10% moun ki pa dan le bezwen. Kijan nou ka evite sa? Kijan yo te ka bay nenpot 500.000.000 moun ed ? Sa se tout moun ki t’ap viv nan tant. Si’w gen 1000 moun nan kan ou gen 500 kap bay manti, kap di yo domi nan kan. Men se peye yo peye moun ki  pou domi nan kan an.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, ConcernMwen menm, mwen te ka di le, le yo paret nan kan an ta dwe gen yon gid. Ta dwe gen yon komite nan kan an kap dirije ki pou di yo men ki moun. Se vre li konn des fwa ka gen rayiman ladan’l de fwa moun komite yo konn antre nan koripsyon ap bay manti tou. Men ta dwe gen yon moun ki pou ap gide yo, yon moun ki konn moun ki te la yo.

Konsern pat gen yon komite nan kan an pou’l te we moun ki nan komite?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Non, li pat genyen. Mwen pa konnen.

Mwen konnen Kwa Wouj te fe’l, ACF te fe’l. Men mwen pa konnen petet Konsern te ka fe’l. Mwen pa konnen.

Nou konnen?

Piblik : Non. Mwen pa konnen non.

E Konsern ki sa li te fe pou li jwen moun yo?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern:  Konsern te konn antre a minwi li ba yo kat. Li antre a minwi.

 Se ki kan?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Pou moun ki gen tant, sa pa gen moun yo pase. Yo pat gen okonn komite de kan. Wi, yo antre a minwi, moun ki gen tant yo resanse’w sat pa gen tant yo pase.

 E kounyea?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Paske gen moun ki kouri antre nan kan an mensi yo pat gen tant. Yo pat pase.

 Petet te ka gen yon moun ki nan tant lan. Jou sa a y’ap vini an li gen pwoblem, l’al lopital. Sak pase moun sa a li pa resevwa?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Kounyea, vwazinaj yo tou ap di moun sa te malad. Moun sa a te al lopital . Yo konn vini moun yo al nan jen La Montayn. Yo di ke gwoup moun sa yo al nan jen La Montay. Yo pa la.

## 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Depi tant lan gen moun andan an tou yo we. Sa vle di genyen  ki pa gen kabann anyen menm?

 Yo pa gen kanbann?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern:. Nan tant lan yo mete rido.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Nan tant lan yo mete rido.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Men vreman tant ki gen moun nan ou vini ou we kabann, ou we tout bagay. Ou we gode. Ou we tout bagay.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Menm le moun nan pa la, li ouvri, ou we tab ou we kabann.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Yo konn di gen yon kantite moun kap viv nan tant lan. Yo konn di nan tant lan pa gen kantite moun sa yo kap viv ladann paske fason yo we sa a.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: E byen kou rive a, pap gen manti ladann. Vale moun yo jwenn nan tant lan e li yo pran.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: E li yo pran.

Ok. Ou pa gen anyen pou te ajoute?

# 6 Antonia Dol; Fi; 47 ane; 6 timoun; komes; okenn; Concern: Non.

 E nou menm eske nou panse  nou gen yon bagay nou dwa pale sou li epi nou pa pale sou li ?. Se nou ki pote vwa pa nou  bay ONG yo epi nou ekri tout sa nou di. Nou ekri tou epi nou bay yon rezime. Kounyea si’w gen yon bagay nou manke nou dwe konnen pou yon pwochenn fwa, si gen lot bagay ki pase kounyea  pou yo te ka fe mye. Eske gen yon rekomandasyon ke nou menm la ke nou t’ap pote, nou t’ap di?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern::  Jus nan sa ke yo te fe pou nou an, nou t’ap swete fre’m avek se’m ki anba tant lan menm sa yo fe pou nou an pou yo fe’l pou yo tou.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Paske kounyea, gen moun nou gen tandans ki anba tant toujou. Gen kek kote li gen dwa pa bo kote nou. Men gen dwa genyen lot moun ki ka anba tant toujou.

 Ok. Ki lot fason ou panse, ki rekomandasyon t’ap pote pou yo?  Ki fason yo ka ede moun sa yo?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Bon, rekomandasyon m’ap pote pou yo, si yo ka benefisye menm jan ave nou. Nou t’ap kontan.  Li t’ap pi bon pou nou toujou.

 Eske ou pa we gen kan ki benefisye pi plis ke kan pa ou a?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Wi, gen kan ki benefisye pi plis. Men Konsern li fe chwa pou nou. Ti kote nou ye a se la Bondye te voye nou, nou pa konnen pou ki.

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern :  Sa’m, mwen t’ap mande’w mwen pa konnen si tout ONG travay volonte. Petet ke sa’m m’ pral mande a Konsern gen dwa paka fe’l. Men gen lot ONG ki nan zon nan kap konstwi pou moun. Petet ke si de konser Konsern gen dwa travay ak ONG sa a bay yo kelke non moun yo te peye kay pou yo, koman ou te ka kontakte moun sa a ou mande yo ONG kap konstwi kounyea, pou moun yo. Koman yo te ka kontakte moun sa yo mande yo koman y’ap viv eske yo toujou nan kay la? Eske yo pa peye’l? Eske yo gen yon ti teren pou te ka fe yon  2 chanm kay tou. Paske gen ONG kap fe kay la. Petet ke nou menm nou gen dwa pa jwenn chans lan. Men gen ONG kap fe kay pou moun. Puiske si ONG yo travay volonte Konsern gen dwa mennen anket nan tel zon kote nou ye a si ONG kap konstwi pou yo.

 Eske ou fet nan yon pwovens?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Wi.

 Ki kote ou fet? Moun ki bo ou ye ?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Moun Jeremi.

Jeremi !  E ou menm?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Mwen menm, mwen se moun Ti Gwav.

 Ti Gwav ! Ou te fet? Men manman’w ak papa’w ?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Non, Ti Gwav.

 Ok.

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern: Leyogan.

E ou menm?

Patisipan Fi:  Mwen fet Potoprens.

 

Ou fet Jeremi ?

Patisipan fi: Wi!

 E ou menm ?

Patisipan fi: Jeremi.

Apa se tout moun Jeremi nou gen la. Pou kisa ou deplase ou vinn jis Potoprens?

(Tout moun ap pale ansanm).

 Se pwoblem kob ki te fe nou pat ka kite kan yo ?

Piblik: Wi!  Wi!

 Apre tranbleman de te si’w ta gen kob nan men’w ou te ka jwenn yon kote?

(Silans.)

 Eske ou te ka jwenn yon kote pou anfeme apre tranbleman de te. Ou te ka jwenn youn si’w te gen kob?

# 7 Cancoul Chantal; Fi; 37 ane;1 timoun;kontabilite, filo, Concern: Non, pi gwo pwoblem apre tranbleman de te se kob. Se pa tranbleman de te. Se biznis ou pat genyen,se woulman ki pat genyen. Moun al vann yo paka vann wi. Si’w te gen kob nan men’w ou te ka jwenn li anfeme. Men ou pa gen mwayen ou pap anfeme men genyen pou anfeme.

# 4 Reginald Vilas; Gason; 26 ane; 0 timoun; plombri; rheto; Concern:  Wi!

 Se woulman ki pat la anko. Se te menm bagay nan tou peyi a. Ni isit, ni andeyo yo toujou di menm bagay pa gen vant. M paka vann. Yo pa telman gen manje. Pa gen moun kap achte. Men kounyea, nou di tou ke moun pat gen kob pou achte. Apre tranbleman de te se kob pat gen woulman. Nou pat gen kob pou achte.

 Nou te kontan soti nan kan yo?

Piblik: Wi!  Kounyea, bagay yo telman vinn che.

 Men kounyea, bagay yo vinn che!

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Bagay yo telman vinn che la ou gen dwa achte yon bagay 1000 goud men ou gen dwa pa fe 100 goud sou li paske yo vinn che.

Ou paka envesti ?

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Non.

 Si n’ap konpare vi nan kan an ak vi kounyea ki vi nou t’ap di ki pi che?

Piblik: Vi kounyea. Vi sa a. Vinn pi che.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Semen denye ou te ka gen yon 100 goud nan men’w ou ka fe yon bannan ou lage ak fey ou mete tout kalite bagay ladann. Men kounye a pou ta desann pou ta al achte la vil ou paka pran lari a. Ou chwazi kek kote pou pran yon ti bagay.

Piblik: Tire! kouri!

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Kouri, ou gen dwa nan riyel sa la e gade’w ou gade moun ap vide. Si yo  pa gentan pou yo pran’l pou ou.

Piblik: Se tout moun kap kouri. (riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii).

 Men ou paka mete kounyea, n’ap pale kounyea nan ti moman sa a.

# 3 Bibiane Pierre; Fi; 32 ane; 3 timoun; anyen; 3e ane; Concern: Wi! Soti Desanb pou rive an Janvye a. Paske mwa de Desanb nan lan, awousa bandi lage yo gen dwa finn pran bagay la nan men moun nan. Y’al ti ye’l, yo bat li.

 Epi li pi mal ke avan trableman de te? Li pi mal ke apre tranbleman de te?

Piblik: Wi!

Silans.

 Kesyon m’ap poze nou. Yo ban nou fomasyon pou nou fe kob? Ok, a koz de fomasyon sa ki diferans nou we, nou vinn genyen nan komes la ke nou pat genyen avan.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Bon, fomasyon nou te resevwa yo nou te gen dwa ap fe komes, nou t’ap vann tout moun kredi nou pat janm met non yo sou kaye.

Ok.

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Kounyea, apre fomasyon nou te resevwa nou gen yon kaye acha, nou gen yon kaye vant, e nou gen yon kaye resi. Ou konn ki kantite ou gen nan lari, ki kantite ke ou te achte, ki kantite ke ou vann.

 Ok sa vle di, kounyea  bisnis lan pi byen mache ke jann kann mache a?

# 1 Marie Sony Grecillien; 7 timoun; komes; okenn; Concern: Wi, paske tout sa ke w’ap fe ou kontrole’l, ou regle’l. Li pi byen mache.

 

Ok,  ebyen pa gen anyen anko. Mwen panse sa bon mwen di mesi. Epi reprezante sa nou di byen epi si nou gen lot kesyon n’ap rele’w. N’ap rele’w.

Piblik : Wi! Non.Nou satisfe tout sa nou di, tout sa nou fe. Nou di nou mesi.

FEN

 

Not Yo

[1] Di.

[2]  Di.

[3] Yo te

[4] Lari

[5] Sel.

[6] Gen de le

[7] le