Kan 10 Anplwaye GOAL HelpAge Concern

TRANSKRIPSYON FOCUS GROUP  KAN #10 STAFF 2

Dat transkripsyon: Mekredi 24 – Lendi 29 Fevriye 2016

 

Patisipan

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern

 

PREZANTASYON  PATISIPAN YO

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Bonswa tout moun. Non pa mwen se Jeol Normil. Mwen se ansyen anplwaye Concern. Mwen tre kontan poun te reponn avek envitasyon sa .

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Mwen menm, mwen  se Plaismond Nikenncia. Mwen ap travay pou Help Age nan pwoje  relokalisasyon. Mwen se ofisye.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age: Mwen sa Cherubin Jocelito. M’ap travay pou Help Age kom ofisye nan pwoje lokalisasyon an.

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Mwen menm se Charles Dalin. Mwen travay pou GOAL. Mwen te travay nan pwoje lokalisatyon paske nou pa gen pwoje sa anko. Se yon plezi pou mwen patisipe avek nou.

Mwen te wew anvan ?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Wi, nan Concern.

Piblik :   Riiiiiiiiiiiiii

Mwen sonje figi w. Mwen pa sonje se nan GoaL mwen te we. Mwen te fe yon travay pou Goal nan Gresye.

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Ou te rankontre ak Ertha ?

Ennn !

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Li travay Gresye ,se Segnol dezed kominote. Zori…

 Zori te la. Li travay Gresye , wi li te la.  Apre sa  se te Blanc Hilaire epi Bethony.

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Bethony ? Ok.

Nou tap pale sou zafe pwa ak mayi, sou sechres.

Ok. Nou konnen chak oganis te gen strateji pa yo. Epi nou plis  gen yon ide de benifisye yo epi nou gen rapo ? Eske nou ka jis esplike ki rol nou te jwe nan leve  moun nan kan  ak o strateji nou  te anplwaye. Nap komanse pa Joel ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Eeee an fet rol mwen te jwe , se ajan anterim.  Mwen te komanse nan kan plas Lape Delmas 2.  Nou fe plisye zonn nan metopoliten nan. Se te 3 pwogram mwen te patisipe ladann pou Concern. Moun ki benefisye yo, nou chita pale ak yo  avan. Nou esplike yo ki sak nan pwoje a. Kiyes ki finansel. Men kisa ki ladann pou yo.

Kisa ki te pou yo ladann ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Sak te ladann pou yo se 20000 goud pou kay la. Apre 20000 goud la yo gen dezyem vizit pou yo ba yo.  Apre dezyem vizit la y’ap bay yo yon lot tranch anko .Si yo vini yo pa jwenn w nan kay la w  ka pap jwenn tranch kob sa.

Ou ba yo fomasyon tou ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Wi nou ba yo fomasyon sou GDR. Nou bay yo fomasyon sou Livelyhood. Kijan pou yo jere sitou moun lavil yo. Nou bay yo tou fomasyon tou sou bisnis. Nou ba yo anpil fomasyon sou sa.

Kisa ki GDR la ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: GDR, Gesyon risk ak dezas.

Konbyen tan fomasyon an te dire?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Bon se sitou pa peryod. Sa kon rive nou 1 semen 2 semen ap bay fomasyon sou sa.

E pou  Livelyhood ? Koman nou fe sa ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Mwen pat telman enplike sou sa. Mwen t’ap kite sa plis pou Manet . Mwen se yon ajan endirek, pwoje RDR. Men pou afe anfeme kay la Concern te ba yo kek ajan  ki pou di yo konnen sou ki krite pou yo al lwe kay. Daye nou konnen deja fok kay la  pa fisire.Fok li reponn ak nom yo.

Yo chwazi kay pa yo ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Se benefisye a kal cheche kay la . Yo rele nou y’al montre nou kay la , apre sa w siyen kontra de bay la ak pwopriyete a. Depi kay la pa reponn ak krite yo nou  pap ka prann.

Ki krite konsa ? Apa de fisire ya ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Fok kay la pa fisire ;fok li pa bo ravinn ; fok li gen twalet ; (latrin) si twalet la pa bon, si se latrin fok li gen pot ladann. Se tout krite sa yo nou te rete strik sou yo.

Ok, kijanw rele anko ? Sa se Joel.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Ok, Help Age se yon oganizasyon kap travay ak granmoun. Sa vle di nou gen yon group patikilye. Men nou te travay sou kan.  Odepa sa te vini nan  ti yon sipozisyon. Koman nap enteveni ? Nou pap pran granmou paske nou te fek komanse nan pwojet de lokalizasyon an.

 Se apre esperyans nou vin antre nan oganizasyon. Nou travay ak lot oganizayon tankou Concern, OIM, GOAL, ak lot moun nan oganizasyon, poun fe de patenarya avek yo. Kijan nou te fe sa ? Men nan moun sa yo, nou di ke une[1] fwa ke nou genyen tout enfomasyon sou kan, patene nou  an l’ap pran tout jen moun ki elijip pou relokalizasyon an. Nou menm n’ap pran tout granmoun. Nou te pran granmou ki 50 tan jiska x. Kounya nou vin travay ak granmoun 60 tan jiska x.

Pwoje nou an koman nou fe sa ? Une fwa ke nou genyen lis la, OIM voye lis tout moun ki gen BBC a. Men moun ki elijib pou pwoje relokalizasyon an  n’ap obseve li  poun fe evaliyasyon pou granmoun yo. Odepa li te pi strik, moun nan te gen 50 tan  men a la fen yo pa pranl. Paske apati de fich evalyasyon nou ka jwenn moun nan ranpli krite ki ka fe moun nan soti nan pwoje a. Pa gen fich li  pat gen depandan. Odepa se konsa nou te fel.

 Si li pat gen kisa ?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Depandan, timoun sou kont li. Paske youn nan ed nou te ede yo se nan edikasyon. Timoun li te gen soukont li. Kounya pwojea vin chanje. Nou vin we se pa tout granmoun ki te bezwen ed. Nou pran tout granmoun ki  te vreman bezwen ed. Pou sel krite sa nou te oblije mete yo deyo. Kounya nou vin fe yon sot de pousantaj granmoun ki gen depandan. Epresa n’ap pran granmoun ki pa gen depandan. Sa te vin rive nou pran plis granmoun. Ok m’ap bay krite de de depa  yo apre sa koleg mwen ap pale. Metenan…

(Riiiiiiiiiii)

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ou met pale ape sa si gen bagay m’ap ajoute.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Ok. Une fwa ke  nou fin fe evaliyasyon , nou  we moun nan elijib.  Nou fe evaliyasyon poukisa ? Paske nou gen lis done yo diw tout moun sa yo gen 60 tan. Poutan le moun nan vini ak kat li  nou jwen genyen ki gen 20 tan, genyen ki gen 30, 40 tan. (Riiiii) Se de ti ere konsa nou konn jwenn. Men une fwa nou fin evalye nou ede moun sa yo ranpli krite yo vreman. Tankou maladi kronik, li gen depandan, oubyen li pa gen depandan, li nan kan vreman.

 Men nan moun sa yo , nou pase yon lot fich ki rele baseline. Baseline se li menm ki pral ban ou vreman yon ide de lavi moun nan vreman. Koman moun nan ap viv ? Konbyen timoun li genyen ? Kijan li manje ? Kisa l’ap fe poul viv ? Kisal t’ap fe fe avan tranbleman de te a ? Se yon sot de ti istwa ki plis omwen sosyal elijib nou fe avek moun nan. Kotel soti , kotel vle rive. Men a pati de baseline nou esplike moun nan pwoje a. Nou esplike moun nan ,nou fe yon fokis gwoup avek moun nan. Men nan fokis gwoup la kijan ou kapab chache kay.

Kounya avek Help Age nou esplike moun nan pwoje a. Kijan li kay al chache kay. Sou ki krite ou ka chache kay.  Kisa ki gen nan pwoje a. Help Age pral travay avek w nan pwoje leve moun sou  kan. Kounya la ou ka al cheche kay. Men nan kay ou pral cheche a men kijan poul ye. Krite yo menm jan mesye a sot di a; fok kay pa fisire; fok li pa yon gen mi ki ka tonbe sou w; fok li pa yon kote ki gen bit te ki ka klise tonbe sou w; fok kay la pa two piti. Paske nou di kay la sipoze 3 m kare( L­i sipoze 3 pa 3, 3m pa 3m) Ok, teknik nou ba yo se konsa. Fok kay la gen latrin fok li pa  two lyen paske se pou granmoun; fok latrin nan pa two plen tou; fok kay la pa  gen eskalye paske se pou granmoun. Paske ak 60 tan granmoun nan li paka nan monte eskalye, sil genyen fok li pa twop. Fok kay li apsesif. Se jan de bagay sa yo.  Une fwa ke nou bay moun nan krite evaliyasyon an, Kounya moun nan nou montre une fwa ke li gen 6 mwa kay kijan poul konpotel.  Ki dwal,  ki devwal  antan ke lokate anve pwopriyete a. E pwopriyete a ki dwal etan ke pwopriyete anve lokate a.

 Li pral chache kay la, une fwa ke li jwenn kay la , nou gen de mobilizate ki la , ki al vizite kay la pou yo we si Kay la bon  reponn ak krite yo. Si li reponn ak krite yo nou tou siyen kontra  ak met kay. Men si kay la pa reponn ak krite a , nou di met kay vwala men krite ou ta sipoze genyen pou nou lwe kay sa. Nou pral chaje yon lot kay. Enatandan pwosesis la kontinye. Kounya nou vin gen yon kantite de moun, se apati de kontra sa yo ke nou  pral fe pewol.

 Pwoblem ki genyen nou pa sevi ak lajan kach.  Li ta atijan difisil poun tap mache avek lajan nan kan yo. Mentenan, le pewol la fet la , nou rele pwopriye ta nou peyel. Moun yo nou ba yo  8000 goud poul ka bote kite kan. E nou di yo kleman a pati nou fin peye met kay  yo gen 72ze pou yo ka kraze tan yo epi kite kan.

Mentenan une fwa yo kite kan, se desyem pati pwoje a ki  pral komanse. Se  ap pati de mwa, ou mwens selon de kontrent nou ka jwenn. Men nou pral deplase al gade pou we si kay sa nou te lwe pou nan  sil rete ladann vreman. Kounya nou pral kontinye ak desyem pati pwoje a. Nou bay tou yon pakech. Nou peye asirans  sante pou  1 an pou yo. Nou peye edikasyon pou timoun nan , si li gen depandan,  a pati de fich depandan nou te fe pou li a . Nou bay li  ti lajan pou li achete meb met nan kay la. Nou bal lajan poul fe yon ti komes. Se sa nou rele bisnis AGR la.

Ok. Ou di w peye kay pou 1 an ?  Ou bay yo 1 an asikrans sante ?  Ou  peye edikasyon pou  timoun yo? 

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: En hen , en hen, wi sil gen epandan. Yon depandan..

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ok.  Sam vle pote yon ti prezisyon sou afe edikasyon an. Se pa peye    lekol pou timoun nan ,se pa peye edikasyon pou timoun an swa  men pito  se yon pwogram ki la pou ede timoun nan nan yon domen kelkonk. Tankou  si timoun nan te gen pwoblem valiz, sa ka rive se valiz timoun nan te manke , nou bal lil. Men se pa peye lekol la an swa. Sa ka rive lekol li li pat ko peye , li peyel avel . Ou byen se inifom li pa ko fe . Men se pa peye lekol la an swa.

Ok

 # 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Ok nou bal lajan poul fe bisnis, e kob poul al achete meb.

 Lajan meb, epi yon ti bisnis.

 #2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Epi egalman fomasyom GRD , fomasyon AGR.

 GRD, fomasyon AGR. Tout moun jwenn yon meb.

 # 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Tout moun. Li ka diferan si moun nan an kesyon pa gen depandan, si moun nan pa gen timoun ki reponn ak krite yo,  pou moun ki depandan se yon moun ki lekol ,  yon moun ki pa nan in ivesite, yon moun ki gen jiska 23 zan , ki sou kont granmoun li. Se sa nou rele depandan.

 Yon timoun se jis 23 zan.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Ki lekol toujou, ki poko  al nan inivesite , ou byen ki pa lekol ditou.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Diferans nou te fe nan pwoje a, avan se te 23 zan kounya se men nou te vin desann ak 21 an.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Odebi se 23 zan kounya se 21 an.

Yo besel ?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Wi

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Wi

E kat la sante kisal pote ?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Ok, kat la sante a, se yon kat nou fe avek Dash . Li kouvri bezwen de sante de baz yo.  Pa epzanp si moun beswen fe yon egzamen de san , glisemi, si moun nan gen beswen vitamin, beswen de baz yo , tankou tansyon.  Maladi kourant yo, doule , vitamin, epzanp de baz  yo. Men kounya sa nou fe, kom nou travay an patenaria,,kounya nal kot OIM nou fe yon patenaria avel. Tankou nou te jwenn yon moun ki gen apse bo vant li , asirans pan ou an pako kouvri . Sa nou fe nou al kot OIM. M’ap kouvri sa poun kouvri yo. Kounya si li mande nou yon etevansyon chirijikal OIM ap kouvril pou nou. Tout sa nou paka kouvri yo.Men sa ke mwen twouvel li vreman anteresan.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ok, pou fe swit ak koleg mwen Nikenncia. Kesyon asirans sante a, anfet, dabo, eee an fet se jisteman yon asirans ki kouvri. Kote li fe yon kontra, a pati de kontra sa kap kouvri fre yo pou benefisye a. Kote benefisye a kouvri pa asiran lan. Se asiran ki peye konsiltasyon pou li. Kote sa ka rive nan konsiltasyon dokte a fe pou moun nan li ka revele de maladi  kote asiran lan paka kouvril. Tankou operasyon, asirans lan paka kouvril.

 Le sa sa nou fe nou fe fomasyon ak prevansyon pou yo . Nou di yo, depiw santi yon ti tet fe mal, ou santiw pa byen , olye w lese ale pou vin tonbe nan operasyon, pa ret gade. Se ale  al konsilte gratis epi medikaman gratis. Sa rive tou gen lis de medikaman ki pa gratis, se rabe nou fe sou yo. Tankou epzamen san, pipi yo gratis. Men radyografi   pa gratis se rabe nou fe. Sa vle di set se yon kouveti men li gen limit li.

Ok. Li kouvri tout moun nan kay la ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Non, li kouvri benefisye a selmam.

Ok . Ak kiyes ou diw travay, avek Dash?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Avek Dash. Se yon kontra nou siyen avek li pou sa. Nou bay benefisyan yon kat dach, epi kat sa li kouvril pou 1 an.  Pratikman sou sa m’ap diw yo la.

Ok. Anpil kote moun sa yo rete, eske tout moun sa yo jwenn akse avek sant Dash pou yo ale ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ok.  Evidamman pou pwosesis men kijan nou fel. Se dabo, nou fe yo pa gwoup. Ki kapab gen 25  jiska 30 nan asosiyasyon de pesonn aje. Nou gen biwo Delma, taba.  Nou oganize rankont la de 3, 25, jiska 30. Nou envite Dash. Se pa nou ki fe sansibilizasyon an avek yo se moun Dash yo ki vini yo esplike yo tout sa kisa  asirans la ap  ede yo fe.  Yo bay yo fich ak adres tout Dash ki nan zon metwopoliten nan. Pou moun nan ka we ki sant Dash ki pi prel poul ale. Sa vle di tout Dash ki nan metwopoliten nan net .

Ok. Yo ba yo fomasyon AGR ?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Avan nou bal AGR la, nou fe  fomasyon sou jesyon kijan poul  jere ti bisnis li. Ki bisnis kap pi bon poul fe kijan  li ka fe ekonomi .  Pandan yon jounen nou konn fe de 8h ak 3 ze fomasyon pou yo. Se apre  fomasyon sa yo tout benefisye ap jwenn kob pou AGR.

Ok. Yo chwazi yon bagay pou yo al fe? Nou pa bay fomasyon AGR komsi komes ak ti bisnis ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Anfet  nou geyen yon fomasyon AGR nou fe avan moun nan resevwa…..

 # 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Nou bay fomasyon GRD. Gesyon risk ak dezas.

OK

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Yo tout se sou yon jounen nou fe yo.

Ok. Pou AGR la, fomasyon yo dire yon jounen w byen yon semen oubyen 3 mwa ?

 # 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Yo tout se sou yon jounen nou fe yo.

Ok. AGR se yon fomasyon tou? Eske yo tou befisye kob apre fomasyon an?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Li gen dwa pa befisyel men jou a, men nan menm semen nan y’ap relel nan telefon, y’ap dil ale nan Initransfe l’ap resevwa kob la.

Ok. Eske tout moun benefisye menm bagay ?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Tout moun. Sof diferans se jan nou sot diw la. Depi moun gen depandan, sa vle di ki gen timoun sou kont li, siw genyenl w’ap benefisye edikasyon an , siw pa genyenl wap benefisye tout pakech la.

Oh kisa?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Edikasyon.

Pou  komanse avek moun 60 tan sa yo, Eske yo gen 60 tan vreman?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : En fet , nou ka we nan pakech ke Help Age li ka diferan. Paske se yo ki ba nou granmoun yo, paske yo vilnerab. Nou pase plis tan avek yo. Nou pral gen yon faz de swivi, tre avanse. Pou swiv granmoun yo. E pemet nou kapap gen yon relevman ki fet nan kesyon sante, edikkasyon. De fason ke ti kob AGR nou kapab reyisil .

Sou kesyon AGR la, eske nou panse… , jisteman. Pou AGR nou gentan fe yon pwojeksyon sou fanmi sa kote li menm li gentan di eskel ka jere bisnis sa. Pemet ke nou we si granmoun sa ka fe bisnis sa pou kont li. Ou byen li deside chwazi yon moun de konfyans. Yon moun nan mennaj li kapab edel. Nou fe yo vini. Gen se moun ki chita , gen de moun se piti yo ki resevwa ed la pou ede yo.

Ok. Mwen gen yon lot kesyon pou Help Age. Le nou fe fokis gwoup la avek moun ki soti nan Help Age, yo di nou yo genyen yon pwoje yon mande yo 250 goud pou yo gen yon badj. Yo bay yon fre yo peye pou sa.  Nou pa two kle pou sa ? 

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ok. Evidammann mwen panse ke, jisteman konfisyon sa kapab poze. Nou toujou vle fe yo konprann sa. Help Age se yon oganisasyon entenasyonal  ki travay avek pesonn aje. Avan Help Age pa konn enteveni direkteman sou le teren. Li te plis travay  pou ranfose kapasite nan strikti oganizasyonel pou granmoun aje. Help Age depi avan 12 Janvye te mete sou pye oganizasyon pou  pesonn aje pa tout komin yo . Nou gen you nan Delma, Tabar,Site Soley.  Se de strikti ke Help Age mete sou pye depi avan 12 Janvye. Li pa gen anyen avwa ak pwojet lokalizasyon an.

 Mentenan, se ranfoseman sa Help Age vin fe ak oganozasyon yo. Apre 12 Janvye  Help Age vin konstate yon bagay sou le teren. Nou te konn ap fe pledwayi, nou remake granmoun yo toujou viktim.  Sa vle di le yo ap bay yon ed fok granmoun nan ka pouse. Help Age di fok li ta eteveni direkteman  pou pesonn aje yo. Se konsa nou enteveni sou pwoje de lokalizasyon an.

Kesyon sa w’ap pale a se jis nan kad pwoje. Pwiske pwoje a se 1 nan, nou vle benefisye yo oryante yo non asosiyasyon yo. Se yon fason mensi nou ta deplase men asosiyasyon ap rete la. Paske li lokal.Se pou tet sa nou fe fomasyon an nan lokal yo. Se de fason pou yo vin manb.  Siw ta we yo mande 250 goud se pa pou Help Age li ye men se yon pwosesis ki genyen pou vin man . Se sak fe nou di yo Help Age se Help Age , asosiyasyon se yon striti lokal li pa gen anyen avek Help Age. Men nou fe yo konnenn asosiyasyon se asosiyasyon  Help Age se Help Age.

 Nou konnen granmoun sa yo vilnerab yo, eske Help Age konnen y’ap pran 250 goud nan men yo pou badj ?

(Tout ap pale ansanm.)

Non.  toujou  gen sa, sa rive gen moun ki konn ap pleyen. Yo toujou panse si yo antre nan gwoup bay yon ti kob yap benefisye plis bagay .

Piblik:  Riiiiiiiiiiiiiiiiii

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Anfet men ki pwoblem ki toujou poze. Nou toujou fe anpil efo pou avek manb asosiyasyon an. Paske se pa yon asosiyasyon ki fo, yo toujou vle asyosye yo ap Help Age. Yo toujou gen tandans a pran sou Help Age ,  idantifye oganizasyon an a Help Age. Le y’ap prezante oganozasyon an yo toujou vle lyel ak Help Age .

 Donk, ki anfet se pa vre. Se sak fe nou toujou ap batay pou yo otonom. Menm lokal yo se Help Age ki peyel pou yo. Pwoblem yo genyen se pwoblem kapasite. Nou di yo premye ane n’ap peye mwatye pou yo , men 3 zyem ane yo pap peye. Malgre sa w’ap jwenn genyen ki san lokal.  Men genyen tou ki toujou ap asosye yo ap Help Age pou  yo fe benefisye a vini. Men se de bagay netman diferan .

 Ok ban mwen poze nou de ti kesyon? Mwen pa vle pedi nan tout saw sot di la.

Piblik :  Riiiiii.  Dalin. i poko janm pale non . Riiiiiiiiii.

Kisa ou panse ki  pi gwo febles, mwen tande nou pale anpil, gen moun k’ap di de bagay, kisa w panse ki se febles ? Sa se yon pwogram konpreyansiv. Mwen poko tande yon pwogram ede moun konsa non. Ok, banm pozew kesyon yon lot jan, ou gen esperyans. Kisa ou t’ap fe si yo metew nan tet pwogram nan ? Kisaw t’ap fe pou pi bon ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Pi bon, youn nan bagay mwen tap chanje, dabo jiska dat. Ok,  se chanje metod AGR la . Paske fos pwoje sa li ta sipoze rete nan AGR la. Paske si  peye kay la  apre 1 an li pa gen  poul peye kak la. Siw pran sipo edikatif la se jis yon sipo de konsomasyon poul achete yon ti bagay pou timoun nan. Siw pran sipo  sant, se  lot sipo yo se jis ede granmoun nan antre yon ti kob pandan 1 an.

Granmoun sa yo toujou soufri de maladi kronik tankou tansyon, doule, sik , ki vin fe ke li toujou ap depanse yon ti kob pou sante. Men siw te kouvri yon asirans pou li, ti kob sa lap fe nan ti bisnis pemet li toujou ap bouje menm si pwoje a pap mache.

 Mwen panse pwoje a poko ede vreman sa ki pi feb yo. Sa se youn nan obsevasyon mwen menm mwen fe. Lot bagay anko, mwen panse objektif la poko atenn. Genyen moun le yo fin resevwa kob la se nan moman sa yo diw pitit yo te gen pwoblem. Kob pase, yo pa reyis bisnis la. Men nan sa ki fe bisnis yo se pa tout ki reyisi vreman.

Gen de bagay mwen ta renmen chanje. Se paske nou te bay kit AGR la, apre fomasyon an , men apre sa nou fe swivi. Nou fe yon swivi apre. Efektivman nou fe yon swivi apre. Le nou fin fe swivi a ou ka komanse we kote febles la ye. Kounya apre sa ou bal res kob la poul envestil. Men le li pedil net nou paka fe anyen. Nou ta sipoze antre moun nan bisnismen lan.

 Mwen panse an de tan li te ka mye. 1 chita ak moun nan mandel kisal ta renmen fe . Nou fe plan bisnis la avel. Ou mandel konbyen kob lap bezwen, li diw tan .  Mwen panse se sa yo ki ta pou, etan ke ofisye pou ta entegre yo nan bisnismen nan.

Ok, e menm kisa ou t’ap di ?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Mwen menm sa ki plis frapem, e sa konn fem mal, nan kad granmoun 60 an. Menm siw tande granmoun nan depandan  men li plis depandan ke lot moun li gen sou kont li. Gen de fwa nou konn fe de konperasyon gen kob  ki konn bay granmoun nan pa men konnenn. Mwen kwe nan sa. Desyeman nou bay plis lajan ke lot oganozasyon yo bay. Sa vle di nou bay 2 fwa la vale lot yo.

Piblik : Concern bay 12 mil goud, 11 mil goud ,5000 mil dola, 12500 goud. Alo tale m’ap di nou plis le m gen lapawol.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Pafe ! Ok, men kisa mwen tap fe. Pwemye man mwen t’ap fe tout moun ki pa ka entevi pou kont yo, sa vle di moun ki pa gen aydi, gen kat idantite. Paske di moman moun nan pa gen kat didantite, sa vle di se yon mou ki pou al pran kob la pou li. Nan lajan li pa gen moun li fe konfyans. Granmoun nan pa gen telefon. Mwen  t’ap fe yon swivi endividyel pou granmoun nan ak moun ki an chaj pou konperasyon. Nou di granmoun men kantite kob lap jwenn ; men kisa y’ap fe avel . Mwen tap fe yon swivi avanse pou yo.

 Dezyeman AGR. Mwen menm mwen panse AGR la bisnis moun nan li enpontan set. Men ou konn fe bisnis ak moun nan li diw l’ap achete 2 sak diri . Apre sa ou bal lajan li diw lajan fe otre choz. Li diw bisnis kraze. Mwen men mwen t’ap fe bisnismen  ak yon moun.  Nou ta prale sou le teren. Ou dim ki bisnis ki t’ap pi bon pouw. Nou ale nou al achete. Gen de ajan ki t’ap la pou ou . Wi, li achete tel bagay, kounya bisnis la  komanse.

 Mwen pap fel den pye de kou , mwen tap bal yon lot tranch nan lajan sil ta bezwen al achete anko. Mwen panse se sou de bagay sa yo nan pwoje mwen tap renmen enteveni pou granmoun yo. Kote granmoun yo t’ap benefisye tout bon vre sa nou bay yo. Le sam ta si ke yo  jwenn sa nou bay yo menmsi yo paka deplase.

Ok, sa se kou paw, w te la avan.

Piblik : Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Ok, pwoje pam mwen travay pou Goal. Rol pam direk se premye kontak ak otorite lokal  yo, swa avek otorite kan yo pou prezante yo pwoje a. Otorite lokal yo se  di yo ok n’ap vini  nan zon paw la. N’ap bezwen sipo w nan san sa. Pou otorite kan yo nou di yo nan vini kan sa poul kapab enteveni. Jis pou nou kapab retire moun yo nan kan, san nou pa dil ki jou n’ap vini nan kan fe entevansyon. Otomatikman yo fin okouran, nou desann nan menm semen nan  avek ekip nou al anrejistre non moun yo, pou nou antre nan baz de done ke nou konpare ak baz de done ke OIM te ban ou.

 Anpil fwa nan lis OIM ban ou yo, nou konn jwenn de mounn ki nan kan ki pa nan lis OIM ban ou an. Nou anrejistre yo kanmenm. Le Sa nou pral refere moun sa yo bay UCLPP.  Nou fe yon sot de tri pou nou al tande moun yo nan doleyans. Moun ki kalifye yo li retounen yo pou nou remete yo nan plan poun kapab antre yo nan plan pou nou relokalize yo.

Otomatikman nou fin gen lis sa pre, nou finansman yo. Nou refere moun endikape yo ap Endikape Entenasyonal. Le nou fin fe sa nou pral prezante pwoje a. Moun Help Age prezante pwoje pal yo. Moun Endikape Entenasyonal yo  prezante vole pal la. E depi lo moun Help Age pran moun pal yo, lap angajel avek yo direkteman. Endikape Entenasyonal pran moun pal yo direkteman. Men la anko se apre evaliyasyon . Res moun ki rete yo Goal pral  angajel direkteman avek yo. Sa vle di le yo fin prezante pwoje a, men jan mesye dam yo sot esplike. Men kijan pou yo chwazi kay; men ki kote pou yo rete; men konbyen kob  n’ap baw pou kay la se 20000 mil goud.

 Le nou fin esplike tout etap kijan yap fe jwenn 20000 mil goud la ,1000 goud  pou bote afe  yo  se menm jan avek Help Age. Se nan Sonjepres nou ba yo pou yo al pran kob la. 3 jou le nou fin bay o kob sa , pwopriyete a ap resevwa kob la. Epi yo menm y’ap jwenn yon fre de mil goud kom fre de transpo. Yo gen 3 jou  pou yo bote bagay yo sot nan kan, kite espas la. Se preske menm jan ak Help Age.

Le ke yo soti nan espas la kounya la, yo komanse ak  seri de fomasyon tou yo resevwa  fomasyon nan AGR pou yo. Yo resevwa fomasyon nan GDR. Yo resevwa fomasyon nan Wash. yo resevwa fomasyon nan jaden iben, tou sa.

 Tout moun resevwa fomasyon?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Pa tout moun ki resevwa fomasyon nan jaden iben. Pou kapab patisipe nan pwosesis jaden iben an fok w gen yon espas pou sa. Lem di yon espas li pa oblije yon paket te vreman. Men avek teknisyen nou ki te la, yo ale avek patisipan yo  pou yo al we e pou yo fe evalyasyon si espas la posib

Men tout fok moun nan kapab jwenn dlo poul rouze jaden an. Le nou di dlo li pa vreman bezwen yo miltitid dlo. Il sifi li jwenn yon siten ki tou prel li poulb kapab rouze jaden  an. Un fwa ke avek teknisyen an AGR yo tout fin dako ,  moun sa yo , yo chwazi pou kapab nan pwoje fe jaden iben an. Apre fomasyon an Goal bay yo tou kawochou, li ba yo kampos. Li montre yo tou kijan pou yo tiye bet, ki kap vin gate jaden yo fe a.

Kisa ki Wash la? Kisa Wash la ye?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Wash la se fomasyon key o bay yo sou zafe sanite, nan sante. Mwen pa fin sonje toutmen yo montre yo kijan pou yo lave men yo. Apre fomasyon yo fin pran yo, yo bay o yon filte dlo. Yo ba yo anpil fomasyon nan Wash la. Se apre say o resvwa filt la , klor, yo jwenn fomasyon pou de mwa , yon semen.

Kisa ki filt la?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Filt la se yon bokit ki gen yon tib ladann ke moun nan kapab filter dlo, ki bon pou bye.

Konbyen tan li kapab dire?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Konbyen tan filte a ap dire ? Yo ba yo fomasyon kijan pou yo netwayel. Li gen yon nomb de tan lap dire yo. Epwi pou fomasyon an AGR  menm jan ak Help Age nou ba yo yon fomasyon 8 semen. Yon fwa pa semen. Nou divize yo an gwoup Nou ba yo 7000 mil goud apre fomasyon sa.

Men kounya se 7500 goud yo ba yo. Men se pa tout moun ki te jwenn 7000 mil goud sa, kob sa. Nou te fe yo ouvri yon kont  nan Fonkoze. Kote nou kapab depoze kob sa yo kapab kite yon 100 goud sou kont. Pou si y’ap fe yon ti bisnis. Men yo kapab pran kob jan yo vle. Fonkoze ap pemet yo jwenn kob prete dan le fiti. Pou AGR la  te gen lot plan de bisnis pou yo. 

Nou te toujou fe sa ?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Wi, yo te gen plan de bisnis pou yo. Pwoje sa  te genyenl. Pou yo te konnen nan kisa yo kapab envesti vreman. Se apre 3  fomasyon yo ap relew nan ratrapaj.

Mwen pa konprann ?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Se 8 fomasyon pou jwenn kob la. Apre 2 ou pap gen kob men apre 3 fomasyon nou fe ratrapaj pou yo. Ya se sa, apre Ratrapaj la ou kapab monte  ti bisnis ou oubyen konpletel

Yo oblije vini nan tou le 8 fomasyon an ?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Yo pa bezwen vin nan tou le 8, men nou pa janm di yo ke yo pa beswen vin nan tou le 8. Nou toujou montre yo ke fomasyon an li obligatwa pou yo patisipe nan tout fomasyon yo. Men yo toujou vini an majorite nan fomasyon an.

Men eske ou pa ba yo  anyen? Yon ti fre pou yo vin nan fomasyon?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Non, nou pa bay fre pou yo vin nan fomasyon, men sof ke nan fomasyon an nou toujou fe an sot ke , le yo vini pou yo jwenn yon pate,yon bwason gazez. Paske se pa yon fomasyon ki long. Men nou pa ba yo kob pou yo vin nan fomasyon an. Paske le pli souvan lokal nou pran poun fe fomasyon pou yo a se lokal ki tou pre lokalite kote yo rete, an majorite.

Eske se menm bagay la pou Help Age?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Eeeeeee se ezateman metodoloji sa nou te bliye aplike. Nou pat  fin aplikel. Gen de benefisye  ki ret Kafou, pwiske li pa fonksyonel kounya , yo oblije vin Delma. Donk se te sa entansyon. Gen yon le nou tap travay Site Soley nou te oblije vin Delma pou rezon sekirite. Gen de fwa se koz espas ki manke, maleresman yo oblije deplase pou vin nan fomasyon. Nou gen ministe Kafou ki patisipe nan de fomasyon a Delma.

Yo pa jwenn anyen pou transpo ?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Nou pa gen yon kach disponib pou kesyon de transpo pou sa.Se selman ke okou de fomasyon an nou ofri yo yon ti pate pou  sa.  Sa se pou fomasyon GRD, pou  AGR  nou  kouvri fre yo pandan tout jounean an. Nan la matine yo jwenn yon ti pate ; a midi yon jwen yon pla konple avek ji anko, eksetera. Se pou AGR la.

OK

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Pou Concern li menm, nan kan kote nou konn rive yo, nou konn chache yon kote tou pre yo, swa nan lekol. Nou fe seyans de fomasyon kijan pou yo fe serom nan plan dijans. Nou al lakay yo nou al fe yon bagay yo rele pot an pot. Ki se plan dijans. Nou pale avek yo. Nou te pran fomasyon sa avek Kwa Wouj.

Kisa ki plan di jans lan ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Plan di jans lan se,  se yon sot se prevansyon si moun nan gen difikilte kisa pou yo fe. Kisa pou ye fe antre yo menm. Poun yo konn kay kiyes li prale. Nan ki abri pwoviswa yo prale. Pou yo mete nimero telefon kote yo ale. Si se kay yon moun yo prale y’ap ekri yon ti panfle nimewo telefon pal ak nimero telefon kay moun li prale ya.

Eske plan di jans fe tou, si gen yon tranbleman de te ki  pase  kisa pou nou fe ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Wi, si ta gen yon tranbleman de te ki pase  kisa pou moun nan fe.  Mensi te a ap tranble se soti deyo. Syantifikman, men sa pou nou fe le nou nan kay.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : W’ ap pale ?

 # 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Mwen t’ap jis fe yon entevansyon. Ya ! (riiiiiiiii) Pou plan dijans familyal la, poum reponn ak sa Tim di a. Nan fomasyon GRD kisa nou fe? Nou preseve tout katastwof natirel ki kapab genyen. Ki konpoteman moun nan kapab genyen. Plan dijans lan nou al fel lakay moun nan. Paske li plis pre fanmi lan. Si gen yon bagay, konbyen moun ki gen nan fanmi lan ? Ki moun ki malad ki genyen ? Si gen yon moun ki pa la ki kote n’ap rankontre ? Ki pot de soti ki genyen ? Si gen yon tranbleman de te ki pase kay kraze m’ap jwenn manmanm nan tel legliz.

Ou gen yon plan dijans pou kay w a ?

 # 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: W,i  mwen fe sa .

Poutan mwen pa genyen non.

(Tout tonbe riiiiiiiiiii)

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Mwen fel. Mwen gen yon bebe 1 nan. Mwen fe se pou trableman de te a. Mwen plis  fel. Pou mwen li vrenan enpotan.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Se sou kesyon de 250 goud la ou te soulve a. Mwen men sa enteresem tou. Mwen konnen gen yon fre se enskripsyon an. Mwen pral enfome poum konnen kijan sa fe.

Yo peye badj 30 dola, 25 dola. Mwen kwe se an goud ki  fe 250 goud la.

(long ansanm)

 #2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Enn Ok, se sam te bezwen konnen an. Sa vle di se  poutet sa m’ap diw, aspe sa se poun ta chita pale. Se paske jisteman apre 1 an pwoje a se gade koman, entegre moun sa yo . 2  ba yo yon baz. Se sak fe le n’ap fe fomasyon nou fel nan lokal pa yo .

Nan menm strikti sa GRD li fe fomasyon benefisye yo.  Gen yon lot GRD li fe fomasyon lokal. GRD a se yon bagay ki pli laj ke sa. Men asosiyasyon yo enplike nan sa. Yon le mwen t’ap vini mwen tande youn kap di pandan lap fe fomasyon, ‘Ou we kijan fok nou rete soude’.

Sa ka rive ya fe konsiltasyon gratis pou granmoun yo pou ta katarat, tout sa .Men yo toujou ap asyosye yo ak Help Age. Sa se yon febles li ye kote asosiyasyon an paka pran desizyon pou kont mwen yo. Nou men nou rekonet de asosiyasyon ki feb . Se poutet sa Help Age ap ade yo. Pou nou kapab mete asosiyasyon an otonom.

 # 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Ok mwen kapab pale ?

(RIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIIII)

BREF PREZANTASYON YON PATISIPAN KI TE AN RETA.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Eskizem se paske mwen malad , mwen an reta.  Mwen oblije pa al travay maten an. Mwen oblije kite lakay mwen ak 11h mwen monte nan biwo a . Eskizem reta a. Mwen se Mannette Noel. Mwen se anplwaye Concern.

 Nan kad pwogram Concern.  Mwen panse Normil pale de li deja pwogram retou la. Men andan pwogram retou la nou gen yon pwogram Livelyhood ak kote. Gen 20000 mil goud pou peye kay pou moun yo idantifye nan kan.  Yo peye kay la  pou yo.

 Andan pwogram sa Concern idantifye moun yo rele le san pyes. Sa vle di ki pa  gen pyes. Ki pa gen akdenesans, paye pedi. Yo identifye yo yo akonpanye pou yo fe pye sa yo. Nan fanmi gen dwa gen 5 moun, papa pa gen ak de nesans , manman pa genyen, pitit pa genyen, moun sa yo Concern akonpaye yo nan men kad retou a, poul jwenn ak de nesans la.

Tale mwen te soulve yon bagay ke  te soulve tale a le Help Age tap pale a. Nan kesyon moun san pyes. Nan Concern se diferan paske moun nou genyen ki pa gen pyes  nou regle sa ak initransfe. Nou idantifye moun san pyes. Nou ba yo randevou  apa. Le Jedi, le Madi nou ba yo randevou. Gen moun Concern ki la ki akonpaye yo nan Initransfe menm le moun nan pa gen pyes w pa.  Transfel fet sou nonl nonmalman sou nonl. Li pa bezwen se yon lot moun ki pou akonpayel poul a pran kob la.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Nou fe sa tou. Men se de mou ki gen kapasite, non selman li pa gen pyes  li pa gen kapasite pou pran an chaj anyen. Nou fe li si granmoun nan li gen 60 tan li djanm, li pa gen pyes nou petel non sou pewol. Le pewol la nou ba yo randevou tel le gen yon ajan nan biwo ki ………..

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : M’ap beswen anpil tan wi.

Piblik :  Riiiiiiiiiii

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Jisteman, maleresman, men se petet se pa nou pa fe pou moun ki pa gen pyes. Se sak fe OIM bay sevis sa, ede moun ki pa gen pyes. Nou kanalize moun ki pa gen pyes yo ak OIM. Li ba yo sipo sa. Moun ki pa gen pyes nou voye yo direteman nan initransfe pou fe moun sa yo jwenn lajan. Se moun ki pa gen kapasite pou deplase di tou, granmoun sa  ki deside yon moun de konfyans, oblije voye yonn moun. Nan pwoje a  nou we gen kek men leve n’ap pran mezi pou sa.

 # 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Ok,  sa va. Nan kad pa nou an, apre ke tout benefisye ki leve sou kan yo, yo jwenn yon lot tranch kob. Se apre 6 semen moun yo jwenn.. Konbyen Normil? (6500 goud). Epi apati de la pou nou mete sou pye nan men pwogram nan pwoje Livelyhood, ki andan menm pwogranm nan. Men kijan nou fe pou nou  idantifyel paske nou pap viv sou kan. Majorite tout moun sa yo vilnerab. Kisa nou fe ?  Nou oblije antame yon anket ke nou rele anket de povrete nan tout moun ke Concern leve sou kan yo. Kounya se nan moun sa yo m’ap pale sou pwoje sa nou fe deja, kounya ki diferan.

Nan moun sa yo anket de povrete ke nou fe pou yo nan fokis gwoup. Pale ak yo. Idantifye koman yo ap viv. Koman yo manje. Konbyen fwa yo manje  pa jou. Kisa yo posede. Moun sa yo ba w enfomasyon. A pati de sa  nou fe yon dekotasyon pami tout benefisye yo. Se sa ki pemet ou fe Livelyhood  la. Nou trayav ak moun ki pi vilnerab yo.

 Le n’ap fe fokis gwop tankou nou gen dwa pran Charles, Stephanie. Le n’ap paze yo kesyon, ‘Ou di Charles konbyen timoun ou genyen ? Li gen 6 timoun epi madanm li mouri. Eskew te manje ye ?  Li diw non sa pat bon menm mwen pa manje. Ou pran Stephanie ou dil, ‘konbyen piti w genyen ?’ Li li pa genyen oubyen li diw li gen de. Ou mandel kisaw te manje ye. Li diw ye maten mwen se vre bagay la pat bon men mwen te pran yon ti bagay. Se tout kesyon sa yo nou te poze. Se moun ki plis vilnerab yo nou te pran. Le nou fin jwenn moun sa yo, ke nou pral travay.

Osite nou fini fe tout sa yo, kisa nou fe. Nou prezante moun yo kisa pwogram nan ye. Avant ou fe yo konnen  ki dwa yo , ki devwa yo. Nou di yo se dwa yo yo genyen. Se pa yon fave nou fel. Se yon dwa yo genyen nou la pou akonpaye yo, pou yo jwenn fomasyon. Se ak fomasyon sa yo nou pral ede yo mete bisnis lan kanpe. Avan sa nou fe fomasyon pou yo se sou opotinite. Nou ede moun nan koman li kapa sezi opotinite a. Koman li kapab tout met menl sou li. Nou voye yo al fe yon etid de mache. Nou aveti yo ke yo pral jwenn kob pou yo fe komes la. N’al bo lakay yo esplike yo kisa ki yon etid de mache.

 Apre sa nou fe fomasyon de bidje familyal pou li. Kisa nou fe ladann ? Se montre yo kijan pou yo jere bidje familyal la. Se bidje familyal ki pral pemet yo jere lajan sa poul pa fini nan men yo le nou fin ba li l. Nou fe fomasyon AGR , pou konnen kijan yo pral jere lajan sa nan komes la. Apre fomasyon AGR nou debloke lajan. Nou genyen 12500 goud pou benefisye a. Nou pa balil yon sel kou. Nou ba li 10000 mil goud. Se konsa li te ye ane denye nou bay 2500 goud apre swivi. Objetf  Livelyhood kisal ye ?  Se pou nou menm se ranfose kapasite moun yo.

 Moun nan li menm li gen de fomasyon li pa genyen. Fomasyon AGR selman e bidje familyal  pa sifi. Nou fe fomasyon sou  atitid sosyal. Nou fe fomasyon sou GRD. Sou ijen, sou wash. Daye avan nou fe fomasyon nou montre enpotans fomasyon an. Tankou fomasyon sou nitrisyon. Pou ki rezon gen de fomasyon moun nan pa genyen, tankou, yon moun ki pa gen famasyon sou ijen. Timoun li ap gen dyare toutan. Li  oblije ap kouri lopital toutan, lap retire nan kob bisnis la.

 Se menm bagay pou nitrisyon. Nou pemete yo idantifye gwoup aliman yo. Kote w di yo w pa bezwen gen paket kob pou manje. Mwen konn di yo  siw gen 25 goud eske li ka manje. Yo di non menm si yo gen 50 dola li pap ka  fe manje a. Poutan li te ka pran yon grenn fig, yon pen ak manda li gentan gen bagay pou ko a. Mwen ret 15  goud li kapab pran lot ti bagay ke l’ap jwenn fos ladann. Se yon fason ou ede moun yo idantife aliman yo kotel pa bazwen ap retire yon pakat kob pou manje maten. Nou bay konsye sou gesyon stok yo. Si se sou konkirans la,  nou fe 4 ak 6  swivi pou li. Apre sa li jwenn denye tranch kob la.

 Men se pa selman komes sa nou genyen. Nou gen fomasyon pwofesyonel tou. Pou fomasyon pwofesyonel yo nou oryante moun yo nou gen kontra avek yon lekol kise KAPAK. Se yon striti ki fe pou OIM, Concern mwen pa konn si gen lot oganizasyon. Nou gen benefisye yo kif e kwizin,  kosmetoloji, reparasyon telefon selile. Genyen ki travay nan pwodwi atizanal. Genyen ki fe pwodwi de netwayaj savon likid, kloros, swavitel tou sa.

 Men tou moun sa yo, kel te fomasyon AGR , moun pwofesyonel yo benefisye menm fomasyon. Paske yon moun ki aprann kwizin yo jou li ka al travay nan restoran. Objektif se ba yo fomasyon pou ede yo demen. Yo fini pran fomasyon yo. Ane pase li te yon reyisit pou nou paske nou te bay setifika . Kote tout moun te soti satisfe. Kel te pou moun AGR kel te pou moun KAPAK,  mwen pa konnen pou tout.

Chak ajan te gen yon kantite de moun ou afilye avel. Avan chantaj la de gen 30 benefisye. Nan dezyem pwogram nan te gen 50 benefisye ki nan potfey ou a. Ou sansib pou potfey ou a sa tankou se te pitit ou paske Concern sansib pou sa. Kijan mwen te ka di sa se yon fason pou metew an branl, ou swiv benefisye a depre. Ou toujou tyen aske benefisye yo komanse nan potfey ou ak 50. Ou pa vle pedi youn ladann. Se sak fe swivi a w fel de tre pre. Pou ka we objetif ou plis oumwen atenn.

Ok. Nan kad pwogram nou gen kounya, li anpe diferan.  Concern  teni kont de ranfose pwodiksyon lokal yo tou. Se youn nan rezon le n’ap eseye oryante benefisye pa epzanp ki chwazi viv , nou oryante yo gwoup AGR ve pwodiksyon lokal. Diri yo nou konseye yo menm si nou konnen l’ap difisil, nou montre yo koman pou yo ekoule pwodwi yo. Nou monte de filye kom restoran pou yo al vann pwodwi a.

Nou fe yon filye alimante anko ki se ze. Se pa ze ki soti Sendomeng, men se ze ki pwodwi Ayiti, Ayiti Bwolez. Se konsa nou fel.  Nou genyen pwodwi gazez yo , nou pa telman rete sou sa. Paske nou pa gen pwoblem gazez nan peyi nou. Nou gen yon lot filye anko ki se , nou  vle kore konbit rebwazman. Kote moun yo kapa itilize lot mwayen. Nou dekouraje yo itilize chabon. Gen lot recho yo ka sevi kote yo p’ap boule anpil chabon ki se chabon tikade, lamp tisoley. Nou montre yo kijan yo kapab fe maketin pou yo ekoule pwodwi yo. Nou fokis sou tout sa.

Epi pou pwodui palmis eneji, nan kad palmis enejia kontreman ak lot AGR yo. Concern remet palmis eneji kob la. Li bay palmis eneji direkteman 2700 goud, li vini nan lokal kote nou konn fe fomasyon pou benefisye yo. Li vin fe livrezon pou yo. Avan li te konn vin fe fomasyon pou yo.

Paske, sak pase nan kad pwogram sa? Nou resevwa benefisye nan dives kwen. Pou moun ki anba yo nou resevwa Fontamara. Nou genyen kay timoun ki  se yon asosiyasyon ki nan Delma 18. Nou resevwa moun ki anviwon yo la. Moun ki Laplenn yo nou resevwa yo nan Flanban Roz anba Fleryo. Palmis eneji fe fomasyon pou moun yo. Se la tou li vin fe livrezon. Kijan te ka di sa ? Pou premye tranch pwodui li te resevwa premye tranch kob pou li. Se la li vinn fe livrezon pou yo .Pou yo menm yo komase vann pwodui yo. Men se avant tou se montre yo ki kalite pwodwi kijan yo kapap fe maketin.

Nou genyen nan kad pwodwi  gliserin enejetik la, sa pa yon bagay kap pran tan . Yo pran de mwa pou yo fe. Nan de mwa yo gentan konn fe savon likid, kloros, swavitel, mistolin, epi etan done ke se nan de mwa y’ap gentan vin aprann li Concern…..

Lew di fe , yo fel yo men ?

Piblik:   Wi yo kap fel.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Wi yo ap gentan fel. Yo achte pwodwi yo epi yo menm yo fel.  Nou gen   yon kantite moun se sa yo fe. Nan de mwa yo konn fe kloros, savon likid, swavitel. Epi etan done ke se 2 mwa l’ap dire Concern li men li rezeve yon pati kob pou yo ki 5000 goud.  Men moun sa yo ap montre kijan pou yo monte pwop bisnis li. Le yo fini menm moun sa yo ki montre yo pou fel la, menm moun sa yo ap fe kontak pou pou yo. Pou yo ekoule pwodwi yo. An gwo se sa.

(Riiiiiiii)

Ok mwen gen kat kesyon pou ou.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Pa gen pwoblem.

Ok, mwen ale tou swit ak saw sot di yo. Mwen konnen pwodwi sa yo pa fasil pou yo jwenn ayiti, pou fe tankou swavitel la. Kijan Concern ede yo pou jwenn pwodi yo pou k’ap fe melanj?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Ok, sa se responsabilite founise nou yo. Li gentan gen tout garanti. Concern te gentan panse sou sa avel. Li gentan di nou ki kote w’ap jwenn tel pwodwi. L’ap vini poul  edew. Li pa selman pou pwodwi sa yo, li menm jan pou pwodui atizana yo. Nou gen de tip azana kote m’ap diw l, kote mwen ta byen renmen ou  komanse preparew pou achete pwodwi sa yo.

Bien sure !

(Yon moun riiiiiii)

 # 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Ok. Nou gen de tip de pwodwi atizana. Nou gen atzana bijou. Nou gen atizana de biwo. Kote moun nan ka fe tablo, kotel ka fe kabare, soupla. Men se founise nou yo ki responsab. Ki bay benefisye nou yo garanti. Non selman li aprann li kotel ap jwenn pwodwi sa yo achete.

 Ok. Dezyem kesyon mwen an, se sou dire pwoje a. Tout pwoje sa yo anpil . AGR  li divise an plisye pati gen anpil pwojet konbyen tan pwoje sa yo ap dire ?  Epi depi konbyen tan li te la apre tranbleman de te a ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Eeeee, sa ki pase apre tranbleman de te. Koman  pwogram nan ye ?  Nan Concern nou toujou gen pwogram ki dire 1an. E sa ka rive pwogram retou la li komanse….. fini. Paske depi yo leve moun yo nou yo peye  kay pou li. Li resevwa denye kob la. Pwogram Retou fini. Men Livelyhood al pi lwen ke sa. Kontinye paske nou menm nal pi lwen ke sa. Nou komanseeee ak pwogram sa map diw la an Oktob n’ap fini nan mwa Jen.

Pou fomasyon pwofesyonel nou yo se sak fe nou pran KAPAK., KAPAK li adapte li de  fomasyon nou yo. Menm pou oryante yon benefisye  sou fomasyon AGR. Nou fe yon tes ki rele Siko Teknik. Se a pati de tes Siko Teknik sa nou oryante epi idantifye yon benefisye ki gen kapasite poul apran yon pwofesyon. Paske gen yon paket bagay ki k’ap fe yon moun pa kap aprann.

 Prenon le ka sim pran yon moun kin petet tre jen, ki  ka nan laj mwen, men li gen 6 ,7 pitit, kipa gen papa. L’ap fo difisil pou di moun sa kite lakay poul al aprann. Moun sa ou paka mandel poul aprann yon metye pwofesyonel. Moun sa nou orayantel ve fomasyon AGR la.

Men le nou jwenn yon moun ki kapab ,  a pati de tes Siko Teknik nou  jwenn moun ki gen kapasite pou yo aprann fomasyon pwofesyonlel nou oryantel ve KAPAK. Li men li  abitye travay ak jan de moun sa yo. Nou gen kontra avek li deja. OIM gen kontra avel. Lot oganizasyon gen kontra avel tou. Adapel ak tout benefisye nou yo.

Ok. Pi lontan sa dire , konbyen tan sa dire ? Setifika yo genyen ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: 6 mwa.

6 mwa sa se fomasyon pwofesyonel ? AGR fomasyon sa yo konbyen tan sa te dire ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : 6 mwa, men kouman li ye. Fomasyon nou yo a KAPAK li pa chak jou. E fomasyon nou yo pa tout jounen. Pandan moun yo KAPAK nou menm se benefisye, potfey nou  toujou ap travay. Le sa fomasyon nou fe sou noutrisyon, igen , GRD. Le benefisye nou yo pa  gen kou KAPAK. Nou travay de konse ak KAPAK. Nou konnen le benefisye pa gen kou a KAPAK. Nou menm le nou beswen’l pou kontinye travay ak li.

KAPAK se 6 mwa. Fomasyon nitrisyon an se 6 mwa li dire.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Nou gen plizye modil de fomasyon nan kad pwogram nan. M’ap pale nou de KAPAK , se fomasyon pwofesyonel.

Ok. tout moun net jwenn femasyon, wash, fomasyon nitrisyon.

Piblik:  Wi tout moun net.

Ok, denye kesyon nan se konsenan moun ou t’ap di w vizite. Nan yo manje tou sa. Nan ka sa ,eskew pa panse li ka frode . Eske lis sa pa frode paske moun gen dwa te pran twa repa , poutan li diw non. Kijan n’ap ka idantifye de katekori moun sa yo n’ap fe lis pou yo kap benefis la.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern :Ok, mwen te pran repa a. Men se jis yon asplezan. Men  se tout yon pakej pou nou fe anket la . Se pa nan telefon nou rele vre non. Nou gen de ankete ke nou fome pou yo konn kijan yo pral rive sou moun nan. Gen envestigasyon ki fet. Ou pale ak moun nan, komanse lew antre fason ou we timoun nan. Men yon aktif ki nan kay enteresan pou ou.  Se pa yon bagay y’ap diw. Ou men ankete ou gentan devlope yon kapasite w’ap devlope an pati pou we koman sa ye.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Ok, sou kesyon sa. Le nou a fe anket sa yo, gen moun kote yo pral o kouran depiw poze yon sou sa yo panse ou pral pote bagay ba yo. Men pi devan ou pral vire kesyon sa w’ap dekouvri lot bagay. Pou we si moun nan pa frode ladann.

Ok, se nou Concern ki travay nan kad pwovrete ? Se kritik nou fe sou sa ? Anket li pran tan. Ale lakay yo. Chita pale avek yo. Fonkoze travay avek nou. Li te pran tan. Konbyen moun ou genyen nan anket sa? Konbyen moun ou genyen an total nan system de pwovete ou te travay ak yo ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Ak konbyen moun nou fe anket la ? Tout moun nou leve nou fe yon baz de done pou li. Nan kad pwogram sa te gen yon afe de 2500 moun.  Men nan kad sa se pa Concern selman ki te leve moun  yo.  Gen GOL, OIM, Help Age ki ka sanse bokou pli konplike pou nou.

Avan se te nou menm ki te leve moun yo. Nou ka gen pwoblem apre. Si yo telefon,  pou anket sa se Concern ki  fel antan ke ajan. Concern ki rekrite moun yo , fome moun nan.  Men kisa la chache ? Men kisa nou bezwen pou anket sa ?  Sa te dire avan menm nou te komanse pwoje Livelyhood te komanse. Poul te komanse fok nou te anket la dabo. Poun fe triyaj la pou jwenn moun nou bezwen yo. Osito lis la pre pwoje Livelyhood la te balanse.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Eee depi moun nan antre nan kay la, nou men ajan yo nou tou komanse anket la. Apre Livelyhood li menm li ki kontinye anket. Se konsa nou te fel.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Men pou nou antre nan kad nou ye kounya la, tan nou te bezwen pou fe anket  de povrete sa li  te aprepre 3 mwa.

E lot yo nou pa sevi ak yo ? Sa ki vilnerab, oubyen ki mwatye vilnerab yo? Nou pa sevi avek yo?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Non , tre  vilnerab yo.Tre pov.

Ok, gen yon ti konfisyon. Le nou rive nan kan nou travay ak tou moun ? Ou divize moun yo ? Eske Concern, GOAL pran sa ki pi pov yo apre nou pran lot yo ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : We, pi vilnerab.

  Concern se sa ki pi pov, sa ki pi vilnerab ? Apre nou pran sa ki rete yo ?

Sam mwen tap pral  di, map baw pale, kijan nou fe separe pou nou konnen sak pi pov yo ? Res yo sa nou fe avek yo ?

(Tout vle pale ansanm.)

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Se konsa anket de povrete yo …

Piblik : (Tout moun ap pale ansanm) Mwen panse gen yon ti konvisyon.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Non, non, m’ap lokalize tout moun ki sou kan, map  pale apre  relokalizasyon an.

Ok, apre relokalizasyon an.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Men apre relokalizasyon Concern gen yon pwogram 6500 goud,tout moun te jwenn li.

An ok.  

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Pi vilnerab la se pou pwogram Livelyhood la. Men le nou monte sou yon kan tout moun jwenn 6500 goud la.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Se sak fe nou te di tale a, depi moun nan lakay yo, kounya nou ba yo vizit. De 6 ak 8 semen nan. Sou yo mwa oubyen de mwa. Nou bay moun nan dezwem tranch lan. Ajan yo komanse fe de anket. kote poje Livelyhood la kontinye ak vreman moun ki nan bezwen yo.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Eeee an fet pa rapo ak  sa, pou sa Tim sot di ya ,sim bay manti ou ka  toujou korijem. (Hum ,hum) Sam panse tou, kem we, diferans ou nivo de Help Age  tou kom Gol ,on a un pwoje de relokalizasyon AGR. Se yon pwoje. Isi se komsi nou an fas de pwoje. Yon pwoje Livelyhood, yon pwoje de retou. De la siw ap mande yon dire, pwoje de Livelyhood li atane sou 1 an. Aloske nou gen pou bay tout pakej sa sou espas de 1 an.  Se rezon pou lakel nou pap ka  fokalize ase tout fomasyon, kat swivi … Paske se yon pwoje ki konsatrel sou yon vole. Se diferans sa mwen fe.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Eskizem Normil , se yon pwogram  retou. Andan pwogram retou lan  nou gen yon  vole Livelyhood. W’ap kle avem. Nan yon pwogram Livelyhood, avek yon vole ladann li pap gen menm dire. Paske kisa w bezwen pou yon pwogram retou?

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Men sam pa konprann. Se paske nou di ke gen kote retou la fini . Men si se pou yon sel pwoje a  mwen pa kwe ap gen yon fen ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ou konnen kijan w relel, yon pwoje Livelyhood. Men mwen menm mwen pap rele pam nan yon pwoje Livelyhood. Mwen gen yon pwoje de lokalizayon. Li gen yon pakej , gen edikasyon. An fet mwen konprann byen strateji ou la. Se yon bel strateji . Se montre diferans ki se anfet konprann byen.

(Tout mou nap palen ansanm.)

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Ok, ban baw yon ti epzanp. Siw nan yon pwogram, pwoje a se RTN, retounen lakay. Tale wi……… deja 6 ak 7 mwa….

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Rete la. Nou peye kay pou moun nan pou 1 an e demi. Si apre 1 an  nou pa jwenn moun sa nan kay sa anko, moun sa fe yon lot bagay. Eske l’ap toujou benefisye ?

Piblik: Wi. Nan visit lan ou ka pa jwenn li.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Banm eseye kle avew.

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Hum , hum……

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : A tip depzanp.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Wi, ap tip depzanp. Nou ki se ajan ki pral relokalize moun yo nou komanse apre 72 ze, vesman bay. Tout  moun rantre lakay yo. Vizit 6 ak 8 semen sa komanse gen yon gwoup ajan ki komansel. Pou ka bay moun dezyem tranch lan. Kounya toujou gen fomasyon k’ap kontinye fet. Pati sa kapab dire 6 ak 8 mwa. La Livelyhood li fe swivi.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : N’ap kontinye ak swivi a.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Eeee se toujou yon vole wi.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Sim pa twonpem, mwen sonje ou te di tale, ke anket pwovrete a li  selman vize benefisye ki lokalize  ak  Concern yo selman pou ane. Pa vre ?  Mwen kwe nou fe………

(Tout mou vle vle pale.)

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Ou pozem yon kesyon kitem reponn ou. Aktyelman Concern pa benefisye ke li relokalize la. Paske nou sanse kanpe sou pwogram retou relokalyzasyon an. Daye nou jije bon pou yo kontinye finanse pwogram AGR.

(Anpil pale anpil.Kitem pale !)

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Kounya baye yo, yo di nou kanpe sou pwogram ki te gen vole Livelyhood la.  Baye nou yo mande pou Livelyhood vin yon pwoje an swa. Kounya pa gen retou ditou. Yo chaje retou la an Livelyhod paske sa yo te dispoze pou Livelyhood la yo satisfe. Li finanse Livelyhood la li fin fel yon pwoje. Pa gen pwogram retou anko. Avan le nou fe Livelyhood la nou leve moun sou kan. Men nan kounya nou travay an patenarya avek GOAL, OIM. Se moun yo relokalizye , nou menm nou travay ak yo. Se ak yo nou fe pwogram Livelyhood la. Se avek yo nou ap travay kounya.

OK

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Enn, dire yo chanje. Dire ant sa nou te gen avan ak sa nou gen kounya li toujou menm jan ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Wi, li chanje. Paske avan nou t ale 18 mwa paske nou te gen travay retou la ki te konplik.  Kounya li vini 9 mwa.

Tout pwogram yo fini pou Help Age? Nou toujou ap leve moun nan kan?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Wi

Kile n’ap pran fen?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Enn se denye pwoje nou sipoze pran fen.  An fet pi fo moun ki kan yo te fe pwovilaj. Genyen kite bay non yo de vilaj, tankou Vlaj Akra, Mega Akra. Se de kan kite bay tet yo non de vilaj. Kom se anpil kan moun sa yo te mande yo fomilizasyon de kan olye de relokalizasyon.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Fomalizasyon an fet  yon sot de vilaj. Se kote yo ye nan kan ou ta  fe kay nomal pou yo.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Fok nou di ke fomalizasyon an  pa ta ka asire pratikman pa abita. Se te plis  kesyon ki ta  fet avek koabita. Men avek fomasyon yo tap pran pou fe sipote AGR sa. Te gen yon bagay konsa kote ou kapap ede moun nan achete materyo pou fe kay la. Men avek diskisyon gen yon ansanm de kontrent. Ou konnen ONG yo frape pa de UCLPP. Ki vin fe ke te gen yon seri de diskisyon a la fen ki pou fet. Komsi te gen afe politk la ki te jwe. Eske se yon pwoblem de chif ki poze ? Pwoblem politik la peze sou sa. Nou toujou nan plan relokalizasyon an. Efektivman se denye ane pou nou relokalize moun sa yo.

Men konbyen  tan nou fe ap relokalyze moun sa yo ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Nou men nou komanse depi 2011 .

Kile nou pran fen ? Pouvi ke nou pap travay kounaye.

Piblik: Ane denye.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : 2 zan, ane denye Septam 2015. Semen sa yo n’ap travay ak moun lot ONG yo te relokalize yo menm. Kesyon lan.

Ok mesi. Nou toujou jwenn kek benefisye ki di yo rete yon 4000 mil goud pou yo, yo te peye yon dezyem ane pou yo?  Nan ka de moun pi vilnerab yo eske se nan ka sa ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Petet. Nan sans ke yo diw la sa ka ale nan, men nou pa peye 2 zan kay. Kisa nou fe nan kad de fomasyon familyal ? Nou montre yo nan kad fomasyon sa, depi le noun tap debite,nou montre yo kijan kapab  jere  kob la.

Non mwen pa konnen genyen ki di yo rele yo.

Ok nou konnen l’ap fin ta. Gen moun ki bezwen pou ale. Banm poze yo ti kesyon. Kisaw panse siw te chef, mwen te poze yo deja kesyon sa deja, kisaw panse ki te pi bon nan pwogram la ? Siw te ka kenbe yon sel bagay kisa ki pi enpotan pou ou ? Eske se leve moun nan kan ? Ki plan nou t’ap fe. Genyen ki t’ap di kite yo nan kan an ? Mwen menm mwen t’ap di sa, sof nan plas Bwaye , Sen Pye ou kite yo la?

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Nonmalman mwen pa ta renmen bay yon repons an sans inik. Paske gen yon seri de moun li tap fasilite. Gen moun tou li ta jwenn avantaj li . Pandan n’ap fe relokalizasyon gen moun ki konn di nou, ‘Poukisa  kay ki Mon Kabrit yo, Zoranje yo, poukisa nou pa anfeme yo pito ?’ Se yon bon ide paske 20000 mil goud la yo paka jwenn kay pou yo anfeme avek li.

 Konsa tou nou jwenn gen de moun ki di se kote yo te rete avan, apre tranbleman de te pou ta fe kay pou yo rete. Se la nou gen zanmi, yo gen fanmi. Mwen pap vreman deside kisa mwen t’ap fe oubyen mwen pa t’ap fe. Yo gen avantaj yo ladann, chak gen enkonvenyan yo tou. Mwen panse se pa yon move ide si moun nan te ka jwenn kay ki byen striktire deja pou yo rete. Oganizasyon yo te ka refere moun yo la. Men pa kont vi ak pwoblem ki genyen leve moun yo ,deplase yo ale nan lot zon ki vreman difisil tou. Sa se a konsidere.

  1. Ou vle ba nou yon denye mo? Ou te gentan dim sak bon oubyen kisaw w tap fe nan leve moun yo nan kan?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Eeee sam panse ki enpotan…….

Nou konnen Concern bon nan sa……….

(Tout tonbe riiiii)

 Pou leve kan, se nan kan anpil moun vilnerab. Yo te gentan vilnerab avan. Nou tap pale de sa avan. Pou mwen se pa tranbleman ki pwoblem moun sa yo avan yo te gentan gen anpil pwoblem.  Ok, ou met pale?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Eeee alo ou di se sou pwoje relokalysasyon an poum pale men mwen pa nan pwoje relokalizasyon an anko.

#1 Dalin Charles ; Gason ; 38 ane ; Syans politik ; 5 ane ap travay ak GOAL: Ou ka mize sou esperyans ou te gen avan. Siw gen yon bagay ou ka di.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Gen moun ki di le y’ap pale, poukisa Concern pat ba yo kob la? Komsi kote kay yo te te kraze men anplasman toujou la. Poukisa yo pat bay yo kob yo ta degaje yo nan fason pa yo pito. Ke si al lwe kay yon lot kote ki pral mete yo nan sitiyasyon pou yo pati.

Denye relokalizasyon ki sot fet la la, yo di nou: “Nou sot pase 5 kan  anban tant nou pat peye kay . Men kounya nou pran peye kay, lekol pou nou peye , kay pou nou peye. Pito se te konsa yo te fel pito. Enstitisyon an te konstwi kay, plisye te mete ansann yon kontwi kay yo mete yo pito”. L’ap pi bon pou yo konsa.Li tap pi dirab. Yo patap nan tounen peye kay anko paske yo pa gen mwayen.

Ok, banm pozew yo lot kesyon. Eske nou panse pifo moun nan kan se moun andeyo? Nou te met dil. Nou sanble dako pi fo moun nan kan yo, pou mwen yo la, ou pa beswen diskite.

Piblik: Tout ap reponn……..Mem mantalman si moun an…….

 Se sa menm, dako.  Eske , men gen moun ki ap pwofite  nou ?  Te gen sistem  ki ka identifye moun ki pa domi nan kan an?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Wi, sa  nou konn sa.

 Ok, kounya poun moun ki ta nan kan an, Ki pousantaj moun sa yo ki sot andeyo ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Anpil,  pousantaj la te fo. Pousantaj la te tre fo. Paske le nou ap gade enfomasyon y’ap ba nou wap jwenn majorite ladan yo Tigwav, Jeremi, Gonaiv , tout kote.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Poun te ka idantifye moun ki nan pwoje a, pandan nou ap fe ako pwoje a, nou te di moun yo si gen yo ki vle al an pwovens, n’ap fasilite yo retounen kote yo te ye a.

Piblik : Oh  yo te retounen. Wi, te gen anpli ki te tounen.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Ou vle  al an pwovens  Kotew te ye a ?  Concern pa bay kob transpo. Sa li pa ladann. Tou senpleman ou vle al an pwovens Concern pral avew. Poul al gade kay la kotew te ye an pwovens. Apre sa yo fe transfe pa Initransfe kote li ye an pwovens lan  (Gen yon moun ki de waw.)  Menm jan met kay la pral pran kob la nan Initransfe ki an pwovens lan.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Yo menm tou yo benefisye dezyem tranch kob la ki se 6500 goud la.

 Ok, sa vle di menm si moun nan al lakay yo ba li 20000 mil goud lan.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Non selman 20000 mil goud la  anplis yo ba li dezyem tranch kob lan ki se 2500 goud lan.

Ki pousantaj moun nou jwenn ki dako pou yo ale an pwovens lan ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Genyen ki dako pou yo ale men genyen tou ki se moun pwovens, men ki deside rete isit. Pou pousantaj la kisam te ka di Normil, 10 ak 15% , moun ki te vle ale ?

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Wi 10 ak 15% .

Epi yo ale ? Nou te fe swivi pou moun sa yo ?

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Nou nou pa kapab, moun sa yo, sel sa nou ka fe se ba yo 20000 mil goud la.  Ki garanti nou gen ak moun sa yo ? Se de moun ki gen ti te yo an pwovens. Lew ba li 2000 mil goud li pa oblije al anfeme yon chanm kay avek li. 20000 mil goud sa li ka degajel avel. Apre res 6500 goud lan li degajel , sil vle mete yon ti bisnis sou pye. La nou pat,  kontre nou te favorab ak moun ki te sot an pwovens ki vle retounen nou te akonpaye yo. Pat gen pwoblem ak sa ditou, nou te toujou akonpaye yo.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Se pandan tranbleman de ta fin pase, yo we kijan famil  lan ye. Yo te tou ouve tant yo nan kan. Yo te tou benefisye.

Anben mwen di mesi, mwen pa konnen si gen yon ti bagay ou vle di nou anko ? Siw genyen kesyon nou vle poze, si gen bagay ki pa kle ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Bon eee sam tap di ,  pa rapo ak denye kesyon w poze an ,se sou afe moun ki sot andeyo. Sam panse kesyon sa yo ,li a gade nan lot nivo. Nivo pa nou an li jwe yon rol teknik. N’ap gade nan la mezi posib etan ke ofisye. N’ap reflechi kijan pou nou bay rezilta. OIM te gen pwoje relokalizasyon oubyen kesyon de reparasyon mezon[2]

Siw gen pouvwa ou menm ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Non. Non laaaa, pa bliye ke gen domen, mwen pa menm gen dwa, poum patisipe  ak yon nivo de oryantasyon global de deplase. Nou gen ansanb de deplase ki oryantasyon global ke nou ap fe. La m’panse nou rive nan kad ke leta stritire ki odone tou. La mwen jwe yo rol teknisyen. Mwen gen yon role teknik a jwe.

Eskew panse leta vreman gen yon bagay pou di nan tou sa ? Eskew kwe leta te la ? Eske w kwe yo fe desizyon sa ? Wi ye te gen yon pa nan desizyon an ? Ou panse se etranje ki fe desizyon an ?

(Tout tonbe riiiiiiiii.)

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Mwen panse nou gen leta pov. Yo gen yon menmiz. Franhman, mwen panse ye te enplike  men yo fe sa ke blan panse  ye kap mye. Se ke ONG yo vini ak pwoje yo di men sa nou genyen kom pwoje. Yo apzete pwoje a san ke yo pa panse.  Mwen menm pou mwen senseman map mande (Tout tonbe pale ansanm.) M’ap pale! M’ap di opinyom ! Mwen pap pale etan ke ofisye m’ap bay opinyom sou kesyon kan. M’ap mande eske yo pa panse eske pwoje sa yo se meye pwoje?  Petet nou gen yon enpak set.

Nou gen pwoblem sosyal. Peye 20000 mil goud li anfeme kay pou moun li bon set. Se vre li ede moun yo set dan le tan ak yon moman done ak yon nivo. Apre 2 zan 3 zan kob la ap fini. Bisnis ou pa genyen an li pa andire letan. Ok, gen yon tranbleman de te, poukisa nou pat ou pwofite fe bagay la an lot jan de sa ? ( Yo pale yo, riiii pandan lap pale a. ) Men poukisa nou pa tou pwofite, gen de espas ki gran, leta pa menm bezwen. Yo bezwen moun nan men gen espas k’ap gaspiye.

Poukisa nou pa tou pwofite de moun nan la fe yon seri de kontrisyon  ki pal ede moun nan. Men si a lalong[3] nou fe  moun nan bay yon patisipasyon pesonel. Ok, nmwen fe pwoje a konsa. Blan an k’ap vini  an  set, ou pral ede moun nan , ou pap la pou toutan.  Paske li limite dan le tan.  Men poukisa yo pat pansel yon lot jan.  Yo te pansel yon lot jan li te ka mye. Mwen pa di sa n’ap fe a pa bon, li bon paske pep la benefisye de li. Gen pwoje sa w di a  ki bon.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Pep la ta  ka ale bokou pli lwen.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Wi, pep la te ka ale bokou pli lwen. E li tap rete. Li tap pepepitye. Li tap rete la . Nou tap we sak fet la.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Mwen panse  ke chanjman sa n’ap chache a li tap bokou vizwel.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Kounya tout saw fe yo, kote yo ? Apre 10 zan tout lajan nou te fe yo kote yo ? Ou te pran yo fe de kay ou te fe moun yo peye,  mensi sou 10 zan w’ap bay tan , tan,tan  jiskaske kay sa vin pouw. Tou pwofite fe pwoje sosyo.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Tande ? Le nou antre nan pwosesis global diferant responsab……….

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Je suis d’accord avec toi, mwen dako avew. Se pa rol mwen.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ret tann ! Ret tann !Ret tann ! (Gen anpil pale) Si nou nan yon staf nou sipoze defini novo de responsabilite chak moun. Pa epzanp kisam vle di pa la ? Mwen menm gen de post de direksyon, mwen sonje post tout. Mwen si e seten nan kesyon lan, pa rapo ak sitiyasyon sa ,ki se sitiyasyon de deplase. Mwen pan se ak yon  seten  nivo.

 Mwen si e seten nan kesyon lan, eske anfet nou gen de deplase nan yo peyi avek de pwoje. Eske leta an fet pa bon li menm ?  Eske se enpoze yo enpoze leta sa, oubyen se li ki  chwazi antre ladann ?  Ke se swa yo enpozew li , ke se swa ou chwazi antre ladann. Leta kanmem li responsab a yon nivo ak yon lot li responsab . La nou pral eseye gadel, nan yon nivo piwo oryantasyon sa ki esplikel. La a mwen p’ap baw manti map ….

(Yo fe anpil briiiiiiiii.)

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Mwen konprann kesyon an . W’ap ezekite yon pwoje. Ou se yon ezekitan. Paske w’ap aple ak konn yon pwoje. Wap di 1,2,3, men sam pral fe nan 6 mwa. Kounya ou men etan ezekitan ou pral gade kijan w pral amelyore imaj ou  atan ke sitwayen. Paske moun y’ap travay ak yo se sitwayen. Koman w ka rive sou yo pi vit.

(Yo fe  anpil bri.)

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ou konn koman ?  Ou konn koman ? Post de direksyon m’diw wi ?

(Yap fe bri.)

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Tale ! Tale ! Mwen prale nan sans de kesyon lan. Li pale  etan ke ezekitan kisa wap fe. Tale ! Etan ke moun kap travay siw ou te nan plas de  direksyon nan menm pwogram sa  kisa ou t’ap fe ? E ki febles kew te ka chanje ?

(Yo pale ansanm)

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Ou met pale.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Ok. Mwen, eskem kap pale de pwogram mwen ? Paskem pa nan Retou.  Yo chanje Retou an Livelyhod. Li vire an Livelthood . Pwiske mwen gen pwogram Livelyhood mwen ka pale de febles li.

Ou  met pale.

Piblik : Riiiiiiiiii

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Paske li gen pwen fo, lin gen pwen feb li. Nan pwogram nan senseman lem pale kel te AGR, kel te pwofesyonel paske pou mwen menm nan kad mwen atann mwen ak yon nivo de sikse nan kad pwofesyonel yo ke bisnis lan. Poukisa ? Rezon paske bisnis lan kob la ka fini an de mwa. Se vre n’ap fe swivi avan nou te  bay kob lan an 2 tranch. Men pafwa sa nou bay li an 3, nou bay li an 3 . Se pou nou ka asire nou de swivi yo.

Mem lew bay li an 3 sa ka rive lew ap mache, sa ka rive w’ap mache, mache,  se vre. Pou jikaprezan gen benefisye depim  Fontamare ki dim Madam Manette vin gade komes la. Lew al gade komes la vre ou we fomasyon ou bay moun li fe enpak sou li vre. Men se pa nan tou le ka .

Poutan lew pran moun pwofesyonel la, li aprann li li pou la vi. Li fe enpak sou li la. L’ap fe 1 an, l’ap fe 2 zan l’ap fel avel. E sitou sa ki k’ap jwenn yon sipo ekonomik apre fomasyon an. Mwen prale, si se te pou mwen menm sim ta gen yon bagay poum ta chanje .

 Pou mwen menm nivo sipo ekonimik la mwen twouve li feb, kantite kob la 12500 goud. W’ap jwenn fanmi ki genyen manman, papa, ki gen 6,7 pitit. Pou mwen menm se yon rezon apre 2 zan ou jwenn an pake komes ki tonbe. Depans lan ale two lou kob lan two piti.

 Pou fomasyon pwofesyonel yo mwen apresyel anpil. Men febles ki gen ladann  mwen pa konn si sesa baye yo dispoze pou nou. Pa epzanp sim pran yon moun kap fe kwizin, patistri lel fini mwen di se poum ranfose kapasitel. Fok mwen ta ba li yon fou. Mwen pa gen fon ekonomik pou sa. Nou gen anpil  moun ki fe kouti y’ap bezwen yon machin nou pa gen kapasite pou sa. Kontre ak moun ki fe reparasyon selile. Nan fon pwogram nou an nou remet tout moun yo yon kit ki apwoproyiye ak pwofesyon an. Ke lon vle w non, yon moun ki nan kouti l’ap bezwen yon machin, yon moun ki nan kwizin l’ap bezwen yon fou. Alo ke nou pa genyen yo pou yo.

Mwen menm sim te gen pouvwa,  sim te nan post  de direksyon depi nan ekri pwoje a mwen t’ap tou metel ladann. Kom fom poum te sipote moun nan. Malerezman pwoje yo te rete konsa. Men si yo te gen de  kit  ki lye vreman ak fomasyon yo , Concern tout te konnen  nesetite a men selman pat gen sa davans poul te rantre nan pwogram nan. Se la mwen panse nou pral genyen febles sa m’ap palew la.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Sa selman mwen vle di, lew antre nan yon oganizasyon gen sa yo rele strikti oganizasyonel. Sa vle di ke gen yon strikti k’ap pemet ou aji. Donk se nan strikti mwen rantre li lye. Li limite lid de demakasyon  yo.  Donk sa vle di sim vle fe yon bagay fok mwen soti an deyo de trikti lan. Fok mwen sot deyo, le sam ka aji. Si se pou te mwen menm mwen pa kesyone. Mwen pa kesyone ditou pwosesis  de relokalizasyon. Mwen  nan yon pwoje de relokalizasyon, mwen se yon ofisye de relokalizyon. Mwen eseye fel de espetiz.

(Yo pale ansanm.)

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Mwen se la mwen ta pral vini. Mwen fe tou de pwopozisyon.

(Tout pran pale.)

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Kesyon ki poze a mwen wel nan de fason mwen menm. Mwen we nan kad ou esprimew la mwen dakol. Mwen paka depase limit la vreman.  Yo diw sa pou fe  se yon bagay teknik. Paka mwen retire tet mwen kom ajan Concern. Mwen ap pale kom sitwayen Ayisyen. Mwen menm mwen we leta te dwe enplikel. Se pa aplike sa moun yo vin ba li a men se enplike de fon tou nan travay ki gen pou fe a .

Donk, se te gen yon enstans ki  (Li t’ap mwe pou peyi a.) si te gen enstans tel ONG gen tel pwogram l’ap fe. N’ap oryantel poun konn sa nap fe. Imajinew nan pwogranm retounen lakay nou te fe nan Delma 2 an 2012 , kob la te plis. Kounya la apre kob la desann ak 20000 mil goud.

 Le nou te fek ap retire moun nan li te plis or  le te fek ap leve  moun sa yo kob sa sa te preske monte 51 mil goud, 52 mil goud. Kounya leta fikse ak 20 goud. 20000 mil goud la pou kay  ak yon ti res si ap peye lekol pou yon timoun. Li toujou kenbe moun yo nan yon pwovrete.  Nan yon ko sible m’ap pale etan ke Ayisyen. Si leta li menm li te fe yon bagay,li tap ede ONG  yo  menm si ONG  ap envesti.  Li menm tout lap envesti pou gen yon pwoje ki pi dirab.

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Ok kitem di nou. Mwen vreman apresye envitasyon nou fem nan. Nou vlem diskite ak nou vreman n’ap envitem. La nou envitem kom yon ofisye de Help Age ,ki travay nan yon pwoje de lokalizasyon. Mwen se yon sitwayen nenpot lew gen pwoblem mwen gen telefom ou kapab relem. La aa mwen dako avek nou.

Piblik : (Riiiiiii) Nou dako avek ou. Nou pap di yo sa. Ou met we sa la nou pa di yo sa. (Riiiiiii)

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Mwen menm gen yon grenn bagay ki enpotan pou mwen. E sesi mwen esperimantel depase.  Se vre ke m’ap travay nan yon pwoje mwen toujou gen sijesyon ke mwen ka pote.  Toujou gen de pwopozisyon ke nou toujou fe. Pa epzanp mwen nan Livelyhood lan mwen ka idantifye sak pa mache nan Livelyhood lan. Gen de leson apriz ke Concern toujou fe.

Nan leson apriz sa yo ou menm ki se egzekitan sa nou k’ap idantifye sak pa mache.  Pwen fo  ke nou k’ap kenbe, pwen feb ke nou pap kenbe nan pwoje. Apre yo k’ap vini pou gen amelyorasyon ki fet ladann. Mwen pap two dako ak ou pake se egzekitan ou ye.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Wi, se paske nan dezyem nou te genyen an, konn pwopoze yo. Nan twazyem pwoje a la yo pote koreksyon.

Wi mwen apran saw di nou an.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Vwala, se sak rele leson apriz nan pwoje a.

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Mwen sak fe mwen we li enpotan,imajinew nou aple ak yon lot tranbleman de te anko. Vwale si fe yon fokis gwoup nou fe tab rond  mwen panse sa ap ede nou ak lavni. Nou ka idantifye kisa k’ap pi bon pou moun yo. Si gen yon lot tranbleman de te anko n’ap konn sa pou fe gen bagay ki kap mye.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : La anko men kote mwen prale ak kesyon mesye a. Se pa ke mwen anfas w…….

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Mwen pa di sa .

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Men sa ki enpotan pou mwen, etan ke sitwayen ayisyen. Se vre ed  ONG yo itil nou, yo itil benefisye nou yo. Kanmen li fe enpak sou yo paske li bay ………

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Wi li bay dyob.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Li bay dyob. Li ede moun yo. Men sa ki enpotan pou mwen. Mwen konnen sitiyasyon Ayisyen parey mwen yo mye ke blan an. Kounya le m’ap travay nan kad pwoja a , mwen pat la se vre le t’ap reglemante. M’ap egzekitel. M’ap jwenn pwen fo. M’ap jwenn pwen feb. Pwen fo sa yo map toujou sijere.

Mwen pa konn si tout kote se konsa. (Yon moun riiiiiii.) Concern aktyelman fe asanble general chak denye Vandredi di mwa. kote tou anplwye reyini pou di koman tel bagay ap mache nan tel bagay . Ou kap pran kaye ou ekri pou di nan tel pwoje men sa ki pou amelyore . Sa m’ap di ki pou amelyore a li gen dwa pa kap paske pwoje a reglemante deja. Men l’ap itil pou yon lot  pwoje k’ap vini pou ane pwochenn. Poum rete konsa poum di mwen pa epzekitan. Mwen se teknisyen. Mwen pa gen anyen pou di a, mwen pap epzekite pa gen anyen la aa mwen. Hummm ?

#2 Jocelito Cherubin ; Gason ; 31 ane ; Sosyoloji; 4 ane ap travay ak Help Age : Pemet mwen diw yon denye bagay. Ou we sam di an, li lye tout avek konpreyansyon. Gen yon bagay petet se yon kesyon  apwoch. Li gen plisye  apwoch li lye avek de fomasyon. Li lye tou avek  sosyolog. Lew nan strikti si kounya w chanje strikti a net , si w’ap gade sa chak jou nou reyini nan Help Age, n’ap gade se yon apwoch men li pap chanje  non. Non, pwoblem nou genyen se nivo global ou  paka ka wel.

Ki kotem vle diw siw gen yon pwoblem nan edikasyon, siw gen yon pwoblem ki poze nan  edikasyon poum atake. Men pa nan nan edikasyon pou atakel men se mantalite yo  pou atake. Paske ou met ap vire an ron fe ti sotaj , pwoblem nan pi pwofon. Li bokou pli stiktirel. Sa vle di se la mantalite poun chanje. sa se pa paske mwen opoze avew. Men se yon  posisyon mwen genyen.  Si pounm retirel se chanje poum chanjel. Pete ou gen dwa pa sezi  nan nivo ye avek ou a oubyen sam diw la …..

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Mwen sezi. Mwen sezi saw di a, w’ap dako avem tout le gen yon montay pou deplase  se pa nik pranl ou chavirel. Se pwoblem sa nou pa fe tou.

 Ou antre nan sistem nan ou paka krazel  sistem la .

Men yo ap stat machin nan mwen pa konn si nou tande.

Yo pral ale.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Se tout lese ale sa yo, se tout lese ale ki petet fe, mwen pap jere pwoblem nan den kou. Mwen panse yon sijesyon fwa sa a. Yon sijesyon yon lot le, yon pwopozisyon.

Domaj yo pa gen sistem pou sa. Se sa nou fe.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Vwala ! Ou menm etan ke egzekitan ou gen patisipasyon paw ou kapab  pote.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Se pwoje ak kou tem yo ye.  Ou komanse tel la  le wap fini tel le.  L’ap fini tel yap rekomanse tel le.

Menm blan yo paka fel. Se lot kote ki ap  ap pran yon desisyon. Se ameriken k’ap fel.

Piblik : Non yo paka fel.

(Tout ap pale ansanm.)

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Mwen we Concern fe yon aktivite kounya la a, ki bon kan menm, ki soulaje moun yo kanmenm. Ki se bay moun yo koman te ka di sa kabrit yon mal e femel. Li bay yon bourik tou. Paske moun yo te telman nan pwoblem. Moun kay yo te antijan bagay, kay moun ki kraze yo, ki pa gen kay menm. Li evalye yo, li repare yo se devlopman li ye kanmenm.

 # 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : Alo, la se pwoje de devlopman yo ye. Pwoje de devlopman yo ale pi lwen. Paske pwoje de devlopman yo ale de 2 ak 5 kan, ki diferan de yon pwoje dijans. La nou kad de pwoje dijans.  Pwoje dijans lan li  pa men rive 2 zan. se ala rige  ak 1 an edmi.

# 4 Joel Normil; Gason; 34 ane; Syans administrative; 6 ane ap travay ak Concern: Wi 1 an ak 1 an edmi.

# 5 Manette Noel; Fi; 30 ane; Gesyon administrative; 3 ane ap travay ak Concern : La bon, se tet chaje.

(Hummmmmm)

  1. Se tet chache

(Yo pale ansanm. Yo riiii)

Nou di  nou mesi !

# 3 Nikenncia Plaisimond; Fi; 31 ane; Inivesite; 4 ane ap travay ak Helpa Age: Mesi nou menm tou.

FEN !

 

 Not yo

[1] An kreyol , yo di yon fwa

[2] Sa vle di kay an kreyol

[3] Sa vle di dan le tan