Kan 1 Benefisye HelpAge Concern

TRANSKRIPSYON FOKIS GWOUP KAN #1

Dat transkripsyon: Lendi 8 – Dimanch 14 Fevriye 2016

 

Patisipan

# 1. Julianna Mazarin; Fi; 66 ane; 2 timoun; Anyen; 6eme ane; Help Age

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern,

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern

 

Entwodiksyon.

Tim: Mwen rele Tim, moun ki pa konnen mwen.Mwen preske gen 20 ane nan peyi a. Mwen fe anpil ale vini nan peyi a . Depi avan tranbleman de te a mwen abite nan peyi. Pharell w met prezante’w.

Pharell : Mwen se Pharell. Nou travay ansanm depi plis ke 15 zan. Nou abitye pale avek anpil lot moun. Petet se premye fwa nap gen pou’n pale avek nou jodia la nan kad pwogram sa. Mwen espere n’ap bay kontribisyon  ou. Pa ezite pale ak nou. Pa gen non.  Se pa yon egzamen, se yon echanj n’ap fe. Pa pe pale nou met di bagay la jan’l ye, n’ap fe echanj.

 Almathe : Bonjou tout moun. Mwen panse nou tande vwa sa plizye fwa deja . Mwen menm mwen se Almathe Jean .Se mwen ki te responsab  pou’m te rele nou. Mwen fe pati de ekip la .Mwen vreman kontan we nou la. Nou pral fe yon bon ti pale ansanm. N’ap aprann anpil de nou menm. Mwen di nou  mesi deske nou la maten an.

Piblik : Mesi anpil. Nou menm tou. Mesi.

 Egain : Bonjou mwen se  Egain. N’ap travay ansanm sa fe lontan. Nou travay sou plisye domen. Kounyea se yon lot esperyans n’ap fe  avek nou. E ou menm tou ou pral fe ak nou. M’ panse ke ou ap ede nou. E nou menm tou ap apren anpil de ou. Mesi anpil.

Piblik : Mesi. Mesi

Nou pral banou chif. Nap chonje non w. Le nou ap fe rezime sou sa pou ka konnen kiyes ki di bagay la. Pou pi fasil pou nou, n’ap jis baw chij. Epi apre gen yon ti pan ak kafe k’ap fini.

( Nimewo ap distribiye bay patisipan yo)

Le n’ap pozew kesyon w ‘ap reponn se chif sa pou di.

(Yon moun netwaye goj li.)

Ok banm dirije pou nou.  Ki tip  de ed yo te konn ba nou ? Sa vle di le yon moun sot nan kan, ki kote yo konn jwenn pou yo rete ? Sel sa m’ap di,  chak fwa  yon moun pral enteveni wap  jis leve nimero a. Se nimero a kap identifye pou yo konn kiyes ou ye .

Ok ki tip de pwogram yo te genyen pou yo te fe nou soti nan kan ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: O komansman nou te gen anpil pwoblem nan kan yo. Nou te gen anpil anpil pwoblem. Paske tout moun kite vini pou retire’n anba kan yo ale. Chak moun ki vini y’ale  Chak moun ki vini y’ale. .Apre yo telman fe nou pase mize, kounyea le Concern vini (Riii) nou pat vle pale avek yo. Telman yo fe nou pase mize.

 Lew di yo?  Kiyes yo?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Lot ONG yo wi. Le yo vini yo pa fe anyen. Men apre sa nou vin rete nenpot plis ke 6 mwa. Apre sa anko men gen yon le, men se nan denye moman an wi !  Tout moun sa yo fin pase yo pa di nou anyen. Kounya le Concern vini kounya gen moun ki pat vle rete.  Menm mwen pat vle rete, kounya a Martine  di konsa : ‘’Madam, tanpri cheri,  an fe ti foto a non. Ann bagay non.  Lap bon pou wi.’’ Apre mwen pa  fe tet di mwen komanse rasanble tout lot  moun ki sou teren yo.  Mwen fe yo fe foto. Nou fe bagay.  Kounyea tout moun asepte fe foto. Kounya, e hummm,  yo te ba nou yon ti kat. Yo te di nou y’ap tounen .Vreman vre yo retounen. Tout sa yo di nou y’ap  fe, yo fe’l. Kounya mwen rele yon zanmi’m mwen di’l : ‘’Nou gen yon oganizasyon ki vini anba a  nan kan.’’  kounya le’m di sa yo di’m, ‘’Ki oganizasyon ?’’ Mwen dil Concern.  Li di, ‘’ Ooo y’ap retire nou wi ! Se yon bon oganizasyon li ye. Y’ap retire nou.’’ Vreman vre  se konsa yo fe’l. Yo fe swivi. Yo toujou vin we nou. Tankou le nou gen pwobem nan kan nou rele yo. Tankou gen Martine, Saintil, gen lot mesye, mwen bliye non’l.

Nan ki kan nou te ye?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Mwen te nan kan Bak Popaz, Fontamara. Kounyea, vreman vre depi nou gen problem nan kan an, yo konn ap tire roch, fe dezod.  Depi nou rele yo, te gen Martine ak Saintil, Martine kon lot bo li konn ba nou nimero telefon li (Gen yon moun kap touse anpil)  poun rele’l.  Etan li  lot bo a, li rele lot moun  vin nan kan.(Moun nan kontinye ap touse. Li mande eskiz) Vreman vre se konsa yo ankadre nou. Yo fe tout swivi.Yo retire nou nan kan an.

E si yo pat retire nou nan kan an ? Kisa nou t’ap fe?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Si yo pa retire nou?

Wi

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern:  Aaa nou t’ap soti, men se pa kounya.( riiiiiiiii..)

Nou t’ap jis rete? Eske gen lot moun ki te nan menm kan? Eske nou tout se nan men kan nou soti?

Piblik : Non. Non. Non. Non.  Nou soti nan men zonn. M’ sot nan kan Pak Kay Mez la. Mwen soti Site Venis, zonn Dekayet.  

  Nan ki zonn ?

Piblik : Dekayet.

Eske gen moun isit ki rekonet lot?

Piblik : Wi. Wi. Wi. Nou tout pa rekonet lot men nou twa sa nou te nan kou menm kote. Mwen konn we ak mesye sa, len gen randevou ak fomasyon.

Ahh, nan fomasyon ak Concern?

Piblik : Wi. Wi.

 Eske nou tout te enfemen kay anvan n’al nan kan? Pa gen moun isit ki met te a, ki gen te ?

Piblik : Non.Non. Non.

 

Pa gen moun ki gen te? Pa gen moun ki te gen kay tou?

Piblik : Non.Non. Non.

Mesye Greffin ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern:   Wi. Mwen te gen kay men te a pat pou mwen. Met li te mandem li.

Nou tout la se moun  Concern?

Piblik : Wi. Wi. Wi.

Te gen yon lot organizasyon ki nan lis la, Help Age. Eske gen moun ki se moun Help Age yo ye ?

Piblik : Non. Mwen se nan Nazon.

Nazon ? Si yo pat vin retire nou kounya, nou  t’ap jis rete  nan kan an ? Nou pa te gen plan soti nan kan an ?

Piblik: Non. Nou pat gen plan.(Riiiiii)  Nou pa gen anyen nan men nou. Nou pat gen lagan nan men nou.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Non. Nou pat gen plan. Si tranbleman  te a pat pase nou t’ap viv  alez. Nou te konn fe komes, woulman, nou te konn fe biznis.  Men nan yon kote tranbleman vin pase, tout sa moun te genyen, nou vin  pedi tout bagay nou. Kote li pa pase vole pase li pran tout afe nou. Anpil moun pedi bagay, pil graneg tout pedi bagay yo. Ou konpran ? Nou vin tonbe. Gen yon seri de moun li pat bon pou nou. Ou konpran ?.  Pafwa le n’ap viv nan tant le yo vin pot yon moustike anpe moun jwenn ak anpe moun  pa jwenn li. Le mayigwen ap mode, pafwa kote gen twalet la, kote matye a ye a wap respire’l. Aaaa w’ap pran sant li. Li pa bon pou sante nou. Nou santi nou pran imilyasyon .

Eske kan kote ou te ye a femen?

Piblik : Wi. Wi. Yo femen’l. Yo te kraze’l. Se te yon teren pou timoun jwen. Se te yon teren kote djaz konn al jwe.

Eske tout moun nan kan kote nou te ye tout moun jwenn ed ?

Piblik : Wi. Tout moun jwen.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern:  Se tout moun ki jwenn. Paske nou menm nan Lakou Mez nou pa gen pwoblem y’ap voye roch sou nou, men yo konn bay presyon. Konpran? Paske lakou a se yon teren prive li ye. Met li la toujou. Met li ap viv nan peyi etranje . Men se apre 12 janvye a tout moun oblije antre landann’l abite. Men vreman gen moun ki nan kan an ki jwenn ed. Men nou men ki nan Lakou Mez, nou pat telman  jwenn  si se pat Concern.

 Si se pat Concern?  

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Wi!

Gen lot moun ki jwenn ed?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Wi. Yon jwen lot ed.

Kiyes ki ba yo ed ? 

Piblik :   Pa fwa gen kit ki vini. Lot oganizasyon ki bay yo.  Yon posyon jwen yon posyon pa jwen. Genyen ki ankesye afe yo yo pa ban nou menm.

Ki ed yo jwenn?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Yo ba yo savon, sevyet, kit, ak bwos

Piblik:   Bokit , galon, pat, savon twalet, manje, kit egenik, anpil bagay. Nou pat jwen yo. Gen moun ki konn pran 5 kat li bay yon sel moun lakay li. Epi yon paket moun pa jwen. Non nou pa jwen.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Bagay la fet an  kolonn ki bat. An kolonn ki bat.  Pafwa, nou menm ki sa nou te jwen  nou menm ? Se le  nou gen stres, anplwaye konn vini estale aparej andan an fe son pou nou defoule nou.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Sa se Concern  kite vin fel pou nou. (Riiiiiii) Se yon bagay ki rele anti stres. Konn sa’m rele’l mwen menm.

Pou stres?

Piblik:  Anti stres. Stres. Bagay pou stres. Wi. Le ou tris. Le ou gen stress.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Anti stres! Le’w tris w’ap kalkile w’ap panse. Ou vin tande son nan zorye ou  ou fe yon jan ou vin defoule.  Pyes teyat. Yo vin fe’w danse.  Fe granmoun yo danse. Fe timoun yo danse. Fe yo brase ti kow yo. Konpran?

Piblik : Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii                                              

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Apre sa le yo fin fe yo danse genyen yo ba yo kakilatris . Genyen yo bay ti machin,. Genyen yo savon twalet  ak kit. Ou konpran? Chak moun gen chans pa yo. Pafwa ou ki granmou  nan out e ka fe yon ti danse pou yo baw kit. Pafwa ou bezwen benyen out e ka jwen yon savon ladan’l.  Out e ka jwen yon pat ladann. Se pa  chans ou. Bagay  la fet an kolonn ki bat.

Banm fe yon ti klarifikasyon avek nou. Ou di yo t’ap tire roch pou fe nou soti nan kan an? Se w’ap di la ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Wi. Yo te konn tire roch pou nou ka bay teren an. Yon te konn vin tire katouch tou wi.

Yo tire katouch tou?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern:  Wi.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Yo konn tire katouch. Concern te vini  ak 1h di maten katouch fe tout moun antre. Menm moun Concern yo te oblije anbake machin yo pou y’ale .

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern:  Pa bo kote pa nou non !

Nan kan pa’w la ? Ki non kan an ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Nan Site Venis blok Dekayet. Sa se katouch li te ye.

Yo vini nan lamwit epi komanse tire ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern:  Moun Concern yo te vini ak  1h di maten. Yo te di y’ap vin ban nou yon ti kat. Yo te di ak ti kat la y’ap leve nou. Ak 1 h di maten bandi debake yo tonbe tire katouch. Moun Concern yo vin ale. Nou menm nou vin rantre.  Apre sa , swa 3 oswa 4 mwa moun Concern yo te tounen nan lajounen yo ba nou’l.

 Map poze ou yon kesyon  nimewo 4, kiyes ki  t’ap tire katouch la ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Bandi nan zon nan.

Poukisa?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concen: Mwen pa konnen poukisa. Sel sa yo t’ap fe dezod.

Yo te gen le t’ap baw presyon pou soti ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Non. Nou kouche nan kan an nou tande pot frape.  Le nou mande yo di nou nou pa bezwen pe se moun Concern yo.  Yo bezwen konnen eske moun yo domi tant lan vre .  Kounya la menm kote a genle gen kek bandi ki pat domi nan tant, (Ahhhhhh !) ki vini. Yo pa vle travay pou yo .Yo komanse deglanche katouh. Yo fe tout moun, kit sa ki te gentan pase kit sa ki pot ko pase, yo fe tout moun ale .

Yo fe Concern ale.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Wi. Yo fe yo ale. Yo rele lapolis, lapolis vini nan kan, yo pat ka fe anyen pou yo. Yo ye oblije ale apre 4 mwa yo te retounen.

Eske gen anpil moun nan kan kote ou ye k’ap fe sa menm? Moun sa yo ap tan ed men yo pa vreman nan kan.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Bon nou pat konn jwenn  ed. Apre 12 janvye  nou te konn jwenn ed men apre pati mwad Mas, bon apre 2011 nou pa jwenn ed nan kan Venis. Sel bagay nou konn jwen se le moun Concern yo pase yo ba nou akwatab. Apresa nou jwen anyen anko.

Nou pa jwenn anyen ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Pafwa, eskize, yo  te vin yon le yon konn bay bwa , bwa depak, yo bay prela. Yon posyon jwenn. Yon posyon pa jwenn. Konprann?

Ki moun ki te konn bay yo?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Lakwa Wouj.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: OIM te vini  yon le nan matin.  Epi yo fe nou tout reyini nan legliz….?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Sen Michel !

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Sen Miche la. La tout moun reyini epi kamyon an kanpe. Apre nou gade nou we anpil moun reyini. Nan yon sel kay gendwa 10 a 11 moun, tankou patne patisan.  Ou we y’ap desann.  Le sa yo te ban nou yon prela, yon kod, yon mato, yon pel, yon pikwa, ak yon woule fil. Kisa anko ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Ti klou tou.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Ak ti klou. Pou sizanka gen van, kod la pou nou mare prela yo . Fil la pou mare andedan. Ti klou yo pou kloure prela yo  kote ki bagay. Avek yo te ba nou pikwa pou si dlo ap pase nan tant lan pou’n fouye two pou dlo a pase  ak pel  pou’n ramase.

Nou konnen te gen anpil ed ki vini. Nou konn sa ? Nou tande radyo. Apre tranbleman te, blan lot bo te bay anpil kob, ni Ayisyen lotbo tou.

Piblik :  Ahhhhhh, nou pa jwen yo. Nou pa jwen yo.

Ou pa jwen li men eske ou konnen ke yo te bay li ?

Piblik : Wi ! Li pase nan pi gwo yo.Hummmmm.Riiiiiiiiiiiii.Li rete anle anba pa jwen.

 Nimewo 4 mwen pa konn si ou raple ou le t’ap pale de afe tire a, mesye Tim te pozew yon kesyon men li pa two kle pou mwen.  Eske konn gen le y’ap bay bagay epi moun ki pa nan kan jwenn men moun ki nan pa jwenn ?

Piblik : Wi !

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Wi. Tout tan sa ap fet. Sa vle di moun, ajan, nou menm ki fe nou te jwenn kat. Gen yon mesye ki rele Belgad, Belgad depi’l jwenn li avan li bay lot moun deyo li bay  tout moun ki nan kan avan. Li di se pou moun nan kan li ye, ki fe nou konn patisipe. Men si se lot moun tankou gen yon majistra yo rele Antoine, bon depi se Antoine yo bay li nou pa menm bezwen mete nan lespri’n n’ap jwen. Se we nou we bagay yo ap distribiye. Nou menm ki nan kan an nou paka pwoche. Si’w pwoche, ou jwen li gen sekirite’l y’ap bat ou y’ap baw kout kof zam, bagay sa yo. Le konsa w’ oblije rete yon sel kote. Gen ajan Belgad, wi si yon bagay tonbe depi se Concern ki bay li  tout moun ap jwenn. Tout moun nan kan an ap patisipe. Tout moun nan kan net ap patisipe. Men si se lot moun yo bay li nou pa ladann.

Nimewo 6

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Pafwa le moun ki pa nan kan pran bagay sa yo se vann yo al vann  yo. Van yo al vann yo. Ou  konprann?    

 Eske le yo te ban ou ed pou sot nan kan, eske gen anpil moun ki jwenn ki pa merite, ki pat nan kan an?

Piblik: Wi.Tout moun nan kan pam nan jwen.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Tout moun jwenn. Nan kan pam nan tout moun nan kan an jwenn. Menm moun ki pa nan kan ki jwenn.

Pou sot nan kan an yo te ba nou kob? Yo te ba nou 500 dola US. Se pa sa?

Piblik : Non. Se pa sa.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Non an ayisyen.

Piblik : An ayisyen ! 

500 dola ayisyen ?

Piblik :  20000 goud ! 4000 mil dola !

20000 mil goud se preske 500 amerikan. (4000 dola) Ok. Kounyea se  avek lajan yo ba ou. Eske gen moun yo bay li epi gen moun yo peye kay pou yo?

Piblik: No!

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Se pa ou menm yo bay li non. Met kay la ki pral touche kob kay  la.

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern : W’ap chache kay la. Ou chache kay la. Le’w fin chache kay la w’ap mennen yo vizite dabo. Apre sa yo diw pou mennen met kay, pwopriyete a , li vini. Kounya la se pwopriyete a yo  pral  bay chek la. Si se yon kay ou te enfemye pou 3000 mil dola, ou gendwa fe yo fe chek la sou non met kay la pou 4000 dola. Apresa li pran 3000 dola. Li baw 1000 dola paw. Konsa tou yo kon ba 3000 dola sou non met kay epi res la yo met non w sou li. Konsa yo te fe’l.

Ok. Yo te ban ou 4000 dola. Eske gen moun la kay yo te enfeme a yo te peye plis 4000 dola  pou li?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Non ou pa sipoze peyel konsa.

Piblik : No. No. Li pa sipoze konsa.

Eske sistem sa te bon ?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Sekwa ?

Eske system yo ba kob la ak met kay la bon?

PiblikWi. Li te bon.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Li te bon pou nou. Paske sak fe sa, nou te bezwen soti nan pozisyon nou t’ap viv la. Paske li pat bon pou nou. Anba yon tant, yon prela le soley la cho, ou pa fouti resiste ladann . Mwen menm mwen met 3 prela , mwen achte  yo ban mwen, mwen repase pou’m we si’m te ka jwenn yon solisyon . Mwen pat kapab.Se te yon solisyon li te ye pou nou anpil.

Se pa selman sa yo fe, gen moun yo ba fomasyon.

Piblik : Wi. Mwen te swiv fomasyon.

Tout moun pran fomasyon?

Piblik: Wi.Wi.Wi.

 Ki kalite de fomasyon nou te konn jwenn ?

Piblik: Fomasyon sou komes. Plizye fomasyon. Manje, ijens, dezast, risk,sida, fomasyon sou siklonn. Fomasyon sou bidje familial, sou dwa moun.

 Eske famasyon yo ba la te bon ?

Piblik :   Wi. Tout te itil  nou. Li te bon. Li te itil.

Men kisa ki te pi bon pou nou ?

Piblik : Tout itil. Mwen menm komes la itil mwen anpil. Bidge familyal. Fomasyon sou nouriti. Fomasyon sou dwa moun.

Ou sot di’m se fe komes ?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Komes la te bon pou mwen anpil.

Yo te baw kob pou fe komes tou ?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Yo te fe’m kado 10.000 goud pou’m te fe komes la. Yo te di mwen balanse ak sa konsa epi pou ka fe lesan. Paske yo pap kontinye peye kay pou nou anko.

Men kounya yo pap peye kay pou anko.Tout moun konnen moun ki enfeme kay ak nou.  Men eske gen moun ki gen pwoblem pou kob kay la kounyea?

Piblik :  Wi. Gen moun ki gen pwoblem. Riiiiiiiiiiiiii

 

 

Pou mwen le’m tande yon moun peye yon ti chanm kay 4000 dola sa fe’m sezi.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Wi, yon ti chanm kay. Yon ti chanm kay 7 ak 8 moun ap domi ladann. Youn ap pase sou lot.

(Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii)

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Kay telman che!

Sa se pou 1 an?

Piblik :  Wi, pou 1 an.

Ou konnen mwen konn ekri rapo. Le’m mete sa nan rapo moun lotbo toujou sezi paske yo pa kwe kay Ayiti peye tout  kob sa. 500 dola pou 1 an.  Gen moun ki konn di’m se pa vre moun Ayiti pa peye tout kob sa.

Piblik : Ooooo ! Kisa !?( Riiiiiiiiiii)

Mwen panse an dola ameriken yo evalye li. Kom kob la ap monte dezann 500 dola amerikan se te anviron 4000 dola ayisyen.

Piblik : Wi. Wi. Gen kay ki pi che. Yon ti bagay wi. Se riske ou riske viw.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Yon moun enfeme yon kay 10.000  ki san twalet .Moun yo se nan sachet nwa yo twalet pou y’al lage nan kanal la.

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Moun sa  malprop anpil paske nan tan sa pou al enfemye yon kay san twalet. Ou pa sipoze pran’l konsa. Se moun nan ki mete tet li ladann.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Sa depann  selon de kob li gen nan men’l  nan wi cheri.

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: 10,000 dola wi ?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Se pa 10,000 dola yo diw.

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern : Ahhhh.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Lew enfemye yon ti kay, ou ka jwen li pou 2,000 dola li jwen li pou 1,500 dola. Met li li menm sa’l pral fe pou ou la ?

Piblik : Se kay ou te bezwen. Naje pou soti. Mwen depi yon kay pa gen twalet mwen pap pran epi’m fini.

t#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern : Moun Concern yo te di sa.  Depi kay la pa gen twalet, depi avan yo te voye’n enfemye’l yo di piga nou pran kay ki fele. Yo di nou pa pran kay bo ravin. Pa pran kay ki san twalet. Yo te fe fomasyon pou nou  avan nou tale enfemye kay la.

Poukisa nou paka  ale achete yon ti te ?  Nou ta ka jwen yon te achte Koray ?

Piblik : Te ?

 A 500 dola nou pap jwen ? Ou pa ta ka achte yon moso te ?

Piblik : Anmweyyyy ! (riiiiiiiiiii)

 Ou pa ka achte yon te pou 4000 dola?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Le’w fin achete’l yon ti te ave’l e  alo ? Kote ou pral domi ?

 W’ap mete prela.

Piblik : Riiiiiiiiiiii.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern:  Le’w Kounya la yo deja fin retirew anba prela, ou anba vole kounya. Veye’w pase kout kouto chire yo.

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Si se te’w li ye?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern : Se vre? Mwen menm si se zonn bo  lakay mwen, se nik fann prela  antre fe kadejak sou w. Men moun zon nan anko.

Ou konn yon moun sa rive ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Wi gen yon ti dame bo lakay la yo fe kadejak sou li. Li rele Joudlie. Belgad te voye’l lopital. Men apre y’ap konnen se yon jen gason li te joure. Nan aswe li fe kominezon ak lot yo mare epi bande zye’l . (Jesus) Gen yon granmoun tou yo fe kadejak sou li. Yon granmoun wi? (Hummmm) Men moun sa yo se Mathelly ki fe leve moun sa yo paske li te bezwen plas la poul fe komisarya. Se Mathelly ki te leve moun sa yo.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Kounya le yon moun diw li gen yon teren pou vann mezi sal la n’ap pale la, li d’iw li gen teren. Teren an le’l vini li mande 20mil 40mil dola pou li. Mezi la senpman ? Mezi kote ou pou domi.

Piblik: An US.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern:  Avan’m te peye kay sa la, gen yon moun ki rele’m jis Leogan m’ale. Pandan mwen monte jis Leogan, n’ap monte, n’ap monte. Kounya la mesye a di mwen yon santyem. Mwen di li konbyen. Li di  mwen  13mil dola yon santyem.  M konn se 13mil dola  ayisyen. Mwen kontan . Mwen te ale ak Erik, Erik di nou pran’l.  Se apresa li di’m se bon dola wi.

Piblik : Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Mwen tou repliye mwen. Paske te ale avek li, se selon si se ayisyen  li te ye mwen t’ap pran yon sentyem nan vreman. Li met son shelte mwen t’ap met sou li. Paske yo tou vann shelte yo Leogan 1000 dola. Mwen t’ap rete mwen pa ta bezwen al peye kay. Paske mwen pa vle timoun mwen yo domi nan lari . Le’w gade anba prela sa yo li fe anpil manman sibi . Timoun yo ranmase pitit pot ba yo pou yo okipe san nesesite. Pou’m ta remen anba prela toujou, hummmm !

Koman yo te fe chwazi nou menm pout e ka jwen ed sa?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Concern te vin fe reyinyon avek nou. Dabo li vini, se te Elp aj[1] , Concern, avek Endikap ki te vini ansanm. Le yo vini yo fe reyinyon avek nou. Yo di nou y’ap vin leve nou nan kan. Leta Ayisyen bay  lod pou’n pa rete nan kan a pati  Desanm 2014  y’ap fe yon jan pou nou. Gen moun kite ap di poukisa  yo pa ba nou kob n’al enfemye te pito. Si yo gen kay oubyen te  poukisa yo pa ba yo kob lan pou yo repare kay pou yo antre. Madam nan te di yo pa dako se yon chanm kay y’ap peye pou’w. Yon chanm kay yap peye pou 4 mil dola. Apre y’ap ba’w 6,500 dola  apre yon mwa. Men nou pat jwenn li sou yon mwa.  Nou te vin jwen li sou 2 mwa. Vreman vre yo vinn fe reyinyon Septanm, Oktob, ak  Novanm. Bon, yo te vin pran desisyon vreman. Yo pran non tout moun. Yo fe entevwou avek nou epi apre yo di nou al chache kay . Depi ou fin fe foto ak entevwou yo di’w al chache kay. Epi yo di nou  apre yon mwa y’ap ban ou ti monnen ki rete ya . Le yo vinn bay li gen moun ki gen chans yo rele nan fomasyon, gen moun ki pa gen chans swiv fomasyon. 

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Si yon moun di li pa jwen fomasyon se ke li bay fo nimero, fo sim.  Sof si moun nan fin pran kob la li jete sim nan. Pa gen moun yo pa rele nan fomasyon.

Tout moun jwenn fomasyon ?

Piblik : Wi. Tout moun swiv fomasyon.

Ok an al fe bak , anvan tranbleman te nou tout t’ap peye kay pa vre ?

Piblik :  Wi.

Eske ou t’ap peye menm vale kob wap peye konyea ?

Piblik :  No. No.

Ou te peye plis ?

Piblik : Wi. M te peye pitit. Selon zon kote ou rete a.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: M te konn enfemye ti chanm kay  1500 dola pou 1 an, 1200 dola pou 6 mwa .

 Ok. Li vin pi piti ou plis  ?

Piblik :  Li vinn plis. 

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Kounya sak siman vanm  byen che.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Sak siman vann 86 dola.

Ok. Ou te peye’l 1500 dola konbyen w peye’l kounya?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: 4000 mil wi.

Men le’w te nan kan ou pa pat peye menm?

Piblik : Non.

Kounya si nan sans te gen vol nan kan an, pa gen bon sekirite, gen lapli, nou anba prela ,  men sa se yon kob  moun yo oblije mete deyo? Men  anvan  tout tan sa kob la rete pou’w. Eske  se pa yon avantaj ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Men tout bagay nou te pedi, nou pa jwenn anyen pou fe anko. Nou oblije rete anba tant lan.

(Gen yon telefon ki ap sonen nan piblik la.)

Eske pa gen moun ki te vle rete nan kan ?

Piblik : Non. Sa se yon kesyon inesplikab. Riiii.  Sa a nou pa konnen .

Donk kiyes ki vle rete nan kan ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Non

Pat gen nan nou ki bati bel kote pou domi nan kan?

##3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Non. Met te a, te se pwopriyetl prive’l li ye. Nou menm nou te nan Site Venis, met te a tou mete pankad li .Bon chans pou nou apre yon mwa  Concern retire nou. Men li te di l’ap vin mete tout moun deyo. Li di noun li pral bati, li pral enfeme’l. Poutan le Konseen vini li poko fe anyen nan te ya.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Te ya se pou Mez li ye.

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Non anle ya, te sa gen met. ( Mez)

Ok nou te di li gen anpil kob.Yo te di sa . Pa gen kesyon sou sa tout te depanse pou tet pa yo.

Piblik : Wi.

 Si se nou yo te bay kob sa , ki t’ap pran dezisyon, kisa nou t’ap fe ? Ki plan nou t’ap genyen ? Eske nou t’ap jis ba yo kob oswa t’ap mete yo nan yon plann ? Si nou gen te, yo ta ba nou de milye milyon dola kisa nou t’ap fe ?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern:  Men yon plan, ou fe yon plan tankou jan prezidan Mately fel. Ki fe an paket kay sou tou wout Laplen nan.Tankou gen moun anba Monn Kabrit , gen moun yo bay kay la .Yo bay yon ti monnen chak mwa, men apre kay ou pou ou. Se li t’ap pi bon. Tankou yo lage yon graze marinad nan menw lel fini kounya ou menm ou degajew tankou met Jan Jak pou jwenn anko.

Se sa ou ta renmen fe. Nimewo 4 ou t’ap di yon bagay.  

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Non.Se janw di a. Si yo ta ban ou anchaj kob la , si moun nan ta genyen kay la li kraze , mwen t’ap aranje kay la pou li ,poul ka rete landann. Moun ki pa gen ditou mwen t’ap fe menm jan yo fe anba Monn Kabrit la. Mwen ta enfeme te ya mwen fe yon kay an planch. E konsa mwen we yo fe kelke kay. Yo nik enfeme te ya epre yo fe kay la an planch. Apre yo mete twalet ejenik, chato do pou moun yo.

E ou  menm, ou t’ap di  yon bagay ?

(Tout moun ap pale ansanm.)

Kiyes moun aled de fomasyon, aktivite pran lajan, fe komes  eske se kay la nou we ki pi enpotan.

(Tout moun ap pale ansanm.)

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Si reyelman vre w gen yon komes nan menw, ki rele komes, w met di  , met kay la te met mande 20mil paske komes la ap baw potinite. Ou kapab  peyel.Ou pa gen pwoblem. Men siw p’ap fe anyen, jodia ou tyeke sa , demen ou tyeke sa . Li pa bon, pwoblem kay la ap toujou nan tet ou.

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Tankou mwen menm, mwen te gen kob kay mwen poum peye . Depi an Septanm , Oktob , Novanm, Desanm. Mwen te mande met kay  la pou’m peyel an Desanm. Paske gen yon moun ki ta voye kob pou’m peye kay la. Kounya le kob kay la vini an, se konsa m’ vin malad.  Gen yon lot pitit pitit mwen ki vin malad. Mwen depanse tout kob kay la nan lopital Kounya la mwen paret kob anko. Kounya laa mwen konsa.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: A la de tach ! E siw te gen yon ti kote vreman ki rele paw ou t’ap degajew. Menm siw te depansel, menm si se yon pen chech w’ap jwenn pou manje. Depi w’ap mande  moun nan fe ladesant , toutan li pa fe 10ze  di swa w paka domi. Depi li 4h di maten fok w gentan leve. Y’ap fe bri. Y’ap frape. Mwen fe yon ti esperyans yon jou kay pitit mwen, mwen we kijan sa ye,. Mwen pa bezwen diw.

Piblik :  Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Hum papa ! Nou pa gen dirijan vreman nan peyi nou. Si nou te gen dirijan gen anpil moun anba tant  t’ap gen kote pou yo rete .

Nou gen sitiyasyon ki pi grav?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Wi , m’ pa ka mache . Vole yo nan lari a , pafwa w nan laria vole yo abiye an minista .Lew konnen se solda minista se vole yo ye.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Bo lakay pam vole yo abiye an fanm. Yo pote chan desperans[2] yo nan men yo , sak andann se zam yo. Mwen pral nan dlo ap 5 goud , yo koupem yon kalot baww!  Yo dim fouyew! Lem ouve bokit la yo pa jwenn anyen. Mwen tande ‘ Ou pat  ka mache ak lajan?’ Poukisa sam pran kalot la paske yo pa jwenn kob.

Piblik: Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Moun kap sot sou Lamontay, yo te met pat jwenn anyen nan valiz  ou yo bat ou. Yo diw fok ou mache ak lajan.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Yo diw, ‘Se sou opozisyon w’ap monte laaa!’

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Moun paka mache ak lajan. Ou te met gen 500 dola y’ap pranl . Yo diw, ‘Opozisyon!’

Opozisyon?  Tout bagay se oposisyon? Menm pa gen anyen ap opozisyon an.

 Eske tout moun la pran fomasyon sou bisnis?               

Piblik:  Wi, nou tout.

Ou te di sel sa ki pa vini, pa vre ?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Wi, sof sa. Sil jete sim telefon li moun sa  li pa nan fem kay vreman. Depil fin jwenn kob la  yo jete sim nan  pou yo pa rele yo. Ou pap jwenn yo. Men moun yo rele ou we yo vin swi fomasyon an se yo ki nan fem vreman.

Epi si yo jetel yo paka jwenn yo vreman ?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Yo pat nan fem vre. Se yon kay yo al prete.  Gen anpil moun se yon kay yal prete. Yo pale ak moun nan, le yo ba yo yon 4mil dola yo ka  bay met kay la yon 500 dola oubyen yon 1000 dola. Pou yo ka sove kob la. Men yo pat nan fem vreman . Paske se chek  yo pa bay kob la an likid.

Men gen moun ki gen kay?            

Piblik : Wi gen moun ki gen kay.

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Menm moun ki gen kay, sa vle di yo peye yon moun ki pou pase pou met kay la. Moun sa yo depi yo fin touché 4mil dola yo kase sim nan pou le Concern vini yo  pa jwenn yo anko.

 Mwen we n’ap pale  le Concern vini, eske  li byen chwazi moun yo? Moun sa yo kite gentan gen kay, sa vle yo rete 1h di maten avek nou nan kan?

Piblik: Non. Genyen ki pa domi nan kan.

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Men chak fwa yo vini  ak yon bagay yo rele yo. Yo vini ak yon papye  ki di se met li ki paret.

Konbyen moun ki pa nan kan vreman?                           

Piblik:  Riiii. Nou pa konnen. Nou paka enimere.

Gade banm di yon bagay. Mwen fe kek etid avan sou sa . Mwen t’ap fe anket apre tranbleman  nou jwenn, nou pa al nan kan se we nou we kay yo, yon moun nan chak 20 moun ki nan kan an……. Gen milite ki vini pandan la nwit yo we anpil  tant ki vid . Nou konnen sa. Gen anpil ki paka domi se woch yo mete. Gen anpil moun se pa tranbleman de te a ki mete yo nan mize. Yo te gentan nan mize deja . Kounya gen moun ki we yo ka jwenn kou gratis anba tant , yo ka jwenn ed ,yo paka al peye kay anko.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Wi, yo vin abite anba tant.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Pafwa le yo jwenn ti ed la, li bon pou yo tou wi. Pafwa gen apil ki pap travay. Peyi a pa  gen travay. Gen anpil timoun paran yo paka mete lekol. Kisa yo ap fe ? Yo al siye machin nan lari a. Paran yo pa gen kob yo oblije al siye machin.Se paske pa gen moun nan peyi a pou ankadre yo. Paran yo p’ap travay , yo paka bay timoun yo edikasyon familyal la. Tankou mwen an 88 nan  legliz mwen mache a, Lafwa Postolik, mwen ale ladann kot paste a. Vreman vre mwen jwenn li. Mwen salye paste a .Mwen dil eskizem mwen gen yon ti pwoblem, menm dife mwen paka limen lakal la.  Le sa pat gen kouran,pa gen gaz, pa gen balen. Le sa paste a ouvri pot machin li  banm yon anvlop.  Mwen telman kontan mwen kouri al lakay. Ma bay timoun yo manje, le sam gade se twa 3 papye goud chire. Le sa m’fe yon dlo sel bay timoun yo . Madanm mwen dim bay yon pov li. Sam di sim paka sevi avel mwen pap bay moun li. Mal jetel nan kanal dlo.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Mwen pa t’ap lagel nan kanal dlo a. Mwen ta leve dimanch maten mwen al depozel ba li.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Gen anpil moun ki ap vole, se paske yo pa jwenn travay ki fe yo vole.Se sak fe anpil moun ap vole paske yo pa gen travay.

Piblik:  Mize paka few vole. Paske gen san pou li ou vole . Pa gen anyen ki ka few vole se nan san w li ye.Ou gen san vole.

Pou jan map tande nou sitiyasyon sekirite a vin pi mal  ke anvan ?

Piblik:  Pi mal toujou…

Eske li pi mal ke le nou te nan kan ?

Piblik:  Wi

Pi mal toujou. Men sa nou panse ki koz sa ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Ooo pa gen ankadreman.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern:  Nou pa gen dirijan nan peyi nou sak koz sa.  Kounya la si te gen dirijan vreman,  gen yon prezidan , eleksyon fet , tout bagay , pou yon peyi kapab nomal. Pou tout moun viv byen. Eleksyon fin fet , men se dezod selman k’ap fet. Prezidan paka remet. Prezidan y’ap mande poul remet pa gen yon prezidan eli. E li men li paka remet fok li mete yon prezidan eli. Men kot sekirite a ? Ou pase la sa tire. Ou pase la sa tire.

Piblik:  Elev lekol ap mouri. Gen yo ti pitit ki pran yon bal nan tet plas Jeremi.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Yon timoun mouri plas Jeremi , moun nan  sou yon moto yo pran bal. Li chita devan komes li li pran bal. Gade yon maryaj  k’ap chante Mache Salomon nan leglis Sent Alesand ,mesye marye mouri, madanm nan mouri.

Piblik:  Madanm nan mouri tou ?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Si Bondye pa di yon mo.

Tout ed nou te jwenn  le tranbleman  te a, nou di li pa fe anyen pou nou ?

Piblik:  Riiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiiii

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Le fini tou ki ed ? Ou ye mwen menm le yo tap bay diri , le anbasad t’ap fe moun pran, pran sesi , pran sela a ,pou mwen se te yon imilyasyon li te ye. Moun yo ap bouke wew ki pral pran diri. Mwen we se yon bagay……Men kitem di nou.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Riiii. Mwen al prann!

Piblik:  Mwen prann!

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern:  Mwen al prann. Denye diri mal pran ,11H diswa mwen pral akouche . 4h di maten mwen  pase Gran Ravin bandi lage deyem . Sak dirim sou tet mwen. Yo fin ba w li, roch bay sa ….m ‘ gade  sa ap pase pran sa . Yo di , ‘ew madanm ak sak la kanpe’. Mwen kouri ak sak la sou tet mwen. Aprem lagel ate. Pedi 2 gren sandal mwen. Mwen pral akouche ak 11h di swa. Li te itil mwen.

 

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern:  Bagay sa yo , le fini nan fason yo bay li,  m’ap gade le Oxfam te premye vini sou terens  Si lap fe yon bagay li pataje. Kelkeswa sa l’ap bay  la li mete nan  yon bagay.  Apre sa li fe yon ti fet , li metel nan yon ti bagay li bay li. Li pa bay anyen  an dezod.  E kelkeswa oganizasyon ki pase yo y’o pa bay anyen  an dezod . Tankou moun kanpe ap batay yo pa bay anyen an dezod . Pa  gen moun ki konnen le yo baw yon bagay. Gen moun yo tap bay lajan , yo al pran lajan an men nan yon bank.

Se sel fason pou fe sa wap fe a san pwoblem.

Ok banm pozew yon denye kesyon. An ka de bisnis m’ konnen gen nan nou ki pran fomasyon sou bisnis ki diferans ki genyen jan nou jere bisnis kounyea ant le nou poko pran fomasyon?

Piblik:   Ah sa son lot bagay !

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Yo ba nou fomasyon pou bisnis .

 Yo ba nou fomasyon.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Yo baw koman pou jerel. Yo baw tankou siw ap vann kredi , pou fe yon kaye kredi apa,yon kaye benefis apa . Antou yo te mandew pou gen 3 kaye . Chak fwa w’ap vin swiv fomasyon pou vini ak kaye yo. Chak fwa yo vin vizitew, yo mandew pou yo we kaye yo. Koman ou jerel.

 

Sa vle di ou sevi ak fomasyon sa yo?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Non.  Kom mwen men mwen pat pran binis  se  pwofesyonel mwen te pran.  Mwen pa konn pou moun kite pran bisnis.

 Kot moun bisnis yo ?                   

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern:  Bisnis pa mwen gen ajan ki achetel nan menm .

Ajan ki achete nan men’w?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Ki achetel nan menm. Lajan pa mwen. Li achete nan komes lan, paske se valiz.

An gen ajan ki vini? Nou ki fe yo isit ?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Non nou enpote.

Ok. Eske kounya gen ajan ki toujou vini ?

Piblik:  Non

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Non. Tout bagay fini kounya  depi 30 Oktob.

 Ou t’ap di yon bagay wi nimewo 4 ? Ou di se pat bisnis ou te pran ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Wi. Pwofesyonel mwen te pran, kosmetoloji .

W’ap travay sou li kounya ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Non

Ok. Eske sa vle di nan fomasyon chak moun ki dwa deside sa ou vle pran ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Non.  Tankou o denye fwa nou te mande ,gen chwa pou nou te mande. Gen moun siw vle pran profwesyonel ou prann. Siw pa vle’l ou pran  bisnis lan. Men se nou 13 ki te al pran pwofesyonel . Apre sa tout res moun yo te pran bisnis  lan.

 

 

Sa vle di  ke lew pran pwofesyonel, se  moun  ki peye  kou a pou ou?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Non. Yo menm ki peye.Yo peye tout saw te bezwen  apre sa selman ale w prale.

Ebyen kisa nou gen anko ? Eske  li te difisil pou nou soti nan kan ?  Eske nou te kontan ale ak ke kontan ?

Piblik:  Wi. Wi. Wi, ak ke kontan…..

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Ak ke kontan mwen te ale , ke kontan.

Apre nou  fin kite kan, sa pa rive yon moman ke kontan nou soti  ke nou sonje kan ?

Piblik:  Ooooo ! Non !  Riiiiiiiiiiiiiiii.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Sonje kan ?  Mensi nou te ret la ,nou pap janm bliye bagay sa. (riiii ) Se yon jou inoubliyab.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern : Wi ,se sa k’ap fe nou sonje 12 Janvye wi.

Kan se te yon mize kote nou te ye a. Ok. Eske kay nou  te kraze ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Wi kay la te kraze.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Mwen te nan kay , kay la  fann konsa, li fann siman wap gade l konsa anba.   Lem leve tet mwenli fem konsa.Li fann an 4. Lem soti deyo a mach la tou korem kop.

  1. Men ou te ka jwen yon kay anvan apresa ? Eske se kob ki fe nou pa sot nan kan. ?

Piblik : Se kob ki pa genyen.

Banm baw lojik la, avan tranbleman te nou tout te gen kay. Sam paka konprann  ou pase 2,3 ane nan kan. Kisa ki te anpechew soti ?

Sa nap fe nap mande chak moun konbyen tan yo te nan kan. Epi poukisa ou te fe tou tan sa ? N’ap komane paw menm. Konbyen tan ou te fe nan kan ?

 

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: 4 tran.

Poukisa w te fe tout tan sa nan kan ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Mwen pat gen mwayen poum te peye kay ki fem pat soti. Tou le Concern vini , bon tou reflesyonm la se konn kisam pral fe poum peye kay la . Si se kitem pral kite poum chache yon lot ki pi piti. Mwen poko menn konnen kisam pral fe. Se mwayen mwen pat gen genyen ki fem te 4 ane nan kan.

Ok. Sa vle di mwayen yo te pi piti pou ou avan tranbleman de te ya. Ki laj w  genyen ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: 29 an.

 Ok. Kounya le trableman te pase ou te gen 23 an ? Ou te avek manmanw  ak papaw nan kay la avew?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern:  Wi.

Kote yo ye? Yo isit?       

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Non ,yo andeyo.

Ok, yo andeyo.  Avan kijan vi paw ou te ye ? Avan tranbleman de te ya ki kote ou te rete?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Mwen te kay manman’m avan tranbleman. Le tranbleman vin pase  an mwa Mas manmanm al andeyo. Mwen menm rete toujou nan tant la. Nou te 2 nan tant la. Nou de le Concern vin vini li bay bwa, mwen fe tant pam. Kounya la mwen vin gen tant pam men manmanm toujou ap vi an deyo.

Ok, men ou te lekol? Le tranbleman te pase ou te lekol?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern:  Wi, le sa mwen tap fe  9em .

Kounya manmanw t’ap sipotew isit pandan ou ale lekol?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Kounya la vin al andeyo, se mwen menm ki ap voye ba li andeyo . Mwen pa gen papa.

Ok. Sitiyasyon paw diferan nan sans sa  paske w jis antre nan la vi nan sans sa. Ou jis vin  granmou nan sans sa. Manmanw t’ap baw pousad. Tranbleman te fe tou sa. Sa vle di pat gen mwayen anvan ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Wi, depi anvan.

Ok. E ou menm, nimewo 5 ?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Avan tranbleman de te se avek yon gran sem mwen te konn viv. Men se bisnis manje le konn fe. Kounya li te konn fe manje a, pandan lap fonksyone eee mete bagay nan dife poul ka fe  manje a, mi soti kraze. Tout bagay li te konn fonksyone vin pedi pa gen bras.Kounya kay nou te ye a vin fisire. Nou oblije se anba tant la nou vin ale. Nou pat renmen anba tant lan non.  Nou te ka vin soti, nou pa gen mweyen ekonomik nou oblije viv nan sitiyasyon.

  Ou pedi bisnis lan ?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Wi, grand sem. Kijanm te ka di sa ?  Li te tekem[3], te konn ede nou. Li vin pagen bisnis anko.  

Tou paka remonte bisnis lan ?

#5. Marie Lousi Loreta; Fi; 35 ane;  Pa gen timoun;  Anyen; Filo; Concern: Vin pa gen mwayen ok.

Ok.  Mesye  nimewo 6 avan kijan bayay yo te ye pou?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Sak fem rete nan bannann nan…..

 Kijan bagay yo te pou ou avan tranbleman de te a? Kisa ou te konn fe anvan, ki aktivitew ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Bagay yo te pi bon pou anvan tranbleman de te a.

Kisaw te konn fe avan ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Se sam diw ,wi. Mwen te konn ap vann prodwi kosmetik nan Mache Tet Bef, rad, valiz. Mwen te konn ap vann nan mache. Apre sa le moun viv bagay sa[4] , ou paka soti  pou al fe lot bisnis. Ou  pa gen kay ki anfe li anbwa.  Ou gen 5 goud ou paka kitel nan kay la. Ou pa ka pran lari avel yap prann nan menw. Ou pa an sekirite. Le sa bagay pat two red, anpil moun nan soufrans.  Men kounya bagay vin pi red. Y’ap achete 3 ti lot patata pou  50 goud.  3 ti gren banann pou 100 goud, Kijan wap fe manje ? Gen lot timou pou manje.  E si wap viv nan yon lakou gen 4 moun? Bagay la red pou nou , li di pou nou. E si lapli te tonbe ou ta fe jaden. Kounya lapli pa tonbe anko, peyi a modi . Ou ta plante yon bagay pou jwenn pou viv.

Ou gen te andeyo ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Non ,mwen pa gen an anko, yo fin vann yo.

Ok. E ou menm manmi  nimewo 1?

# 1. Julianna Mazarin; Fi; 66 ane; 2 timoun; Anyen; 6eme ane; Help Age : Se ak kouzin mwen te ye. Le tranbleman de te ya kotem te ye a  la vin kraze . Nou al rete anba tant. Kounya la le sem nan vini nou gen pwoblem pase nou pa gen te.

Men kisaw te konn fe avan, ki aktivite? Ou di se ak kouzin w an men kisaw te konn fe ?

# 1. Julianna Mazarin; Fi; 66 ane; 2 timoun; Anyen; 6eme ane; Help Age : Mwen te konn vann ti pen,  ti chabon tout lem te nan kan. Kounya la pa gen afe. Saw te gen nan menw lan se ladann w’ap retire. Lew fe sa la ou genyen li vole pase li prann. Mwen te di m’ap sanble pandan map fe ti komes la, le fem kay la rive menm si mwen pa ta jwenn tout, li met  ti moso  yo prann. Kounya lagem nan lari.

 Mesi nimwo 2.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Mwen menm, avan mwen te konn degajem nan travay. Mwen fe sam jwenn. Mwen fe lesiv. Mwen bale lari, m’ bay sa jwenn .  Men mwen te toujou peye kay mwen. Paskem papa timoun yo pa avek mwen. Se mwen ki manje. Se mwen ki lekol.  Se mwen ki tout bagay. Men male mwen te nan kay ak 1h di maten 2 neg paret yo mandem bay kay . Mwen di kot sa soti (Bri machin kap pase.) Gito ak Fanfan , Gito a mouri  Fanfan ki la toujou.  Kounya la yo dim ou deja pa sevi, w’ap bay kay la. Yo ranje ak yon mesye ki rele Dyesel yo fem kite kay.  Gen yon mesye ki rele Wilyams ki gen yon bisnis nan 21 an. Li te gen yon kay vid, li fem bote mal ret nan kay la nan Matisan 25.  Pandan mwen nan kay la gen yon moun ki we jan ke misye kitem nan kay li pa mande touche li pa bagay.  L’ ale paret dim konsa ,ooo entel[5] di konsa se jeran kay la w ye. Li pa ta ka vinn manden touche bagay. Mesye a vini femen barye sou mwen paka antre pran bagay mwen.

Se avann tranbleman de te ya ?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Wi ,se avan tranbleman de te ya.                       

OK                       

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Kounya la gen yon kay anfas mwen, pandan  soti met bagay mwen nan kay Wilyans , yo dim mwen met travese landann . M’ap pran kay la pou 700 dola, tande wi.  Gen yon lot ki pase deye li di pa bay li ,manze [6]anteresant twop. Li di konsa, ‘Aa kitem bali li avek timoun yo, pou yo pa al domi nan lari’.  A tout sa mwen nan ti dyob m’ap degaje mwen .Si yo te banm yon ti monnen ki ka peye yon chanm kay mwen t’ap peyel . Men pou peye yon chanm kay fok ou fe sol avek. Lew touchel ou retire kob ti manje, ti bagay. Se konsaw ka peye kay. Kounya la mwen la .

 Gen yon meye ki rele Melis  li dim konsa kay la m’ap enfemew li. Lew touche sol wa peyem. Mwen antre nan kay la 3 Desanm. Mwen touche sol 27 Desanm. Mwen peye kay la 28 Desanm. 12 Janvye kay la kraze. Yes ! Mwen te gen yon pitit ki te gentan al lakay li . Mwen la lage ak 6 pitit nan menm plis yon pitit pitit mwen. Mwen lage  ate nan korido ate a kotel te metem deyo a. E la m’ap domi  chak swa ate a jiskaske mwen gen yon mwa . 1 Fevriye mwen  ale mwen fe yon machin al bote bagay yo pou mwen nan Matisan 4, anba kote ki pa bon kounya. Pandan lap bote bagay yo pou mwen  bandi yo sennen’l, yo di machin sa pa prale. Le yo voye relem mwen vini. Yo dim, ‘Manmi pou jan nou renmenw nan zonn nan w prale ?’  Mwen di yo janm we kay la fann avem nan mwen pe mwen paka rete. Ou we pandan y’ap bote bagay la pou mwen,mwen ret devan machin nan m,ap gade konsa. M’ap gade pou janm te we kay la fann nan, pou jan mach la dekole nan kay la, m’ap gade dlo lanme a anba. Depi le ya mwen pa janm few wout sa anko.  Male vreman vre.  Eskem ka al mande kob kay ? Kay li kraze se pa li ki metem deyo. Mwen paka al mande kob. Menm li menm tou li te pedi tou.

 Menm si kounya li repare kay la men anpil moun pe kay la . Pou jan kay te fann an 4 lan se moun zonn nan ki ka ret ladan. Lot moun paka ret ladann. Men li pat gentan tonbe sou mwen. Mwen vini mwen fe yon mwa ap domi nan lari nan Matisan 25 lan . Apre nou ale nou  rantre nan kan nan lakou Mez . 21 Avril 2010, mwen ale mwen te gen yon gwo tant yo te fem kado , male mwen ouvri tant lan. Mesye sa dim si se tant lan yo ka chirel souw. Fe yon ti kay pito. Mesye sa. Kounya la male mwen achete bwa di avek prela  mwen fe yon ti kay. Pandan mwen ladann  vreman yo vin fem kado prela vreman  kod, pikwa , mato mwen vin  elajil  antijan poum ka rete ak timoun yo.

Ou te genyen  yon te ou pat oblije peye anko ?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: enfeme mwen te enfeme.

 

Non, nan tant  lan ou pat peye ?                                 

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Non mwen pat peye.

 Men ou te gentan gen pwoblem anvan , avek peye kay, ak tout timoun sa yo sou kont ou?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: WI.

 Ok. Yo edew sot nan kan  oubyen ou toujou nan menm sitiyasyon an?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Bon avek komes mwen , avek ti dyob mwen, mwen konplete peye sol. Mwen peye yon kay la.

 Eske komes w’ap fe a  se lajan yo te baw pou fe komes?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Bon, lajan yo te ban mwen fe komes la zet ,  vreman men te vann.  Mwen re achete toujou. Mwen vann, mwen peye sol . Mwen konplete kob mwen m’peye sol. Kounya la mwen peye kay poum rete.

Ok mesi,  nimewo 3

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Mwen menm , apre tranbleman 2010, mwen te kay yon kouzen . Marim te  fek fin mouri. Kounya lem kay kouzenm nan li te vin metem deyo . Li metem deyo an Out. Mwen  enfeme kay pou 3500 dola . 25 Out mwen al nan kay. Lem vin al nan kay la, tranbleman de te vin pase li kraze. Mwen te fek fin peye kay la an Out . Mwen te gen ti komes map fe. (yon moun touse) Le tranbleman vin pase a m’ap toujou ap kontinye ap vann moun yo. Lew fin vann moun yo lew mande moun touche lajan an yo diw ,’Oh oh w pa gen lajan.’

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Sa se vre.

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Ou konnen  pa gen lajan wap mandem kob. Mwen men mwen legliz poum we m’ap fe yon komes pou map plede  joure. Se joure pou m’ap plede joure ak moun, mwen kite sa .Non apre sa mwen vin refe yon komes anko .Mwen te gen yon ti kob , mwen komanse  achete 5 ti sak diri, demi galon lwil , yon kes spageti. Kounya mwen plase yo .O oooo kounya lem fin plase yo gen yon moun ki achete pou 1500dola nan men menm. Lel fin achete pou 1500 dola li anplwaye. Lap travay, li pa janm peyem (Gen yon chen ki jape) Kounya lem bezwen ti kob poum  al refe komes la , li pa janm peyem. Apre sa mwen vin fe yon kole anko mwen kite komes. Lel  resi  vin peyem li voye mil goud banm . Apre sa li vinn voye mil goud ban mwen. Apre nan 4 ou 5 mwa li voye mil goud banm mwen . Jiska prezan mwen ret 500 dola. Li pa janm banm lajan. Kounya la mwen te vin malad  tou anba tant lan. Mwen te vinn pa fe komes anko. Mwen te vinn pa gen kob anko. Ti sam te genyen an mwen te voye timoun lekol avel. Mwen te vinn pa fe komes mwen pafe anyen.

 Eske sa pat rive nou konn gen mwayen poun al lwe kay la men nou di n’ap tann yo vin leve nou ?

#3. Vilneon Scheilla;Fi; 27 ane; 3 timoun ; Anyen;  9eme ane; Concern: Non bagay la te pi di. Li te vin di. Pa gen moun ki te gen kob.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern : E pou tou moun li  te difisil.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Si apre 12 Janvye moun teee, mwen pa konn kijanm ta di…konpran, vreman ou pat gen espwa. Yo diw yap vin baw yo ti ed pou rete ou kontan. Bondye ooo sak tonbe nan men w .Yon ti monnen tonbe nan menw  ou gen timoun eskew ka kite yo chita pa  al lekol? Depiw lage yo pa al lekol vakabon kenbe yo. Oubyen lot la antrene sa nan sa, li bal zam. E bagay sa koz plis timoun gate. Ou we sa , se pa moun ki pa ta renmen soti anba tant la. Mwen men lel wem te soti anba tant sa, mwen gen dwa diw se yon chans li te ye. Gade Bondye  fe pou mwen ka jwenn kob la anko pou repeye kay.   Se te yon giyon li te ye.

Ebyen bon , m’ap di nou mesi pou ti chita pale sa . Sim poko pran nonw  fok ou  fon ti tann. A’pre sa mwen panse gen yon lot bagay yap ban ou. Nou pa gen lot kesyon? Nou pa gen lot bagay n’ap di ?

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Kom fomasyon li bon pou nou anpil. Nou renmen sa ,nou viv sa tout.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Nou renmen fomasyon an anpil.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Nou pat konnen koman  bagay yo ap ye . Nou fe deplasman nou vin la w fe fomasyon pou nou . Nou ta renmen pou refe li anko pou nou.

Non. Ok, kom nan komansman nou te di nou, nou men se yon gwoup ankete. Se sa nou fe. Pou le moman nap fe anket la pou Concern avek tout ONG ki te ede nou deplase apre tranbleman de te a. E yo menm yo enterese konnen kisa yo fe ak ed sa yo te voye ban ou . Komsi se yon rapo n’ap fe poun pote bay moun sa yo ki te ede nou yo.

#6. Jean Andre Greffin; Gason; 53 ane; 5 timoun; Komes; 6eme ane; concern: Nou konn se yon sipriz yo gen pou nou anko.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Nap tann sa Bondye sere pou nou.

Piblik : Riiiiiii­iii

 Nap pran ti kafe ?

(Chez yo ap fe bri.)

Ou di le yo te konn bay shelte gen moun ki jwenn  2, 3, 4?

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Wi.

Le nou te nan kan nou pat konn pran fomasyon sou lot kan ? Jan y’ap fonksyone ? Tankou deplase ale nan lot kan?

Piblik:  Oooooo, non.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Te gen gwo jalouzi, de jan OIM fonksyone ak moun yo. Tankou le moun OIM ap gradye, tankou moun nan kisin yo ba yo an fou. Moun ki nan kosmetoloji yo ba yo yon bwat ki gen tout bagay w ka mete nan stidyo. Men nan Konsren te gen gwo jalouzi te fet. Dapre ke nou pat jwenn sa moun OIM yo te jwenn nan. Gwo jalouzi, nou jwenn remo. Men nou di moun Konsren mesi anpil. Nou pat genyenl  li fe nou jwenn li.

Si okomansman ou pa t’ap panse pou chanje kan ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Wi, okomansman moun OIM yo te vle leve moun nan kan, blok nou an Site Venis.  Men depi 12 Janvye se Concern ki te  ap itilize kan nou an. Belgad te di non, se Concern ki tap okipe nou li pake leve  denkou poul leve nou . Kisa l pral di ak moun Concern yo.? Men sak fe se komsen ki leve nou. Men se OIM ki tap leve nou.

Si yo te mandew pou te chwazi kiyes tap chwazi ?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Monche mwen  t’ap chwazi OIM. Mwen pap baw manti.

Piblik : Siw te konnen.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: OIM gen yon gwo avantaj li bay .

Kisal ye?

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Li peye kay pandan 2 zan pou moun yo. Medam yo ki nan kou ansann avek nou yo, li te gentan repeye kay pou yo anko. Le fini de tanzantan li  pase lakay yo.  Nou menm nou pa jwenn li. Nan kou a anko li gentan peye pou yo anko. Nou menm nou pa jwenn. Le fini sale li bay pou machin nan nou pa jwenn li. Anplis le gradiyasyon  li fe gran fet, menm  rad  pou moun yo mete se yo menm ki bay li. Men sak te fe nou fe jalouzi.

Apre tranbleman de te a li te ale avem . Nou tal vizite, ti moun pye a te, san rad, moun blese, yo voye woch. Eske yo fe jalouzi pou manje tou?.

#2. Ane Joseph; Fi; 57 ane ; 7 timoun; Komes; Prime; Concern: Sel yon kote Concern  al fe yon fomasyon nan Matisan 7 , mwen telman wont, sa medam anba tan fe  jou sa. Machin nan nek paret yo plonje sou machin nan, se bokit kap pote manje, gen moun kal lakay yo ap 4 manje.

Ou konnen youn nan rezon posib ke OIM te ka bay plis? An reyalite sa se dyob OIM ? Apre 12 janvye tout moun tonbe nan tout bagay.

#4. Gaspard Julienne; Fi;  50 ane; 4 timoun; Anyen; 6eme ane; Concern: Hum, pandan wap di sa,  apre sa moun OIM yo te di ya ban ou ed. Mwen pa konn si se madam ki pat ba noul.   (mwen panse si yo te bay li poul banou ,poul pata ba nou l.) Le nou ta pral konpoze,  yo te mande nou pou te achte materel yo te di yo tap ban ou ed . Nou pat janm jwenn li. Lem  te mande depite a se avel mwen sevi, mwen konn si se madam ki pat ba noul , non madame Danielle. Men pou jis nou temine  nou pa jwenn li.

Ok mesi !

Piblik : Mesi, mesi

FEN

 

NOTE YO

[1] Help Age

[2] Yon liv chan

[3] Take care

[4] Sa vle di tranbleman de te ya.

[5] Yon lot moun

[6] Sa vle di li menm