Bawon (No)

Transkripsyon Fokis Fwoup Bawon

Patisipan

  1. Nardin Rony;Gason; 52 Ane; 7 Timoun; 6e AF;   kiltivate;  20ane nan Kop
  2. Ceide Sidoine; Fi;81 ane; 4 Timoun; 4e AF; kiltivate; 2 ane nan Kop;
  3. Michel Duverneau; Gason; 59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop
  4. Lessage Elismene; Fi; 66 ane;   4 Timoun;   5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop
  5. Alfred Remond; Gason; 50 ane;    4 Timoun;   4e AF;   kiltivate;25 ane nan kop
  6. Dugue Lusette; Fi; 69 ane; 7 Timoun; 4e AF; komesan; 30 ane nan kop:
  7. Simon Limanie; Fi; 55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop

 

Nou remesye tout moun Bawon, spesyalman moun koperativ COTAM,le feke nou prezan pou nou patisipe nan seyans sa a. Sa nou vin fe la se yon travay pou CRS, nou konnen li genyen yon pwoje nan filye kakao,ki petet poko rive nan nivo ke nou ap tann nan men li nan wout. Sa nou ap fe la a fe pati de etap pwoje a dwe swiv pou li rive nan nivo ke nou vle wea. Paske yo pa kapab deside travay pou nou san yo pa gen bon done, bon enfomasyon men sa pa vle di yo pa konn anyen paske yo pale avek responsab yo, responsab yo bay o enfomasyon. Men ou pa kapab di ou gen enfomasyon senpleman paske ou pale avek yon moun fas fas,san ou pat gen yon kesyone ki ankadre sa out e vle ou,out a dwe konnen yo. Fok ou gen yon metod e metod se remet yon gwoup ki endepandan sa vle di ki pa gen anyen pou li we ak ni koperativ la ni CRS  ki pou al cheche enfomasyon.Donk se sa nou vin fe la, nou sevi Pon ant oumenm avek CRS. Sa vle di tout sa ou pral gen pou ou di nou la, se enfomasyon ke ou pral ban nou, ke nou menm nou pral pote bay CRS,e tout sa nou pral pale la se bagay ki gen rapo ak  kakao. Donk nou pral poze nou kek kesyon, nou chak ki la gen yon nimewo, se yon fason pou nou kapab abitye avek moun yo. Le ou ap pale ou ap jis leve nimewo a pou nou ka di men tel moun ki ap enteveni. Chak kesyon nou poze, chak moun ap gen opotinite pou reponn. Le yon moun ap pale,res moun yo dwe rete ap tande,apre sa yo menm  yo ka pale. Nou itilize recorder yon fason pou nou pa pedi anyen nan sa ou ap di. Sa vle di tout sa ou di, _bri moto ki ap pase_ …tout ap anrejistre. Se sa ki fe nou mande pou nou papale an menm tan,pou nou pale youn (1) apre lot. E nou tout ap gen tan pou nou pale ok? _yon patisipan di: Wi dako_ ok, Nou ka komanse kounya? _yon patisipan di: Wi nou met komanse_.

 

Premye bagay ke nou bezwen konnen se, poukisa kakao bon?

 

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon kakao, li bon pou plizye rezon. Eee premyeman nou menm, _vwa yon fi ki ap pale tou piti_… nou menm pwodikte nou plante li, se justeman pou nou jwenn li pou nou fe lajan. E Le nou fe lajan sa yo, bon sa pemet timoun an nou yo _Kout silans_,_yon fi di wi: ou met kontinye wi_…Timoun nou yo,ale lekol e plis anko nou jwenn komsi timoun an nou yo,_bri moto ki ap pase_ le nou vann kakao a kote nou gen mwayen  pou y’al lekol, nou gen mwayen, si yo lekol, lot kote kakao a kapab ban nou mwayen pou nou voye manje ba yo e nou menm tou, _son yon aparey ki fe:kling gendeng gendeng_…nou jwenn,nou benefisye tou. E sa ki fe ke kakao a g’on, nou toujou ba’l anpil enpotan,anpil enpotans._vwa timoun ki ap pale_.

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Eee rezon,pouki nou bezwen plante kakao a, nou bezwen plante kakao a, kakao a itil nou pou anpil rezon. Kakao a i ban  nou lajan , i fe nou gen lajan pou nou rezoud pwoblem nou eee i fe, nou bezwen’y nou, le nou bezwen fe chokola, pou nou bwe chokola, bagay la ban nou fos epui i gen on bann enpotan ladan ki pemet ke nou,sa vle di tout pwoblem, i ka reyalize tout pwoblem nou genyen. Menm si, malgre sa i pa ka rann nou reyalize reyalize tout men i bouche anpil pwen nan yo. Se sa’k fe ke, nou menm nou bezwen bagay kakao.mwen aktyelman mwen m’ap pale la, mwen menm se gran plante m’ye, mwen e gran plante m’ye_bri machin ki ap pase_…E’m we sa’l fe pou mwen e m’ap toujou kontinye plante’y toutotan ke m’la m’ponko[1] mouri,paske kakao a fe anpil bagay pou mwen,m’ponko mouri,m’la i ka itil mwen nan tout bagay m’bezwen.Timoun yo ap viv ladan, menm le ke’n mouri m’ap kite’y pou sa’k deye. Se sa’k fe ke, rezon ke m’toujou plante kakao a.

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Kakao a, nou menm sa’k fe nou_poukisa’l bon?_,nou plis we kakao a bon pou nou, _bri bis ki ap pase_ paske nou te g’on bagay ki te konn ede nou,men kounya n’we li ap, li preske detri[2] kounya. Se te zoranj la k’te konn ede malere ak timoun ki lekol, kounya’l detri, kounya se kakao a ki pran plas. Paske kakao a kounya la li pran plas. Paske le timoun nan a pral lekol,depi’w  g’on 100 liv kakao, ou komanse fe komansman timoun nan le’w ,le w’ale nan on lot repriz anko’w jwenn yon lavi anko timoun nan ap pra’y lekol i pemet ou jwenn on degouden’w ba timoun nan,pou timoun nan ale lekol le kakao’wanko oumenm ou,w’ap plante ou plante kakao a,sa ba’w anpil fos pou’w plante’y paske  ou konnen le’w plante kakao a se p’on[3] bagay k’on pedi’y ye s’on bagay ki la pou pepetite, ki ka ede’w nan tout sa w’ap fe. Ou ka g’on ti pwoblem la ou paret devan yon espikilate epi’w di bon ou konnen’m gen kakao a wi,men ou pa ka prete’m 200 dola la nan, semen nan m’a pra’y baay[4] kakao pou’m ba’w lajan an se pou ,tou swit _vwa yon patisipan ki di yon bagay_,non,nou di sa, nou di sa, nou di sa konsa,yon sipozisyon wi,on sipozisyon,kounya la moun n’a v’ap debare’w epi oumenm apre ou,egzekite ansanm ake’y,sa vle di kakao a gen tout potinite sa’k penment[5] ke kounya la gen moun ki te fe neglijans,ki pa te vle plante kakao a,kounya la moun yo ap plante,yo,yo, moun yo vin soti y’ap plante’y a cheval, pou yo we,si yo menm si yo a gen kakao a nan bitasyon yo. Pase gen_bri moto ki ap pase_ granmoun lontan’k te fe neglijans yo te kite on 10 pye pou timoun yo, men konya l’ap bat zel, moun ya’ap bat pou’y plis, alo se pou sa ke, kakao a limenm,

 

Nou mande pou nou tre presi nan sa nou ap di yo, bay repons yo direk.

#4 Lessage Elismene;   Fi;   66 ane;   4 Timoun;    5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop : Mwen li pouki m’we kakao bon,gen de le, le’w rete’w re, tande jou mekredi  ap rive depi nan lendi nou tonb’ap[6] boske,madi_bri moto ki ap pase_ nou tonbe ap boske kakao a pou nenpot si’w dwe on moun, depi’w we’w te mete’y mekredi, mekredi a’w deja jwenn kakao,ou deja fe kob ou ba moun nan._yon moun grate goj li_  W’ap f’on ti travay, se kakao a ki ede’w. Timoun lekol anko se kakao a ki ede’w, afe pou kakao a li’y monche li bouke bon pou nou, nenpot sa w’ap fe se li,li nou jwen,le mekredi yo pou nou di pou nou di bonjou mesye.

#1 Nardin Rony;   Gason;   52 Ane;   7 Timoun;    6e AF;   kiltivate;   20 ane nan Kop : Bon mwen menm kakao a mwen menm, m’pweske pa konn kisan[7]’m ta di de kakao a anko menm. Paske dapre jan kakao a soulaje’m,dapre jan kakao a jere’m,se kakao a ki jere timoun an’m lekol, yon le’m bezw’on 50 goud pou timoun a’y lekol, se kakao a Chak mekredi,depis[8] dimanch,lendi n’ap boske ti kakao,jou mekredi a,m’met pa gen mamit pwa,m’met pa g’anyen,se kakao a_yon moun grate goj li_se ladan m’viv,landan’m fe tout elavasyon timoun an’m e mwen menm tou m’gen byen m’regle ansanm ak kakao a tou pase gen dele le’w tande’w sele on zannimo ou gen nenpot 100 liv kakao,_yon moto ki ap pase_150 liv kakao em pa g’on pozisyon,on teren’m gen pou pase pou pa we pye kakao ladann pase jous kaprezan, menmsi’m t’ap mouri pase gen deye toujou pasey’itil mwen._yon moun ki zipe yon bagay_, _bri moto ki ap pase_

 

Men eske nou fe remed avek, kakao a?

Plizye patisipan di: Non, non, sel chokola, chokola.

 

Yon moun a la fwa souple, ke moun ki gen repons lan leve nimewo li.

#7 Simon Limanie; Fi;    55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop: Nou pa konn fe remed ak kakao. Nou pa fe remed ak kakao a,nou bwe kakao,nou vann kakao,men mwen si’m te konn plante 50 pye kakao,si’m te gen 100 pye kakao nan ,nan jaden’m,jan’y itil,m’ap bat pou’m gen 200,

 

Ou gen yon bagay ou t’ap di?

Patisipan an pa idantifye: Non se menm bagay la m’tap,

 

Donk nou nou manje kakao a?

Plizye patisipan di: Wi, wi

 

Koman nou manje kakao a?

Patisipan an pa idantifye:  An lajan, nou fe chokola ake’y

 

Apre chokola nou pa gen lot bagay nou fe avek kakao a anko?

Plizye patisipan repon: Non, non, non.

 

Selman chokola ?

Patisipan an pa idantifye : Sa nou fe lajan, nou pa konnen pou lot la yo. _bri moto ki ap pase lwen_

 

Konbyen kalite kakao nou genyen?

#4 Lessage Elismene; Fi;  66 ane;  4 Timoun;  5e AF;  kiltivate;   20 ane nan kop: kakao peyi a.

 

Ki varyete, konbyen tip kakao nou genyen isi a?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon, nou genyen plizye tip de kakao men nou pa ka fin  idanfye pye yo. Paske nou menm, nou gen tip kakao peyi an nou an menm pesonelman la, e nou vin gen on gwo kakao, ee _etranje_ etranje a ki ba’w plizye kalite koule, i g’on koule ki bay on gwo koule wouj, i g’on koule ki bay on piti wouj, i g’on koule ki bay on gwo koule ble,le fini’y ba’w on lot piti anko sa vle di nou pa ka fin idantifye tout. Nou ganyen yo men nou pa ka fin idantifye ki kalite yo ye, nou pa konnen.

 

Nou pa konnen non yo?

R#3-Non nou pa konnen yo, pase nou konnen’y se kakao.

Patisipan an pa idantifye : Alo se bliye moun yo bliye non yo, nou gen kriyolo,nou gen kakao kriyolo, nou gen forastewo,ee i g’on lot kalite anko men m’bliye non’l._Vwa timoun ki ap jwe_

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop:  Nou gen kakao pote kole,pote kole a’l ba’w bel kakao,_vwa timoun ki ap pale_ee nou gen yon kakao vyolet,sa vle di nou gen plizye kakao men koman nou vin gen,nou gen kakao sa yo a?

 

Men ki kakao nou rele pote kole a?

R#2- Yon kakao ki ba’w gwo grenn,i,  i, i gen bel longe epi le epok pou’y ba’w kakao a, i ba’w bon kakao, bel kakao. Epi kakao,

 

Sa vle di si yon moun mandew ki kalite kakao ou genyen wap di ou gen kakao pote kole avek kisa anko?

R#2- Wi nou gen ti kakao a, men rezon ki fe nou vin jwenn kakao sa yo a menm.

 

Non ou komanse nan youn ou kite li ou al nan yon lot. Ou dim ou gen kakao pote kole apresa? _bri moto ki ap pase_

R#2-Nou gen ee, nou g’on ti kakao piti,sa ve di sa, ti kakao peyi nou an_bri moto ki ap pase_nou vin gen on lot gwo kakao men se yon ensizyon’k te fe nou jwenn kakao sa yo. Koman nou jwenn ni ?_vwa yon moun ki lwen ki di he,hey_ sa m’pap bay repons lan.

 

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Eee, la se menm baay la misye di la,konbyen en varyete kakao a, _Konbyen varyete kakao ki genyen?_ si’m t’ap identifye’y m’we nou gen men nenpot 5 varyete kakao paske _di yo non,di 5 lan pou nou tande_nou di nou g’on gwo kakao,ki bay gwo kakao epi’y donnen tou wouy,gwo kakao peyi a,chak grenn a’y se tankou on_koumanl rele?_ m’se da, m’pa konnen non an’y se sa’m te di nou la,m’gen, m’pa ,nou ganyen[9] yo,men nou pa konnen non an yo,men koman nou te ganyen yo ? se paske nou te gen premye ti kakao eee ble an nou an e apresa nou te vin,pandan nan koperativ lan la, nou te vin gen on pwoje ki te ban nou anpil kak,lot kakao a,m’pa konn kote’y soti se te nan bwat,yo te vin ake[10]‘y yo te ban nou enpi nou te fe pepinye,nou plante yo nou we kakao yo ap donnen yo ban nou tout koule,yo ban nou tout koule ,men nou pa,mwen’m,m’ponko janm identifye kouman rele si, si chak nan yo,men m’we gen, gen nenpot,nou gen nenpot, 5 vaye,vayete kakao.

 

Ok, nan ki mwa, chak ki le nou fe rekolt? _bri yon moto ki ap pase lwen_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon rekot la,nou,nou koumanse[11] rekot kakao a, wi nou konmanse[12] rekot kakao a denp[13]i nan mwa sektanm,denpi nan mwa sektanm nou konmanse gen ti rekot kakao a.Nou fe tout mwa sektanm,mwa oktob,mwa novam,men,le nou vin rive nan desanm, janvye,fevriye pou rive nan mas,nou gen pi gwo rekot la._vwa moun lwen ki ap pale,ap ri_ Sa vle di le nou rive la ka,ee le nou rive soti nan mwa mas ap tonbe nan mwa avril komsi’y tanmen[14] diminye,le’y rive nan mwa me i pret diminye net. I gen ti grenn mawon men gran rekot la menm, i komanse denpi desanm, janvye, fevriye, mas gwo, gwo sezon.Sa vle di’y ban nou anpil kakao. _# 7 komanse pale avan #3 a fin pale_

#7 Simon Limanie; Fi;    55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop:  i g’on kakao, li g’on kakao,g’on gwo kakao meusyeu[15] a ap pale la, i rele ibrid. Kakao ibrid. Sa e nan le LOULOUNE,nan tan LOULOUNE ki fe nou  jwenn plan kakao sa yo, on gwo kakao i bay gwo grenn._bri moto ki ap pase ak bagay tankou ban ki ap frape_

 

Eksplike nou koman yon jounen rekolt kakao ye?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Wi,pandan n’ap rekolte kakao a kouman jounen’n ye? Bon nou menm le n’ap rekolte kakao yo , sa vle di_bri yon chez ki rale_ nou pa rekolte yo yon sel jou,_bri yon bagay tankou talon soulye ki ap fe bri_ee nan semen sa,nou ka gen ,nan semen sa nou ka rekolte yon kantite_kout silans_ kakao. Nan 15 jou,nou ka keyi nou jwenn yon kantite epi nouuu voye’y, na’y vann anpi[16] n’ap kontinye mik. Apre 15 jou anko na’y ke,na’y rekolte kakao a anko,sa vle di,nou pa rekolte’y yon sel dat,men chak nou rekolte’y, nou fe nou kont kob nou met di._vwa moun ki lwen ki ap pale_

#4 Lessage Elismene; Fi;   66 ane;  4 Timoun;  5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop: Wi, sa ve di Se menm bagay la wi pase depi’w we se jou ou di ke, nou, pou nou konn sa ki, si jou a bon pou nou. Depi se jou nou, depi se jou nou jwenn kantite kakao na’y vann pou nou fe on ti kob sa vle di jou sa’y_i byen bon_ bon pou nou. Pase nou f’on kob, ou dwe on moun, ou peye’y. Ou te bezwen fe travay nan jaden’w, ou jwenn baay w’achte ou bay moun yo, on lasistans sa vle_li rezoud pwoblem ou_ di jounen sa li’y bon pou nou, wi.

 

Kisa ki pi difisil pou pwodikte yo nan nan pwodiksyon kakao dapre nou menm? _vwa plizye moun lwen ki ap pale_

#5 Alfred Remond;  Gason;   50 ane;   4 Timoun;   4e AF;   kiltivate;  25 ane nan kop: Pandan n’ap pwodwi kakao sa nou twouve ki difisil pou nou, s’on pwoblem mache,ee sa vle di ke ,nou redi nou plante kakao a se vre,nouuu_vwa moun lwen ki ap pale_,le nou rekolte li,e souvant fwa paske, le koperativ sa sanse te fonde se te nan,acha kakao,_yon moun sou tab la grate goj li_ men nou te gen on bon tan tou ,nou.pa’t achte kakao ,sa vle di se espekilateu ki konn pwan[17] kakao a nan men an nou. Le sa, yo pran’l jan yo vle. Ou we? yo pran’l jan yo vle,_vwa timoun ki ap pale_ donk ee ee nou,nou man,noupa gen mache,se pwoblem sa Selman,pi gwo pwoblem ke nou genyen.

#4 Lessage Elismene; Fi;   66 ane;  4 Timoun;  5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop: Wi,wi sa vle di pwoblem nou gen,le’w tande kakao a gende le’y rive_bri moto ki ap vini_ le moun nan k’ap  rachte’y la,menm le’y t’ap rachte’l 5 dola,tanto limenm li rete konsa’y di’w se 4 dola,epi’w pa ka d’anyen se pou’w blije bay li. Kot pwoblem sa soti,sa s’on pwoblem i ye, paske ou’w paka d’anyen se i k’ap ba’w,ou’w gen baa[18]y la men se i k’ap ba’w (i fe priway)[19] wi li ki fe pri a’y,e pwoblem sa nou gen.

 

Kisa ki pi difisil anko, pou nou menm nan pwodiksyon kakao a?

R#4-Wi se menm baay[20]

 

Kisa yon fi ka fe, ki ka difisil pou yon gason fe nan kakao a?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Eee sa fi ka fe sou zafe kakao a,ou gason depi’w fin  chaje kakao’w deja, fi a li se li’y  t’ap tann, e lapwa’y[21]  pwan’y[22] rapid, l’ap cheche[23]’y,l’ap prepare’y,_bri moto ki ap vini_epi limenm, fo’y fe kob la tou.Redevans ke’w gen pou oumenm kom gason,se ale cheche’y nan raje a vin pote’y mete lakay,limenm ki konnen sa menm le’y fin vann kakao a si’l vle ba’w 10 goud, i ba’w 10 goud, _ ri JJJ_,Ou tou ret a komes la pou’w a’y cheche’y pote vini.

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop: Bon, sa’m konnen de kakao a ke,sa’m konn de kakao a de fi e gason,kakao a le pou keyi gason keyi,fiy kase’y,sa vle di nou tou de travay ladan,le pou benefisye nou tout benefisye.

 

Kisa gason ka fe fi pa ka fe?

R#6-Bon,enben sa gason ka fe, gason ka monte pye ko,kakao a’y keyi,dam nan li i kase’y._JJJ ri_ 

#1 Nardin Rony;   Gason;    52 Ane;    7 Timoun;      6e AF;    kiltivate;    20 ane nan Kop: Mwen menm ,bo pa,bo kote’m, mwen’m pa gen sa on gason ka fe, mwen’m pa ka fe’y,_plizye patisipan ki ap pale ant yo_mwen menm gason pa keyi kakao pou mwen menm,si’m pa kapab gason an keyi ka, i keyi kakao a pou mwen,men mwen menm menm,se ,mwen menm i banm bel gol,m’pa nan monte bwa,kote grenn kakao a ye,m’te met bezwen 50 liv kakao an’m,m’fe 50 liv kakao an’m, mwen le’m vini’m mezire’y m’di’w, men sa’m te fe,mwen menm pweske[24] travay kakao a ,mwen se mwen se preske te fe’y, _vwa plizye patisipan ki ap pale_e mwen menm ki preske fe travay nan kakao a.

#4 Lessage Elismene; Fi;   66 ane;  4 Timoun;  5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop: Wi sa mwen’m ta di,gason ka plis fe fi a pa ka fe’y,se le pou plante kakao a_JJJ ri_gason plis ka plante,e sa’m ta di._JJJ ri_

#7 Simon Limanie; Fi;   55 ane;   2 Timoun;    6e AF;    komesan;   6 ane nan kop: Mwen menm sa m’ap di de kakao,pa g’on travay gason ka fe fanm pa ka fe’y,mwen’m plante kakao kou[25] tout gason,m’keyi kakao,m’kase kakao,m’cheche kakao, ma’y vann,menm jan on gason pran on manchet i koupe kakao mwen menm fe’y tou,m’plante kakao kon[26] tout gason.

 

Ki pwosesis, ki demach nou fe pou nou plante kakao a, avan ke nou al vann li? _bri moto ki ap pase_

#7 Simon Limanie; Fi;    55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop: Ou pa f’anken demach,ou pa f’anken demach pase’w fin kase kakao a w’a’y vann nan balans,depi’w fin cheche’y w’a’y peze’y nan balans._yon patisipan ri : hi,hay_

 

Si ou seche li, ou pase yon pwosesis kan menm?

R#7-Wi ou pa f’anpil tan,ou ka pran 3 jou pou cheche’y le fini wa’y,wa’y vann i nan balans.

#1 Nardin Rony;   Gason;    52 Ane;    7 Timoun;      6e AF;    kiltivate;    20 ane nan Kop: Nou menm nou pa pran 3 jou,bo kote’n, Nou pa pran 3jou. Depi’w kase kakao a lendi, madi kakao’m deja seke, nou mete’y nan sak. i rann[27], i rann dlo a nou pa nan lave’y, i rann dlo a, depi’w kase’y lendi menm,ou kase’y, ou, ou, kote’w depoze’y la i koule dlo a, i menm,i cheche’y epi nou menm nou, nou, n’a’y vann,men pou lave kakao nou menm nou pa fe’y,nou pa lave, nou pa fe bagay sa.

 

Ant fi ak gason kiyes ki konn al vann kakao?

#1 Nardin Rony;  Gason;   52 Ane;  7 Timoun;    6e AF;   kiltivate;   20ane nan Kop: Enben nou menm menm, bon m’pa konnen pou lot moun, men mwen se mwen menm kelkan swa gason an’y  konnen kakao a si’m mete, kakao a deyo la, m’pa la, l’ap antre kakao a pou mwen,men gason pa mezire pou mwen ,i pa vann pou mwen se mwen ka’y vann, m’di’w men sa’m fe.

 

Kiyes ki plis vann kakao?

#1 Nardin Rony;  Gason;   52 Ane;  7 Timoun;    6e AF;   kiltivate;   20ane nan Kop: Bon mwen, se mwen, m’pa konnen pou lot moun.Mwen se mwen ki vann kakao. Fi ki vann kakao, fi ki vann kakao wi, fi ki vann,m’pa konnen pou lot kote men mwen pou kote pa’m, se fiy ki vann.

#7 Simon Limanie; Fi;   55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop: Tou le 2 moun vann kakao _JJJ ri_, fi vann kakao gason vann  kakao_JJJ ri_

 

Kijan nou vann li?

#1 Nardin Rony;  Gason;   52 Ane;  7 Timoun;    6e AF;   kiltivate;   20ane nan Kop: Men pa liv nou vann ni, nou mezire’y, wi nou mezire kakao a’y la, gen de de le, le’w mezire 50 liv kakao si’w byen plen kakao’w, kakao’w byen plen i te mi nan pye,ou ka trape menm on 4, 5 liv sou li. Le’w soti ak 50,ou sot nan balans la ou trape menm on 5 liv sou li.

 

Ou ap pale de kakao vet oubyen kakao mi ?

#1 Nardin Rony;   Gason;    52 Ane;    7 Timoun;      6e AF;    kiltivate;    20 ane nan Kop: Ebyen se mi, m’pa konnen bo kote nou afe de vet la li, nou pa konn baay konsa. E nou menm kakao a nou menm nou pa,

 

Le nou di mi an, se vet oubyen seche? _plizye moun ki ap pale ansanm ki ap di : seche_

#1 Nardin Rony;   Gason;    52 Ane;    7 Timoun;      6e AF;    kiltivate;    20 ane nan Kop: Seche, seche, wi _Anh!se de seche nou ap pale ?_ R #1- Wi,_silans_

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Bon mwen menm sa se a di,sa’y di a m’vle konprann sa’y di bon mwen menm m’gason la m’konn bare la, depi’m  bare la epi m’pran onch,on ,on bagay la male,epi mkase’y tou vet pase’m pa jwenn menm kote’m fin bagay la, male la, ma’y vann li, rapid m’jwenn kob. m’vann ni tou vet, san cheche.

 

 Kisa ki pi difisil pou fi yo nan pwodwi kakao a ?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Pou fi yo, medam yo, i pa g’anyenk difisil non, depi kakao a nan men an’y, yo resevwa kakao a la, le y’ap cheche’y, le konsa ke kontan, ke a kontan paske yo a pra’y fe kob.

 

Le nou pale de pwodwi kakao, li komanse depi nan plante kakao a. kisa ki pi difisil pou  fi yo fe?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Enben[28] sel sa petet, swa nou ta di netwaye, nou ta di se netwaye kakao a. Gen fanm ki sekle kon we gason. Ap sekle, sa vle di e sitou kounya yo gade, yo we kakao a se li ki bay ti kob. Ebyen sa penmet[29] yo pa kite kakao a nan sal non, yo menm yo antre, y’ap sekle, sekle kakao a, yo menm y’ap prepare,se jou si ou konnen g’on rekolt k’ap vini pou yo,tankou kounya la, le nou ta gade kounya la,kounya la’y pra’y g’on resif ki pra’y desann sou kakao a,sa fe kakao a _bri yon aparey ki fe kleng kleng kleng_ l’ap donnen kounya, men se preparasyon ki pou fet pou li, Fo’w prepare’y, fe kay ladan epi kay la fet epi pou’w netwaye’y_bri moto ki ap pase_ epi pou kakao a devlope plis.

#1 Nardin Rony;  Gason;   52 Ane;  7 Timoun;    6e AF;   kiltivate;   20ane nan Kop: Wi mwen menm se netwa, netwayaj la,menm, menm gen de le m’pran pou li m’fe twop travay wi gen de le _kisa ki pi difisil pou ou? _ mwen sa ki, _vwa moun ki lwen ki a ppale_ mwen sa ki pi difisil pou mwen se sel netwayaj la.se sel netwayaj la men, men gen, gen de le menm gen de ti branch lougawou yo mwen menm m’fe travay ladan’y,m’retire’y.

 

Kisa ki pi difisil pou gason nan pwodwi kakao?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon pou mwen menm,m’pa we anyen ki difisil pou mwen le m’ap ee pwodi kakao paske mwen m’konn plante, m’konn netwaye,_bri yon bagay ki frape_m’konn prepare kakao an mwen, m’konn keyi, e’m ka kase’y, e’m ka kase’y, m’ka cheche’y, e’m ka vann tou. Menm si ke fanm ap vann men’y g’on seri de gwo kakao, m’ka fe, mwen regle yon bagay, m’ka fe. Alo_bri yon moto ki ap vini_ m’pa we anyen ki difisil pou mwen bagay,si’m ka plante’y, m’ka prepare’y m’pa we anyen ki difisil ladan’y.

#5 Alfred Remond;  Gason;  50 ane;  4Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon,eee mwen menm,sa ki pi difisil pou mwen,eee le’m rekolte kakao a, Sa vle di,m’manke kote pou’m cheche’y, sa vle di ke m’gen pwoblem glasi, lakay mwen. Se sel sa ki difisil pou mwen, pase, se gen de le se moso tach w’ap cheche, kek vye bout tol w’ap cheche pou’w baay. Se sel pi gwo pwoblem ke’m genyen.

 

 Se plante nou plante kakao yo oubyen se pouse yo pouse poukont yo?

R #5 Non plante _JJJ ri, plante_, plante

 

Pi fo se plante, koman nou ka eksplike pwosesis pou ou rive gen yon pye kakao?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Wi, pou’w arive g’on pye kakao,lontan le nou te konn plante ti, e kakao nou yo, men koman nou te konn fe’y,nou ale nan tout mouda pye bannann, nou konn pran kakao a, nou retire’y tet. ey, Ou konnen kakao a pou’w prepare yon plant e kakao a, i gen tet, i gen deye. Ou dwe pou’w retire deye a, deye a s’on, s’on grenn mou, e on pati grenn mou ki ladan_yon fi di : tet la ak deye a_ wi tet la anko s’on pati grenn mou ki ladan. Anvan’w prepare plant la ou gen pou’w retire’y. le’w fin retire yo, enpi nou toujou prepare’y nou mete yo, lage yo nan tout bounda bannann enpi kakao a leve i grandi. Men apre, le nou vin tanmen[30] pran, fomasyon nan e nan nou nan COTAM enpi, kisa ki fet, kounya ke yo vin ban nou kakao, en plan kakao yo,kounya ke nou menm nou prepare yo,nou mete yo nan chase[31], nou fe, nou fe pepinye. Le nou fe pepinye, le pepinye,nou wouze yo, nou fin prepare plant  yo,enpi le yo bon,kounya la nou menm nou pran plant yo,kounya la le’y rive pou nou plante yo, nou fouye tou yo nan mezi _vwa timoun piti ki ap jwe_, nan mezi pa, nan distans nou ka ba’y enpi nou fouye’y ra chase yo anpi nou retire bouda yo, anpi nou mete yo an plan, anpi nou ba yo te, kakao sa’l deja bon. Sa vle di kakao sa li, Li pa gen pwoblem menm,Le’y soti nan chase a,sa ve di ou mete’y nan tou a,_bri moto ki ap pase_ sa vle di li’y pa ka mouri anko.Paske’y deja tou pran nan te a. sa vle di sel devlope i pra’y devlope nan teren an.Alo se sa’k rele nou repodi[32] plis kakao.

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;   komesan;   30 ane nan kop: Dapre mwen,kakao a, le nou te konn ap plante’y,nou plante’y pa swa mem, se pa moun ki te moutre[33] nou plante’y se deske nou vin we, ane’y ka vin enpotan nou menm nou plante’y. Se ane ale le’n komanse plante’y nou tanmen fe kob_bri moto ki ap vini_  enpi nou plante’y pi plis. E kounya koz ke nou plante’y, nou plante’y pi plis kounya, e kounya men nou gen oganis ki paret li montre, li ban nou plan tout bagay, kounya la pra’y genyen’y pi plis._bri moto ki ap pase_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Wi eee,Kounya la, fason ke le pe a ap esplike baay la, le nou te konn ap plante kakao a vre nou pa te konn gen ide pou’n te plante,paske nou we kakao, nou plante kakao. Se sa ki fe ka an, tout ansyen kakao yo nou genyen yo, yo vin two dri. Le yo vin two dri, yo vin two kole sa pemet ke tou kakao a pa g’an van, devlope pou’y ban nou kantite kakao. Men apre ke le nou vini nan koperativ la,yo ban, le y’ap ban nou plan yo ban nou distans pou’n plante kakao a. Ou ka plante kako a sivan[34], ou ka plante’y a, a 3 met, a 4 met. Sa ve di kounya’y vin gen distans, le’w plante’y 4 met la, i vin gen distans konmsi van anba’y kakao a ap devlope, w’ap jwenn plis ka, plis randman. Men lontan nou pa te konnen bagay sa._vwa moun ki lwen ki ap pale_ Se sa’k fe ke kounya, nou ka pemet ke nou ra, nou gen plis kakao e ale ale nou ka, nou ka, nou ka gen plis toujou.

_silans_

 

Koman nou vann kakao a?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: _bri moto ki ap vini_ Wi koman nou vann kakao a? Le nou,le nou fin re, nou rekolte kakao, nou, nou cheche’l, le koperativ la te konn pran kakao,nou konn mete’y, nou konn vin vann i la,_bri moto ki ap pase_ men le ka, koperativ la kanpe,kounya na’y vann yo nan, ak on espekilate_vwa yon patisipant ki di:koperativ la_ kote ke yo mete balans pou yo, pou y’achte kakao a nou vann yo la.Men se nan koperativ la nou te konn vann yo le yo te konn achte.Men si jame kounya ke yo menm,yo reprann pou yo achte kakao a, m’kwa ke tout kakao, y’ap vin vann la. Se paske nou pa te gen lot kote pou nou te vann ni ki fe ke n’ay vann yo lot kote.Men kounya si y’ap rachte’y la,tout kakao ap vin vann la menm.

 

Ki pi gwo pwoblem nou te konn genyen nan afe pri a?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Afe pri a se kounye a,wi se kounya a ou tande kom le’y, yo ba’w yon pri,enpi le’w gade ke,le kakao a,on le’w gade ou we yo di’w on lot pri anko. Men yo pa janm ba’w on pri monte, yo ba’w on pri desann toutan_yon patisipan di:se sa,ak yon fi ki ri_. Wann[35], se pwoblem sa nou konn gen ave’y. Kounya le konsa ke, le’w gen kakao a,kan’w we kantite kakao’w gen, ou konnen’w pral f’on bon kob, le’w vin gade,enpi’w tande i desann, le’w vini yo ba’w on,on_yon fi ak yon gason di:on ti bagay_,on ti bagay ki pi piti. Se pwoblem sa nou pi genyen nan kakao a.

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;   komesan;   30 ane nan kop: Dapre nou, le nou vann yon mamit pwa nou ka fe pri a’y men kakao a li se yo ki fe pri menm, pase nou pa konn ki kote pou’n al akey[36], se yo Selman k’ap achte’y. Sa yo di nou se sa, kounya yo ba’w pri sa,kounya la le’w rive lot semen enpi yo desann pri a,enpi’w pa ka di anyen ou pa konn kote pou’w al ake’y anko._bri yon bis ki ap vini_

 

A kiyes nou vann kakao yo konsa?

_gwo bri yon anjen lou ki ap pase kouvri repons patisipan an_

 

Le nou ap konpare jounen travay nou Jodi a avek jounen travay granmoun lontan yo ki diferans nou we ki genyen? _vwa anpil timoun ki ap fe bri_

#6 Dugue Lusette;   Fi;   69 ane;    7 Timoun;    4e AF;   komesan;   30 ane nan kop: Diferans ke nou we ke nou genyen kounye a,si granmoun lontan yo te konn jwenn fomasyon ke n’ap jwenn Jodi a,nou ta pi lwen._bri anjen lou ki ap pase lwen, ak vwa timoun ki ap jwe_

#4 Lessage Elismene; Fi;   66 ane;  4 Timoun;  5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop: Wi pase se menm sa fre a di a wi,kounye, kounya nou jwenn moun, agwolom[37] yo ap mache, ap endike nou anpil enfomasyon lo[38] konsa,nenpot plant n’ap fe_pale pi fo, pale pi fo_  an wi li di pale pi fo? _mh-hm, sa fe lontan moun yo pa te konnen, lontan le n’ap plante on pye kakao, nou plante’y two dri, nou pa konn kijan si nou te plante’y men kounya nou jwenn ki,ki distans pou nou plante yo, sa fe bagay la vin, jounen jodi a vin pi bon pou nou._yon fi di: vin pi bon pou nou_wi.

 

Eske nou renmen tet nou, eske nou renmen sa nou ap fe a, ki se pwodwi kakao?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Wi, nou renmen tet nou,paske n’ap pwodi[39] kakao a, kakao a fe anpil bagay, kichoy[40] pou nou. Mwen aktyelman mwen, aktyelman mwen en’m si, si Jodi a la m’ta ka leve,m’te jwenn 200 pye kakao pou’m ta a’y plante la i t’ap fe’m byen, paseke m’tap gen plis pase sa’m te genyen yo. Pase mwen’m be,mwen’m be,mwen’m be se anvanm mouri menm m’bezwen kite anpil kakao menm lom[41] mouri pou’m kite’y pou sa ki deye.

#4 Lessage Elismene; Fi;   66 ane;  4 Timoun;  5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop: _bri moto ki ap pase_ eee ebyen li ede nou anpil, kakao a ede’n anpil nan tout sa n’ap fe, li ede nou. Sa fe nou oblije renmen tet nou, nou renmen pye kakao yo tou. _vwa timoun piti ki ap jwe_

 

Ki travay timoun yo fe nan pwodiksyon kakao a?

#7 Simon Limanie; Fi;    55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop:  Le w’ap plante kakao a y’ede’w plante’y. _patisipan #4 ri, li di wi, yo ede’w_ Selon distans w’ap pra’l ake’y a, tout timoun pran on pye yo pote nan raje a pou ou.

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon, i, kom tout timoun yo,timoun kounya pa menm ake[42] timoun lontan yo. Timoun kounya, timoun lontan te toujou e nenpot sa w’ap fe nan tout raje yo la avek ou, men kounya timoun nan pa gen lot bagay devan’y, se lekol a’y i we devan’y menm le ke w’ap travay,ee timoun nan se lekol a’y l’ap fe e pa’p fasil, e pa tout timoun, yo pa gen tan menm pou yo ta pral redi pote bagay ba’w nan raje.ap pote plant,a ba’w baay, timoun nan e lekol li ye kounya. Sa e di nou menm, se nou k’ap travay pou yo.

 

Eske timoun yo konn al vann kakao?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Non, timoun pa ka, pa konn al vann kakao. Si’w vann kakao a i ka itil timoun nan men ti moun pa gen dwa a’y, a’y vann kakao, timoun nan e lekol i ye, se ou k’ap fe pou li.

 

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop: Bon, timoun ka vann kakao,gen de ka ou fin okipe kakao a, i gendwa pra’y lekol,ou,ou gendwa g’on pwoblem ou ka voye timoun nan vann ni, ou mezire’y pou’w ka voye timoun nan vann ni e timoun nan se timoun a’w i ye tou, ou fe’y konfyans, sa’y di’w se sa._silans_

 

Eske kakao se pwodwi ki pi enpotan pou nou nan zon nan?

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop: Bon kakao a, men sa’k fe’y vin plis enpotan_yon moun grate goj li_. Nou te gen plizye bagay nou te konn kiltive an efe, kafe, zorany[43] baay sa yo, kafe a li’y vin detri[44] net, kakao a li se li ki vin ranplase kafe a, akoz ke kakao a vin ranplase kafe a,menm zonrany menm preske vin detri kounya anko_bri moto ki ap vini_. Kounya dapre mwen m’we se kakao a k’ap pi itil pase kakao a li depi’w we’y leve_bri moto ki ap pase_, i leve net, se pa ti, se pa move soley, se pa kenpot[45] vye soley ki ka fe’y mouri.Sa fe kounya, kakao a li, se li kounya nou vin we apre Bondye nou we se li ki eskwa[46] nou._bri moto ki ap pase_

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Wi, m’ta di kakao a, dapre mwen menm m’we kakao a vin soti,yon, dapre mwen menm kakao a se yon bagay konmsi ki la ki pou ede nou toutan,paske le nou rive nan rekolt ki pa gen kakao a,nou we nou santi nou malad pase nou pa jwenn rekolt la, pou nou vann pase n’ap zanminen le nou we le rekolt yo komanse ap diminye,epi le nou gade nou we nou te konn vann 50 liv,nou te konn vann 25 oubyen nou te konn vann e 30 epi pafwa gen de le, le w’a prale ou ka jwenn on 5 liv sa vle di la’p diminye_timoun lwen ki ap fe bri_,epi sa ba’w on ti chagren tou pase’w gade’w we se li ki toujou_gwo bri moto ki ap pase_ap pwokire’w nan, se li’k bezwen’w, pase pafwa’w ka bezwen achte yon liv pou on timoun lekol, ou vann on 2 liv ou sove, ou jwenn ni.Ou ka bezwen pou’w fe on ti, on ti konbit travay bon’w jwenn on piti’w vann li ka ede’w men le’w vin pa genyen’y se on lot efo’w pra’y fe ou we sa ka di on bann bagay.

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon sa nou vle di toujou pou’n ajoute pawol yo,kakao jounen Jodi a gen anpil enpotan,tankou yon neg ki gen yon gran bitasyon kakao,i menm jan avek on neg ki gen lajan labank._bri moto ki ap pase_ Pase le’w gen kob labank,ou ka rete konsa’w ka di bon kite’m a’y f’on tiraj.Se menm jan le’w g’on bitasyon kakao tou jounen Jodi a,_bri moto ki ap pase_ ou ka rete konsa tou ou di bon wale kote yon espekilate ou di’w bezwen,ou bezwen on 2000 goud,ou bezwen on 3000 goud,demen si Dye ve m’ap,m’ap deja e ba’w, machandiz pou li. Sa ve di m’konsidere kakao a i gen anpil enpotans, i gen anpil vale jounen Jodi a.

 

Apa de kakao, ki lot bagay nou pwodwi nan zon nan?

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon lot pwodwi nou pwodwi nan zon nan, kom anpil konfre yo deja pale deja, sa ve di nou genyen eee zoranj,eee se te on pi gran bagay ke li te ye pou nou nan zon nan.men o “fir a merzi”[47] nou we zoranj yo ap diminye. Zoranj yo vin g’on maladi’k  tonbe sou yo,yo vin ap mouri._bri moto ki ap pase_ eee nou te genyen kafe,kom konfre a te di,ke nou te konn pwodi,men tout kafe yo menm vin tonbe yo mouri tou, menm jan tankou, tankou zoranj.Kounya nou we se kakao a seulman[48] donk nou we komsi k’ap feraye[49].apre sa nou pwodi lot ti baay pou nou manje._tel ke?_ Tel ke nou pwodi pwa kongo, nou pwodi gwo pwa,nou pwodi pichtach[50],mayi, manyok_yon moto ki ap klaksonnen_ou we,sa e, baay sa yo e pou nou manje, nou pwodi, nou pwodi bannann tou.

 

Nan tout pwodwi nou site la yo, nan ki pwodwi nou antre plis kob?

# 5 Alfred Remond;  Gason;   50 ane;   4Timoun;   4e AF;   kiltivate;   25 ane nan kop: Bon, _bri moto ki ap pase_ tout pwodi ke nou site la yo, chak epok pa yo a nou antre kob nan yo. Tankou le’w pran pichtach, le epok pichtach[51] la, enbyen ou rekolte pichtach a’w ou fe kob ansanm avek pichtach la. Le epok gwo pwa tou, ou fe kantite kob ansanm avek i tou. Le se epok pwa kongo w’ap rekolte tou, donk ou pote’y nan mache a sa ve di ke ou fe, ou fe lajan ansanm avek li. Tankou le nou pran yon mamit gwo pwa, ee i konn ap vann nan 200, 275 goud_bri moto ki ap pase_250 goud, yon mamit pwa kongo tou konn ap vann nan 200 goud. Donk yo tout gen enpotans.

_bri moto ki ap pase_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon, dapre mwen tout sa i di la, tout gen enpotan_yon moun grate goj li_,men esansyelman, sa ki pi enpotan menm, se, se kakao,enpi zoranj.Paske bagay sa yo li, le’w plante yo depi yo deja pran nan te a deja, ou pa bezwen chak a, chak le,chak ane, gen nan yo se pa ane_yon moun grate goj li_,yo pran’y pa ane,kakao a lidepi’y komanse nan ane a la,ke vle di s’on bagay ki pa janm fini, l’ap diminye men’y pa fini,eee li,li’y toujou la. Pwa, mayi,se, s’on kob w’ap depanse pou li chak dat w’ap travay,enpi pou’w rekolte’y, gen kek fwa ou plante’y menm, soley manje’y, ou pa jwenn anyen. Men baay ki pi enpotan menm, se le on neg gen pye kakao a’w,ou gen vye pye zorany a’w,apre sa vye pye bannann a’w pou’w manje, apresa pou’w fe lajan menm se zorany, kakao. Kakao a menm, pi devan tout bagay, pase te konn gen kafe, pa gen kafe anko. Se li ki pi devan.

 

Pa gen lot bagay anko ki poko site la men ke nou pwodwi nan zon nan?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon i gen tout, tout ba, tout sa kalite baay yo nou we ee tout baay, depi se baay ki, i gen pwodwi. i gen yanm, i gen bannann, ou konprann, i gen yanm, i gen bannann, i gen pwa, i gen mayi, i gen pistach eee i gen patat_wi_ i gen tout “ranm” ,bagay nou ka bliye, si’y gen res k’rete_yon lot patisipan ap di yon bagay tou ba_ n’a pra’y,n’a bay li,men gen tout baay sa yo, tout enpotan, nou se, nou sevi ake yo.Tout enpotan,_bri moto ki ap pase_ nou sevi ake tout. Enm, men_vwa yon fi ki ap mimire tou ba_ pi gwo bagay la menm se kakao a, li, li’y  konmsi li fe w’ap fe lajan e pa redi w’a pra’y redi travay pou’w fe’y, se prepare pye kakao a anpi tann rekolt a’w

 

Koman sa ap mache nan Koperativ la?  

_yon moun grate goj li_

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Enben koperativ la l’ap mache_vwa timoun ki ap jwe_, l’ap mache tre byen. Epi sa nou bezwen_bri moto ki ap vini_, l’ap mache tre byen men kounya tout otan ke n’ap jwenn fos, li menm menm l’ap evolye, _bri moto ki ap pase_, alo se sa nou bezwen. Men  nou menm nou ap konbat ansanm ave’y,alo depi bon Dye voye ed ban nou,nou menm n’ap santi nou pi fo. Alo ke, le nou pa jwenn, nou ape klopi klopan men depi nou jwenn nou santi nou pi fo.

 

Koman koperativ la ede nou?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop:  Enben ede nou tankou…

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Koperativ la, sa vle di koperativ la, i ede nou nan plizye fason. Pase mwen menm, denpi’m la nan koperativ la paske mwen se ansyen m’ye ladan. Denpi’y fonde m’la. Eee i fe anpil baay pou mwen.mwen si, Aktyelman, dapre sa koperatriv la fe pou mwen, m’te konn a’y travay si’m pat_patisipan an pale tou ba_ gen de fwa chak ti pwoje, pwoje’k rantre anndan koperativ la, m’ladan. Le’m ladan, san’m te, san e te pou’m te jwenn nan, m’ap lan youn. Si’m di’w m’gen anpil kakao kounya koperativ la fe’m g’anpil kakao. Si’m ta di’w, m’bezwen yon bagay, menm, menm, menm te m’achte anndan’y.m’jwenn resous, m’achte andan koperativ la. M’pa ka di koperativ la pa travay. Men kounya la, sa vle di kounya, chak bagay ki vini anndan koperativ la, ki pou ede’y kounya se avanse n’ap avanse pou bagay yo mache pi byen toujou._vwa timoun lwen ki ap jwe_ Men mwen m’pa we anyen m’ka repwoche’y ke di koperativ la ka mache_bri moto ki ap vini_. Paseke li fe anpil bagay pou nou, m’pa konn pou, pou nou menm, men mwen m’we’y fe anpil bagay, i fe anpil efo e l’ap toujou fe’y.

 

Ki lot sevis koperativ la ba nou anko, etan ke plante?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Eben nou menm antanke plante,sevis ke koperativ la ban nou,_bri moto ki ap pase_pafwa nou konn rete konsa, epi yo voye pou n’ay fe, nou jwenn on pwoje ki vini_klaksonn yon moto_ pou andedan, epi nou menm le gen konsevasyon sol_bri moto ki ap pase_alo nan konsevasyon sol la,si gen 300 moun, ki anndan, si gen 500 moun, la chak moun benefisye yon ti, yon ti bagay paske chak moun _bri moto ki ap pase_ka jwenn yon kenzenn[52] chak moun ka jwenn on,on kenzenn pou yo viv. Epitou, pafwa le nou vin rete konsa tou,_vwa timoun lwen ki ap jwe_ si gen afe de e kek ti devouman ki andedan enpi nou menm nou jwenn kote nou ap viv, enpi sa pemet nou menm n’ap ede timoun yo, epi nou menm n’ap jwenn n’achte ti te, pase k’on’w we konfre a di la,_yon moun ki touse_pase mwen menm m’te nan anndan, te g’on ti baay ki te vini pou nou, epi se pandan mwen menm m’te vin voye’m nan afe gref, epi yo_bri moto ki ap pase_ te voye’m nan afe pepinye,epi chak mwa m’ap jwenn on ti kob.Epi sa rive’m._bri moto ki ap pase_ ak fanmi’m tou. Alo nou ka di se granmesi koperativ la, paske on moun pa tap rete konsa pou’l te vin lonje ban nou.San zapa[53] ke nou menm, nou pa te gen de kote an nou, on lokal on leu[54] spesyal ki pou ede nou. Alo sa penmet koperativ la li se yon bagay ki la pou ede tout moun. Si on moun ou pa ladan, ou pa vin ladan, ou dekouraje’w pa vini se ou k’ap pedi.Men nou menm ki anndan nou pa pedi.

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Wi, koperatif la i ede nou nan anpil, nan anpil domen. Premyeman, gen baay[55] sa y’ap rele fomasyon,bon koperatif la donk se domen li sa.Sa vle di jodi a mwen en’m[56] k’ap pale la, mwen seee, s’on seri teknisyen ke m’ye, se gras a koperatif la.

 

Ou pa fin teknisyen net?

R#5- Wi pase’m pa ka fin di m’sa, gen baay[57] m’manke, gen konnen pase konnen. Wi sa ve di ke se gras a koperatif la. Pa ekzanp eee tou denyeman te gen yon pwoje, eee DNDN, ministe agrikilti ke fe bawon, enben depi se mesye yo, moun ki soti nan koperatif la, k’ay ladann, nan fe sey enben yo tout, yo tout loreya.

 

Sey an kisa, an sak te?

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: An sak de te, an woch, onwann[58]? Se tout moun ki soti nan koperatif la yo tou, yo tout ki kalifye.

 

Ki lot sevis koperativ la bay nan kominote a anko? _bri anjen lou ki ap pase_

#5 Alfred Remond; Gason;  50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon, nan kominote a,alo sa ve di toujou, koperativ la li toujou, li bay anpil,li, li bay anpil baay nan ee anpil baay nan kominote. Pa epzanp,eee nou konn genyen de oganis ki konn founi nou plan bannann,nou konn gen plan kann,nou konn gen plan anana,le nou genyen yo,enbyen nou bay tout moun. Se ke’y gen moun ki gen priyorite ke lot. Sa ve di si yo voye baay la se pou, moun ki ke, ki travay, se pou tankou nou konn fe konsevasyon sol. Men le nou fin bay moun sa yo_bri moto ki ap vini_, yo plante’y nan konsevasyon sol yo, _bri moto ki ap pase ak vwa timoun ki ap jwe_enben nou bay lot moun tou. Weah! Nou bay lot moun tou. Sa ve di ke koperativ la pliz[59] anko bon. Eee ou konn bezwen on ti kob prete, pafwa g’on gen, ou konn, timoun a’w konn bezwenn a’y lekol,ou pa we mwayen donk le koperativ la an a, gen aktivite ou vin nan, ou vin nan syej koperativ la ou jwenn on ti kob prete. Donk sa_bri moto ki ap pase_ ve di y rann anpil sevis, anpil sevis.

 

Kisa nou panse koperativ lata dwe fe men li pa fe?

#5 Alfred Remond; Gason;  50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon, sa koperativ la_bri moto ki ap vini_ ta dwe fe ke li pa fe,petet, mank posiblite,sa ve di ke chak moun oblije lonje men’w kote men’w ka rive_timoun ki ap fe bri_. Sa ve di si koperativ la g’on seri de kote’y pa ka rive, donk nou we nese, nou we nesesite a donk nou pa oblije bay,

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Mwen sa’m ta we eee koperativ la dwe fe anndan koperativ eee i dwe ta gen yon bank ladan’y. Paseke si yon moun be, si yon moun gen yon ti kob ou ka vin mete’y nan, nan kane a’w, si’w ta g’on pwoblem, enpi ou ka vin fe on retre sou kane a,sou ou ka rezoud pwoblem ou_timoun lwen ki ap pale_. Se sa andedan koperativ la i dwe pou’y genyen. Si’y pa genyen’y dapre mwen, komsi mwe’l i manke on bagay. _yon kok ki chante_

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Wi i ta dwe gen on bank semans tou, souvan’d fwa nan ane yo _yon moun ki grate goj li _,gen moun ki konn sakle ti te yo, donk yo konn pa we mwayen, yo pa we kote plan ap soti donk si koperativ la te gen on bank semans,mwe’y t’ap tre bon, le sa li menm, yon moun_yon moto ki ap pase, epi ki klaksonnen_ ki manb koperativ la depi’y sekle, la i t’ap tou gen yon eskwa[60] ke kote l’ap twouve plan e sa pemet le’w fin sakle te konsa ou pa gen kote w’ap pra’y jwenn plan, ou toujou anreta. Le pou’w te plante a, ou pa janm ka plante a nan le vre sa pemet si’w anba soley, soley kangannen[61]’w.

 

Eske gen anpil fi nan koperativ la?

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop:Wi, wi,wi li gen anpil fi.

 

Ki diferans ki gen ant fi ak gason nan koperativ la?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Bon, m’ta di pa gen diferan, pase tout moun eritye menm_yon moun grate goj li_, menm, menm dwa. Sa ve di tout travay ki ka fet nan anndan, _vwa timoun ki ap pale,fe bri_ kote sa fanm pa ka fe, gason fe’y. Epitou si ta gen yon ti aktivite’k ta anndan fi gen kina[62]’y ka fe, gason gen kina’y ka fe.Epi se tou.

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon, ant fi ak gason yo,eee i gen diferant ladan’y.Ki diferant i genyen? pa ekzanp ke fi yo ka jwenn mwayen kote ke pou yo jwenn kob, yon ti kob pou yo jwenn prete pou’y a’y fe aktivite men gason yo pa jwenn.Gen diferant ladan, tout pa gen menm pwoblem. _yon patisipan di: mh-hm_

_vwa fanm lwen ki ap pale _

 

Dapre nou menm kisa ki ka anpeche yon fi antre nan koperativ?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon m’pa we anyen ki ka anpeche’y antre nan koperativ la non._bri yon moto ki ap pase_

 

Nenpot fi ka antre nan koperativ la?

R #3-Wi, nenpot fi ka antre, depi ke i a laj de 18 an, y ka antre.

#5 Alfred Remond;   Gason;   50 ane;   4 Timoun;   4e AF;   kiltivate;   25 ane nan kop: Wi,eee jan kamarad la ap di a,eee s’on sel baay,menm le’y di ke nenpot fi ka antre,mwen menm m’oblije di non. _bri moto ki ap apwoche_ menm jan ke nenpot fi pa ka antre ladan’y lan, ke nenpot gason tou pa ka antre ladan tou. Pa epzanp eee si on moun nou remake s’on moun komsi ki konn, g’on seri de fi ki konn ap joure nan lari, fe skandal nan lari, moun nan konn ap leve wob li mete nan tet, bagay komsi e, sa ve di s’on moun kouman yo di sa,ee nou rekonet ke moun nan,_bri yon moto ki ap apwoche_ nan zon nan i pa yon bon moun, s’on visye’y ye,donk le sa nou oblije, nou oblije pa, pa tolore[63] moun sa. E nou di sa ni pou fi, ni pou gason.

 

Sa vle di nou pa tolere ni ti visye ni gwo visye?

R#5 Ke ti visye, ke gwo visye, nou pa tolore[64] youn nan yo._ri_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Eee, afe de visye a,sa vle di anndan koperativ la,ou pa ka pran nenpot moun.men fo’l gennn,ou pa ka di moun nan, konsa,ou di men pwoblem nan’y genyen men fo’y g’on krite ki pou fe, ki pou mete moun nan deyo. Denpi’y paret la, denpi’w bay krite a, l’ap we ke,depi’y g’on defo l’ap we plas a’y pa la. Non l’ap we plas a’y pa la men fo’y g’on krite ki pou denonse’y, ki pou’y fe ke li menm ake tet a’y pou’y we plas a’y pa la.

 

Ant fi ak gason kiyes ki jwenn plis benefis nan koperativ la?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon dapre mwen menm m’we fi gen,yo jwenn plis benefis._bri yon moto ki ap pase epi ki ap klaksonnen_wi, fi gen plis benefis.

 

Poukisa’w di sa?

R#3- Pase, poukisa’m di sa? _bri moto ki prale_ eee mesye yo, le’k, se le’y gen yon aktivite, on pwoje,i a’y travay, yo ka jwenn, yo jwenn on ti kob men fi yo li, yo,yo ka jwenn, yo jwenn,yo jwenn kob, yo prete y’ay fe aktivite a yo. Le fini yo menm menm, le fini yo jwenn, yo jwenn prete anko. Yo jwenn plis avantaj.

 

Yo pa prete gason kob nan koperativ la?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Non, gason pa prete

 

Se yo ki pa mande prete oubyen se koperativ lan ki pa prete yo kob?

R#3- yo di yo pa prete gason_yon patisipan di: yo pa prete gason_se fanm yo, se fiy. _JJJ  ri patisipan yo_

 

Ki diferans ki gen ant yon fi andeyo ak yon fi ki nan bouk?

#4 Lessage Elismene; Fi;   66 ane;  4 Timoun;  5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop: _ri_Bon m’pa w’anken diferans nan sa non pase fi a nan bouk l’ap fe travay a’y, nan menm key t’andeyo,l’ap fe travay a’y ou we pa gen diferans.

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop: Bon, diferan Fiy nan bouk ake fi andeyo, paseke le’w nan bouk w’ap okipe afe bouk. Le’w andeyo menm s’afe andeyo w’ap okipe_bri moto ki ap pase_,e chak bagay yo gen mezi ke pou’w okipe yo. Paseke le, kom li te gen de rat ki te di,youn (1) te di’y pa rat youn di’y se rat, eben yo te di youn pran devan,s’ak te pran devan i di men yon rat, le lot la vin paret deye I di men youn anko. Sa vle di ou menm moun,konesans a bet la pa menm. _JJJ ri_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Sa, sa granmoun nan di a,se sa se istwa rat andeyo ake rat lavil, pase rat lavil la li, li di li menm yo pa rele’y rat,ee li di se rat andeyo se li yo rele rat,se sa ki fe ke_bri moto ki ap pase_ moun nan bouk  toujou pa ba moun andeyo vale. sa’k fe sa? Sa’k fe sa, yo di’w se moun andeyo’w ye,yo di se moun nan bouk yo ye,alo moun nan bouk, afe moun nan bouk pa afe moun andeyo.

 

Kisa dapre nou menm ki fe diferans sa?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon,se yo ki fe diferant sa,yo ki fe diferans sa ,nou li, nou rekonet i kom moun nan bouk,men yo menm yo fe diferans yo di nou se moun andeyo ,moun andeyo pa dwe ansanm avek moun nan bouk paye[65] sa yo toujou ap di.

#8 -Fi : mwen, tankou’w we koperativ la, mwen ni, ni li,_vwa moun lwen ki ap pale_ depi’y i kontunye[66], n’ap mache, mwen ni, ni li se a’y bouwo pou’m ta di.

_vwa timoun ki appale_

 

Ki diferans ki gen ant fi andeyo ak fi nan bouk ?

#8 -Fi : Ki diferans fi andeyo ak fin an bouk? Enben sipozon  moun nan ki moun nan bouk la, se li ki konnen i g’on,i g’on, i g’on,on on ,on plis, i gen plis vale pase nou menm moun andeyo.Men chak moun gen vale pa’w._bri moto ki ap pase, ak wa timoun ki ap kriye_

 

Kisa ki fe vale a?

R#8-Paske’y moun nan bouk ou se moun andeyo’w ye wonprann[67]?

 

Nou panse gen transparans nan koperativ la?

Repons yon patisipant ki pa idantifye: Non m’pa we sa non, m’pa we sa non.

 

Sa nou vle di pa transparans, se eske tout sa ki ap fet nan koperativ la, nou menm nou konnen, tankou demach yo, anfet eske yo eksplike nou tout bagay?

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Wi _vwa 2 fi ki di wi_pase danpi[68]’y g’on baay[69] nou konnen,wi danpi’y g’on baay la,e ,nou menm nou konnen si si,nou pate konnen  nou pate ka di e ee,an ant fiy yo avek gason yo,sa vle di fiy yo vin gen plis avantay[70]andan koperativ la pase gason yo, siz, nou pa te konnen yo,nou pa ta ka konn baay konsa se paske nou konnen yo ki f’en dis, ki fe’n di sa.

#8 -Fi : Wi, tankou’w we Ss,Nou andan depi g’on bagay k’ap pase nou konnen ,sa,yo,yo tou re,rele nou eksplike nou tout sa k’ap fet,e si t’a g’on ti travay tou,pa panse oo se fiy nou ye gason yo ap travay nou menm nou pa travay tou non, nou tra,nou travay, nou travay kanmem.

 

Kisa Ristoun nan ye?

#8 -Fi : Ristoun nan ni li, Ristoun nan nou pa ka di’w anyen de sa paske, se lontan te gen baay[71] ou t’ap achte, _vwa timoun ki ap kriye_ ki t’ap rachte anndan anpi’y te g’on ristoun men kounya pa gen,nou pa achte anyen andan._yon kok ki chante_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Bon pou’y g’on ristoun,fo nou gen aktivite,ee sou gen aktivite,ee ou vin vann,w’ap jwenn Riston men si’w pa vann enpi ou pa,ou pa ta,_timoun nan toujou ap kriye_, _si’m byen konprann kounya pa genyen’l_ non i pa genyen’l kounya.

 

Men te konn genyen li ?

_yon patisipant di : wi_, _patisipan #3 di : wi te konn genyen’y lontan_

 

Ebyen eksplike nou kisa’l ye?

R#3- Ristoun nan se le’w,se le,men kote nou te konn jwenn restoun nan plis_vwa ti moun ki ap jwe_ ,se le nou te konn ap vann kakao,pahe[72] le’w vann kakao a ,yo peye’w laj,yo,yo peye’w lajan tan de kakao a’w ganyen an yo ba’w on fich,apre nan fen dane,yo tounen,yo vo, yo ban’w on restoun. Sa ve di ti benefis ou genyen, yo ba’w li, se sa nou jwenn, se sa nou te konn jwenn men depi nou vin,nou pa te vin acht’anko,nou pa konn apre,kom baay[73] yo kounya, baay yo ap chanje net m’, m’kwa ke nou ka a’y jwenn kounya, men nou potokon[74] _yon ti moun piti ki ap kriye_kote a pri kakao a vini, vann kakao a kounya la kote’n pra’y jwenn ristoun anndan’y ? _vwa timoun ki ap fe bri_

Yon patisipan kip a idantifye di : Wi, se sa’m ta pral di wi

#7 Simon Limanie;   Fi;   55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop: Diferans ke’m we,diferans ke’m we,_vwa ti moun piti ki ap fe bri_ fi ak gason gen nan koperativ la,ss lo w’ap fonmen[75] on komite ou fome de ni fi ni gason_bri moto ki ap pase_ nan koperativ la yo pran tout gason selman, yo pa mete on grenn fi ladan.

 

Nan kisa diferans lan ye ?

#7 Simon Limanie; Fi;    55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop: Anndan koperativ la, nan tout, en nan komite a, yo pran gason selman eske fi yo pa gen vale a yo anndan? M’ta renmen konnen, si tout,si tout fi pa gen vale ra yo,

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon mwen menm,m’demanti enfomasyon sa,poukisa’m demantil’,mwen menm m’fe pati komite siveyans,komite siveyans sa gen twa manm ladan’l gen 2 gason, on (1) fanm. i gen komite edikasyon ki andedan dedan koperativ la, li gen 2 gason, i  g’on (1) fanm,ee  komite administrativ la tou li gen, igen konseye ladan tou ki se fanm, bon sa pe’m sa pe,sa sa petet, i ka manke gen majorite fiy,m’ka konprann sa, men kesyon di le’l fet la,i pa gen fi ladan,nou menm eee mwen menm Rony_yon kok ki chante_ m’demanti enfomasyon sa ke se pa vwe_yon moun grate goj li_,i gen fi

#7 Simon Limanie; Fi;    55 ane;   2 Timoun;   6e AF;    komesan;   6 ane nan kop: Le koperativ la t’ap mache avek fiy, fi te gen plis vale, fi an t’ankouraje fe komes, men kounya pa gen komes,paga’anyen anndan koperativ la menm ditou_vwa timoun ki ap fe bri_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Eee mwen sa,sa Se a di a m’pa dako akey,sa ki fe m’pa dako ake’y, alo l’ey di anndan koperativ la, mwen’m pa andan konmite,mwen se manm koperativ la m’ye,men m’pa anndan konmite ,mwen m’we konmite a gen fi ladan.

 

Se opinyon pa ou pou ou bay. Sa li di a, li di li pou tet li. Oumenm, ou ap di pou tet pa ou sa ou panse ?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Sa Se a di a ,mwen’m t’a di, _diskisyon ant patisipan yo pou se pa yon replik a sa #7 la te di a_enben bon, mwen menm sa’m panse ?paske toujou gen sa, _vwa granmoun ak timoun lwen ki ap pale_pafwa ka g’on ti aktivite ki fet, andedan,men pafwa si pa gen kote, y opa we kote pou pase,pa gen aktivite. _bri yon moto ki ap apwoche_men si,depi gen kote’k pase, l’ap ka toujou gen aktivite ki fet andedan enpi , ee si’w, on moun ou pa ka di’w pa’p benefisye on ti bagay, ou toujou benefisye. Se di ke,i g’on le pou sa, fo le’y ta pa gen.Pase e menm jan,pafwa oumenm ou gendwa ap manje tout jounen, g’on jou’w domi san soupe,ou domi san soupe_bri moto ki ap pase_ men e pa jwenn ou pa ta jwenn,men gen de le’w pa jwenn ni[76] ou kontant,ou,ou,ou reziye’w men demen bonDye pa ta,

 

Nou pa fini ak kesyon an non, nou di te di lontan te konn gen Ristoun men kounya nou pa genyen’l. Men le te konn gen Ristoun koman sa te konn mache ?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop : Le te gen ristoun, tankou nou menm kounya la,nou nan fen ane a la,pase kakao a se diminye l’ap diminye kounya, men le gen ristoun, se sa,ka fe ou gen ke kontan,pase pou’w we chak le w’ap bay kakao_vwa timoun ki ap fe bri_,w’ap bay kakao,enpi le ristoun a’w tonbe,

 

Koman yo bay Ristoun nan ?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Koman yo ba’w ristoun nan,eben le’w bay kakao a, pafwa se,se nan,jan’w pwepare[77] kakao a ki pou fo’w benefisye on bon ristoun.

 

Konsidere ke ou vann 100 liv kakao_bri yon mato ki ap frape sou yon bagay_, konbyen Ristoun yo ap ba ou?

R#2- Anben men koman, men koman, Pafwa, se sou menm sa m’ap pale la, _bri moto ki ap apwoche_depi bagay la byen pwodi[78],ou ka touche 5 goud,sou chak liv_chak liv ?_wi

 

Le ou touche 5 goud sou chak liv eske ou twouve li nomal,li jis oubyen ou panse out e ka jwenn plis ou mwens ?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Bon tout tan’m te konn ap vann,tout tan m’ap vann, m’ap vann 200 liv, m’ap 500 liv,epi m’pa janm benefisye 10 goud,yon jou’m gade’m we yo peye’m,yon ti kob m’gade’m ka we m’g’on 200 dola antre nan man’m[79],300 dola riston rantre nan man’m,pou’m pa t’ap retounen ake’y, bon le’y rantre a, te kwe se,_bri mato ki ap frape_ dapre mwen menm m’gentan we se Bondjek te sotate a,anle a, ki desann ki fe’m vin jwenn ni, pase,le’w vann i vay, vay ke vay,ou pa gen espwa anko.

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Wi Bon,se menm baay ristoun nan,seee fason ke’w vann kakao a_bri mato ki ap frape_,se nan koperativ la,nou konn,le nou konn vann ni nou konn jwenn ristoun nan,e nou konnen le nou bay espekilate yo, _non nou p’ap pale de espekilate paske nou konnen espekilate pa bay ristoun_ non i pa nan baay riston men le nou te konn bay la,le nou vann i, yo ban nou yon fich,enpi le fini yo retounen on ti kob ba’w,men nou pa te konn janm idantifye konbyen kob_patisipan an pale ba_e konsa’y te konn ye_yon moun ki touse_,nou pa konn si pi devan n’a’y, si n’a konprann i,men se konsa’y te konn, sa ve di,sa yo ba’w ou pran.

#5 Alfred Remond; Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Wi,ristonn nan, nan koperativ la i konn varye, sa ki fe’y konn varye,sa depan deu[80] kantite ee machandiz,ke’w founi,sa pemet ke_yon kok ki chante_,ou g’on kantite kob ki vin pou ou,imajine’w si’m, si s’on liv, on sel liv kakao m’vann pou on ane a _yon patisipant ki soupire, ak vwa timoun lwen ki ap jwe_,Donk y’ap mete 5 goud pou mwen nan,nan,nan on anvlop,men fo’m oblije prann i,men’m pa ka gade sou ou menm ki te vann 200 liv.

 

Non se pa sa nou bezwen konnen, eske tout moun jwenn menm vale Ristoun pou menm kantite liv ke yo bay la?

Patisipan pa idantifye: Non, tout moun ap jwenn menm, si t’on liv ou vann, si tout moun jwenn 5 goud, ou jwenn 5 goud tou men si yon moun ki vann 10 liv, i gen 10 senk goud (5).

 

Eske nou konnen ki kote Koperativ la ale vann kakao nou potea?

Plizye patisipan di: _Non_, non

 

Eske se Ayiti yo vann kakao nou bay la oubyen a letranje?

Patisipan pa idantifye: _bri moto ki ap pase_Wi bon eee a letranje, eee nou te genyen MEDA, se MEDA nou te konn achte kakao pou li,donk le_bri moto ki ap pase_ n’achte kakao a,ke MEDA li menm li a’y stoke’l nan peyi etranje. E se sa’k pemet, men, se ki pemet nou konn j,genyen sa yo rele Ristoun nan. Donk i gen yon prisantaj[81] ke i konn retounen, pou nou menm. E le prisantaj sa retounen, e se prisantaj sa menm, se li nou bay moun ki vann nou yo, sa yo rele Ristoun nan_yon moto ki klaksonnen_.

 

Eske nou menm kom manb koperativ, nou konnen konbyen liv kakao a vann a letranje ?

Plizye patisipan di : non nou pa konnen,

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan kop: Nou pa konn bagay konsa

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop : Dapre mwen Kakao a se on bagay yo pwan’[82]y nan man[83] nou yo ba nou on ti bagay ladan men nou pa konn anyen de li,rezon an’k fe nou pa konn anyen de li,nou posede anpil bagay ,nou plante pwa,nou plante mayi,nou plante pichtach,le ‘’n’ala ke’’[84] on mamit pwa nan mache se nou ki fe pri ray.[85] moun nan pa dako nan pri a nou pa bay li, e si’l dako tou nou bay li,men li kakao a li ka se keyi,kase, a’y vann eskepilate le’w rive, yo di’w 10 goud. Ou,ou pa konnen yon lot kote w’a pra’y alakey[86],ou pa konn ni sa yo fe akey[87],deske yo di’w 10 goud,10 goud.

 

_yon moun ki touse_

Pou kisa nou pa di men konbyen pou li vann menm jan nou fe pou lot pwodwi yo ? _bri moto ki ap pase_

R#6-  Sa’k fe nou pa fe sa se si nou te konnen kote yo te konn vann i nou t’a pra’y vann i la tou. _JJJ patisipan yo ri_

 

Kom mwen te di nou, CRS gen yon pwoje nan filye kakao nan zon nan. Ki twa bagay nou ta renmen CRS nan kad pwoje sa, pou nou satisfe?

#5 Alfred Remond;   Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Bon,sa’m ta renmen yo fe premyeman,m’ra renmen pou y’elve pwi[88],pri a pou nou,sa ve di pou pri ke nou gen on pri ki_fiks_ki,ki e non selman fiks ki, pi elve. Dezyem baay[89] anko nou ta renmen tou, nou ta renmen nou menm k’ap vann kakao a tou, ee k’ap plante kakao a_bri moto ki ap pase_ nou pa gen sa yo rele glasi, nou ta renmen pou yo ta ede nou gen_yon glasi_glasi,pou nou cheche kakao yo.Paske,souvan’d fwa se ate y’ale che,kakao a cheche ate li pa bon,we i pa bon nou ta renmen glasi.

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Wi, sa ve di ke nou menm, eee sa nou ta renmen nan zafe kakao a, nou ta renmen nou jwen ed plis pou nou te eee fe devlopman kakao a pi plis. La menm nou jwenn devlopman sou zafe tay epi replante,epi re, fe pepinye pou kapab,ede nou avanse.

 

Kisa nou ta swete pou timoun nou yo,eske nou ta renmen yo rete nan pwodiksyon kakao a oubyen nou te renmen yo fe yon lot bagay?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Bon, timoun yo, Wi, timoun yo menm,menm,menm kounya dapre mwen menm,yo preske eee komanse abitye,avek ee plantil baay kakao a ,daye kakao a,m’ta di e,rezon,le timoun nan sot vann kakao a pou ou,ou ba’y yon 30 goud, yon 40 goud ,li mete’y nan poch a’y, ou di’y la pra’y, le la pra’y lekol,wou’y sa fe’y kontan anpil,sa ba’y ankourajman,

 

Eske nou ta renmen pitit pa nou vin pwodikte kakao tankou nou?

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Bon sa vle di ke eee, nou tout ki la, tankou nou menm nou gen timoun. Kounya nou we timoun yo menm tou, jenn timoun yo,yo komanse vle fe ti jaden paske yo menm yo komanse ap mande ba yo ti plan kakao yo menm pou’y al plante nan ti moso te yo menm yo gen,se di pou yo we demen si yo ta gen kina[90] yo tou, ale yo,yo tre kanpe sou sa kan mem.

#5 Alfred Remond;   Gason;   50 ane;   4 Timoun;  4e AF;  kiltivate;  25 ane nan kop: Wi bon pou kesyon’w poze a wi ee, i t’ap tre bon, eee tankou mwen menm_bri moto ki ap pase_, m’genyen tout timoun mwen yo se ti gason,men si BonDye te beni’m, e  bonDye te beni yo tou m’t’ap renmen tou, sitou e 7 byen ke e pa mwen k’ap fe de e kouman yo di sa_desten_ a yo pase e desten’a yo, pahe[91] e BonDyek fe destin’a moun,men’m ta renmen se 7 agwonom pou yo ta ye, jis pou yo,pou yo,pou konmsi y’ap fe plante kakao a konmsi,pou yo gen sa nan andedan yo_bri yon bagay ki ap zipe_ tout bon vre,we pahe pou sa’m we e kakao ap fe,donk sa fe m’ta swete timoun yo,m’ta kon, e  m’ta renmen timoun yo kan mem,menm si nou mouri,konsi[92] pye kakao a konmsi s’on baay[93] pou yo konnen, pou yo plante e pou yo konnen se pye kakao ki mete yo,yo,yo,yo rive jounen jodi a.

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop : Bon, dapre mwen pou timoun,kakao a se pa yon bagay ou ka plante kenpot kote,dapre nou,anpil nan nou deja gen kakao_bri moto ki ap pase_ e n’ap kontinye plante,nou vin we timoun yo lekol,distans pou timoun yo ta gran ide se pa nan kilti y’a pra’y ye,e le fini distans pou yo ta gran n’ap deja fin plante’y kote pou,ki pou pran kakao n’ap deja fin plante sa yo,timoun yo le yo vini se kakao y’ap vin keye y’ay vann wi.

 

Eske gen diferans ant pitit fi ak pitit gason, eske nou leve yo menm jan, ba yo menm edikasyon?

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop: Nou ba,nou ba yo ,nou ba yo menm egzanp menm edikasyon,paske yo we si yo lekol,se sa n’ap fe a ki pwodwi lekol la,kel kanswa[94] manje,ou veti kel kanswa sa’y te ka ye a se sa n’ap fe a,se kilti ke nou fe, kel kanswa yo we sa n’ap fe a,sa ki pou reponn aktivite a yo konn sa’k pa lekol e e konnya ,lontan’w ka jwenn timoun pa lekol,men konnya la ou pa’p pas’on[95] kote pou’w pa jwenn ti moun lekol.

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan: Bon dapre mwen,eee timoun yo konnya,an nou di se nou menm paran,se nou k’ap travay pou yo,timoun yo e lekol yo ye,timoun nan pa pra’y we pou la’y nan jaden pou la’y travay.

 

Wi men eske nou leve timoun yo menm jan, ba yo menm edikasyon ?

_bri yon bagay ki tonbe_

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan: Bon ni ti fi ee de, pit ee tout lekol , y’ap fe menm bagay,wonprann?[96]  e pa, i, i ye le, i pa g’on pati ka’y, ka’y lekol pou yo ta’y nan jaden,tout a’y lekol,enben e menm ,se menm,se menm edikasyon an tout ap pran,nou li n’ap travay deye, nou menm n’ap travay deye.

 

Nou youn tande lot _JJ J ri_ pa gen moun ki ap di anyen anko ? donk nou sanse  temine, nou ap remesye nou pou patisipasyon nou nan seyans sa, avan nou mete fen,Si nou gen yon bagay ke nou swete di an plis, nou kapab di li?

#6 Dugue Lusette; Fi;   69 ane;   7 Timoun;   4e AF;    komesan;   30 ane nan kop: Denye bagay nou ta di kom se nou ki rele,ki rele nou,alo nou poze nou kesyon ,nou li kounya,n’ap tande nou kisa nou te vin fe, kisa nou te vin tande.

_bri machin ki ap pase_

Ankete Nahomie di : Petet ou ka pat la le seyans lan tap komanse a, Mesye Pharrel te di ke, noua p fe yon travay pou CRS nan filye kakao,donk se yon etid ke nou ap fe, noua p pale avek plante,responsab koperativ pou nou konprann pwodiksyon kakao a pi byen,kijan nou menm nou viv li,sa vle di, tout doleyans ke nou anrejistre la,nou ap pote yo bay CRS,sa vle piske ou menm ou pa ka jwenn CRS pou ou di men kisa ou vle,donk nou menm nou vini la pou sevi de po nant oumenm ak CRS. Sa vle di tout sa noua p anrejistre la yo, noua p gen pou nou fe yon rapo pou nou bay CRS epi CRS li menm li a pfe swit la.

 

#3 Michel Duverneau; Gason;   59 ane;   10 Timoun;   4e AF;  kiltivate ,kiltivate;  4 ane nan: Bon, Nou denye bagay nou pa di, eee sel sa’n ta di,sel,se di nou mesi selman, pou sa, pou sa nou vin fe la,e nou kwa ke nou pote let la,m’we repons la kan mem _JJJ ri hen!_

#4 Lessage Elismene; Fi;   66 ane;   4 Timoun;  5e AF;   kiltivate;   20 ane nan kop: Sa nou ta renmen ki pou ta fet tou,se koz a pri a kakao a, _vwa yon fi ki ap pale tou piti_si nou te jwenn on ti pri ki pi,ki pi fo ke sa n’ap jwenn kounye a i ta fe nou byen tou.

Yon patisipant ki pa idantifye di tou ba : se menm baay la m’ta pra’y di

#2 Ceide Sidoine;  Fi;   81 ane;    4 Timoun;    4e AF;   kiltivate;   2 ane nan Kop: Bon ,nou menm_vwa timoun ki ap jwe_nou di nou mesi paske nou te pote koreksyon pou nou_vwa timoun ki ap fe bri_ee sou zafe kakao a,epi nou menm nou ta swete ke, e olye ka pran nou an ke’y paske sou kakao a, la pate ee_vwa moto ki ap pase_siveyans pou nou, e nou di’l mesi paske nou te la avek nou jounen jodi a.

#1 Nardin Rony;  Gason;   52 Ane;  7 Timoun;    6e AF;   kiltivate;   20ane nan Kop: Enben mwen enm[97] nou di’y mesi,nou di’y mesi tou deske_bri moto ki ap pase_ nou menm konnya la se on let nou ekri men nou menm n’ap tann repons la, i k’ap fe’n repons la tou.

 

Ebyen nou remesye chak moun ki te vin fe ti chita pale avek nou Jodi a, mwen panse ke se pa denye fwa nou ap we,sa se premye se premye faz travay la, gen yon lot faz anko,donk nou ap we anko.Mesi

 

 

Not yo

[1] poko

[2] detwi

[3] Pa yon

[4] bagay

[5] pemet

[6] Tonbe ap

[7] kisa

[8] depi

[9] genyen

[10] avek

[11] komanse

[12] komanse

[13] depi

[14] komanse

[15] mesye

[16] epi

[17] pran

[18] bagay

[19] Li fe pri li

[20]bagay

[21] Li pral

[22] Pran’l

[23] seche

[24] preske

[25]tankou

[26]tankou

[27]gen

[28] ebyen

[29]pemet

[30] Ap plede

[31]sache

[32]repwodwi

[33] montre

[34]swivan

[35] Ou konprann

[36] Ale avek

[37]agwonom

[38]le

[39] pwodwi

[40] Gwo bagay

[41] Le mwen

[42] avek

[43] zoranj

[44] detwi

[45] nenpot

[46] espwa

[47] O fi a mezi

[48] selman

[49] Ki ap mennen

[50]pistach

[51]pistach

[52] 15 èn

[53] Si se pa te

[54] le

[55] bagay

[56]menm

[57] bagay

[58] Ou konprann

[59]plis

[60] espwa

[61] Kangrennen, boule

[62] Afe pa

[63] tolere

[64] tolere

[65] Paske,pase

[66] kontinye

[67] Ou konprann

[68]depi

[69] bagay

[70] avantaj

[71] bagay

[72] paske

[73] bagay

[74] Pot ko

[75] fome

[76] li

[77] prepare

[78] pwodwi

[79] Men mwen

[80] de

[81]pousantaj

[82] pran

[83] men

[84] Nou ale avek

[85] li

[86] Ale avek li

[87] Fe avek li

[88] pri

[89] bagay

[90] Afe pa

[91] Paske,pase

[92] komsi

[93] bagay

[94] Kelke swa

[95] Pase yon

[96] Ou konprann

[97] menm